Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Lavi w kapab gen yon sans !

Lavi w kapab gen yon sans !

Lavi w kapab gen yon sans !

PRENSIPAL objektif anpil moun se chèche gen lajan ansanm ak bagay lajan ka achte. Gen moun objektif yo se pou yo vin selèb nan monn sa a. Gen lòt moun ki gen objektif pou yo pèfeksyone talan atistik yo genyen. Gen moun menm objektif yo se fè zèv. Sepandan, anpil moun pa gen yon objektif e yo pa konn poukisa y ap viv.

E ou menm ? Èske w pran tan pou w reflechi sou rezon ki fè w ap viv ? Sa w panse si w ta konsidere kèk objektif lèzòm ap pousuiv yon fason pou w wè si yo vrèman reyalize yon bagay e si yo ba yo satisfaksyon ? Ki sa ki ka bay lavi w yon sans ?

Lajan ak plezi gen plas yo nan lavi a

Men sa Labib di nan Eklezyas 7:12 : “ Sajès bay yon pwoteksyon, menm jan lajan bay yon pwoteksyon. Men, avantaj konesans lan, sèke sajès la li menm ap prezève lavi moun ki posede l yo. ” An reyalite, lajan itil. Nou bezwen lajan pou nou viv, sitou si nou gen yon fanmi pou nou pran swen. — 1 Timote 5:8.

Èske lavi a pa pi agreyab grasa kèk plezi lajan ka pèmèt yon moun jwenn ? Byenke Jezi, fondatè krisyanis la, pa t gen kote pou l poze tèt li, pafwa li te konn bwè bon kalite diven e li te konn manje bon manje. Anplis de sa, li te mete yon rad ki chè. — Matye 8:20 ; Jan 2:1-11 ; 19:23, 24.

Men, plezi se pa prensipal objektif Jezi t ap pousuiv. Li te konnen sa ki enpòtan nan lavi a. Men sa Jezi te di : “ Menm lè yon moun nan abondans, lavi l pa depann de sa l posede. ” Ansuit, li te rakonte yon egzanp sou yon mesye ki te rich ki gen jaden ki te pwodui anpil e ki t ap fè rezònman sa yo : “ Ki sa m pral fè, piske kounye a, m pa gen okenn kote pou m met rekòt mwen yo ? [...] Mwen pral kraze magazen m yo e m ap bati sa ki pi gwo, epi m ap mete tout grenn mwen yo ladan yo ansanm ak tout bon bagay mwen yo. Epi m ap di nanm mwen : ‘ Nanm mwen, ou gen anpil bon bagay ki la pou anpil ane. Pa fatige w, manje, bwè, pran plezi w. ’ ” Ki sa ki te mal nan fason mesye sa a te panse a ? Men sa Jezi te kontinye rakonte nan egzanp lan : “ Bondye di [mesye rich la] : ‘ Moun derezonab ! Aswè a menm y ap reklame nanm ou. Donk, bagay ou ranmase yo, pou kiyès y ap ye ? ’ ” Menm lè mesye a te anpile rekòt li yo, li pa t ap ka jwi richès li te genyen yo lè l fin mouri. Pou Jezi fini egzanp lan, li te bay moun ki t ap koute l yo leson sa a : “ Se konsa sa ye pou yon moun k ap anpile trezò pou tèt li men ki pa rich anvè Bondye. ” — Lik 12:13-21.

Pa gen dout nan sa, nou bezwen lajan e nou bezwen ti moman detant. Sepandan, se pa ni lajan ni plezi ki pi enpòtan nan lavi a. Bagay ki pi enpòtan lontan nou bezwen pousuiv la, se vin rich anvè Bondye, sa vle di, viv lavi nou yon fason pou nou jwenn favè L.

Èske li enpòtan pou yon moun chèche gen renome ?

Prensipal objektif anpil moun genyen se gen yon renome. Se pa yon bagay ki fòseman mal pou yon moun gen dezi pou l gen yon renome oswa pou l ta renmen lòt moun sonje l. Men sa Labib di : “ Yon non pi bon pase bon luil, e jou lanmò pi bon pase jou yon moun fèt. ” — Eklezyas 7:1.

Nan yon sans, lè yon moun mouri, istwa lavi l fin ekri. Si moun sa a te fè sa ki byen, jou lanmò l vin pi bon lontan pase jou l te fèt la, yon jou kote istwa lavi l potko kòmanse ekri.

Se wa Salomon ki te ekri liv Eklezyas la. Li te gen yon gran frè kot papa ki te rele Absalòm ki te vle gen yon non. Sepandan, sanble twa pitit gason Absalòm te genyen ki t apral pèmèt yo sonje non l nan jenerasyon ki t ap vin apre l yo te mouri jèn. Nan ka sa a, ki sa Absalòm te fè ? Labib di : “ Absalòm [...] te drese yon poto pou li nan Plèn Wa a, paske l te di : ‘ Mwen pa gen pitit gason ki pou fè yo sonje non m. ’ Se sa k fè li te bay poto a non l. ” ​(2 Samyèl 14:27 ; 18:18). Pèsòn moun pa janm jwenn tras poto sa a. E Absalòm li menm, moun ki etidye Labib konnen l kòm yon gwo rebèl ki te fè yon revòl pou l fè dappiyanp sou twòn David, papa l.

Gen anpil moun ki fè anpil efò pou yo fè yon seri aksyon ki pou fè moun sonje yo. Yo chèche gen laglwa nan je moun, epoutan preferans moun yo toutan ap chanje. Men, ki sa k pase renome sa a yo te chèche genyen an ? Men sa yon mesye ki rele Christopher Lasch di nan yon liv li ekri : “ Nan epòk pa nou an, kote moun gen siksè prensipalman paske yo jèn, yo atiran oswa yo nouvo e yo orijinal, renome moun genyen pase pi vit toujou, e moun ki gen renome yo toujou ap enkyete yo pou yo pa pèdi l. ” ​(The Culture of Narcissism) Se sa k fè, anpil moun ki selèb lage kò yo nan pran dwòg ak nan bwè alkòl, ki fè souvan yo mouri anvan lè yo. Donk, chèche gen renome pa itil anyen.

Nan ka sa a, nan je kiyès nou ta dwe chèche gen yon bon repitasyon ? Men sa Jewova te di pa mwayen pwofèt Izayi anpalan de moun ki te obsève Lwa l yo : “ Anndan kay mwen an e anndan mi kay mwen an m ap ba yo yon moniman e m ap ba yo yon non [...]. M ap ba yo yon non pou tan endefini, yon non ki pap disparèt. ” ​(Izayi 56:4, 5). Lefètke moun sa yo obeyi Bondye, li apresye yo e l ap ba yo ‘ yon moniman ansanm ak yon non ’. L ap sonje non yo “ pou tan endefini ”, sa vle di yo pap disparèt. Se jan de non sa a, sètadi yon bèl repitasyon nan je Jewova, Kreyatè nou an, Labib ankouraje nou pou nou chèche genyen.

Nan pwofesi Izayi nou sot site pi wo a, Izayi t ap pale de epòk kote moun ki fidèl yo pral resevwa lavi etènèl nan Paradi sou tè a. “ Lavi etènèl ” nan Paradi a se “ lavi toutbon an ”, kalite lavi Bondye te gen nan objektif li pou l bay lèzòm lè l te kreye yo (1 Timote 6:12, 19). Olye pou nou mennen yon vi ki tou kout ki pa ban nou satisfaksyon, èske li pa pi bon pou nou chèche jwenn lavi etènèl pito ?

Èske reyalizasyon atistik ak zèv imanitè bay moun vrè satisfaksyon ?

Anpil atis gen dezi pou yo amelyore travay yo fè, yon fason pou yo ka rive atenn pèfeksyon nan reyalizasyon atistik yo. Men, lavi kounye a twò kout pou sa. Lè Hideo, atis nou te mansyone nan atik anvan an, te nan 90 an yo, li te fè tout sa l kapab pou l amelyore talan l. Menmsi yon atis ta rive nan yon pwen kote li santi li satisfè ak travay li reyalize, li gendwa pa ka pwodui menm kantite travay li te konn fè lè l te jèn e li te an sante. Men, ki jan sa t ap ye si l te gen lavi etènèl ? Imajine tout tan li t ap genyen pou l rive atenn pèfeksyon nan reyalizasyon atistik li yo.

Ki sa nou kapab di de moun k ap fè zèv imanitè yo ? Li bon lè yon moun panse ak moun ki pòv yo e lè l sèvi ak sa l genyen pou l ede moun ki nan bezwen. Men sa Labib di : “ Gen plis kè kontan lè w bay pase lè w resevwa. ” ​(Travay 20:35). Lè yon moun montre li enterese nan byennèt lòt moun, sa ka vrèman ba l satisfaksyon. Men, menmsi yon moun itilize tout lavi l pou l pousuiv objektif sa a, ki valè bagay li ka fè ? Antanke imen, sa nou ka fè pou nou soulaje soufrans lòt moun limite. Gen yon bezwen fondamantal moun genyen pifò moun pa konnen e yo pa janm chèche konble l. Kèlkeswa kantite bagay materyèl nou ta bay moun yo, yo pap konble bezwen sa a. Ki bezwen sa a ?

Li nesesè pou nou konble yon bezwen fondamantal nou genyen

Nan Sèmon sou montay la, Jezi te pale de yon bezwen fondamantal nou gen nan nou lè l te di : “ Byennere moun ki konsyan yo pòv espirityèlman, piske wayòm syèl la se pou yo. ” ​(Matye 5:3). Donk, selon Labib, se pa ni richès, ni renome, ni reyalizasyon atistik, ni zèv imanitè ki fè moun jwenn vrè bonè a. Okontrè, nou jwenn li lè nou satisfè bezwen espirityèl nou, sètadi bezwen nou genyen pou nou adore Bondye.

Apot Pòl te ankouraje moun ki pa t konnen Kreyatè a pou yo chèche l. Men sa l te di : “ [Bondye] fè tout nasyon moun soti nan yon sèl moun, pou yo abite sou tout kò tè a, e li fikse tan e li fikse limit kote pou moun rete, pou yo chèche Bondye, si yo tatonnen pou yo jwenn li e yo jwenn li vrèman, kwak, an reyalite, li pa lwen okenn nan nou. Paske se grasa li nou gen lavi, nou fè mouvman e nou egziste. ” — Travay 17:26-28.

Pou nou jwenn vrè bonè a nan lavi nou, nou bezwen satisfè bezwen nou genyen pou nou adore vrè Dye a. Lè nou konble bezwen espirityèl nou, sa fè tou nou gen espwa n ap jwenn “ lavi toutbon an ”. Annou konsidere egzanp Teresa, yon dam moun te konnen byen sou chèn televizyon nan peyi l. Se te premye aktris ameriken nwa ki jwe wòl prensipal la nan yon feyton. Nan feyton sa a, chak epizòd te dire inèdtan. Sepandan, yon ti tan apre, li te kite tout sa. Poukisa ? Men sa l te di : “ Mwen sèten suiv konsèy Pawòl Bondye a se pi bon fason pou yon moun viv. ” Teresa pa t vle pou wòl li jwe nan yon feyton k ap ankouraje sèks ak vyolans mete relasyon l avèk Bondye an danje. Li te kite metye aktris la e li te kòmanse yon vi ki te vrèman ba l satisfaksyon. Li te vin yon sèvitè aplentan k ap preche bon nouvèl Wayòm nan pou l ede lòt moun gen bon relasyon avèk Bondye.

Anrapò ak desizyon Teresa te pran pou l sispann jwe nan feyton an, gen youn nan ansyen kòlèg li yo ki te di pawòl sa yo : “ Mwen te tris paske mwen pa t ka aksepte pou m wè li abandone bèl karyè li te kòmanse a. Men, sa klè, li te jwenn yon bagay ki gen plis valè e ki pi bon. ” Annapre, Teresa te vin mouri. Sepandan, apre lanmò l, men sa menm moun sa a te di : “ Li te gen kè kontan, e se tout sa yon moun bezwen nan lavi l. Ki kantite moun ki ka di yo gen kè kontan nan lavi yo ? ” Moun ki te mete relasyon yo genyen avèk Bondye an premye nan lavi yo men ki mouri ap tann rezirèksyon ki pral genyen anba dominasyon Wayòm Bondye a. — Jan 5:28, 29.

Kreyatè a gen yon objektif pou tè a e pou moun ki sou li. Li vle pou w konprann objektif sa a e pou w jwenn lavi etènèl nan Paradi sou tè a (Sòm 37:10, 11, 29). Se depi kounye a pou w aprann plis bagay sou Jewova, li menm ki Kreyatè syèl la ak tè a, e pou w aprann plis bagay sou sa l sere pou ou. Temwen Jewova ki nan zòn ou an ap kontan ede w rive gen konesans sa a. Silvouplè, chèche pran kontak avèk yo, oswa ekri moun ki pibliye jounal sa a.

[Foto nan paj 5]

Ki sa ki pa t bon nan rezònman mesye rich nan egzanp Jezi a ?

[Foto nan paj 7]

Èske w ta renmen jwenn lavi etènèl nan Paradi ki pral gen sou tè a ?