Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“Nou bezwen gen andirans”

“Nou bezwen gen andirans”

APRE Anita * te fin batize pou l vin Temwen Jewova, mari l te vin fache anpil. Men sa Anita di: “Li pa t vle m al nan reyinyon e l te menm entèdi m site non Bondye. Depi m annik site non Jewova mari m fache anpil.”

Anita te gen yon lòt gwo pwoblèm ankò, mari l pa t vle l aprann timoun yo konn Jewova. Men sa Anita di: “M te jwenn entèdiksyon pou m adore Jewova nan pwòp kay mwen. M pa t alèz pou m etidye ak pitit mwen ni m pa t ka mennen yo nan reyinyon.”

Jan egzanp Anita a montre sa, lè yon kretyen ap fè fas ak opozisyon nan fanmi l sa kapab pase entegrite l anba gwo eprèv. Menm bagay la ka rive tou lè yon kretyen ap fè fas ak yon maladi ki pa gen tretman, lè pitit li oswa moun li marye avè l la mouri, oubyen tou lè yon moun nan fanmi l ki pwòch li vire do bay Jewova. Kidonk, ki sa k ka ede yon kretyen rete fidèl anvè Jewova?

Ki sa w t ap fè si w t ap fè fas ak eprèv konsa? Men sa apot Pòl di: “Nou bezwen gen andirans.” (Ebre 10:36). Men, ki sa k ka ede w gen andirans?

PRIYE JEWOVA EPI KONTE SOU LI

Youn nan pi bon fason nou kapab jwenn fòs pou n andire anba eprèv se lè n priye Jewova epi nou konte sou li. Ann pran yon egzanp. Gen yon malè ki te rive fanmi Ana yon lendi aprèmidi. Apre 30 an maryaj, mari Ana a te mouri sanzatann. Men sa Ana di: “Li t al travay e l pa t janm retounen lakay. Li te gen 52 an sèlman.”

Ki jan Ana te fè fas ak pwoblèm sa a? Li te oblije rekòmanse travay. Sa te ede l paske l te oblije ret konsantre nèt sou travay l ap fè a, men, sa pa t elimine soufrans li. Men sa l fè konnen: “Mwen te vide kè m bay Jewova nan lapriyè e m te sipliye l pou l ede m fè fas ak gwo pèt sa a.” Èske Jewova te reponn priyè l? Li gen konviksyon Jewova te fè sa. Men sa l di: “Lapè Jewova bay la te soulaje m e l te ede m pou m pa t pèdi tèt mwen. M pa gen okenn dout Jewova ap fè mari m retounen viv ankò.” — Flp. 4:6, 7.

Sila a ki konn “tande lapriyè” a pwomèt sèvitè l yo l ap ba yo nenpòt sa yo bezwen pou yo ka rete fidèl (Sòm 65:2, NW). Èske w pa dakò asirans sa a fè lafwa w vin pi solid? Èske l pa ede w wè rezon ki fè ou menm tou ou kapab andire?

REYINYON KRETYEN YO SE YON SOUS REKONFÒ

Jewova ede pèp li a pa mwayen kongregasyon an. Pa egzanp, nan moman kongregasyon Tesalonik la t ap fè fas ak gwo pèsekisyon, Pòl te ankouraje kretyen sa yo “pou youn kontinye ankouraje lòt e [...] pou youn kontinye fòtifye lòt, menm jan [yo te] deja ap fè sa”. (1 Tes. 2:14; 5:11.) Lefètke kretyen Tesalonik yo te vin renmen youn lòt e yo te ede youn lòt sa te ede yo fè fas ak pwoblèm sa a ki te pase lafwa yo anba eprèv. Bèl egzanp yo bay anrapò ak andirans ede nou jodi a e sa montre gen yon bagay ki ka ede n andire.

Lè n vin bon zanmi ak moun ki fè pati kongregasyon an sa ka ede n pataje “bagay k ap fòtifye youn lòt”. (Wom. 14:19.) Sa sitou enpòtan nan moman eprèv. Pòl te fè fas ak anpil eprèv e Jewova te ba l fòs pou l andire. Pafwa, Bondye te konn bay Pòl anpil ankourajman pa mwayen kwayan parèy li yo. Pa egzanp, men sa Pòl te di konsènan moun nan kongregasyon Kolòs la lè l t ap voye salitasyon pou yo: “Yo tounen yon gwo rekonfò pou mwen.” (Kol. 4:10, 11). Vrèmanvre, lanmou yo te gen pou Pòl te pouse yo rekonfòte l epi fòtifye l lè l te bezwen sa. Petèt ou te deja jwenn ankourajman ak èd konsa nan men moun nan kongregasyon w lan.

ÈD ANSYEN YO BAY

Ansyen yo se yon lòt sous ankourajman ankò Bondye ban nou pou n jwenn èd nan kongregasyon kretyen an. Mesye sa yo ki gen anpil matirite nan domèn espirityèl kapab “vin tankou yon kote pou moun kache lè gen van, yon kote pou moun abrite yo lè gen gwo lapli, tankou rivyè dlo k ap koule nan yon tè ki sèk, tankou lonbray yon gwo mas wòch nan yon tè ki sèk”. (Iza. 32:2, NW.) Ala yon asirans ki bay rekonfò! Èske w pwofite dispozisyon sa a ki plen lanmou? Èd ak ankourajman ansyen yo ba w ka ede w andire.

Nòmalman, ansyen yo pa konn fè mirak. Yo se moun enpafè “ki gen menm feblès ak nou”. (Tra. 14:15.) Aktout sa, lè yo sipliye Bondye pou nou, sa ka fè n jwenn anpil byenfè (Jak 5:14, 15). Gen yon frè nan peyi Itali ki gen plizyè ane depi l ap andire anba yon maladi ki rele dystrophie musculaire k ap fin depafini l. Men sa l fè konnen: “Lanmou ak afeksyon frè yo demontre anvè m ansanm ak vizit yo ban m detanzantan ede m andire.” Èske w ka chèche jwenn plis byenfè grasa dispozisyon sa a Jewova pran ki demontre lanmou, anpalan de ansyen yo?

KENBE YON BON ABITID ESPIRITYÈL

Gen kèk lòt bagay ankò nou ka fè pou n andire. Youn nan yo se kontinye gen yon bon abitid nan domèn espirityèl. Ann pran egzanp John ki gen 39 an epi doktè fè l konnen li gen yon fòm kansè ki ra. Men sa l fè konnen: “M te twouve sa pa nòmal paske m te twò jèn.” Nan moman sa a pitit gason John nan te gen twazan. Men sa John di: “Sa te vle di nonsèlman pou madanm mwen pran swen pitit nou an ki te jèn, men tou, pou l te pran swen m san wete mennen m nan tout randevou m te genyen nan lopital la.” Tretman chimyoterapi John t ap suiv la te fatige l anpil epi l te fè l toujou anvi vomi. Epi, se pa t sa sèlman. Papa John te prèske mouri e l te bezwen swen nan men fanmi l.

Ki fason John ak fanmi l te rive fè fas ak sitiyasyon difisil sa a? Men sa John fè konnen: “Aktout mwen te fatige, m te asire m fanmi m te kontinye gen yon bon abitid nan domèn espirityèl. Nou te toujou asiste tout reyinyon yo, nou te konn patisipe nan travay predikasyon an chak semèn epi n te fè adorasyon an fanmi an regilyèman menm lè sa te difisil.” Vrèmanvre, John te rann li kont youn nan mwayen enpòtan pou l andire anba kèlkeswa difikilte a se lè l kontinye kenbe nan domèn espirityèl. Èske l gen yon konsèy pou moun k ap fè fas ak sitiyasyon difisil yo? Men sa l di: “Apre premye chòk la fin pase, fòs Jewova bay la ak lanmou l demontre anvè w ap ranplase panse k ap trakase w yo. Jewova ka fè w vin djanm menm jan l fè sa pou mwen.”

Pa gen dout nan sa, grasa èd Bondye, nou ka rive andire anba eprèv oswa sikonstans ki difisil nou kapab rankontre ni jodi a ni alavni. Ann montre nou konte sou Jewova lè n priye l, ann chèche vin gen yon relasyon sere sere ak moun nan kongregasyon an, ann chèche jwenn èd nan men ansyen yo epi ann kontinye kenbe yon bon abitid nan domèn espirityèl. Lè n fè sa, n ap aji ann amoni ak pawòl Pòl te di yo ki se: “Nou bezwen gen andirans.”

^ § 2 Gen non moun yo chanje.