Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 28

Fason pou nou konnen kiyès pou nou obeyi

Fason pou nou konnen kiyès pou nou obeyi

GENDE fwa li difisil pou nou konnen kiyès nou dwe obeyi. Manman w oswa papa w di w fè yon bagay, epi yon pwofesè oswa yon polisye di w fè yon lòt bagay. Si sa rive, kiyès ladan yo ou dwe obeyi? —

Nan chapit 7 nan liv sa a, nou te li Efezyen 6:1-3 nan Bib la. Vèsè sa yo mande pou timoun yo obeyi paran yo. Men sa yo di: “Se pou nou obeyi paran nou ann inyon ak Seyè a.” Èske w konnen ki sa sa vle di pou yon moun “ann inyon ak Seyè a”? — Paran ki ann inyon ak Seyè a anseye pitit yo pou yo obeyi lwa Bondye yo.

Men, se pa tout granmoun ki kwè nan Jewova. Donk, imajine youn ladan yo ta di pa gen mal pou nou pran poul lè n ap konpoze, oswa li ta di pa gen mal pou nou pran yon bagay nan yon boutik san nou pa peye pou li. Nan ka sa a, èske yon timoun gen dwa pran poul oswa èske l gen dwa vòlè? —

Pa bliye sa, te gen yon lè, wa Neboukadnetsa te bay tout moun lòd pou yo pwostène devan yon estati annò li te mete kanpe. Men, Chadrak, Mechak ak Abednego pa t pwostène. Ou konn poukisa? — Se paske Bib la di se sèl Jewova nou dwe adore. — Egzòd 20:3; Matye 4:10.

Ki sa Pyè ap di Kayif la a?

Apre lanmò Jezi, yo mennen apot li yo devan Sanedren an, pi gwo tribinal relijye Juif yo. Gran prèt Kayif di konsa: “Nou te pase nou lòd pou nou pa kontinye sèvi ak non [Jezi] lè n ap anseye, epoutan, gade! Nou ranpli Jerizalèm ak ansèyman nou an.” Poukisa apot yo pa t obeyi Sanedren an? — Pyè pale nan non tout apot yo, e li reponn Kayif konsa: “Nou dwe obeyi Bondye kòm chèf pase pou nou obeyi lèzòm.” — Travay 5:27-29.

Nan epòk sa a, chèf relijye Juif yo te gen anpil pouvwa. Sepandan, peyi yo a te anba dominasyon gouvènman women an. Yo te rele chèf gouvènman sa a Seza. Menmsi Juif yo pa t vle Seza dirije yo, gouvènman women an te fè anpil bon bagay pou pèp la. Se menm bagay la jodi a tou, gouvènman yo fè kèk bon bagay pou sitwayen nan peyi yo. Èske w ka bay kèk egzanp nan sa yo fè? —

Gouvènman yo konstwi wout pou moun vwayaje, yo peye polisye ak ponpye pou pwoteje nou. Yo konn pran dispozisyon tou pou timoun al lekòl e pou moun ki aje jwenn swen lasante. Gouvènman yo bezwen lajan pou yo fè bagay sa yo. Èske w konnen ki kote gouvènman yo jwenn kòb? — Se nan men moun ki nan peyi a. Lajan moun sa yo peye gouvènman an rele enpo.

Lè gran Anseyan an te sou tè a, anpil Juif pa t vle peye gouvènman women an enpo. Donk, yon jou, prèt yo voye kèk moun al poze Jezi yon kesyon pou yo eseye mete l nan pwoblèm. Men kesyon yo poze Jezi: ‘Èske nou dwe peye Seza enpo, oswa èske nou pa dwe peye?’ Se te yon kesyon pou pran Jezi nan pyèj. Si Jezi ta reponn: ‘Wi, nou dwe peye enpo’, anpil Juif pa t ap renmen sa. Men, yon lòt bò, Jezi pa t ap ka di: ‘Non, nou pa bezwen peye enpo’, paske se pa t ap byen.

Donk, ki sa Jezi te fè? Ebyen, li di: ‘Montre m yon pyès monnen.’ Lè yo pote youn ba li, li mande yo: ‘Foto kiyès ak non kiyès ki sou li?” Mesye yo reponn: ‘Se foto Seza ak non Seza.’ Lè sa a, Jezi di yo: “San mank, remèt Seza sa k pou Seza, men remèt Bondye sa k pou Bondye.” — Lik 20:19-26.

Ki jan Jezi te reponn kesyon pyèj mesye sa yo te poze l la?

Ebyen, pèsonn pa t ka jwenn anyen ki mal nan repons sa a. Piske Seza rann pèp la sèvis, li nòmal pou yo sèvi ak lajan Seza fè a pou yo peye l pou sèvis sa yo. Konsa, Jezi montre se yon bon bagay pou nou peye gouvènman yo enpo pou sèvis yo rann nou.

Men ou menm, ou ka twò piti pou w peye enpo. Poutan, gen yon bagay ou dwe bay gouvènman an. Ou konn ki sa? — Se pou w obeyi lwa li bay yo. Men sa Bib la di: ‘Se pou w obeyi otorite siperyè yo.’ Otorite sa yo se moun ki gen pouvwa nan gouvènman an. Se Bondye ki di pou nou obeyi lwa gouvènman an bay. — Women 13:1, 2.

Gendwa gen yon lwa ki mande pou w pa jete papye oswa lòt bagay nan lari. Èske w dwe obeyi lwa sa a? — Wi, Bondye mande pou w obeyi. Èske w dwe obeyi polisye yo tou? — Gouvènman an peye polisye yo pou yo pwoteje moun. Lè w obeyi yo, se gouvènman an ou obeyi.

Imajine ou pral janbe lari a, epi yon polisye di w: “tann!”. Ki sa w dwe fè? — Si gen lòt moun ki kouri janbe, èske w ta dwe fè menm jan an tou? — Ou ta dwe ret tann, menmsi se ou menm sèl ki aji konsa. Bondye di w pou w obeyi.

Ann sipoze gen yon gwo pwoblèm nan vwazinaj la, epi yon polisye vin di moun yo: “Pa sot nan lari. Rete lakay nou.” Petèt ou tande y ap rele byen fò e w ap mande tèt ou sa k ap pase. Èske w ta dwe soti pou w al gade? — Si w ta fè sa, èske w obeyi “otorite siperyè yo”? —

Nan anpil kote, gouvènman an konstwi lekòl e li peye pwofesè. Donk, èske w panse Bondye vle pou w obeyi pwofesè w? — Fè yon ti reflechi: menm jan gouvènman an peye polisye pou yo pwoteje moun, se konsa li peye pwofesè pou yo anseye. Donk, obeyi yon polisye oswa yon pwofesè, se tankou obeyi gouvènman an.

Poukisa nou dwe obeyi yon polisye?

Men, e si yon pwofesè mande w pou w adore yon imaj? Nan ka sa a, ki sa w ap fè? — Twa Ebre yo pa t pwostène devan imaj la, menm lè wa Neboukadnetsa te mande yo fè sa. Èske w sonje poukisa? — Se paske yo pa t vle dezobeyi Bondye.

Gen yon istoryen (Will Durant) ki ekri konsènan premye kretyen yo. Men sa li di: ‘Pi gwo obeyisans yo [oswa fidelite yo], se pa t pou Seza.’ Non, se te pou Jewova! Donk, sonje se Bondye ki dwe gen premye plas nan lavi nou.

Nou obeyi gouvènman an paske se sa Bondye mande pou nou fè. Men, si yo di nou fè yon bagay Bondye di nou pa fè, ki sa n ap di? — N ap reponn menm jan ak apot yo ki te reponn gran prèt la konsa: “Nou dwe obeyi Bondye kòm chèf pase pou nou obeyi lèzòm.” — Travay 5:29.

Labib anseye nou pou nou respekte lalwa. Li sa ki ekri nan Matye 5:41; Tit 3:1; ak nan 1 Pyè 2:12-14.