Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 1

Rezon ki fè Jezi se te yon gran Anseyan

Rezon ki fè Jezi se te yon gran Anseyan

SA GEN plis pase de mil an, yon timoun te fèt e li pa t tankou tout timoun. Timoun sa a te vin pi gran gason ki pase sou tè a. Nan epòk sa a, pa t gen ni avyon ni machin. Televizyon, òdinatè ak Entènèt pa t egziste nonplis.

Timoun sa a te rele Jezi. Li te vin tounen moun ki gen plis sajès ki pase sou tè a. Epitou, Jezi se meyè anseyan ki te egziste. Li te konn esplike bagay ki difisil yon fason pou moun ka konprann yo byen fasil.

Jezi te konn anseye moun tout kote li rankontre yo. Li te konn anseye yo bò lanmè, sou bato, anndan kay e lè l ap vwayaje. Jezi pa t gen machin, e li pa t konn vwayaje nan bis oswa nan tren. Se mache l te konn mache sot nan yon zòn al nan yon lòt pou l anseye moun.

Gen moun ki aprann nou anpil bagay. Men, se Jezi, gran Anseyan an, ki ka aprann nou bagay ki pi enpòtan toujou. Se nan Bib la n ap jwenn pawòl Jezi yo. Lè n ap li pawòl sa yo ki gen nan Bib la, se kòmsi se Jezi k ap pale avèk nou.

Ki sa k fè Jezi te yon gran anseyan konsa? Youn nan rezon yo, se paske Jezi poukont pa l te gen yon anseyan. Epitou, li te konnen jan sa enpòtan pou yon moun koute. Èske w konnen kiyès Jezi te konn koute, kiyès ki te konn anseye l? — Se Papa l. E se Bondye ki Papa Jezi.

Anvan Jezi te vin viv sou tè a antanke moun, li t ap viv nan syèl la avèk Bondye. Donk, Jezi pa t menm ak lòt moun yo paske pa gen okenn lòt moun ki te viv nan syèl la anvan yo fèt sou tè a. Nan syèl la, Jezi te yon bon Pitit, yon Pitit ki te konn koute Papa l. Se sa k fè Jezi te ka anseye moun sa Bondye te montre l. Ou ka imite Jezi lè w koute papa w ak manman w.

Yon lòt rezon ki fè Jezi te yon gran anseyan, se paske li te renmen moun. Li te vle ede moun yo aprann konnen Bondye. Jezi te renmen granmoun, men li te renmen timoun tou. E timoun yo te renmen rete bò kote Jezi paske li te konn pale avèk yo e li te konn koute yo.

Poukisa timoun yo te renmen rete bò kote Jezi?

Yon jou, kèk paran mennen pitit yo bay Jezi. Men, zanmi Jezi yo te panse gran Anseyan an te twò okipe pou l nan pale ak timoun piti. Poutèt sa, zanmi Jezi yo di yo ale. Men, èske w konn sa Jezi te di? — Men sa l di: “Kite timoun piti yo vin jwenn mwen, pa eseye bloke yo.” Wi, Jezi te vle pou timoun yo vin jwenn li. Donk, menmsi Jezi te gen anpil sajès e li te yon moun enpòtan, li te konn pran tan pou l anseye timoun piti yo. — Mak 10:13, 14.

Èske w konnen poukisa Jezi te konn anseye timoun yo e poukisa li te konn koute yo? Youn nan rezon yo, se paske li te vle fè kè yo kontan. Se poutèt sa li te konn esplike yo bagay ki konsène Bondye, Papa li ki nan syèl la. E ou menm, ki jan w ka fè kè moun kontan? — Se lè w rakonte yo sa w aprann sou Bondye.

Te gen yon lè, Jezi te sèvi ak yon timoun piti pou l anseye zanmi l yo yon leson ki enpòtan. Li pran timoun nan, li mete l kanpe nan mitan disip li yo ki te konn mache avè l. Epi, Jezi fè tout granmoun sa yo konnen yo dwe chanje konpòtman yo pou yo vin menm jan ak tipitit sa a.

Ki leson granmoun yo ak timoun yo ka aprann nan men yon timoun piti?

Ki sa Jezi te vle fè konprann lè l te di sa? Èske w konnen ki jan yon granmoun oswa menm yon timoun ki pi gran ka vin tankou yon timoun piti? — Ebyen, yon timoun piti pa konn tout sa yon granmoun konnen, e li dispoze aprann. Donk, Jezi te vle di disip li yo yo dwe gen imilite, yo dwe dispoze aprann tankou timoun piti. Wi, nou tout, nou ka aprann anpil bagay nan men lòt moun. E nou tout nou ta dwe dakò, ansèyman Jezi yo pi enpòtan pase pwòp panse pa nou. — Matye 18:1-5.

Yon lòt rezon ki fè Jezi te yon gran anseyan, se paske li te konn ki jan pou l fè moun renmen sa l ap di yo. Li te konn esplike bagay yo yon fason senp, yon fason klè. Li te konn pale de zwazo, de flè, ak lòt bagay moun yo abitye, pou l ede yo konprann kiyès Bondye ye.

Yon jou, pandan Jezi te sou yon mòn, anpil moun vin jwenn li. Jezi chita, e li bay yon diskou jan w wè l ap fè la a. Yo rele diskou sa a Sèmon sou montay la. Men sa l te di: ‘Gade zwazo yo nan syèl la. Yo pa plante. Yo pa sere manje. Epoutan, Bondye ki nan syèl la ba yo manje. Èske nou pa vo plis pase yo?’

Ki leson Jezi t ap anseye lè l t ap pale de zwazo yo ak flè yo?

Men sa Jezi te di ankò: ‘Pran leson nan men lis ki nan jaden yo. Yo grandi san yo pa travay, epi gade jan yo bèl! Menm wa Salomon ki te rich, pa t pi byen abiye pase lis ki nan jaden yo. Donk, si Bondye pran swen flè k ap grandi, èske li pap pran swen nou tou?’ — Matye 6:25-33.

Èske w konprann leson Jezi t ap anseye la a? — Li pa t vle nou enkyete konsènan kote n ap jwenn manje pou nou manje oswa rad pou nou mete. Bondye konnen nou bezwen tout bagay sa yo. Jezi pa t di nou pa dwe travay pou nou manje e pou nou abiye. Men li te di nou dwe bay Bondye premye plas la. Si nou aji konsa, Bondye ap fè yon fason pou nou jwenn manje pou nou manje ak rad pou nou mete. Èske w kwè sa? —

Lè Jezi te fin pale, ki sa moun yo te panse? — Dapre sa Bib la di, fason Jezi te anseye a te fè moun yo ret bouch ouvri. Se te yon reyèl plezi pou moun koute Jezi. Sa l te di yo te ede moun yo pou yo fè sa ki byen. — Matye 7:28.

Donk, li trèzenpòtan pou nou koute Jezi. Èske w konnen ki jan nou ka fè sa? — N ap jwenn pawòl li yo nan yon liv. Ou konn ki liv sa a? — Se Lasent Bib. Sa siyifi nou ka koute Jezi lè nou obeyi sa nou li nan Bib la. Anfèt, gen yon bèl istwa nan Bib la kote se Bondye li menm ki di nou pou nou koute Jezi. Ann wè sa k te pase.

Yon jou, Jezi pran twa nan zanmi l yo, Jak, Jan ak Pyè, li monte avèk yo sou yon mòn. N ap gen pou n aprann plis toujou sou mesye sa yo pi devan, piske toule twa se te bon zanmi Jezi. Men, nan okazyon espesyal sa a, figi Jezi kòmanse briye anpil. Epi rad li vin klere tankou limyè, jan nou wè sa la a.

“Se Pitit Gason m [...]. Koute l.”

Apre sa, Jezi ak zanmi l yo tande yon vwa ki sot nan syèl la. Vwa a di: “Se Pitit Gason m, byenneme a, li menm mwen apwouve a. Koute l.” ​(Matye 17:1-5). Èske w konn ki vwa ki t ap pale a? — Se te vwa Bondye! Wi, se Bondye ki t ap di Jak, Jan ak Pyè pou yo koute Pitit li a.

E nou menm jodi a? Èske n ap obeyi Bondye, èske n ap koute Pitit li a, gran Anseyan an? — Se sa tout moun ta dwe fè. Èske w sonje ki jan nou ka fè sa? —

Ebyen, nou kapab koute Pitit Bondye a lè nou li sa Bib la di sou lavi li. Gran Anseyan an gen anpil bèl bagay pou l di nou. W ap kontan aprann bagay sa yo nan Bib la. E sa ap fè w kontan tou si w esplike zanmi w yo bèl bagay ou aprann.

Pou w jwenn plis detay sou bèl bagay yon moun ka aprann lè l koute Jezi, ouvri bib ou epi li Jan 3:16; 8:28-30; ak Travay 4:12.