Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Sekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi

Fason pou nou bay pitit nou disiplin

Fason pou nou bay pitit nou disiplin

John *: Lè m te timoun, lè mwen te fè yon bagay ki pa bon, anvan paran m te ban m pinisyon pou sa, yo te konn chèche byen konprann poukisa mwen te fè sa m te fè a e ki sitiyasyon ki te pouse m fè l. Mwen eseye fè menm bagay la pou pitit fi m yo. Alison, madanm mwen, pa t leve menm jan an. Papa l ak manman l se moun ki te konn aji sou kout tèt. E sanble yo te konn pini pitit yo san yo pa chèche konnen sa k fè yo te aji tèl jan. Pafwa, mwen gen enpresyon madanm mwen di menm jan ak yo lè l ap disipline timoun yo.

Carol: Papa m te kite nou lè m te gen senkan sèlman. Li pa t montre li enterese ditou ni nan mwen ni nan twa sè m yo. Manman m te konn travay di anpil pou l ban nou sa nou bezwen, e mwen te gen yon pakèt responsablite sou do m paske m te konn pran swen ti sè m yo. Mwen pa t vrèman jwi anfans mwen paske mwen te oblije jwe wòl paran pandan mwen te yon timoun. Pou jis jodi a, mwen toujou serye e mwen pa fasil nan jwèt. Lè timoun mwen yo bezwen disiplin, mwen pase yon pakèt tan ap reflechi sou erè yo fè e sa enkyete m. Mwen toujou bezwen konnen poukisa yo te aji tèl jan e ki sa k te pouse yo aji konsa. Yon lòt bò, Mark, mari m, pa enkyete l twò lontan pou yon bagay ki te pase. Li te leve nan yon fanmi kote papa l te fèm, men li te gen lanmou, e li te pran swen manman l fidèlman. Lè timoun yo fè yon bagay ki merite disiplin, mari m pa pran tan pou l fè sa. Li jije sitiyasyon an, li pran yon desizyon epi li pa ret sou sa.

JAN nou wè sa nan kòmantè John ak Carol fè yo, fason yon moun te leve ka gen yon gwo enfliyans sou fason l disipline pitit li. Lè yon mari ak madanm li pa t resevwa menm edikasyon nan fanmi yo, gen anpil chans pou yo pa gen menm pwennvi sou fason pou yo disipline pitit yo. Pafwa, diferans sa yo ka lakòz pwoblèm nan yon maryaj.

Pwoblèm sa yo ka vin pi grav lè moun yo ap chèche regle yo pandan yo fatige. Moun ki fèk gen pitit yo pa pran tan pou yo wè disipline timoun se yon travay ki fatigan, ki pran tout tan yo. Joan, ki leve de pitit fi ansanm ak Darren, mari l, te di: “Mwen renmen pitit fi m yo, men se raman yo te konn aksepte al dòmi nan lè mwen te vle pou yo fè sa. Yo te konn leve nan lè m te bezwen pou yo ap dòmi. Yo te konn entèwonp mwen lè m ap pale. Yo te konn kite soulye yo, rad yo ak jwèt yo nenpòt kote e yo pa t janm mete bè a nan frijidè a lè yo fin sèvi avè l.”

Lè madanm Jack te fin akouche dezyèm pitit li, li te fè yon depresyon kèk fi konn soufri lè yo fin fè yon timoun. Men sa Jack di: “Byen souvan, apre m fin travay, mwen rantre lakay mwen fatige, epi apre sa mwen pase mwatye nan nuit lan ap veye tibebe a. Sa te fè li difisil pou m toujou bay pi gran pitit fi nou an bonjan disiplin. Li te jalou lefètke nou te bay ti sè l la nan atansyon nou te konn ba li a.”

Lè de paran ap fè ti diskisyon sou fason pou yo elve pitit yo, si yo fatige, ti diskisyon sa yo ka mennen gwo diskisyon. Lè yo pa wè bagay yo menm jan, si yo pa rezoud dezakò yo genyen yo, sa ka fè yo vin dozado, e konsa, sa ka bay timoun yo posiblite pou yo pwofite sitiyasyon an pou yo enfliyanse yon paran kont lòt la pou yo jwenn sa yo bezwen. Ki prensip biblik ki ka ede de moun marye rete pwòch youn ak lòt toutpandan y ap leve pitit yo kòrèkteman?

Se pou nou pase tan ansanm

Nòmalman nou ta dwe marye depi anvan nou fè pitit e nou sipoze rete marye apre timoun yo fin kite kay la. Men sa Bib la di sou maryaj: “Pèsonn moun pa gendwa separe sa Bondye mete ansanm.” ​(Matye 19:6). Yon lòt bò, vèsè ki vin anvan an montre Bondye te vle pou yon pitit “kite papa l ak manman l” rive yon lè (Matye 19:5). An reyalite, leve timoun se yon aspè nan maryaj, men se pa sa ki fè maryaj egziste. Pa gen dout nan sa, paran yo bezwen pase tan ap anseye pitit yo, men l ap bon pou yo sonje si maryaj yo solid, y ap pi byen reyisi nan fòmasyon y ap bay timoun yo.

Ki sa de moun ki marye ka fè pou yo rete pwòch youn ak lòt pandan ane y ap leve pitit yo? Youn nan bagay yo ka fè, si sa posib, se pase tan ansanm regilyèman san timoun yo. Si yo fè sa, sa ap pèmèt yo pale sou kesyon enpòtan ki konsène fanmi an e sa ap pèmèt yo jwi konpayi youn lòt. Se vre, se pa yon bagay ki fasil pou de moun ki marye jwenn tan pou yo pase ansanm a de. Men sa Alison, manman nou te mansyone nan kòmansman atik la, di: “Lè mwen menm ak mari m panse nou resi jwenn yon ti tan pou nou pase ansanm, se lè sa a pitit fi nou ki pi piti a bezwen pou nou okipe l oubyen sa k gen sizan an gen yon ‘gwo pwoblèm’, pa egzanp, li gendwa pa ka jwenn kreyon desen l yo.”

Joan ak Darren, nou te site pi wo a, te kreye tan pou yo pase ansanm. Pou yo te rive fè sa, yo te fikse yon lè presi pou pitit yo al dòmi. Men sa Joan fè konnen: “Nou te toujou mande pitit fi nou yo pou yo deja nan kabann yo e pou yo prè pou yo etenn limyè yo nan lè nou te fikse a. Sa te bay mwen menm ak Darren tan pou nou fè yon ti poze e pou nou pale ansanm.”

Lè yon koup bay pitit li abitid pou l al dòmi nan yon lè fiks, nonsèlman sa pèmèt yo rachte tan, men tou, sa ede timoun nan pou l pa ‘mete nan tèt li li plis pase sa l ye’. (Women 12:3.) Finalman, timoun ki gen abitid pou yo respekte yon lè fiks pou y al dòmi vin konprann yo se yon eleman enpòtan nan fanmi an, men se pa yo menm ki pi enpòtan. Donk, yo bezwen konfòme yo ak règ ki gen nan fanmi an olye pou yo panse se fanmi an ki dwe fè sa yo vle.

MEN SA W KA FÈ: Chwazi yon lè fiks pou pitit ou al dòmi epi veye pou li toujou dòmi nan lè sa a. Si l gen yon rezon ki fè li pa al dòmi nan lè ou fikse a, pa egzanp li gendwa vle bwè yon vè dlo, ou ka ba l pèmisyon pou l fè sa sèlman. Men, pa kite l ap plede ranvwaye lè dòmi an paske l ap mande w yon pakèt bagay youn apre lòt. Si timoun nan ta mande w yon senk minit ankò, e si w dakò akòde l ti tan sa a, mete yon alam ki pou sonnen sou senk minit lan. Lè alam nan sonnen, fè l al nan kabann li, epi pa aksepte l mande w anyen ankò. “Se wi ak non pou ou genyen ase.” —Matye 5:37.

Mete tèt nou ansanm lè n ap disipline timoun yo

Men sa yon pwovèb ki saj di: “Pitit mwen, koute papa ou non lè l’ap ba ou bon levasyon! Pa janm bliye sa manman ou te moutre ou!” ​(Pwovèb 1:8). Vèsè sa a fè nou konprann ni papa ni manman gen dwa pou yo egzèse otorite sou pitit yo. Sepandan, menm lè de moun marye te resevwa prèske menm edikasyon, yo ka pa dakò sou fason pou yo disipline pitit yo e yo ka pa rive antann yo sou ki règ pou yo aplike nan fanmi an nan yon sitiyasyon ki prezante. Ki jan paran yo ka fè fas ak defi sa a?

Men sa John, nou te mansyone pi wo a, fè konnen: “Mwen panse li enpòtan pou paran yo pa montre yo pa dakò youn ak lòt devan timoun yo.” Sepandan, li admèt sa pa fasil ditou. John di ankò: “Timoun fasil pou konprann yon sitiyasyon. Menm lè youn pa di li pa dakò ak lòt la, pitit fi nou an rive santi sa.”

Ki jan John ak Alison rive fè fas ak defi sa a? Men sa Alison fè konnen: “Si mwen pa dakò ak fason mari m ap disipline pitit fi nou an, mwen tann jis lè li yon kote li pa ka tande nou anvan mwen di mari m sa m panse. Mwen pa vle li panse li kapab jwe sou dezakò nou genyen pou l divize nou, yon fason pou l fè sa l vle. E si li rann li kont nou pa dakò youn ak lòt, lè sa a mwen fè l konnen nou tout nan fanmi an nou bezwen suiv dispozisyon Jewova mete anplas yo, e mwen menm, mwen soumèt mwen volontèman anba otorite papa l menm jan li menm li dwe soumèt li anba otorite nou antanke paran l.” ​(1 Korentyen [1 Korent] 11:3; Efezyen 6:1-3). Men sa John di: “Lè nou ansanm antanke fanmi, dabitid se mwen menm ki disipline pitit fi nou yo. Men, si Alison pi byen konnen sa k te pase a, mwen kite se li menm ki bay disiplin nan epi mwen soutni l. Si m pa dakò avè l sou yon bagay, mwen pale avè l sou sa annapre.”

Ki jan w ka fè pou ou menm ak konjwen w pa kenbe youn lòt nan kè lefètke nou pa dakò sou fason pou nou leve pitit nou, sa ki ka fè pitit nou gen mwens respè pou nou?

MEN SA W KA FÈ: Chwazi yon tan chak semèn pou w pale sou kèk pwoblèm ou genyen anrapò ak fason nou leve timoun yo epi pale franchman sou sa nou pa dakò sou li a. Eseye konprann pwennvi konjwen w lan e sonje nou chak gen relasyon pa nou ak timoun nan.

Antanke paran, bat pou nou vin pi pwòch youn ak lòt

Pa gen dout nan sa, leve timoun se pa yon bagay ki fasil. Pafwa, ou ka santi li pran pifò nan enèji w. Sepandan, yon jou, timoun nan gen pou l kite kay la, e lè sa a ou menm ak konjwen w ap retounen poukont nou ankò antanke koup. Èske eksperyans nou te fè ap leve timoun nou yo ansanm ap fè maryaj la ap vin pi solid oubyen èske l ap met pwoblèm nan maryaj la? Repons lan depann de fason nou aplike prensip ki nan Eklezyas 4:9, 10 la ki di: “Lè ou gen yon lòt moun avèk ou, li pi bon pase lè ou pou kont ou, paske ansanm nou bay pi bon rannman nan travay nou. Si yonn tonbe, lòt la va ba l men pou l leve.”

Lè paran yo mete tèt yo ansanm, yo ka jwenn bon rezilta. Men ki jan Carol, youn nan paran nou te mansyone anvan an, te esplike sa l santi: “Mwen te konnen mari m te gen yon pakèt bèl kalite, men, mwen vin wè yon lòt aspè nan li pandan n ap leve timoun yo ansanm. Mwen vin gen plis respè ak lanmou pou li lè m te wè fason li pran swen pitit fi nou yo avèk amou.” Men sa John di konsènan Alison: “Lè m wè fason madanm mwen vin tounen yon manman ki gen sousi pou pitit li, sa fè m gen plis lanmou ak admirasyon pou li.”

Si w rezève tan pou konjwen w e si ou menm ak konjwen w mete tèt nou ansanm pou nou leve timoun yo, maryaj nou ap vin pi solid tank timoun yo ap grandi. Èske gen yon pi bèl egzanp ou te ka bay pitit ou pase sa?

^ Yo chanje non yo.

MANDE TÈT OU...

  • Ki kantite tan mwen pase ak konjwen m chak semèn san timoun yo?

  • Ki jan mwen soutni konjwen m lè l ap disipline pitit nou yo?