Al gade sa k anndan l

Èske Temwen Jewova yo kont vaksinasyon?

Èske Temwen Jewova yo kont vaksinasyon?

 Non. Temwen Jewova yo pa kont vaksinasyon. Nou wè kesyon vaksinasyon an kòm yon desizyon pèsonèl chak kretyen dwe pran. Anpil Temwen Jewova chwazi pran vaksen.

 Nou chèche jwenn bonjan swen nan domèn medikal e nou apresye tout pwogrè ki fèt nan domèn medikal pou redui maladi ki grav yo. Nou gen rekonesans pou kokenn travay pwofesyonèl lasante yo fè, sitou lè gen gwo pwoblèm.

 Temwen Jewova yo kowopere ak ofisye sante piblik yo. Pa egzanp depi lè pandemi Covid-19 la kòmanse a, Temwen Jewova yo kontinye bay rapèl sou sit sa a nan plizyè santèn lang. Rapèl sa yo ankouraje moun yo pou yo suiv konsiy sekirite otorite lokal yo bay. Sa gen ladan l enpòtans pou n kenbe distans sosyal, ak konsiy sou reyinyon an piblik, karantèn, lave men, mete kachnen ak lòt bagay pratik otorite yo mande nou fè. — Women 13:1, 2.

 Pandan plizyè dizèn ane, piblikasyon Temwen Jewova yo mete aksan sou prensip ki vin annapre yo:

  •   Desizyon moun pran anrapò ak swen sante se yon chwa pèsonèl. — Galat 6:5.

     “[Peryodik sa a] pa rekòmande yon kalite medikaman oswa tretman e li pa bay konsèy nan domèn medikal. Objektif li se prezante fè yo epi kite lektè a pran pwòp desizyon l.” — Reveye n! 8 fevriye 1987 (fransè).

     “Desizyon pou ou menm ak pitit ou pran vaksen se yon chwa pèsonèl.” — Reveye n! 22 out 1965 (anglè).

  •   Nou chèche jwenn tretman medikal paske nou bay lavi anpil valè. — Travay 17:28.

     “Temwen yo chèche jwenn plizyè kalite swen medikal pou ede yo fè fas ak pwoblèm sante yo genyen. Yo renmen lavi e yo vle fè tout sa ki rezonab e ki ann amoni ak Bib la pou yo pwoteje lavi yo.” — Toudegad 1ye oktòb 1975 (fransè).

     “Se sa k fè Temwen Jewova yo pa gen pwoblèm pou yo pran medikaman e pou yo suiv tretman. Yo vle rete an sante e yo vle viv pi lontan. Menm jan ak Lik, yon kretyen ki t ap viv nan premye syèk la, gen kèk Temwen Jewova ki doktè. Temwen Jewova yo apresye bonjan travay ak sakrifis moun k ap bay swen medikal yo fè. Yo gen rekonesans tou pou bonjan soulajman moun sa yo bay moun ki malad yo.” — Toudegad 1ye avril 2011.