Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 34

Ki sa k rive lè yon moun mouri?

Ki sa k rive lè yon moun mouri?

SIMAN ou konn sa, tout moun jodi a, yon jou yo ka vin granmoun, yo ka malad e yo ka mouri. Menm timoun konn mouri. Èske w dwe pè lanmò, oswa èske w dwe pè yon moun ki mouri? — Èske w konnen sa k pase lè yon moun mouri? —

Se vre, jodi a pami tout moun k ap viv yo pa gen okenn nan yo ki te mouri deja e ki tounen vivan ankò, pou yo ta esplike nou sa k pase lè yon moun mouri. Men, lè Jezi, gran Anseyan an, te sou tè a, te gen yon mesye sa te rive. Nou ka vin konnen sa k rive moun ki mouri yo lè nou li istwa mesye sa a. Se te yon zanmi Jezi ki t ap viv Betani, yon ti vil ki pa twò lwen Jerizalèm. Li te rele Laza, e li te gen de sè, youn rele Mat, e lòt la rele Mari. Annou gade sa Bib la di ki te pase.

Yon jou, Laza tonbe malad grav. Etandone nan moman sa a, Jezi te byen lwen, Mat ak Mari voye yon mesaje al di Jezi Laza, frè yo a, malad. Yo fè sa paske yo konnen Jezi ka vini epi li geri frè yo a. Jezi pa yon doktè, men Bondye ba l pouvwa ki pèmèt li geri tout kalite maladi. — Matye 15:30, 31.

Men, anvan Jezi deplase pou l al wè Laza, Laza vin tèlman malad, li mouri. Epoutan, Jezi di disip li yo se dòmi Laza ap dòmi, li pral reveye l. Disip yo pa konprann sa Jezi vle di. Se sa k fè, Jezi di yo kareman: “Laza mouri.” Ki sa sa montre sou lanmò? — Wi, lanmò se tankou yon pwofon somèy. Se yon somèy ki tèlman pwofon, moun nan pa menm fè rèv.

Kounye a, Jezi rive kay Mat ak Mari. Plizyè zanmi fanmi an gentan la. Yo vini pou yo konsole de sè yo piske yo gen frè yo ki mouri. Lè Mat tande Jezi nan wout, l al rankontre l. Yon ti moman apre, Mari al jwenn yo. Mari tris anpil, l ap kriye e li tonbe nan pye Jezi. Lòt zanmi k ap suiv Mari yo ap kriye tou.

Gran Anseyan an mande ki bò yo mete Laza. Lè sa a, moun yo mennen Jezi nan kav kote yo antere Laza a. Lè Jezi wè tout moun yo ap kriye, li menm tou, li pran kriye. Li konnen jan sa fè lapenn lè lanmò pote yon moun pwòch nou ale.

Etandone gen yon wòch devan kav la, Jezi di: “Retire wòch la.” Èske yo dwe retire l vre? — Mat pa panse se yon bon ide. Li di: ‘Seyè, li dwe santi kounye a, paske sa fè kat jou depi li antere.’

Men, Jezi di l konsa: “Èske mwen pa t di w si w kwè, w ap wè glwa Bondye?” Jezi vle di Mat t apral wè yon bagay ki t ap onore Bondye. Ki sa Jezi t apral fè? Lè yo retire wòch la, Jezi priye Jewova byen fò. Apre sa, Jezi di byen fò: “Laza, soti deyò!” Èske l ap soti? Èske l kapab? —

Bon, èske w ka reveye yon moun k ap dòmi? — Wi, si w rele l byen fò, l ap reveye. Men, èske w ka reveye yon moun k ap dòmi nan lanmò? — Non. Menmsi w rele ak tout fòs ou, moun ki mouri a pap tande. Jodi a, ni ou menm, ni mwen menm, ni okenn lòt moun sou tè a pa ka fè anyen pou reveye yon moun ki mouri.

Ki sa Jezi fè pou Laza?

Men, se pa menm bagay pou Jezi. Bondye ba li yon pouvwa espesyal. Se sa k fè, lè Jezi rele Laza, gen yon bagay estrawòdinè ki rive. Mesye sa a ki te mouri depi kat jou a sot nan kav la! Li retounen viv ankò! Li ka respire, li ka mache e li ka pale ankò! Wi, Jezi leve Laza sot nan lanmò. — Jan 11:1-44.

Kounye a, fè yon ti reflechi: Sa k te rive Laza lè l te mouri? Èske gen yon pati nan li menm, yon nanm oubyen yon espri, ki te kite kò li pou l al viv yon lòt kote? Èske nanm Laza t al nan syèl? Èske, pandan kat jou sa yo, li te vivan anlè a ansanm ak Bondye ak zanj ki sen yo? —

Non, se pa t sa. Ou sonje, Jezi te di Laza t ap dòmi. Ki jan sa ye lè w ap dòmi? Lè w nan pwofon somèy, ou pa konnen sa k ap pase bò kote w, pa vre? — E lè w reveye, ou pa konnen konbyen tan ou te pase ap dòmi, jiskaske w konn ki lè l ye.

Se menm bagay la ki rive lè moun mouri. Yo pa konn anyen. Yo pa santi anyen. Yo pa ka anyen. Se sa k te rive Laza lè l te mouri. Lanmò se tankou yon pwofon somèy kote yon moun pa sonje anyen. Bib la di: “Moun ki mouri yo, yo pa konn anyen ditou.” — Eklezyas 9:5, 10.

Nan ki kondisyon Laza te ye lè l te mouri?

Reflechi sou pwen sa a tou: Si Laza te nan syèl la pandan kat jou, ou pa panse li t ap pale de sa? — E si se nan syèl la li te ye, èske w panse Jezi t ap fè l kite bèl kote l te ye a pou l vin viv sou tè a? — Li pa t ap janm fè sa!

Men, gen anpil moun ki di nou gen yon nanm, e yo fè konnen nanm nan kontinye viv apre kò a fin mouri. Yo di nanm Laza t ap viv yon kote. Men, Bib la pa di sa. Li fè konnen lè Bondye te fè Adan, premye gason an, se “yon nanm vivan” li te fè. Adan se te yon nanm. Bib la di tou, yonfwa Adan te peche, li vin mouri. Li vin tounen yon “nanm ki mouri”, e li retounen nan pousyè, bagay yo te itilize pou yo te fè l la. Epitou, Bib la di tout desandan Adan yo eritye peche ak lanmò. — Jenèz 2:7; 3:17-19; Nonb 6:6; Women 5:12.

Donk, sa klè, nou pa gen yon nanm ki separe ak kò nou. Nou chak, nou se yon nanm. E piske tout moun eritye peche nan men premye òm nan, Adan, Bib la di: ‘Nanm ki peche a ap mouri.’ — Ezekyèl 18:4.

Poukisa pa gen rezon pou nou pè moun mouri?

Gen moun ki pè moun mouri. Yo pap pran chans pwoche bò kote simityè, paske yo panse mò yo gen nanm ki separe ak kò yo e ki ka vin fè moun ki vivan yo mal. Men, èske yon moun ki mouri ka fè yon moun ki vivan mal? — Non, li pa kapab.

Gen moun ki menm panse mò yo ka retounen sou fòm espri pou yo vin wè moun ki vivan yo. Se sa k fè gen moun ki konn met manje pou mò. Men, moun ki fè sa yo pa kwè toutbonvre nan sa Bondye di sou mò yo. Si nou kwè sa Bondye di, nou pap pè moun mouri. E si nou gen Bondye rekonesans pou lavi li ban nou an, n ap montre sa lè nou fè sa Bondye renmen.

Men, petèt w ap mande tèt ou: ‘Èske Bondye pral fè timoun ki mouri yo reviv ankò? Èske l vrèman vle fè sa?’ N ap pale de sa nan lòt chapit la.

Annou li sa Bib la di toujou sou kondisyon mò yo ak sa l di sou nanm, nan Sòm 115:17; 146:3, 4; ak nan Jeremi 2:34.