Al gade sa k anndan l

Ki sa Tora a ye?

Ki sa Tora a ye?

Repons Bib la bay

Mo anglè “Tora” a soti nan mo ebre toh·rahʹ, yon mo lè yo tradui l yo ka met “lòd”, “ansèyman” oswa “lalwa” pou li * (Pwovèb 1:8; 3:1; 28:4). Egzanp ki vin apre yo montre fason yo sèvi ak mo ebre sa a nan Bib la.

  • Byen souvan, mo Toh·rahʹ a fè referans ak senk premye liv nan Bib la: Jenèz, Egzòd, Levitik, Nonb, Detewonòm. Yo rele liv sa yo Pentatek tou, yon non ki soti nan yon mo grèk ki vle di “senk volim”. Piske se Moyiz ki te ekri Tora a, yo rele l “liv Lalwa Moyiz la” tou (Jozye 8:31; Neyemi 8:1). Nòmalman, li te ekri antanke yon sèl liv okòmansman, men, yo te vin divize l annapre yon fason pou yo te ka pote l pi fasil.

  • Yo sèvi ak mo Toh·rahʹ a tou pou pale de lwa Izrayelit yo te resevwa pou yon sijè an patikilye, tankou “lwa [Toh·rahʹ] sou sakrifis pou peche a”, “lwa ki konsène maladi lèp” la ak “lwa konsènan yon moun ki Nazireyen” an. — Levitik 6:25; 14:57; Nonb 6:13.

  • Pafwa mo Toh·rahʹ a fè referans ak lòd oswa ansèyman, yon paran, yon moun ki gen sajès oswa Bondye li menm bay. — Pwovèb 1:8; 3:1; 13:14; Ezayi 2:3, nòt.

Ki sa k gen nan Tora a oswa Pentatek la?

  • Istwa konsènan fason Bondye te aji ak lèzòm soti nan kreyasyon an rive lè Moyiz mouri. — Jenèz 1:27, 28; Detewonòm 34:5

  • Tout sa ki gen nan Lalwa Moyiz la (Egzòd 24:3). Gen plis pase 600 kòmandman nan Lwa sa a. Kòmandman ki gen plis enpòtans pami yo a se Chema a oswa konfesyon lafwa Juif yo. Gen yon pati nan Chema a ki di: “Nou dwe renmen Jewova, Bondye nou an, ak tout kè nou, ak tout nanm nou e ak tout fòs nou.” (Detewonòm 6:4-9). Jezi te fè konnen se kòmandman sa a ki “pi gwo kòmandman an, e se premye a”. — Matye 22:36-38.

  • Yo fè referans ak non Jewova anviwon 1 800 fwa ladan l. Olye pou Tora a entèdi moun sèvi ak non Bondye, gen kèk kòmandman ladan l ki te egzije pèp Bondye a pwononse non sa a. — Nonb 6:22-27; Detewonòm 6:13; 10:8; 21:5.

Sa kèk moun panse konsènan Tora a

Sa yo panse: Lwa ki nan Tora a etènèl, yo pa janm dwe mete yo yon kote.

Sa ki verite: Gen kèk tradiksyon Labib ki dekri kèk kòmandman an patikilye nan Tora a, tankou sa ki gen rapò ak Saba a, fonksyon prèt la ak jou Pwopisyasyon an, kòm yon seri kòmandman ki “etènèl” oswa k ap “la pou tout tan”. (Egzòd 31:16; 40:15; Levitik 16:33, 34; Bib la). Sepandan, mo ebre yo itilize nan vèsè sa yo ka vle di yon bagay k ap dire nan yon avni ki endefini, men l pa oblije vle di k ap dire pou toutan *. Apre Lwa Moyiz la te fin fè anviwon 900 an ap domine, Bondye te fè konnen l t apral vin ak “yon nouvo alyans” pou ranplase l (Jeremi 31:31-33). “Lè [Bondye te] di ‘yon nouvo alyans’ lan, li [te] fè ansyen [alyans lan vin] pase mòd.” (Ebre 8:7-13). Sa gen anviwon 2 000 an depi l te ranplase l sou baz lanmò Jezi Kris la. — Efezyen 2:15.

Sa yo panse: Tradisyon Juif yo transmèt nan bouch yo ak Talmid la gen menm otorite ak Tora a.

Sa ki verite: Pa gen okenn prèv nan Bib la ki montre Bondye te bay Moyiz yon lwa oral pou akonpaye Tora a. Olye de sa, Bib la di: “ Jewova di Moyiz: “W ap ekri pawòl sa yo.” (Egzòd 34:27). Lwa oral la, yo te vin ekri annapre e yo te vin rele Michna e finalman ki te vin gaye nan Talmid la, soti nan yon seri tradisyon Juif, Farizyen yo te kòmanse adopte. An jeneral, tradisyon sa yo te an kontradiksyon ak Tora a. Se rezon sa a ki fè Jezi te di Farizyen yo: “Nou fè pawòl Bondye a vin san valè akoz tradisyon nou genyen.” — Matye 15:1-9.

Sa yo panse: Yo pa dwe anseye fi yo sa k nan Tora a.

Sa ki verite: Nan Lalwa Moyiz la, te gen yon kòmandman ki te mande pou yo li tout Lwa a nèt pou tout pep Izrayèl la san wete fi ak timoun piti. Poukisa? ‘Pou yo te ka koute, pou yo te ka aprann konnen Jewova, Bondye yo a, pou yo te ka gen lakrentif pou li e pou yo te ka byen suiv tout sa li mande nan Lwa a.’ — Detewonòm 31:10-12 *.

Sa yo panse: Gen mesaj sekrè nan Tora a.

Sa ki verite: Moyiz, moun ki te ekri Tora a, te fè konnen mesaj ki ladan l lan klè, li disponib pou tout moun e l pa gen yon kòd sekrè (Detewonòm 30:11-14). Teyori ki fè kwè gen mesaj sekrè nan Tora a se yon teyori ki pran rasin nan Kalaba a, oswa tradisyon mistik Juif yo, yon tradisyon kote yo sèvi ak yon seri metòd “avèk ladrès” pou entèprete ekriti yo *. — 2 Pyè 1:16.

^ § 3 Gade edisyon revize The Strongest Strong’s Exhaustive Concordance of the Bible la, nan antre 8451, seksyon “Hebrew-Aramaic Dictionary-Index to the Old Testament”.

^ § 13 Gade liv Theological Wordbook of the Old Testament lan, volim 2, paj 672-673.

^ § 17 Kontrèman ak sa Tora a te anseye, nan tradisyon legal Juif yo, yo te souvan entèdi fi yo etidye Tora a. Pa egzanp, nan Michna a, yo site pawòl yon raben ki rele Eliezer ben Hyrcanus. Men sa l di: “Nenpòt moun ki anseye pitit fi l Tora a se kòmsi l te anseye l bagay sal.” (Sotah 3:4). Talmid Jerizalèm nan gen ladan l pawòl sa a raben an te di: “Se pou pawòl ki nan Tora a boule nan dife olye pou yo ta fè medam yo konnen l.” — Sota 3:19a.

^ § 19 Pa egzanp, Encyclopaedia Judaica a dekri fason Kalaba a konsidere Tora a: “Tora a pa tèlman vle di anyen an patikilye, anfèt, li vle di anpil bagay diferan nan anpil nivo diferan.” — 2yèm edisyon, volim 11, paj 659.