Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki jan m ka jwenn plis libète?

Ki jan m ka jwenn plis libète?

CHAPIT 3

Ki jan m ka jwenn plis libète?

“M ta swete pou paran m kite m soti pi souvan.” — Sarah, 18 an.

“M toujou ap mande tèt mwen poukisa paran m pa fè m konfyans pou yo kite m soti ak zanmi m yo. Yo konn di m: ‘Se pa ou nou pa fè konfyans se zanmi w yo nou pa fè konfyans.’” — Christine, 18 an.

ÈSKE W ta renmen paran w ba w plis libète menm jan Sarah ak Christine vle sa? Men, pou paran w ba w plis libète fò yo wè w merite l. Fè moun konfyans se tankou lajan. Li difisil pou jwenn, li fasil pou pèdi e kèlkeswa kantite yo ba ou, sanble li pa janm ase. Men sa Iliana, yon jèn fi ki gen 16 an, di: “Chak fwa mwen vle soti, paran m toujou benyen m ak yon pakèt kesyon, tankou kote w prale, ak kiyès ou prale, ki sa w pral fè e ki lè w ap tounen. M konnen se paran m yo ye, men m rayi lè y ap plede poze m tout kesyon sa yo.”

Ki sa w ka fè pou paran w fè w plis konfyans e pou yo ba w plis libète? Anvan nou reponn kesyon sa a, ann wè sa k fè kesyon konfyans se yon kesyon ki bay pwoblèm ant anpil jèn ak paran yo.

Pwoblèm w ap jwenn pandan w ap grandi

Labib rekonèt “yon gason ap kite papa l ak manman l”. (Jenèz 2:24.) Se menm bagay la pou fi tou. Kit ou se gason kit ou se fi, youn nan bagay enpòtan peryòd adolesans lan ede w fè se prepare w pou w pran responsablite granmoun ou demen, sa vle di moman w ap gen pou w kite kay paran w e petèt pou w vin gen pwòp fanmi pa w *.

Men, etap pou w kite adolesans lan pou w rive granmoun nan se pa kòmsi ou dòmi adolesan jodi epi w leve granmoun demen tou senpleman paske w gen yon laj. Li plis sanble ak yon eskalye w ap monte tikras pa tikras pandan tout adolesans ou. E la ankò, ou ka panse w granmoun men paran w pa wè w konsa. Maria santi paran l pa fè l konfyans nan chwa li fè nan zafè zanmi. Li di: “Mwen gen 20 an, e sa toujou yon pwoblèm. Paran m panse mwen pap ka degaje m si m ta nan yon sitiyasyon difisil. Malgre mwen di yo mwen te deja degaje m nan kèk sitiyasyon difisil, pou yo menm sa pa ase.”

Jan nou ka wè sa nan ka Maria a, kesyon konfyans lan ka yon gwo pwoblèm ant jèn yo ak paran yo. Èske se konsa sa ye nan fanmi pa w? Si se sa, ki sa w ka fè pou paran w fè w plis konfyans? E si w te fè yon bagay ki fè yo pèdi konfyans nan ou, ki sa w ka fè pou yo gen konfyans nan ou ankò?

Pwouve yo moun ka fè w konfyans

Men sa apot Pòl te ekri kretyen premye syèk yo: “Kontinye teste sa nou menm nou ye.” (2 Korentyen 13:5). Se vre, se pa ak jèn li t ap pale, men, jèn yo ka aplike menm prensip la. Plis ou pwouve yo ou se yon moun yo ka fè konfyans, se plis y ap ba w plis libète. Sa pa vle di fò w pafè, dayè pa gen moun ki pa fè erè (Eklezyas 7:20). Men, èske se pa fason w aji ki bay paran w rezon pou yo pa fè w konfyans?

Pa egzanp, Pòl te di: “Nou vle konpòte nou yon fason ki dwat nan tout bagay.” (Ebre 13:18). Mande tèt ou: ‘Lè paran m mande m kote m prale ak sa m ap fè, èske mwen onèt avè yo?’ Ann gade sa de jèn ki te gen pwoblèm nan domèn sa a di. Lè w fin li sa yo di yo, reponn kesyon ki apre kòmantè yo.

Lori: “M te konn voye imel an kachèt bay yon jèn gason m te renmen. Paran m te vin konn sa e yo te di m sispann. M te pwomèt m ap sispann, men m pa t fè sa vre. Pandan tout yon ane, m te konn ekri jèn gason an. Lè paran m vin dekouvri sa, m mande yo eskiz e m pwomèt m ap sispann ekri l, men, m pa t fè sa vre. Rive yon lè, paran m pa t fè m konfyans nan anyen!”

Ki sa k fè w panse paran Lori yo pa t fè l konfyans? ․․․․․

Si w te paran Lori, ki sa w t ap fè e poukisa? ․․․․․

Ki bon fason Lori te ka reyaji premye fwa paran l te pale avè l sou pwoblèm nan? ․․․․․

Beverly: “Paran m pa t fè m konfyans ak tigason, e se kounye a m wè poukisa. Te gen de tigason ki te gen dezan anplis mwen e m te aji kòmsi m te renmen avè yo. M te konn pase plizyè èdtan nan telefòn ak yo, epi lè nou nan fèt, se prèske avè yo sèlman m te konn pale. Paran m te pran telefòn mwen pou yon mwa e yo pa t vle m al okenn kote si yo te konnen timesye yo t ap la.”

Si w te paran Beverly, ki sa w t ap fè e poukisa? ․․․․․

Èske w panse paran Beverly te egzajere lè yo te fè sa yo te fè yo? Poukisa w panse sa? ․․․․․

Ki sa Beverly ka fè pou paran l tounen fè l konfyans ankò? ․․․․․

Sa w ka fè pou yo fè w konfyans ankò

Bon, e si w ta nan menm sitiyasyon ak jèn nou te pale de yo pi wo a? Ou pa bezwen pè, ou ka fè yo gen konfyans nan ou ankò. Ki jan w ka fè sa?

Plis ou pwouve ou se yon moun ki responsab, ou gen anpil chans pou paran w gen plis konfyans nan ou e pou yo ba w plis libète. Annette te vin byen konprann sa. Li di: “Lè m te pi piti, m pa t wè enpòtans pou m aji yon fason pou paran m fè m konfyans. Men, kounye a mwen se yon moun ki pi responsab, m santi m oblije aji yon fason k ap fè yo kontinye gen konfyans nan mwen.” Ki sa sa aprann nou? Tan pou w ap plenyen di paran w pa fè w konfyans, li t ap pi bon pou w fè plis efò pou w aji yon fason k ap fè yo fè w konfyans. Petèt sa ka fè w vin gen plis libète.

Pa egzanp, èske yo ka konte sou ou nan domèn nou site pi ba yo? Mete ti siy tcheke a ✔ nan ti kare ki ale ak pwen ou panse ou bezwen travay yo.

□ Rantre nan lè yo fikse a

□ Kenbe pawòl mwen

□ Toujou alè

□ Byen sèvi ak lajan

□ Fin fè travay yo ba m fè nan kay la

□ Leve san se pa moun ki oblije leve m

□ Kenbe chanm mwen pwòp

□ Di laverite

□ Sèvi ak telefòn oswa òdinatè yon fason rezonab

□ Admèt erè m fè epi mande eskiz

□ Lòt

Fè efò pou w pwouve ou se yon moun yo ka fè konfyans nan domèn ou sot site yo. Suiv konsèy Bib la bay ki di: “Voye ansyen pèsonalite a jete, pèsonalite ki ann akò ak konduit nou te genyen anvan an.” (Efezyen 4:22). “Se pou ‘Wi’ nou vle di wi.” (Jak 5:12). “Se pou nou chak di pwochen nou laverite.” (Efezyen 4:25). “Obeyi paran nou nan tout bagay.” (Kolosyen 3:20). Rive yon lè, tout moun, san wete paran w, ap wè pwogrè w fè. — 1 Timote 4:15.

Bon, e si malgre tout efò w fè, paran w pa ba w libète yo dwe ba w la? Pale sou sa avè yo. Olye pou w ap plenyen paran w pa fè w konfyans, avèk anpil respè, mande yo ki sa yo panse ou menm ou bezwen fè pou yo fè w plis konfyans. Yon fason klè, esplike yo ki sa w ta renmen.

Pa atann pou paran w fè w konfyans tousuit. Se sèten y ap vle asire yo w ap respekte pwomès ou yo. Pwofite moman sa a pou w montre yo ka fè w konfyans. Rive yon lè, sandout paran w ap vin fè w plis konfyans e y ap ba w plis libète. Se konsa sa te pase pou Beverly nou te site pi wo a. Men sa l di: “Li te pi fasil pou m pèdi konfyans yo pase pou m rejwenn li. Kounye a, yo fè m konfyans e m santi m byen!”

LI PLIS BAGAY SOU SIJÈ SA A NAN VOLIM 2 A, NAN CHAPIT 22.

NAN LÒT CHAPIT LA

Si paran w divòse e w santi lavi w fini poutèt sa, ki jan w ka kenbe ekilib ou?

[Nòt anba paj]

^ § 8 Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade chapit 7 liv sa a.

VÈSÈ KLE

“Pa pran libète nou genyen an sèvi eskiz pou n fè sa ki mal.” — 1 Pyè 2:16.

MEN YON IDE

Olye pou w ap gade sou libète yon gran frè w oswa yon gran sè w genyen ou pa genyen, pito w wè libète w gen kounye a ou pa t genyen lè w te pi piti.

ÈSKE W TE KONNEN?

Si paran w ta ba w tout libète ou vle sa pa t ap montre yo renmen w, sa t ap montre pito yo pa fè travay yo antanke paran.

SA M KONTE FÈ

M ap travay pou yo fè m plis konfyans nan domèn sa yo ․․․․․

Men sa m ap fè si m fè yon bagay ki fè paran m pa fè m konfyans ankò ․․․․․

Men sa m ta renmen mande paran m sou sijè ki vin annapre a ․․․․․

KI SA W PANSE?

● Sa k fè paran w ka ezite ba w plis libète malgre w fè tout sa w kapab pou w pwouve yo yo ka fè w konfyans?

● Ki jan fason w kominike ak paran w kapab fè yo dispoze ba w plis libète?

[Antrefilè nan paj 24]

“Lè m ap pale ak paran m, mwen fè yo konn tout pwoblèm ak enkyetid mwen genyen. M panse se sa ki fè l pi fasil pou yo fè m konfyans.” — Dianna.

[Chema/foto nan paj 23]

Etap pou w kite adolesans lan pou w rive granmoun sanble ak yon eskalye w ap monte tikras pa tikras pandan tout adolesans ou.

[Chema]

(Gade piblikasyon an)

GRANMOUN

ADOLESANS

ANFANS