Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Li te renmen moun

Li te renmen moun

“Se pitit lèzòm yo mwen te pi renmen.” — PWO. 8:31, NW.

1, 2. Bay yon prèv ki montre Jezi vrèman renmen lèzòm.

PREMYE Pitit gason Bondye a se premye egzanp ak pi bèl egzanp ki montre jan Jewova gen yon sajès ki san parèy. Li t ap sèvi bò kote Papa l antanke “yon bon bòs” e yo pale de li kòmsi l se sajès menm. Se sèlman imajine nou ka imajine lajwa ak satisfaksyon l te genyen nan moman Papa l t ap “fè syèl la” ak lè l t ap “fè fondasyon tè a”. Sepandan, byenke Pitit gason Bondye a te apresye bagay sa yo ki pa gen vi, men, li ‘te pi renmen pitit lèzòm yo’. (Pwo. 8:22-31, NW.) Vrèmanvre, Jezi gen yon atachman espesyal oswa yon afeksyon ki gen tandrès pou lèzòm depi byen lontan anvan l te vin sou tè a.

2 Annapre, pou premye Pitit gason Bondye a te demontre fidelite ak lanmou anvè Papa l epi pou l te montre jan l vrèman renmen “pitit lèzòm yo”, li te dispoze “kite fòm li te genyen an” epi l te vin tounen yon moun. Li te fè sa yon fason pou l te ka bay yon “ranson pou anpil moun”. (Flp. 2:5-8; Mat. 20:28.) Ala yon kokennchenn lanmou Jezi gen pou lèzòm! Pandan Jezi te sou tè a, Bondye te ba l pisans pou l fè mirak yon fason pou l montre jis nan ki pwen l renmen moun. Konsa, Jezi te bay yon apèsi konsènan kalite bèl bagay ki pral fèt talè konsa toupatou sou tè a.

3. Ki sa n pral egzamine kounye a?

3 Jezi te vin sou tè a pou l te ka “anonse bon nouvèl wayòm Bondye a” tou (Lik 4:43). Jezi te konnen Papa l t apral sèvi ak Wayòm sa a pou l fè non L vin sen epi l te konnen se Wayòm sa a ki t apral pote yon solisyon dirab pou tout pwoblèm lèzòm yo. Nou pa sezi dèske Jezi te bay anpil prèv ki montre jan l vrèman gen sousi pou lèzòm toupatou kote l te konn preche yo. Poukisa sa ta dwe enterese nou? Se paske leson nou aprann nan sa l te fè yo ap ede n gen konfyans ak esperans pou lavni. Ann egzamine kat nan mirak Jezi te fè yo.

“PISANS JEWOVA TE SOU LI POU L FÈ GERIZON”

4. Fè yon ti pale konsènan rankont Jezi te fè ak mesye ki te gen lèp la.

4 Jezi te gentan gen lontan depi l ap preche e dènye kote l te preche se te nan zòn Galile. Nan youn nan vil ki te nan zòn sa a, Jezi te rankontre yon sitiyasyon ki te tris anpil (Mak 1:39, 40). Gen yon mesye ki te gen lèp, yon maladi ki repiyan, ki te vin jwenn li. Pou Lik ki te yon doktè te esplike jis nan ki pwen mesye a te malad, li te pale de li kòm yon moun ki “chaje ak lèp”. (Lik 5:12.) Bib la di: “Lè mesye [ki te gen lèp la] wè Jezi, li lage kò l fas atè, epi li sipliye l, li di: ‘Seyè, depi w vle, ou ka geri m.’” Mesye a te konnen Jezi te gen pisans pou l geri l e l pa t gen okenn dout sou sa. Sepandan, li te sèlman bezwen konnen si Jezi te vle fè sa. Ki fason Jezi t apral reyaji fas ak demann sa a mesye a te fè ak tout kè l la? Ak ki sa Jezi t ap panse toutpandan l t ap gade mesye sa a petèt lèp te fin defòme? Èske Jezi t ap montre l menm jan ak Farizyen yo ki te gen yon move pwennvi sou moun ki t ap soufri anba maladi sa a? Ki sa w t ap fè?

5. Ki sa k te pouse Jezi di “wi, mwen vle” lè l t ap geri mesye ki te gen lèp la?

5 Sanble, jan Lwa Bondye te bay pa mwayen Moyiz la te mande sa, mesye ki te gen lèp la pa t rele byen fò pou l di: “Mwen pa pwòp! Mwen pa pwòp!” Men, Jezi pa t atire atansyon sou sa. Olye de sa, li te konsantre l sou mesye a ak sa mesye a te bezwen an (Lev. 13:43-46, NW). Nou pa konnen egzakteman ak ki sa Jezi t ap panse nan moman an, men, nou konnen sa l te gen nan kè l. Lefètke Jezi te gen konpasyon, sa te pouse l fè yon bagay moun pa t ap janm panse. Li te lonje men l, li touche mesye ki gen lèp la epi, avèk tandrès e nan yon ton ki fèm, li te di l: “Wi, mwen vle. Ou geri.” Epi, “lèp la disparèt sou mesye a”. (Lik 5:13.) Sa klè, nonsèlman Jezi Kris te sèvi ak pisans Jewova pou l fè mirak sa a, men tou, li te sèvi avè l pou l montre jis nan ki pwen li renmen moun. — Lik 5:17.

6. Ki sa k vrèman enteresan nan mirak Jezi te fè yo, e ki sa mirak sa yo montre?

6 Pisans Bondye te pèmèt Jezi Kris fè yon pakèt bèl mirak. Nonsèlman l te geri moun ki gen lèp, men l te geri tout kalite maladi ak tout kalite enfimite pèp la te genyen. Pawòl Bondye te fè ekri a di nou: “Foul moun yo te sezi lè yo wè bèbè ap pale, moun ki enfim nan pye ap mache dwat, moun ki avèg wè.” (Mat. 15:31). Jezi pa t bezwen okenn moun bay ògàn nan kò yo pou l te fè aksyon sa yo ki demontre konpasyon. Se egzakteman ògàn oswa pati nan kò moun yo ki t ap fè yo soufri a li te geri! Epi l te geri moun yo menm kote a, pafwa, menm pandan yo lwen l (Jan 4:46-54). Ki sa bèl egzanp sa yo montre? Yo montre antanke Wa Bondye tabli nan syèl la kounye a, nonsèlman Jezi gen pisans pou l geri lèzòm pou toutan, men, li vle fè sa tou. Sa n aprann konsènan fason Jezi te konn aji ak moun yo fè n gen konfyans pwofesi biblik ki vin apre a pral akonpli nan monn nouvo a. Men sa pwofesi a di: “L ap gen pitye pou malere a ak moun ki pòv yo.” (Sòm 72:13, NW). Vrèmanvre, lè sa a, Jezi pral aji ann amoni ak dezi l gen nan kè l pou l ede tout moun k ap soufri.

“LEVE, PRAN BRANKA W, MACHE”

7, 8. Fè yon ti pale konsènan sitiyasyon ki te pèmèt Jezi rankontre yon mesye ki paralize toupre pisin Betzata a.

7 Kèk mwa apre Jezi te fin rankontre mesye ki te gen lèp la nan Galile, li te kite Galile pou l al Jide yon fason pou l te preche epi pou l te anonse bon nouvèl Wayòm Bondye a. Sandout, mesaj Jezi t ap preche a ansanm ak fason l te aji dwe te touche plizyè milye moun. Yon fason klè, li te montre l vle anonse moun ki pòv yo bon nouvèl la, fè moun ki nan prizon yo konnen y ap libere epi panse moun kè yo ap fann yo. — Iza. 61:1, 2; Lik 4:18-21.

8 Apre sa, mwa Nizan an te vin parèt. Pou Jezi te obeyi lòd Papa l te bay la, li te vwayaje pou l al Jerizalèm pou fèt Pak la. Toutpandan moun yo t ap antre Jerizalèm pou fèt sakre sa a, vil la te chofe tèlman te gen aktivite. Te gen yon pisin nan zòn nò tanp lan ki te rele Betzata e Jezi te rankontre yon mesye ki malad toupre pisin sa a.

9, 10. a) Poukisa moun yo te konn al bò pisin Betzata a? b) Ki sa Jezi te fè bò pisin nan, e ki sa n aprann nan sa? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

9 Te gen yon gwo foul moun malad e ki enfim ki t al rasanble bò pisin Betzata a. Poukisa yo te konn al nan zòn sa a? Pou kèk rezon nou pa konnen, moun sa yo te kwè si yon moun ki malad antre nan pisin nan pandan dlo a ajite, li t ap geri grasa yon mirak. Eseye imajine ki fason moun sa yo dwe te santi yo. Sandout yo te dezespere e yo te enkyè anpil. Men, ki sa Jezi t al fè nan zòn sa a etandone l se yon moun pafè ki pa gen okenn pwoblèm fizik? Ebyen, pitye te pouse Jezi pwoche bò kot yon mesye ki te malad depi byen lontan anvan Jezi te vin sou tè a. — Li Jan 5:5-9.

10 Èske w ka imajine dezespwa ki te parèt nan je mesye sa a ki te malad lè Jezi te mande l si l ta renmen vin an sante? Mesye a te reponn lapoula. Mesye a te vle geri, men, li pa t wè kòman sa t ap fè posib etandone l pa t gen pèsonn pou ede l desann nan pisin nan. Lè sa a, Jezi te bay mesye a lòd pou l fè sa k te enposib la, sètadi pou l pran branka l epi pou l mache. Mesye a te fè sa Jezi te mande l la, li te pran branka l epi l kòmanse mache. Ala yon kokennchenn apèsi Jezi te bay konsènan sa l pral fè nan monn nouvo a! Mirak sa a fè n wè jan Jezi gen konpasyon tou. Se li ki te chèche ede mesye sa a ki te nan bezwen. Egzanp Jezi a ta dwe motive n pou n kontinye chèche moun nan tèritwa nou yo ki dekouraje akoz tout move bagay k ap rive nan monn sa a.

“KI MOUN KI MANYEN RAD MWEN AN?”

11. Ki fason Mak 5:25-34 met aksan sou konpasyon Jezi genyen anvè moun k ap soufri anba maladi yo?

11 Li Mak 5:25-34. Dam sa a te gen 12 an depi l ap viv nan lawont. Maladi l la te gen yon efè sou tout aspè nan lavi l san wete adorasyon l t ap bay Bondye a. Byenke Dam nan te “soufri anpil nan men plizyè doktè, e li te depanse tout sa l te genyen”, li te vin pi mal. Men, yon jou, dam sa a te wè yon lòt fason pou l jwenn gerizon. Li te chèche jwenn yon pozisyon yon fason pou l te ka toupre mesye ki rele Jezi a. Li te fofile kò l nan foul la epi l te touche rad Jezi (Lev. 15:19, 25). Etandone Jezi te rann li kont gen yon pisans ki soti nan li, li te mande ki moun ki touche l. Toutpandan dam nan “t ap tranble tèlman l te pè”, li te “met ajenou nan pye Jezi e li [te] di l tout laverite”. Piske Jezi te rann li kont se Jewova, Papa l, ki te geri dam nan, li te pale ak dam nan avèk jantiyès, li te di l: “Pitit fi m, lafwa w geri w. Ale anpè. Ou geri nèt anba maladi ki t ap fè w soufri a.”

Mirak Jezi yo bay prèv li vrèman gen sousi pou nou e l konprann pwoblèm nou. (Gade paragraf 11, 12.)

12. a) Dapre sa n sot egzamine la a, ki jan w t ap dekri Jezi? b) Ki egzanp Jezi kite pou nou?

12 Se pa ti bonte Jezi genyen! Nou wè jan kè l fè l mal lè l wè moun k ap soufri anba maladi yo. Satan vle fè n kwè pèsonn pa renmen nou epi n pa gen okenn valè nan je pèsonn. Sepandan, mirak Jezi yo bay bonjan prèv ki montre l vrèman gen sousi pou nou e l konn pwoblèm nou. Se pa ti konprann Wa nou an ki Gran Prèt tou konprann nou (Ebre 4:15)! Li gendwa pa fasil pou n konprann santiman moun k ap soufri akoz maladi ki pa gen tretman yo sitou si n pa t janm nan yon sitiyasyon konsa. Nou kapab toujou sonje Jezi te gen konpasyon pou moun ki malad yo menm lè l pa t janm konn malad. Se pou egzanp Jezi pouse n fè menm bagay la, sa vle di pou n fè tout sa n kapab. — 1 Pyè 3:8.

“DLO KOULE NAN JE JEZI”

13. Ki sa rezirèksyon Laza a aprann nou konsènan Jezi?

13 Kè Jezi te konn fè l mal lè l wè lòt moun ap soufri. Jezi te tèlman touche lè l te wè fason zanmi Laza yo te reyaji lè Laza te mouri a, li te “plenn nan kè l e li [te] vin boulvèse”. Li te santi l konsa menm lè l te konnen l t apral resisite Laza tousuit apre. (Li Jan 11:33-36.) Jezi pa t wont montre sa l te santi. Moun ki t ap gade yo te ka wè jan Jezi te gen afeksyon pou Laza ak fanmi Laza. Se pa ti konpasyon Jezi te demontre lè l te sèvi ak pisans Bondye te ba l la pou l resisite zanmi l lan! — Jan 11:43, 44.

14, 15. a) Ki sa k montre Jewova vrèman anvi libere limanite anba soufrans? b) Ki sa ekspresyon“tonm [ki la pou fè sonje moun ki mouri yo]” aprann nou?

14 Bib la pale de Jezi kòm “pòtre egzak sa [Kreyatè a] ye a menm”. (Ebre 1:3.) Donk, pa mwayen mirak Jezi te fè yo, li te montre li menm ak Papa l swaf pou yo efase soufrans maladi ak lanmò pote. Anvi sa a yo genyen an ale pi lwen pase kèk istwa rezirèksyon yo rapòte nan Bib la. Men sa Jezi te di: “Lè a ap rive kote tout moun ki nan tonm [ki la pou fè sonje moun ki mouri yo] ap soti.” — Jan 5:28, 29, nòt.

15 Li toutafè nòmal pou Jezi te sèvi ak ekspresyon “tonm [ki la pou fè sonje moun ki mouri yo]” paske l gen rapò ak memwa Bondye. Bondye Toupisan an, Sila a ki kreye kokennchenn linivè a, kapab sonje tout ti detay konsènan chak moun nou renmen ki mouri san wete kapasite natirèl moun sa yo ak pèsonalite yo (Iza. 40:26). Epi, nonsèlman li kapab sonje bagay sa yo, men, li menm ak Pitit gason l lan vle fè sa tou. Rezirèksyon Laza a ansanm ak lòt rezirèksyon yo pale de yo nan Bib la ban nou yon avangou konsènan sa k pral rive nan monn nouvo a.

MIRAK JEZI YO KONSÈNE W

16. Ki privilèj anpil kretyen k ap viv nan epòk nou an ki kenbe entegrite yo pral genyen?

16 Si nou kontinye kenbe entegrite nou, nou kapab wè youn nan pi gwo mirak ki gen pou fèt la anpalan de mirak pou n chape vivan nan gwo tribilasyon an. Tousuit apre gè Amagedòn nan, pral gen plis mirak ki pral fèt pou pèmèt lèzòm rejwenn yon bon sante (Iza. 33:24; 35:5, 6; Rev. 21:4). Eseye imajine ou menm k ap gade moun yo k ap jete linèt yo, baton pou yo mache, beki yo, chèz woulant yo, aparèy ki pèmèt moun tande byen yo eksetera. Jewova ap gen bonjan rezon pou l pèmèt moun ki chape vivan nan Amagedòn yo gen bon sante paske moun sa yo pral gen travay pou yo fè. Konsa, y ap kapab pran devan pou yo travay avèk zèl pou yo fè planèt nou an, ki se yon kado Bondye ban nou, vin tounen yon paradi. — Sòm 115:16.

17, 18. a) Bay youn nan pi gwo rezon ki te pouse Jezi fè mirak. b) Poukisa w ta dwe fè bonjan efò pou w la nan monn nouvo Bondye a?

17 Jodi a, gerizon Jezi te fè nan tan lontan yo ankouraje moun ki fè pati “gwo foul” la e yo fè moun sa yo vin gen plis konfyans nan bèl posiblite yo genyen pou yo geri anba tout kalite maladi (Rev. 7:9). Gerizon sa yo montre kokennchenn santiman Jezi gen nan kè l pou lèzòm epi yo montre jis nan ki pwen premye Pitit gason Bondye a renmen yo (Jan 10:11; 15:12, 13). Konpasyon Jezi genyen an montre nou jis nan ki pwen Jewova gen sousi pou chak moun k ap sèvi l. — Jan 5:19.

18 Lèzòm ap plenn nan kè, y ap soufri anpil epi y ap mouri (Wom. 8:22). Kidonk, nou bezwen monn nouvo Bondye a kote n pral geri nèt anba tout kalite pwoblèm fizik jan Jewova pwomèt sa. Malaki 4:2 (NW) ban nou rezon pou n kwè moun ki pral geri yo pral sote “ponpe tankou jèn towo bèf ki byen gra” tèlman y ap kontan dèske yo libere anba enpèfeksyon. Nou swete pou bonjan rekonesans nou genyen pou Bondye ansanm ak lafwa solid nou gen nan pwomès li fè yo pouse n fè tout sa k nesesè depi kounye a yon fason pou n kalifye pou n antre nan monn nouvo a. Se pa ti ankourajan sa ankourajan pou n konnen mirak Jezi te fè pandan l te sou tè a se yon apèsi konsènan gwo soulajman k ap la pou toutan lèzòm pral jwenn talè konsa lè Jezi pral dirije antanke Mesi!