Al gade sa k anndan l

Èske Temwen Jewova yo aksepte tretman medikal?

Èske Temwen Jewova yo aksepte tretman medikal?

 Wi, Temwen Jewova yo dakò resevwa tretman medikal e nou aksepte pran medikaman. Menmsi nou fè efò pou nou pran swen kò nou e pou nou rete an sante, pafwa, nou ‘bezwen al kay doktè’. (Lik 5:31.) Menm jan ak Lik, yon kretyen ki t ap viv nan premye syèk la, gen kèk Temwen Jewova ki doktè. — Kolosyen 4:14.

 Sepandan, gen kèk tretman medikal ki pa ann amoni ak prensip biblik yo, e nou pa dakò resevwa tretman medikal sa yo. Pa egzanp, nou pa aksepte pran san paske Labib pa dakò pou moun pran san (Travay 15:20). Menm jan an tou, Pawòl Bondye a kondane tretman ki gen rapò ak maji oswa ki makònen ak pratik ki gen rapò ak movèzespri. — Galat 5:19-21.

 Sepandan, se pa tout tretman medikal Bib la kondane. Kidonk, se chak moun ki pou deside ki tretman medikal l ap aksepte. Yon Temwen gendwa deside aksepte yon tretman medikal oswa pran yon medikaman, tandiske yon lòt Temwen gendwa pa aksepte menm tretman sa a oswa pran menm medikaman sa a. — Galat 6:5.