Al gade sa k anndan l

Ki sa 666 vle di?

Ki sa 666 vle di?

Repons Bib la bay

 Selon dènye liv nan Bib la, 666 se nimewo, oswa non, bèt sovaj ki gen sèt tèt ak dis kòn k ap sot nan lanmè a (Revelasyon 13:1, 17, 18). Bèt sa a reprezante sistèm politik nan monn nan k ap dirije “moun tout tribi, tout pèp, tout lang ak tout nasyon”. (Revelasyon 13:7.) Non 666 la fè konnen pou Bondye sistèm politik la echwe nèt. Kòman?

  Se pa yon senp non. Non Bondye bay yo vle di yon bagay. Pa egzanp, Bondye te chanje non yon mesye ki te rele Abram, ki vle di “Papa ki gran”, li te ba l non Abraram, ki vle di “Papa yon foul moun (yon bann moun)”. (Jenèz 17:5, nòt.) Menm jan an tou, Bondye te bay bèt la non 666 kòm yon senbòl ki fè konnen ki jan l ye.

  Chif sis la gen sans enpèfeksyon. Byen souvan, nimewo yo sèvi kòm senbòl nan Bib la. An jeneral, chif sèt reprezante yon bagay ki konplè oswa ki pafè. Chif sis la, ki pi piti pase sèt, kapab vle di yon bagay ki pa konplè oswa ki gen defo pou Bondye, e li kapab gen rapò ak ènmi Bondye yo. — 1 Kwonik 20:6; Dànyèl 3:1.

  Yo di l twa fwa pou mete aksan. Pafwa, Labib di yon bagay twa fwa pou l mete aksan sou li (Revelasyon 4:8; 8:13). Donk, avèk fòs, non 666 la montre jis nan ki pwen Bondye konsidere sistèm politik lèzòm yo echwe. Yo pa rive fè gen bonjan lapè ak sekirite sou tè a, de bagay se sèl Wayòm Bondye a ki pral fè yo posib.

Mak bèt la

 Labib di gen moun ki gen “mak bèt sovaj la” paske yo suiv li e yo “admire l”, yo menm rive adore l (Revelasyon 13:3, 4; 16:2). Yo fè sa lè yo bay peyi yo, senbòl peyi a oswa lame yo genyen adorasyon. Men sa yon ansiklopedi fè konnen: “Nasyonalis vin tounen yon fòm relijyon ki enpòtan nan monn n ap viv la.” a — The Encyclopedia of Religion.

 Ki jan yo fè mete mak bèt la sou men dwat yon moun oswa sou fwon l (Revelasyon 13:16)? Men sa Bondye te di nasyon Izrayèl la lè l t ap ba yo lwa l yo: “Mare yo sou men nou pou nou ka sonje yo. Y ap tankou yon bando sou fwon nou.” ​(Detewonòm 11:18). Sa pa t vle di Izrayelit yo t ap mete yon mak toutbon sou men yo oswa sou fwon yo, men yo t ap kite pawòl Bondye yo dirije fason yo panse ak aksyon yo. Menm jan an tou, mak bèt la se pa yon mak toutbon tankou yon tatwaj ki ekri 666, men li idantifye moun ki kite sistèm politik la dirije lavi yo. Moun ki gen mak bèt la mete tèt yo ann opozisyon ak Bondye. — Revelasyon 14:9, 10; 19:19-21.

a Gade tou Nationalism in a Global Era, paj 134, ak Nationalism and the Mind: Essays on Modern Culture, paj 94.