Kreyòl ayisyen
Ki jan Temwen Jewova yo konsidere divòs?
https://cms-imgp.jw-cdn.org/img/p/502017101/univ/art/502017101_univ_sqr_xl.jpg
ijwfq atik 54

Ki jan Temwen Jewova yo konsidere divòs?

Ki jan Temwen Jewova yo konsidere divòs?

 Nou respekte sa Bib la di konsènan maryaj ak divòs. Bondye te kreye maryaj kòm yon inyon pou toutan ant yon gason ak yon fi. Imoralite seksyèl se sèl rezon valab Ekriti yo bay pou gen divòs. — Matye 19:5, 6, 9.

Èske Temwen Jewova yo konn ede moun ki gen pwoblèm nan maryaj yo?

 Wi, yo sèvi ak plizyè mwayen pou sa:

Èske se ansyen nan kongregasyon yo ki dwe apwouve divòs yon Temwen?

 Non. Menm lè moun marye yo konn chèche èd nan men ansyen yo pou yo ka fè fas ak difikilte y ap rankontre nan maryaj yo, ansyen yo pa gen dwa di yo sa yo dwe fè (Galat 6:5). Sepandan, yon moun ki chwazi divòse san rezon Ekriti yo bay la pa lib pou l remarye dapre Ekriti yo. — 1 Timote 3:1, 5, 12.

Ki jan Temwen yo konsidere separasyon?

 Bib la ankouraje moun marye yo pou yo ret ansanm menm lè yo nan sitiyasyon ki pa favorab (1 Korentyen 7:10-16). Lè yo priye ak tout kè yo, lè yo aplike prensip biblik yo e yo demontre lanmou, sa ka rezoud anpil pwoblèm. — 1 Korentyen 13:4-8; Galat 5:22.

 Sepandan, gen kretyen ki konn deside separe nan kèk sitiyasyon ekstrèm tankou sa ki vin apre yo:

  •   Lè yon konjwen chwazi refize pran swen fanmi an. — 1 Timote 5:8.

  •   Lè gen gwo vyolans fizik. — Sòm 11:5.

  •   Lè lavi espirityèl fanmi an an danje. Pa egzanp, yon konjwen ka eseye fòse yon Temwen vyole kòmandman Bondye yo, e konjwen ki santi l menase a ka rann li kont separasyon se sèl mwayen l genyen pou l ‘obeyi Bondye antanke chèf olye l obeyi lèzòm’. — Travay 5:29.