Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki jan m ka atenn objektif mwen?

Ki jan m ka atenn objektif mwen?

CHAPIT 39

Ki jan m ka atenn objektif mwen?

Pami bagay ki vin apre yo, kiyès ou ta renmen genyen?

□ Plis konfyans nan tèt ou

□ Plis zanmi

□ Plis kè kontan

ANFÈT, ou ka gen toule twa! Ki jan? Se lè w fikse objektif epi w atenn yo. Ann egzamine pwen ki vin apre yo:

Plis konfyans nan tèt ou. Lè w fikse objektif pou bagay ki piti e w atenn yo, sa ap fè w gen plis konfyans nan tèt ou pou w fikse objektif ki gwo. Epitou, w ap gen plis konfyans lè w ap fè fas ak pwoblèm ou jwenn chak jou nan lavi a, tankou presyon jèn parèy ou ap fè sou ou.

Plis zanmi. An jeneral, moun renmen byen ak moun ki gen objektif ki rezonab, sa vle di moun ki konn sa yo vle e ki dispoze travay pou yo jwenn li.

Plis kè kontan. Ann reyalis: Li pa enteresan pou w annik rete san w pap fè anyen e w ret ap tann pou w yon bagay enteresan rive nan lavi w. Men, lè w fikse objektif e w atenn yo, ou vin gen santiman ou akonpli yon bagay. Èske w pare pou sa kounye a? Paj ki vin annapre yo ap ede w *.

✔ 1 OBJEKTIF

1. Reflechi sou objektif ou vle fikse. Ekri tout objektif ki pase nan tèt ou! Ou pa bezwen analize yo, annik ekri. Gade pou w wè si w ka jwenn omwen 10.

2. Analize objektif yo. Kiyès ladan yo ki parèt pi enteresan? Kiyès ladan yo ki parèt pi difisil? Kiyès ladan yo ou t ap pi kontan atenn? Sonje, byen souvan, pi bon objektif yo se objektif ki enpòtan pou ou.

3. Klase yo. Bay chak objektif yo yon nimewo, men mete yo nan lòd ou ta renmen atenn yo a.

✔ 2 PLANIFYE

Fè sa ki vin apre yo pou chak objektif ou chwazi.

Ekri objektif ou genyen.

Aprann espayòl paske m pral Meksik

Bay yon delè. Si w pa fikse yon lè pou w atenn yon objektif, ebyen sa k nan lespri w la se pa yon objektif se yon rèv!

1ye jiyè

Detèmine etap w ap gen pou w suiv yo.

Etap

1. Chèche yon liv espayòl.

2. Aprann dis mo chak semèn.

3. Koute lòt moun k ap pale espayòl.

4. Mande yon moun verifye si sa w di yo bon e si w byen di yo.

Gentan wè pwoblèm yo. Gade ki jan w ka rezoud yo.

Pwoblèm ki ka genyen

M pa konn pèsonn ki pale espayòl ki rete pre m.

Pran yon angajman. Di tèt ou w ap fè tout sa w kapab pou w atenn objektif sa a. Siyen sa w di a epi mete yon dat sou li.

Fason pou rezoud pwoblèm yo

Telechaje anrejistreman piblikasyon espayòl sou www.jw.org.

․․․․․ ․․․․․

Siyati Dat

✔ 3 AJI!

Kòmanse tousuit! Mande tèt ou: ‘Ki sa m ka fè jodi a pou m kòmanse atenn objektif mwen?’ Se vre ou gendwa pa t gentan planifye tout detay, men pa kite sa anpeche w kòmanse. Jan Bib la di sa, “si w ap ret tann pou tan an ak van an egzakteman jan w vle l la, ou pap janm plante anyen e w pap janm rekòlte anyen”. (Eklezyas 11:4, Today’s English Version.) Chèche jwenn yon bagay pou w fè jodi a, menmsi se yon bagay tou piti, epi fè l.

Chak jou, regade objektif ou yo. Raple tèt ou rezon ki fè yo chak enpòtan pou ou. Mete ti siy tcheke a ✔ (oswa mete yon dat) bò kot chak objektif ou atenn pou w wè kote w ye.

Sèvi ak imajinasyon w. Imajine tèt ou ki deja atenn objektif ou e ki kontan sa. Apre sa, regade chak grenn etap yo youn apre lòt. Finalman, imajine w ki fini chak etap sa yo, e imajine jan w pral santi w lè w rive atenn objektif ou. Ou pare? Ebyen ann ale!

[Nòt anba paj]

^ § 10 Sijesyon ki nan paj sa yo ap pale sou objektif ou ka atenn nan yon tan ki pa twò lwen, men prensip ki ladan yo valab tou pou objektif ou ka atenn nan tan ki pi lwen.

VÈSÈ KLE

“Moun ki konn travay byen an planifye sa l ap fè, e konsa bagay yo byen mache pou li.” — Pwovèb 21:5.

MEN YON IDE

Pa chèche suiv yon plan yon fason ki strik. Se pou w pare pou w adapte w epi fè ajisteman tank w ap pwogrese pou w atenn objektif ou.

ÈSKE W TE KONNEN?

Toutotan ou fikse pi gwo objektif, se plis w ap kontan lè w rive atenn li!

KI SA W PANSE?

● Èske li posib pou yon moun gen twòp objektif anmenmtan? — Filipyen 1:10.

● Èske fikse objektif vle di planifye chak grenn minit nan lavi w? — Filipyen 4:5.

[Antrefilè nan paj 283]

“Li fasil pou w dekouraje si w pa gen yon bagay ou konsantre sou li oswa w ap tann. Men, si w fikse objektif e w rive atenn yo w ap santi w byen.” — Reed.

[Kare/Foto nan paj 283]

Egzanp kèk objektif

Amitye: Byen ak yon moun ki pa nan menm laj avè m. Chèche repran kontak ak yon ansyen zanmi.

Sante: Fè omwen inèdtan edmi ap fè egzèsis chak semèn. Dòmi uit èdtan chak swa.

Lekòl: Amelyore nòt mwen nan matematik. Reziste anba presyon lòt jèn ap fè sou mwen pou m fè sa ki mal.

Relasyon w ak Bondye: Li Labib pandan 15 minit chak jou. Pataje kwayans mwen ak yon elèv nan klas mwen semèn sa a.

[Foto nan paj 284, 285]

Yon objektif se tankou plan yon kay, si w vle reyalize l fò w travay pou sa.