Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki jan m ka vin gen plis konfyans nan tèt mwen?

Ki jan m ka vin gen plis konfyans nan tèt mwen?

CHAPIT 12

Ki jan m ka vin gen plis konfyans nan tèt mwen?

Wi Non

Èske w kontan lè w gade tèt ou nan yon glas? □ □

Èske w panse ou gen bèl kalite? □ □

Èske w ka reziste anba presyon lòt jèn ap fè sou ou? □ □

Èske w aksepte lè yon moun fè w remak? □ □

Èske w ka jere lè moun ap di bagay ki pa sa sou ou? □ □

Èske w santi yo renmen w? □ □

Èske w pran swen sante w? □ □

Èske w kontan pou lòt moun lè yon bon bagay rive yo? □ □

An jeneral, èske w santi ou reyisi nan sa w ap fè? □ □

Si w reponn non pou plizyè nan kesyon sa yo, pètèt se paske w manke konfyans nan tèt ou ki fè ou manke wè pwen fò ou gen lakay ou. Yo fè chapit sa a pou ede w wè pwen fò ou gen lakay ou.

PIFÒ jèn gen anpil dout sou aparans yo ak kapasite yo genyen pou yo fè kèk bagay, e yo toujou ap konpare tèt yo ak lòt moun. Èske se ka pa w? Si se wi, konnen w pa poukò w.

“Enpèfeksyon m gen lakay mwen konn dekouraje m. Men, nan pifò ka se mwen ki konn mal wè tèt mwen.” — Leticia.

“Kèlkeswa jan w ta bèl la, w ap toujou jwenn yon moun ki pi bèl pase w.” — Haley.

“Lè m bò kot moun, mwen toujou ap enkyete m pou jan m ye. Mwen pè pou yo pa wè m kòm yon moun ki pa vo anyen.” — Rachel.

Si gen nan sa nou sot di pi wo yo ki gen rapò avè w, pa dekouraje. Ou ka jwenn èd. Ann egzamine twa bagay ki ka ede w vin gen plis konfyans nan tèt ou.

Ede lòt moun

Vèsè ki kore sa. “Yon moun pi kontan lè l bay pase lè l resevwa”. — Travay 20:35.

Sa sa vle di. Lè w ede lòt moun, ou ede tèt ou. Sa k fè nou di sa? “Lè ou bay ak kè kontan, ou pap janm manke anyen. Lè ou manje ak moun, ou pa janm rete grangou.” (Pwovèb 11:25, Bib la). Se yon bagay ki klè, lè nou ede moun nou santi nou pi byen *.

“Mwen reflechi ak sa m ka fè pou lòt moun e m eseye ede moun nan kongregasyon m nan ki bezwen èd. Lè m demontre lòt moun mwen renmen yo e m pase tan avè yo, sa fè m santi m byen.” — Breanna.

“Lè m patisipe nan travay predikasyon an, sa vrèman ede m paske sa fè m panse ak lòt moun e konsa m pa ret ap panse ak tèt mwen.” — Javon.

Atansyon: Pinga w ede moun senpleman paske w ap atann pou w jwenn yon bagay anretou (Matye 6:2-4). Sa pap ede w paske w pa gen bon mobil. An jeneral, moun ap fasil wè sa. — 1 Tesalonisyen 2:5, 6.

Tou pa w. Reflechi ak yon moun ou te ede. Ki non moun sa a, e ki sa w te fè pou w ede l?

․․․․․

Ki jan w te santi w apre sa?

․․․․․

Reflechi ak yon lòt moun ou ta ka ede, e ekri ki sa w ta ka fè pou w ede l.

․․․․․

Chèche bon zanmi

Vèsè ki kore sa. “Yon bon zanmi demontre lanmou toutan, e li se yon frè yo ka konte sou li lè gen malè.” — Pwovèb 17:17.

Sa sa vle di. Yon bon zanmi ka yon gwo èd pou ou nan moman difisil sa yo (1 Samyèl 18:1; 19:2). Lefètke w konnen gen yon moun ki renmen w e ki la pou ou, sa ka fè w santi w pi byen (1 Korentyen 16:17, 18). Donk, chèche fè zanmi ak moun ki gen bon enfliyans sou ou.

“Bon zanmi yo ap ankouraje w.” — Donnell.

“Pafwa, sa ki pi enpòtan se konnen ou gen yon moun ki enterese nan ou toutbon. Sa ka fè w santi w gen valè.” — Heather.

Atansyon: Fè atansyon pou w pa vin yon lòt moun jis pou w ka fè zanmi plezi. Asire w moun ou genyen kòm zanmi yo, se moun ki renmen w pou moun ou ye toutbon an (Pwovèb 13:20; 18:24; 1 Korentyen 15:33). Si w kòmanse aji yon fason ki pa bon jis pou w enpresyone lòt moun, sa ap fè w santi w pa vo anyen, e w ap gen enpresyon yo itilize w. — Women 6:21.

Tou pa w. Nan espas ki pi ba a, mete non yon zanmi ki ka ede w vin gen plis konfyans nan tèt ou nan bon fason an.

․․․․․

Gade pou w wè si w pa ta ka fè aranjman pou w pase yon ti tan ak moun sa a. Note sa: Moun sa a pa bezwen nan menm laj avè w.

Pa abandone si w fè erè

Vèsè ki kore sa. “Tout moun peche, e yo pa rive reflete glwa Bondye.” — Women 3:23.

Sa sa vle di. Nou tout enpafè. Sa vle di yon lè kanmenm w ap di oswa fè yon bagay ki pa sa (Women 7:21-23; Jak 3:2). Se vre ou pa ka evite fè erè, men ou kapab kontwole fason w ap reyaji lè w fè erè. Men sa Bib la di: “Moun ki jis la ka tonbe sèt fwa, men l ap leve ankò.” — Pwovèb 24:16.

“Pafwa, ou ka santi w manke konfyans nan tèt ou si w ap konpare pwen fèb ou yo ak pwen fò lòt moun.” — Kevin.

“Tout moun gen kalite e tout moun gen defo. Nou ta dwe kontan pou kalite nou genyen yo e nou ta dwe travay pou n retire defo yo.” — Lauren.

Atansyon: Pa fè enpèfeksyon w sèvi eskiz pou w lage kò w nan peche (Galat 5:13). Si w chwazi lage kò w nan move konduit, sa ap lakòz ou pèdi pi bon zanmi ou ta ka genyen an ki se Jewova. — Ebre 10:26, 27.

Tou pa w. Nan espas ki pi ba a, ekri yon kalite ou ta renmen genyen.

․․․․․

Ekri dat jodi a bò kot kalite a. Fè rechèch nan piblikasyon nou yo sou fason pou w amelyore tèt ou nan domèn sa a epi apre yon mwa, gade ki pwogrè w fè.

Vrè valè w

Labib fè nou konnen “Bondye pi gran pase kè nou”. (1 Jan 3:20.) Sa vle di, li kapab wè vrè valè w alòske ou menm ou ka pa wè l. Men, èske enpèfeksyon w yo pa retire sou valè w genyen? Imajine ou gen yon biyè 1 000 goud ki gen yon ti chire. Èske w t ap voye lajan an jete oswa èske w t ap konsidere li pa gen valè ankò paske l chire? Jamè! Kit li chire kit li pa chire li toujou vo 1 000 goud.

Se konsa Bondye wè w tou. Defo w yo pa anpeche l wè valè w. Li wè tout efò w ap fè pou w fè l plezi e li bay sa anpil valè, menmsi ou menm ou pa twouve efò w yo gen enpòtans. Dayè, Labib ba w asirans “Bondye pa enjis pou l ta bliye travay nou fè ak lanmou nou demontre pou non l”. — Ebre 6:10.

NAN LÒT CHAPIT LA

Èske gwo tristès konn anvayi w pafwa? Si repons lan se wi, ki sa w ka fè?

[Nòt anba paj]

^ § 21 Si w se Temwen Jewova, reflechi sou gwo kè kontan w ap jwenn lè w pataje mesaj Wayòm nan ak lòt moun. — Ezayi 52:7.

VÈSÈ KLE

“Men, se pou chak moun egzamine sa l fè, e lè sa a l ap gen rezon pou l rejwi parapò ak tèt li sèlman, men se pa nan konparezon ak yon lòt moun.” — Galat 6:4.

MEN YON IDE

Pa met bagay negatif nan tèt ou tankou ou pap janm reyisi nan anyen oswa ou pa janm fè anyen ki bon. Panse konsa ap toujou dekouraje w. Li bon pou w rekonèt sa w fè ki pa bon, men li bon tou pou w rekonèt pwen fò w.

ÈSKE W TE KONNEN?

Fason w wè tèt ou ka gen efè sou fason lòt moun wè w e sa ka menm gen efè sou fason yo trete w.

SA M KONTE FÈ

Men sa m ap fè lè jèn parèy mwen ap kritike m ․․․․․

Men sa m ap fè lè m wè mwen konsantre sou pwen fèb mwen sèlman ․․․․․

Men sa mwen ta renmen mande paran m sou sijè sa a ․․․․․

KI SA W PANSE?

● Ki sa k ka fè jèn yo gen tandans pa gen konfyans nan tèt yo?

● Ki sa k fè l enpòtan pou yon moun gen respè pou tèt li nan yon sèten degre?

[Antrefilè nan paj 88]

“Yon moun kapab vrèman bèl epi li santi l lèd. Oubyen tou yon moun gendwa pa bèl ditou epitou li santi l se pi bèl moun ki genyen. Tout bagay depann de fason w panse.” — Alyssa.

[Foto nan paj 90]

Lè yon lajan chire, sa pa fè l pèdi valè pou sa, se menm bagay la pou ou, enpèfeksyon w yo pa fè w pèdi valè nan je Bondye.