Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Lik, yon konpayon travay yo te renmen anpil

Lik, yon konpayon travay yo te renmen anpil

Lik, yon konpayon travay yo te renmen anpil

NOU nan vil Wòm, nan ane 65 epòk nou an. Lik te byen konnen danje ki te genyen si l te fè konnen li se zanmi apot Pòl, ki te devan lajistis akoz lafwa l. Sanble yo t ap kondane Pòl amò. Men, nan moman difisil sa a, se sèl Lik ki te avèk apot la. — 2 Timote 4:6, 11.

Moun ki konn li Labib abitye ak non Lik la paske Evanjil li te ekri a pote non l. Lik te konn vwayaje avèk Pòl al byen lwen. Pòl te rele l “ doktè byenneme a ” e “ konpayon travay ” li (Kolosyen 4:14 ; Filemon 24). Ekriti yo pa bay anpil enfòmasyon sou Lik, anfèt, yo mansyone non l twa fwa sèlman. Sepandan, lè w egzamine ki sa rechèch yo fè yo aprann nou sou Lik, sandout w ap gen apresyasyon pou kretyen fidèl sa a menm jan Pòl te gen apresyasyon pou li a.

Li te yon ekriven e yon misyonè

Piske ni Evanjil Lik la ni liv Travay la se pou Teyofil yo te ekri, sa ede nou konprann se Lik ki te ekri toule de liv sa yo Bondye te enspire (Lik 1:3 ; Travay 1:1). Lik pa di li te la pandan ministè Jezi Kris. Men, li di li te resevwa enfòmasyon nan men moun ki te la e li te “ fè rechèch sou tout bagay avèk egzaktitid depi okòmansman ”. (Lik 1:1-3.) Donk, sanble se yon ti tan apre Pannkòt ane 33 epòk nou an Lik te vin disip Kris.

Gen kèk moun ki panse Lik te moun Antyòch, nan peyi Siri. Yo remake liv Travay la bay detay sou yon seri evènman ki te fèt nan vil sa a e li atire atansyon sou youn nan sèt ‘ gason ki gen bon renome ’ yo ki te “ yon pwozelit ki soti Antyòch ”, tandiske li pa pale de vil kote lòt mesye yo te soti. Natirèlman, nou pa ka sèten si sa vle di se moun Antyòch Lik te ye. — Travay 6:3-6.

Byenke yo pa site non Lik nan liv Travay la, gen kèk pasaj ladan l kote yo sèvi ak pwonon “ nou ”, sa ki endike li te patisipe nan kèk evènman yo dekri nan liv sa a. Lè Lik t ap dekri wout Pòl ak konpayon l yo te fè nan Azi Minè, li te di “ yo pase bò kote Mizi e yo desann Twowas ”. Se pandan Pòl te Twowas li te gen yon vizyon kote yon Masedonyen t ap di l : “ Janbe Masedwàn vin ede nou. ” Men sa Lik di apre sa : “ Kou l fin wè vizyon an, nou te chèche al Masedwàn. ” ​(Travay 16:8-10). Fason Lik kòmanse itilize pwonon “ nou ” an olye pou l kontinye di “ yo ” a fè nou santi Lik t al jwenn Pòl pandan l te Twowas. Apre sa, Lik itilize pwonon “ nou ” an pou l dekri predikasyon ki te fèt nan Filip, konsa li montre li te patisipe ladan l tou. Men sa li ekri : “ Yon jou saba, nou franchi baryè ki bò rivyè a, nou rive yon kote nou panse moun konn vin lapriyè. E nou chita e nou kòmanse pale ak medam ki te vini yo. ” Kòm rezilta, yon fi ki rele Lidi ansanm ak tout fanmi l te aksepte bon nouvèl la e yo te batize. — Travay 16:11-15.

Yo te jwenn opozisyon pandan yo te Filip kote Pòl te geri yon sèvant ki t ap fè prediksyon anba enfliyans “ yon demon divinasyon ”. Lè mèt li yo wè yo pèdi mwayen yo te genyen pou yo fè lajan an, yo mete men sou Pòl ak Silas epi yo fè lage yo nan prizon apre yo fin fè bat yo. Men, sanble yo pa t arete Lik, paske lè li pale konsènan eprèv konpayon l yo te rankontre yo, li itilize pwonon “ yo ”. Lè yo te lage Pòl ak Silas, li di “ yo ankouraje [frè yo] epi yo ale ”. Lik rekòmanse mansyone tèt li avèk yo ankò sèlman lè Pòl te fin retounen Filip (Travay 16:16-40 ; 20:5, 6). Petèt Lik te rete Filip pou l te ka sipèvize travay predikasyon an nan zòn sa a.

Fason l te reyini enfòmasyon yo

Ki jan Lik te fè jwenn enfòmasyon li te mete nan Evanjil li a ak nan liv Travay la ? Nan pati nan liv Travay la kote Lik mete tèt li nan istwa yo, li fè konnen li te akonpaye Pòl soti Filip rive Jerizalèm kote yo te arete apot la yon lòt fwa ankò. Pandan Pòl ak moun ki te akonpaye l yo te sou wout la, yo te pase yon ti tan ansanm ak Filip, evanjelizatè a, nan vil Sezare (Travay 20:6 ; 21:1-17). Petèt se nan men Filip Lik te jwenn enfòmasyon li te mete nan istwa li te rakonte konsènan aktivite misyonè yo te fè nan Samari, paske Filip te la depi nan kòmansman aktivite predikasyon an nan zòn sa a (Travay 8:4-25). Men, nan men ki moun Lik te jwenn enfòmasyon ankò ?

Petèt dezan Pòl te pase nan prizon nan vil Sezare a te pèmèt Lik fè rechèch pou Evanjil li a. Jerizalèm te toupre, e li te ka konsilte dokiman konsènan liy fanmi Jezi nan Jerizalèm. Lik rapòte plizyè evènman nan lavi Jezi ki pa nan lòt Evanjil yo. Gen yon biblis ki note gen 82 pasaj konsa se nan Evanjil Lik la sèlman yo jwenn yo.

Li posib pou Lik te aprann kèk detay sou nesans Jan Batis nan men Elizabèt, manman Jan. Petèt se nan men Mari, manman Jezi, li te jwenn kèk detay konsènan nesans Jezi ak anfans li (Lik 1:5–2:52). Petèt Pyè, Jak oswa Jan te esplike l mirak kote yo te pran anpil pwason an (Lik 5:4-10). Gen kèk nan parabòl Jezi yo se sèl nan Evanjil Lik la nou jwenn yo, pa egzanp, parabòl sou bon Samariten an, sou pòt etwat la, sou drak ki te pèdi a, sou tigason gaspiyè a e sou Laza ak nonm rich la. — Lik 10:29-37 ; 13:23, 24 ; 15:8-32 ; 16:19-31.

Lik te enterese anpil nan moun. Li te pale konsènan ofrann Mari te fè pou l te ka pirifye, konsènan rezirèksyon pitit gason yon vèv e konsènan fi ki te vide luil sou pye Jezi yo. Li pale de fi ki te sèvi Kris yo e li te fè konnen tou Mat ak Mari te akeyi Jezi lakay yo. Evanjil li a pale konsènan gerizon yon fi ki te pliye an de e konsènan yon mesye ki te soufri maladi anfle e li te pale de pirifikasyon dis lepre yo. Li pale konsènan Zache, yon mesye ki te kout anpil ki te monte yon pyebwa pou l te ka wè Jezi e li pale de atitid repantan youn nan malfektè ki te kloure sou poto bò kot Jezi yo te genyen. — Lik 2:24 ; 7:11-17, 36-50 ; 8:2, 3 ; 10:38-42 ; 13:10-17 ; 14:1-6 ; 17:11-19 ; 19:1-10 ; 23:39-43.

Li enteresan pou nou note Evanjil Lik la mansyone fason bon Samariten nan egzanp Jezi a te panse yon blese. Piske Lik te doktè, li te rapòte deskripsyon Jezi te bay sou fason Samariten an te pran swen mesye a. Li te pale de diven li te itilize kòm antiseptik, de luil li te itilize kòm kalman e de pansman li te mete sou blese a. — Lik 10:30-37.

Li te konpayon yon prizonye

Lik te gen sousi pou apot Pòl. Lè yo te mete Pòl nan prizon nan Sezare, Feliks, yon gouvènè women, te bay lòd pou yo pa anpeche “ okenn nan moun [Pòl] yo rann li sèvis ”. (Travay 24:23.) Sandout, Lik te pami moun sa yo ki t ap sèvi Pòl. Kòm sante Pòl pa t toujou bon, sanble youn nan sèvis “ doktè byenneme a ” te konn rann Pòl se te pran swen l. — Kolosyen 4:14 ; Galat 4:13.

Lè Pòl te mande pou l te parèt devan Seza, Festis, yon gouvènè women, te voye apot la Wòm. Lik te akonpaye Pòl fidèlman nan vwayaj byen long li te dwe fè pou l al ann Itali e li te dekri nofraj yo te fè a yon fason ki frapan (Travay 24:27 ; 25:9-12 ; 27:1, 9-44). Pandan leta te anpeche Pòl kite lakay li nan vil Wòm, li te ekri yon seri lèt ki enspire e li te fè referans ak Lik nan de nan lèt yo (Travay 28:30 ; Kolosyen 4:14 ; Filemon 24). Sanble se pandan peryòd sa a ki te dire dezan Lik te ekri liv Travay la.

Sandout te gen anpil aktivite nan domèn espirityèl lakay Pòl la. Petèt se la Lik te rankontre ak kèk lòt konpayon travay Pòl te genyen tankou Tichik, Aristak, Mak, Jistis, Epafras ak Onezim. Sa yo se kèk ladan yo sèlman. — Kolosyen 4:7-14.

Dezyèm fwa yo te mete Pòl nan prizon, lè l te santi l t apral mouri a, Lik, antanke yon konpayon ki te fidèl e ki te gen kouraj, te rete la bò kote l, menm lè lòt moun yo te kite Pòl. Lik te rete e petèt li te riske pèdi pwòp libète pa l. Petèt tou, se li ki te ekri pawòl sa yo nou pral site la yo antanke sekretè Pòl : “ Se Lik sèlman ki avèk mwen. ” Selon sa kèk moun kwè, yon tikras tan apre sa, yo te koupe tèt Pòl. — 2 Timote 4:6-8, 11, 16.

Lik te yon moun ki te gen espri sakrifis e ki te modès. Li pa t fè wè ak konesans li te genyen ni li pa t met tèt li ann avan. Li te ka pratike medsin li te aprann nan, men, li te prefere mete enterè Wayòm nan an premye nan lavi l. Menm jan ak Lik, annou deklare bon nouvèl la san nou pa wè tèt nou e annou kontinye sèvi Jewova avèk imilite pou nou glorifye L. — Lik 12:31.

[Kare nan paj 13]

KIYÈS TEYOFIL TE YE ?

Lik te ekri ni Evanjil li a, ni liv Travay apot yo pou Teyofil. Nan Evanjil li a, li rele mesye sa a “ sonnekselans Teyofil ”. (Lik 1:3.) “ Sonnekselans ” se te yon ekspresyon moun te konn itilize pou yo pale ak yon moun ki te enpòtan e ki te rich anpil oubyen pou yo pale ak yon moun ki te gen gwo pozisyon nan gouvènman women an. Apot Pòl te sèvi ak yon ekspresyon ki sanble ak ekspresyon sa a lè l t ap pale ak Festis, yon gouvènè women nan Jida. — Travay 26:25.

Nou ka panse Teyofil te deja tande mesaj konsènan Jezi a e li te enterese ladan l. Lik te espere sa l di nan Evanjil li a t ap ede Teyofil ‘ byen konnen bagay yo te aprann li aloral yo se bagay ki egzak. ’ — Lik 1:4.

Selon yon lengwis ki fè rechèch an literati grèk ki rele Richard Lenski, sandout Teyofil pa t yon kwayan lè Lik te sèvi ak tit “ sonnekselans ” lan paske “ nan kèlkeswa sa kretyen yo te ekri, [...] pa gen okenn kretyen ki te janm sèvi ak yon tit konsa ki bay tout onè sa a. ” Lè Lik te ekri liv Travay la annapre, li pa t sèvi ak tit “ sonnekselans ” lan, men li te jis di : “ O Teyofil. ” ​(Travay 1:1). Men konklizyon Lenski fè : “ Lè Lik te ekri Evanjil li a pou Teyofil, misye te yon moun enpòtan, li potko yon kretyen, men li te enterese anpil nan krisyanis la. Sepandan, lè Lik te voye liv Travay la pou li, Teyofil te gentan konvèti. ”