Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske m ta dwe kite lekòl?

Èske m ta dwe kite lekòl?

CHAPIT 19

Èske m ta dwe kite lekòl?

Nan ki klas ou panse ou ta dwe kite lekòl? ․․․․․

Nan ki klas paran w panse ou ka kite lekòl? ․․․․․

ÈSKE se menm repons lan ou jwenn pou kesyon sa yo? Menmsi repons yo menm, e menmsi w lekòl toujou, petèt gen jou ou anvi kite lekòl. Èske w t ap dakò ak kòmantè ki vin annapre yo?

“Pafwa mwen konn tèlman strese mwen pa vle leve nan kabann mwen. Mwen konn panse ‘mwen pa wè poukisa pou m al lekòl pou m aprann yon seri bagay ki pap janm sèvi m’.” — Rachel.

“Anpil fwa mwen te bouke ak lekòl e mwen te vle kite l pou m al chèche yon djòb. Mwen pa t santi m t ap aprann anyen e m te pito gen yon travay.” — John.

“Mwen te nan lise e mwen te gen pwoblèm pou m adapte m. M pa t gen pwoblèm ak kou yo men elèv yo te mete m sou kote, sa ki te fè mwen pase anpil tan poukont mwen. Menm lòt elèv yo te mete sou kote yo pa t pale avè m. Mwen te vrèman anvi kite lekòl.” — Ryan.

“Mwen te konn oblije pase anviwon katrèdtan chak jou ap fè devwa! Yo te tèlman benyen m ak devwa, pwojè ak egzamen youn apre lòt, mwen te konn santi mwen pa ka sipòte ankò e mwen te vle kite sa.” — Cindy.

“Yon lè yo te menase y ap fè yon bonm eksploze nan lekòl la, an twa fwa gen moun ki te eseye touye tèt yo, gen yon moun ki te touye tèt li e gen gang ki te fè zak vyolans. Pafwa, sa te sanble twòp pou mwen e mwen te vle kite sa.” — Rose.

Èske w te fè fas ak sitiyasyon ki sanble ak sitiyasyon sa yo? Si se sa, ki sitiyasyon ki te fè w vle kite lekòl?

․․․․․

Petèt, kounye a w ap planifye pou w kite lekòl. Men, kòman w ap fè konnen si w vle kite paske li lè pou w kite oswa paske w bouke ak lekòl?

Èske li t ap bon pou w kite lekòl?

Èske w te konnen nan kèk peyi kantite ane Leta egzije pou timoun pase lekòl se ant senk ane a uit ane pou piti? Nan kèk lòt peyi, li obligatwa pou yon timoun pase omwen dizan lekòl. Donk, se selon peyi kote timoun nan ap viv la k ap detèmine a ki laj oswa nan ki klas li ka kite lekòl.

Mete sou sa, gen kèk peyi oswa kèk eta ki bay elèv yo posiblite pou yo pran kou yo lakay yo san yo pa oblije ale nan yon lekòl. Elèv paran yo dakò pou yo lekòl lakay yo e pou yo ede yo pa kite lekòl.

Men, si w vle kite lekòl anvan w fin fè klas ou, kit se nan yon lekòl ou ale kit ou lekòl lakay ou, ou bezwen egzamine kesyon ki vin annapre yo:

Ki sa lalwa egzije? Jan nou te di sa deja, selon peyi kote w ye a, lwa ki detèmine ki kantite ane ki obligatwa pou yon timoun pase lekòl pa menm. Nan peyi kote w ap viv la, ki klas lalwa di ki obligatwa? Èske w deja rive nan klas sa a? Si w kite lekòl anvan ou fin fè klas Leta di ki obligatwa yo se pase w ap pase sou konsèy Bib la bay pou nou “soumèt devan otorite yo”. — Women 13:1.

Èske m gentan jwenn fòmasyon k ap ede m atenn objektif mwen? Ki objektif ou genyen ou ta renmen fòmasyon w ap pran lekòl la ede w atenn? Ou pa fin sèten? Bon, ou bezwen konn sa! Si se pa sa, ou tankou yon moun ki nan yon tren e ki pa gen okenn ide kote l vle ale. Donk, pran yon ti tan ou menm ak paran w pou nou ranpli fich aktivite ki rele “ Rezon ki fè m al lekòl” nou jwenn nan paj 139 la. Sa ap ede w konsantre sou objektif ou e sa ap ede ni ou menm ni paran w pou nou konnen si pou w fè tout klas ou oswa si pou w pa fè tout. — Pwovèb 21:5.

Siman pwofesè w ak lòt moun ankò ap di w si w dwe fè tout klas ou oswa si w pa dwe fè tout. Men, se paran w ki gen dwa pran desizyon final la (Pwovèb 1:8; Kolosyen 3:20). Li pa t ap saj pou w kite lekòl anvan ou rive jwenn fòmasyon ou menm ak paran w te deside pou w jwenn k ap ede w atenn objektif ou.

Poukisa mwen vle kite lekòl? Atansyon pou w pa ap bay tèt ou manti (Jeremi 17:9). An jeneral, lè moun aji yon fason ki egoyis, yo gen tandans jwenn yon seri rezon yo panse k ap esplike fason yo aji a. — Jak 1:22.

Ekri bon rezon ou ta ka genyen pou w kite lekòl san w pa fini klas ou.

․․․․․

Ekri kèk rezon egoyis ki fè w vle kite lekòl.

․․․․․

Ki bon rezon ou te ekri? Kèk nan rezon sa yo kapab paske w vle al travay pou w ede paran w oswa pou w ka al ede lòt moun aprann konn Bondye. Kèk rezon egoyis ki ta ka fè w vle kite lekòl se ta pou w evite fè egzamen e pou w pa etidye oswa fè devwa. Li difisil pou w rive wè ki rezon vre ki fè w vle kite lekòl. Èske se pou yon bon rezon oswa se pou yon rezon ki egoyis?

Gade sa w te ekri pi wo a ankò, epi avèk senserite, mete yon chif, bay chak rezon yon nòt ant 1 a 5 (1 pou sa ki gen mwens enpòtans yo, 5 pou sa ki gen plis enpòtans yo). Si w vle kite lekòl jis pou w ka evite pwoblèm, ou ka pran gwo sipriz.

Ki pwoblèm ki genyen nan kite lekòl?

Si w ta chwazi kite lekòl alòske w pa gen yon bon rezon pou sa se kòmsi w ta vole kite yon tren anvan w rive kote w prale a. Ou ka pa alèz nan tren an e lòt pasaje yo ka pa janti, men, si w vole kite tren an, li klè ou pap rive kote w prale a e gen anpil chans pou w pran gwo chòk fizik. Menm jan an tou, si w kite lekòl, ou ka pa rive atenn objektif ou e sa ka lakòz ou jwenn pwoblèm ni kounye a ni pi devan. Pa egzanp:

Pwoblèm kounye a: Siman li ka pi difisil pou w jwenn yon travay. E si w jwenn youn, siman sa w ap touche a ap pi piti pase sa w t ap touche si w te fini lekòl. E pou w ka rive jwenn dekwa pou w annik manje, abiye epi gen yon kote pou w rete, ou ka oblije travay pandan plizyè èdtan pa jou nan yon anbyans k ap pi mal pase sa ki gen nan lekòl ou.

Pwoblèm pi devan: Selon rechèch yo fè, yo rann yo kont moun ki kite lekòl gen plis chans pou yo pa viv an sante, pou y al nan prizon e pou yo depann sou èd Leta oswa lòt moun pou yo viv.

Bon, sa pa vle di depi w fini lekòl ou pap gen mòd pwoblèm sa yo. Men, ou pa gen rezon pou w limite tèt ou lè w kite lekòl.

Avantaj ki genyen lè w pa kite lekòl anvan lè

Ou ka anvi kite lekòl paske ou rate yon egzamen oswa ou te pase yon move jounen lekòl, men pwoblèm ou genyen kounye a pa anyen devan sa w pral jwenn pi devan yo. Men, anvan w deside fè sa w panse ki pi fasil la, gade ki avantaj elèv nou te site nan kòmansman chapit la di yo te jwenn lefètke yo pa t kite lekòl.

“Mwen te aprann gen andirans, pou m vin gen plis fòs mantal. Mwen te aprann tou se fason w konsidere yon travay k ap fè w pran plezi ladan l. Lefètke mwen kontinye klas mwen, sa ban m posiblite aprann yon seri bagay k ap ede m jwenn yon travay lè m fini.” — Rachel.

“Kounye a, mwen konnen depi m travay di mwen ka atenn objektif mwen. Nan lekòl la, m ap pran yon fòmasyon teknik k ap ede m kalifye pou m ka travay nan domèn mwen vle a, sa vle di antanke yon mekanisyen pou aparèy enprimri.” — John.

“Lefètke mwen te kontinye, sa ede m konn li e ekri byen. Lekòl aprann mwen pwofite sijesyon lòt moun pou m ka amelyore, li aprann mwen tou pale yon fason ki klè e ki lojik, yon seri bagay ki itil mwen nan lavi m antanke kretyen.” — Ryan.

“Lekòl ede m konn ki jan pou m rezoud pwoblèm, kit se nan klas kit se lòt kote. Lefètke mwen te aprann jere devwa ak leson m yo, pwoblèm mwen gen ak lòt moun ak difikilte fizik mwen te jwenn, sa vrèman ede m vin gen matirite.” — Cindy.

“Lekòl te prepare m pou m fè fas ak pwoblèm mwen jwenn nan travay. Epitou, mwen te fè fas ak yon pakèt sitiyasyon kote m te oblije egzamine rezon ki fè m kwè sa m kwè yo. Donk, lefètke mwen te rete lekòl sa te fè m vin gen plis konviksyon nan sa m kwè yo.” — Rose.

Men sa wa Salomon, yon wa ki te saj, te ekri: “Jan yon bagay fini pi bon pase jan l kòmanse. Pito yon moun gen pasyans pase l gen ògèy.” (Eklezyas 7:8). Kidonk, olye w annik kite lekòl, li pi bon pou w pran pasyans pou w rezoud pwoblèm ou jwenn nan lekòl. Si w fè sa, w ap rann ou kont bagay yo ap pi byen fini pou ou.

NAN LÒT CHAPIT LA

E si youn nan rezon ki fè w pa renmen lekòl se paske w pa antann ou ak pwofesè w?

VÈSÈ KLE

“Tout moun ki twò prese ap pòv kanmenm.” — Pwovèb 21:5.

MEN YON IDE

Si w gen pwoblèm ak anbyans ki gen nan lekòl la, mande paran w ki sa w ka fè pou bagay yo pi fasil pou ou yon fason pou w ka fini klas ou.

ÈSKE W TE KONNEN?

Jèn k ap rate kou yo gen plis chans pou yo kite lekòl anvan lè.

SA M KONTE FÈ

Men sa m ap fè pou m pa kite lekòl si gen yon kou mwen pa alèz ladan l ․․․․․

Si fatig fè m anvi kite lekòl, men sa m ap fè pou m rive fè fas ak sa ․․․․․

Men sa mwen ta renmen mande paran m sou sijè sa a ․․․․․

KI SA W PANSE?

● Poukisa li enpòtan pou w aprann li, ekri epi byen konprann matematik?

● Ki jan lè w aprann yon seri bagay ki ka ede w tousuit, sa ka ede w byen pwofite tan w ap pase lekòl la?

● Poukisa li enpòtan pou w gen yon ide sou kalite travay ou ta vle genyen apre w fin kite lekòl?

[Antrefilè nan paj 140]

“Ou pa ka kouri pou pwoblèm yo. Lè w rete lekòl sa ede w aprann defann tèt ou, yon kalite k ap ede w ni nan travay ni lòt kote.” — Ramona.

[Kare nan paj 139]

Fich aktivite

Rezon ki fè m al lekòl

  Youn nan pi gwo objektif lekòl se prepare w pou w jwenn yon travay k ap pèmèt ou pran swen tèt ou e pran swen fanmi ou ka vin gen pi devan an (2 Tesalonisyen 3:10, 12). Èske w konnen ki kalite travay ou vle fè e ki jan fòmasyon ou jwenn lekòl la ka ede w nan sans sa a? Pou ede w wè si fòmasyon ou jwenn lekòl la ap ede w vre, reponn kesyon ki vin annapre yo:

Ki sa ki pwen fò mwen? (Pa egzanp, èske w antann ou byen ak lòt moun? Èske w renmen fè travay ak men w oswa kreye yon seri bagay oswa ranje bagay? Èske w bon nan fè analiz, nan rezoud pwoblèm?) ․․․․․

Ki travay k ap pèmèt mwen sèvi ak pwen fò mwen genyen yo? ․․․․․

Ki kalite travay ki disponib nan zòn kote m ap viv la? ․․․․․

Ki kou mwen genyen kounye a k ap ede m prepare m pou m jwenn yon travay? ․․․․․

Ki sa ki ka pi byen ede m atenn objektif mwen genyen yo? ․․․․․

Sonje, objektif ou se pou fòmasyon ou jwenn lekòl la ka itil ou. Donk, fè atansyon pou w pa yon moun ki toujou pral lekòl, yon moun ki toujou rete nan “tren an” jis pou w evite responsablite w antanke granmoun *.

[Nòt anba paj]

^ § 67 Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade Volim 2, chapit 38.

[Foto nan paj 138, 139]

Lè w chwazi kite lekòl se kòmsi w ta vole kite yon tren anvan w rive kote w prale a.