Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Moun ki te viktim nan siklòn ki te frape peyi Myanma a te jwenn sekou

Moun ki te viktim nan siklòn ki te frape peyi Myanma a te jwenn sekou

Moun ki te viktim nan siklòn ki te frape peyi Myanma a te jwenn sekou

NAN jou ki te 2 me 2008 la, siklòn Nargis te frape Myanma avèk gwo van ki t ap kraze brize, e nan yon ti moman, nouvèl la te gaye nan lemonnantye *. Siklòn nan te fè lanmè a rantre sou tè nan zòn Irraouaddi. Sa te lakòz yon gwo inondasyon, e te gen prèske 140 000 moun ki te swa mouri, swa disparèt.

Yon bagay ki estrawòdinè, sèke byenke gen anpil Temwen Jewova nan zòn nan, pa gen youn nan yo ki te viktim. Pi gwo rezon ki fè sa, se lefètke yo te chèche refij nan Sal Wayòm yo ki byen konstwi. Nan yon zòn, te gen 20 Temwen ak 80 lòt moun ki abite nan menm vilaj la ki te ret chita sou do Sal Wayòm nan pandan nevèdtan. Pandan tan sa a, dlo te monte rive 5 m. Tout te chape vivan. Men malerezman, gen 300 lòt moun nan vilaj sa a ki te mouri. Nan anpil vilaj, se sèlman Sal Wayòm yo ki te ret kanpe nan tout kay ki te genyen yo.

De jou apre siklòn nan, biwo filyal Temwen Jewova yo nan vil Rangoun te voye yon ekip pou pote sekou bay yon kongregasyon nan yon vilaj ki rele Bothingone, ki nan yon zòn bò lanmè, toupre kote dlo rivyè Irraouaddi a al tonbe nan lanmè a. Pandan vwayaj la, ekip la te travèse yon seri zòn ki devaste nèt, yo te oblije fè kou yo konnen pou moun pa vòlè sa yo te pote yo e yo te oblije pase bò kote kadav ki te gentan ap dekonpoze. Finalman, ekip la te rive Bothingone avèk yon stòk diri, espageti, dlo ak balèn. Se yo menm ki te premye ekip ki te rive sou plas pou pote sekou nan zòn nan. Apre yo te fin bay Temwen nan zòn nan sa yo te pote yo, yo te fè diskou ki baze sou Labib pou ankouraje yo e yo te kite Bib ak piblikasyon biblik pou yo piske yo te pèdi tout sa yo te genyen nan siklòn nan.

Fason Temwen ki te pèdi tout afè yo nan siklòn nan te reyaji te vrèman remakab. Gen youn nan yo ki nan yon kongregasyon nan zòn Irraouaddi, yon zòn ki te devaste nèt, ki te di: “Nou pèdi tout sa nou te genyen. Tout kay yo kraze. Nou pèdi tout sa nou te plante. Tout dlo nou te genyen pou nou bwè yo sal akoz inondasyon an. Sepandan, frè ak sè yo pa enkyè menm jan ak lòt moun yo. Yo gen konfyans nan Jewova ak nan òganizasyon l lan. N ap suiv kèlkeswa enstriksyon òganizasyon an ban nou kit nou rete nan vilaj la, kit se yon lòt kote n ale.”

Te gen 30 Temwen ki te pèdi tout sa yo te genyen tou ki te fè dizèdtan ap vwayaje pou yo te ka rive nan zòn kote ekip sekou a te mete manje, rad ak yon abri a dispozisyon yo. Pandan tout vwayaj la yo t ap chante kantik ak kè kontan. Anvan yo rive kote yo t aprale a, yo te aprann gen yon asanble distri Temwen Jewova ki t ap fèt nan yon vil ki toupre. Yo te deside asiste asanble a anvan yo rive, yon fason pou yo te ka jwenn manje espirityèl e pou yo te ka benefisye konpayi frè yo.

Nan tout zòn kote siklòn nan te frape, gen 35 kay Temwen ki te kraze, gen 125 ki te andomaje epi gen 8 Sal Wayòm ki te gen kèk ti domaj. Erezman pa t gen gwo dega ki te fèt nan lokal filyal la.

Okòmansman, siklòn nan te fè moun pa ka rive nan biwo filyal la paske li te lage yon seri gwo pyebwa atè ki te bloke tout wout ki toupre filyal la. Kèk èdtan sèlman apre siklòn nan, gen plis pase 30 moun nan filyal la ki te patisipe nan deplase pyebwa yo avèk men yo. Toutpandan yo t ap travay, moun yo te ret kanpe la ap gade e yo te vrèman emèveye. Apre yon ti tan, gen yon gwoup fi Temwen ki te pote bwason glase ansanm ak fwi pou moun k ap travay yo e pou vwazen yo ki pa t ka kwè sa yo te wè a. Gen yon jounalis ki te remake sa k t ap fèt la e ki te poze kesyon sa a: “Kiyès moun sa yo ki efikas konsa?” Apre yo te fin di l kiyès yo ye, men ki remak li te fè: “Mwen t ap kontan si te gen plis moun ki te dispoze travay pou byennèt kominote a menm jan ak Temwen Jewova yo!”

Byen rapid, Temwen yo te mete de komite sekou sou pye ki t apral dirije aktivite ki t apral fèt pou pote frè yo sekou nan diferan pati nan peyi a. Gen plizyè santèn volontè ki te travay nan ekip sekou yo. Nan kèk jou sèlman, yo te konstwi nouvo kay pou Temwen ki te pèdi kay yo. Gen yon ekip ki te rive nan yon zòn kote yo t apral konstwi yon nouvo kay pou yon Temwen, vwazen l yo te rete ap gade, yo pa t ka kwè sa yo te wè a. Gen youn ladan yo ki di: “Gade legliz fi sa a ki Temwen an ap rekonstwi kay li pou li, alòske pa gen youn nan boudis menm jan avèk mwen yo ki vin ede m. Mwen te dwe vin Temwen lè l te preche m nan!”

Lè kèk moun ki t ap travay nan konstriksyon yo ak moun ki nan youn nan komite sekou yo t al gade yon kay nan Thanlyin ki te prèske fin kraze nèt, yo te santi yo touche anpil lè fanmi Temwen ki te ret ladan l lan te di yo: “Pa gen anyen ki rive la a. Kay la bon. Nou ka rete ladan l san pwoblèm! Gen kèk Temwen ki pa menm gen yon kote pou yo rete. Al ede yo pito!”

Gen yon zòn nan Rangoun kote te gen kèk moun ki te chèche jwenn refij nan youn nan legliz ki nan zòn nan. Men, pòt legliz la te fèmen ak kle e pèsonn pa t ka antre. Moun yo te vin fache anpil e yo te vle kraze pòt legliz la. Sepandan, Temwen Jewova yo sou bò pa yo te ede anpil moun jwenn refij nan Sal Wayòm yo pandan siklòn nan. Pa egzanp, nan yon Sal Wayòm ki nan vil Dala, gen yon koup Temwen ki te akeyi 20 vwazen ki te dezespere e ki te kouri vin abrite yo nan Sal la. Nan demen maten, fanmi sa yo pa t gen kay ankò pou yo tounen ladan yo e yo te grangou. Mari a te jwenn yon moun ki t ap vann diri e li te achte ase diri pou tout moun ki te la yo te ka jwenn.

Gen yon fanmi nan Rangoun ki gen kèk moun ladan l ki Temwen Jewova, alòske genyen nan rès moun yo ki nan divès lòt legliz. Apre siklòn nan, tout fanmi an nèt te vin asiste reyinyon nan Sal Wayòm nan. Poukisa? Men esplikasyon youn nan yo te bay: “Nan legliz nou an, yo te fè nou konnen yo t ap vin vizite nou apre siklòn nan, men yo pa t janm vini. Se sèl nou menm Temwen yo ki te vini. Nou te ban nou diri ak dlo. Nou pa menm ak lòt legliz yo!” Moun nan fanmi an ki pa t Temwen yo te byen kontan asiste etid Toudegad la kote yo te egzamine atik ki gen tit “Jewova koute nou lè nou rele l pou nou mande l sekou”. Yo te menm fè kòmantè tou pandan reyinyon an.

Gen yon dam ki t ap etidye Labib avèk Temwen yo ki te vin nan reyinyon yon semèn apre siklòn nan. Yo te li yon lèt nan reyinyon an ki te soti nan biwo filyal la. Nan lèt la, yo te esplike sa ki te fèt pou pote frè yo sekou e yo te rakonte sa kèk moun ki te chape vivan nan siklòn nan te viv. Pandan yo t ap li lèt la, dam nan te pran kriye. Sa te enpresyone l anpil e li te kontan anpil pou l tande pa gen youn nan Temwen yo ki te pèdi lavi yo e yo tout te anfòm. Apre sa, yo te ba l kèk bagay li t ap bezwen e yo te fè yon tant akote kay li a pou li. Li di li santi Temwen yo te vrèman pran swen l byen.

Men sa Jezi te di: “Si nou yonn renmen lòt, lè sa a tout moun va konnen se disip mwen nou ye.” ​(Jan 13:35). Disip Jak li menm te montre vrè lafwa a dwe gen bon zèv ki mache avè l (Jak 2:14-17). Temwen Jewova yo bay pawòl sa yo anpil enpòtans e yo fè efò pou yo demontre yon lanmou konsa lè yo ede moun ki nan bezwen e lè yo soutni yo.

[Nòt anba paj]

^ Men sa yon ansiklopedi fè konnen sou siklòn twopikal yo: “Lè yo fèt nan nò Atlantik la, nan lanmè Antiy yo ak nan gòlf Meksik la, yo rele yo ouragan, e lè yo fèt nan lwès Pasifik la ak nan lanmè Lachin nan, yo rele yo Tifon.” —Grand dictionnaire encyclopédique Larousse.

[Antrefilè nan paj 11]

Labib fè konnen vrè lafwa a dwe gen bon zèv ki mache avè l.