Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Medite sou lanmou Jewova ki la pou toutan

Medite sou lanmou Jewova ki la pou toutan

“M ap medite sou tout aksyon w yo.” — SÒM 77:12, NW.

KANTIK: 18, 61

1, 2. a) Ki sa k fè w kwè Jewova renmen pèp li a? b) Ak ki anvi Bondye kreye lèzòm?

KI SA K fè w kwè Jewova renmen pèp li a? Anvan w reponn kesyon sa a, konsidere egzanp sa yo: Gen anpil Temwen ki te fè plizyè ane ap ankouraje yon sè ki rele Taylene pou l montre l ekilibre e pou l pa twò di ak tèt li. Men sa Taylene fè konnen: “Si Jewova pa t renmen m, li pa t ap kontinye ban m konsèy sa a.” Brigitte, se yon sè ki te leve de timoun poukont li apre mari l fin mouri. Men sa l di: “Leve timoun se youn nan bagay ki pi difisil nan sistèm Satan an, sitou pou yon paran selibatè. Men m gen konviksyon Jewova renmen m paske l gide m nan moman dlo ap koule nan je m ak nan moman tristès yo, e l pa janm kite m tante plis pase sa m ka sipòte.” (1 Kor. 10:13). Sandra t ap goumen ak yon maladi ki pa gen tretman. Nan yon kongrè, madanm yon frè anpil moun konnen te montre l enterese nan li. Men sa mari Sandra a te di: “Byenke n pa t fin byen konnen l, bonjan sousi l te demontre te fè kè n kontan anpil. Menm ti pawòl lanmou frè ak sè n yo di yo montre m jis nan ki pwen Jewova renmen nou.”

2 Bondye te kreye lèzòm ak anvi pou yo demontre lanmou e pou moun renmen yo. Li fasil pou n vin dekouraje si evènman nou pa prevwa, desepsyon, pwoblèm sante, pwoblèm ekonomik oswa move rezilta nou jwenn nan ministè a ta fè n pa konble anvi sa a. Si n kòmanse santi Jewova pa renmen nou, l ap bon pou n sonje nou gen anpil valè nan je l epi l ap toujou “kenbe men dwat” nou e l ap toujou ede n. Si n fidèl anvè l, li pap janm bliye n. — Iza. 41:13NW; 49:15.

3. Ki sa k ka ede n vin gen plis konviksyon Jewova ap toujou renmen nou?

3 Moun nou sot pale de yo la a gen konviksyon Bondye te kanpe avè yo nan moman difisil. Nou menm tou nou kapab gen konviksyon li bò kote nou (Sòm 118:6, 7). Atik sa a met aksan sou fason lanmou Bondye parèt aklè: 1) nan sa l kreye yo, 2) nan Pawòl li te fè ekri a, 3) nan lapriyè ak 4) nan ranson an. Lè n medite sou bon bagay Jewova fè yo, sandout sa ap ede n demontre plis rekonesans pou lanmou li ki la pou toutan. — Li Sòm 77:11, 12.

MEDITE SOU BAGAY JEWOVA KREYE YO

4. Lè n medite sou bagay Jewova kreye yo, ki sa n aprann?

4 Èske n ka wè lanmou Jewova gen pou nou an nan sa l kreye yo? Wi nou kapab, etandone kreyasyon an menm se yon prèv ki demontre lanmou Bondye (Wom. 1:20). Li kreye tè a ak yon ekosistèm kote n kapab egziste epi pwogrese an sekirite. Sepandan, li vle n fè plis pase annik egziste. Nou bezwen manje pou n ka kontinye viv. Jewova te kreye tè a ak kapasite pou l pwodui plizyè varyete plant yon fason pou n ka prepare bon ti manje. Rezon an se paske l vle pou n pran plezi nan manje n ap manje epi pou n jwenn satisfaksyon ladan yo (Ekl. 9:7)! Gen yon sè ki rele Catherine ki pran anpil plezi pou l gade kreyasyon an, sitou pandan bèl sezon prentan nan peyi Kanada. Men ki remak li fè: “Fason bagay yo kreye a vrèman enteresan: Flè yo ki pwograme pou sot nan tè a, zwazo yo ki retounen apre yo sot yon kote ki lwen, san wete ti wanganègès yo ki konn kote pou yo pase pou yo vin nan manjwa pou zwazo ki pa deyò fenèt kuizin mwen an. Si Jewova ban n tout bèl bagay sa yo se paske l renmen nou.” Papa nou ki nan syèl la pran plezi nan sa l kreye yo, e l vle n pran plezi ladan yo tou. — Tra. 14:16, 17.

5. Ki jan lanmou Jewova parèt nan fason l kreye lèzòm?

5 Jewova kreye nou ak kapasite pou n fè travay ki itil e ki enteresan yon fason pou n ka pran plezi nan lavi a (Ekl. 2:24). Li te gen objektif pou lèzòm ranpli tè a, pou yo gen pouvwa sou li, sou pwason yo, zwazo yo ak lòt kreyati vivan yo (Jen. 1:26-28). Epitou, se pa ti lanmou Jewova gen pou nou lefètke l kreye n ak yon seri kalite ki pèmèt nou imite l! — Efe. 5:1.

ANCHERI PAWÒL BONDYE TE FÈ EKRI A

6. Poukisa n dwe gen bonjan apresyasyon pou Pawòl Bondye a?

6 Jewova montre l renmen nou anpil lefètke l ban nou Pawòl li te fè ekri a. Pawòl sa a aprann nou sa n dwe konnen sou li ak fason l aji ak lèzòm. Pa egzanp, Ekriti yo rakonte n fason l te aji ak Izrayelit yo ki te konn dezobeyi l toutan. Men sa Sòm 78:38 (NW) di: “Li te gen mizèrikòd, li te konn padone peche yo e li pa t detwi yo. Souvan, li te metrize tèt li e li pa t vide tout kòlè l sou yo.” Lè n reflechi sou vèsè sa a nou ka vin apresye lanmou ak sousi Jewova montre l gen pou nou. Nou mèt gen asirans Jewova vrèman gen sousi pou nou. — Li 1 Pyè 5:6, 7.

7. Poukisa n dwe bay Bib la anpil enpòtans?

7 Nou dwe bay Labib anpil enpòtans paske se sitou avè l Bondye sèvi pou l pale ak nou. Li enpòtan pou paran yo gen bon kominikasyon ak pitit yo yon fason pou youn ka fè lòt konfyans e pou youn vin gen plis lanmou pou lòt. Ki sa n dwe atann nan men Jewova? Byenke nou pa janm wè Jewova e n pa janm tande vwa l, li sèvi ak Pawòl li te fè ekri a pou l pale avè n e n bezwen koute l (Izayi 30:20, 21). Antanke moun ki vwe lavi n bay Jewova, li vle ban nou direksyon e l vle pwoteje n kont danje. Li vle n konnen l epi pou n met konfyans nou nan li. — Li Sòm 19:7-11; Pwovèb 1:33.

Byenke Yewou te reprimande Yewochafat, Jewova te wè wa a gen “kèk bon bagay” nan li. (Gade paragraf 8, 9.)

8, 9. Ki sa Jewova vle n konnen? Bay yon egzanp nan Bib la ki montre sa.

8 Jewova vle n konnen l kòm moun ki renmen n e ki pap gade sou enpèfeksyon nou. L ap chèche sa ki bon lakay nou (2 Kwo. 16:9). Pa egzanp, li te montre sa nan ka Yewochafat ki te wa peyi Jida. Yon lè, Yewochafat pa t montre l saj lè l te aksepte akonpaye Ahab, ki te wa peyi Izrayèl, nan batay kont Siryen yo pou l te ka pran Ramòt-Gileyad. Byenke te gen 400 fo pwofèt ki te bay Ahab asirans l ap reyisi, Mikaya, vrè pwofèt Jewova a te gentan fè l konnen l ap echwe. Ahab te mouri nan batay la, e Yewochafat te manke mouri. Lè l retounen Jerizalèm, li te jwenn reprimann poutèt li te akonpaye Ahab nan batay la. Aktout sa, men sa Yewou, pitit gason Anani an, mesye ki te konn fè vizyon an, te di l: “Bondye wè ou gen kèk bon bagay nan ou.” — 2 Kwo. 18:4, 5, 18-22, 33, 34; 19:1-3, NW.

9 Nan kòmansman rèy Yewochafat la, li te voye prens yo, Levit yo ak prèt yo nan tout tèritwa Jida yo pou yo te anseye pèp la lwa Jewova yo. Kanpay la te tèlman reyisi opwen nasyon ki ozalantou yo te kòmanse gen lakrentif pou Jewova (2 Kwo. 17:3-10). Se vre Yewochafat te fè yon move aksyon, men, Jewova te wè bon bagay li te fè yo tou. Istwa biblik sa a fè n sonje malgre nou enpafè Jewova ap toujou renmen n si n chèche fè l plezi ak tout kè n.

ANCHERI PRIVILÈJ OU GENYEN POU W PRIYE A

10, 11. a) Ki sa k fè lapriyè se yon bèl dispozisyon Jewova pran? b) Ki fason Bondye ka reponn priyè nou yo? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

10 Yon papa ki gen lanmou ap pran tan pou l koute pitit li lè yo vle pale avè l. Li vle konn enkyetid yo ak sa k ap trakase yo paske l enterese nan sa k ap pase nan kè yo. Jewova, papa nou ki nan syèl la, koute n lè n pwoche kote l grasa bèl privilèj nou genyen pou n priye a.

11 Nou ka pwoche bò kote Jewova pa mwayen lapriyè nenpòt ki lè. Li pa met okenn limit nan kantite fwa nou ka pale avè l. Li se Zanmi nou an ki toujou pare pou l koute nou. Men sa Taylene, sè nou te pale de li pi wo a di: “Ou ka di l tout bagay, ou ka di l nenpòt bagay.” Lè n ap fè Bondye konnen panse entim nou yo, li gendwa reponn nou pa mwayen yon pasaj nan Bib la, yon atik nan yon peryodik oswa yon pawòl ankourajan yon kwayan parèy nou di nou. Jewova tande siplikasyon nou yo e l konprann nou menm lè okenn moun pa konprann nou. Fason l reponn priyè nou yo se yon bèl fason ki montre l ap toujou renmen nou.

12. Poukisa n ta dwe analize priyè ki nan Bib la? Bay yon egzanp.

12 Nou ka aprann anpil bagay nan priyè nou jwenn nan Pawòl Bondye a. Sepandan, pafwa nou gendwa wè l vrèman bon pou n analize priyè sa yo nan adorasyon an fanmi an. Lè n reflechi sou fason sèvitè Jewova nan tan lontan yo te konn fè Bondye konnen panse ki pwofon yo genyen yo sa gendwa anrichi priyè pa nou yo. Pa egzanp, nou kapab konsidere priyè Yona te fè lè l te nan vant gwo pwason an (Yona 1:17–2:10). Fè yon ti reflechi ankò sou priyè Salomon te fè ak tout kè l pandan l t ap inogire tanp lan (1 Wa 8:22-53). Medite sou priyè modèl Jezi te bay la (Mat. 6:9-13). Sa k pi enpòtan an, toujou “fè Bondye konnen demann nou yo nan tout bagay”. Kòm rezilta, “lapè Bondye, ki depase tout sa moun ka konprann [nan], ap pwoteje kè nou ak lespri nou”. Konsa, n ap vin gen plis rekonesans pou lanmou Jewova gen pou nou an ki la pou toutan. — Flp. 4:6, 7.

MONTRE NOU REKONESAN POU RANSON AN

13. Ki posiblite lèzòm genyen grasa ranson an ki se yon dispozisyon ki demontre lanmou?

13 Pou n “ka jwenn lavi”, Bondye ban nou sakrifis ranson Jezi a ki se yon kado moun pa merite (1 Jan 4:9). Men sa apot Pòl te ekri pandan l t ap pale de pi gwo fason Bondye demontre lanmou l genyen an: “Kris te mouri pou lèzòm pechè nan tan ki te fikse a [...]. Paske, li difisil pou yon moun bay vi l pou yon moun ki jis. Anfèt, petèt yon moun ka dispoze mouri pou yon bon moun. Sepandan, men ki jan Bondye demontre lanmou li gen pou nou: Kris mouri pou nou pandan nou te pechè toujou.” (Wom. 5:6-8). Grasa kokennchenn fason sa a Jewova demontre lanmou l, lèzòm vin gen posiblite pou yo nan yon bon pozisyon devan Jewova.

14, 15. Ki sa ranson an vle di pou: a) kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo? b) moun ki gen esperans pou viv sou tè a?

14 Gen yon ti kantite moun ki santi lanmou Jewova gen pou toutan an yon fason ki vrèman espesyal (Jan 1:12, 13; 3:5-7). Antanke moun Bondye chwazi grasa lespri sen l, moun sa yo vin tounen “pitit Bondye”. (Wom. 8:15, 16.) Pòl te pale de kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl yo antanke moun Bondye ‘resisite e li fè chita ansanm avè l nan syèl la, ann inyon ak Kris Jezi’. (Efe. 2:6.) Moun sa yo nan pozisyon espirityèl sa a piske ‘Bondye poze yon so sou yo, anpalan de lespri sen li te pwomèt la ki se yon garanti davans sou eritaj yo a’ sa vle di ‘esperans ki rezève pou yo nan syèl la’. — Efe. 1:13, 14; Kol. 1:5.

15 Pifò moun nan monn nan ki demontre lafwa nan ranson an gen posiblite pou yo vin zanmi Jewova toutpandan yo gen espwa l ap adopte yo antanke pitit li e yo pral viv pou toutan nan Paradi ki pral gen sou tè a. Konsa, Jewova demontre lanmou pou lèzòm pa mwayen ranson an (Jan 3:16). Si n gen esperans pou n viv pou toutan sou tè a epi nou kontinye sèvi Jewova fidèlman, nou kapab gen asirans l ap fè lavi bèl pou nou nan monn nouvo a. Se pa ti apwopriye l apwopriye pou n konsidere ranson an kòm pi gwo prèv ki montre jan Bondye ap toujou renmen nou!

MONTRE JEWOVA OU RENMEN L TOU

16. Lè n medite sou plizyè fason Jewova montre l renmen nou, ki sa sa ap pouse n fè?

16 Se apèn si n ka konte divès fason Jewova montre jan l ap toujou renmen nou. Men sa salmis David te di nan yon chante: “Panse w yo gen anpil enpòtans pou mwen. O Bondye, se pa ti anpil yo anpil! Si m ta eseye konte yo, yo t ap plis pase grenn sab bò lanmè.” (Sòm 139:17, 18, NW). Nou dwe kite panse sa yo pouse n gen anvi pou n demontre bonjan lanmou pou Jewova pou fason l pran swen nou avèk lanmou. Kidonk, annou ba l sa nou genyen ki pi bon an.

17, 18. Bay kèk fason nou kapab montre nou renmen Bondye.

17 Gen plizyè fason nou kapab montre nou renmen Jewova. Pa egzanp, nou montre nou renmen Bondye ak pwochen nou lè n patisipe nan travay predikasyon Wayòm nan avèk zèl (Mat. 24:14; 28:19, 20). Nou montre nou vrèman renmen Jewova lè n andire anba eprèv antanke moun ki kenbe entegrite nou. (Li Sòm 84:11; Jak 1:2-5.) Si eprèv n ap sibi yo vin pi di, nou kapab gen asirans Bondye konn soufrans nou e l ap ede n paske n gen anpil valè pou li. — Sòm 56:8.

18 Lanmou n gen pou Jewova a pouse n medite sou kreyasyon an ansanm ak tout lòt bèl bagay li fè yo. Nou montre nou renmen Bondye e nou bay Pawòl li a anpil enpòtans lè n byen pran san n pou n etidye Bib la. Lanmou nou gen pou Jewova a fè n vin pi pwòch avè l grasa lapriyè. Epi lanmou nou gen pou Bondye a ap vin pi plis tank n ap reflechi sou sakrifis ranson an li bay pou peche nou (1 Jan 2:1, 2). Tout bagay sa yo se kèk nan pakèt rezon nou genyen pou n renmen Jewova etandone lanmou l gen pou nou an ap la pou toutan.