Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

‘ Ale epi fè disip, batize yo ’

‘ Ale epi fè disip, batize yo ’

‘ Ale epi fè disip, batize yo ’

“ Kidonk, ale epi fè disip pami moun tout nasyon. Batize yo [...] , anseye yo pou yo obsève tout bagay mwen te kòmande nou yo. ” — MATYE 28:19, 20.

1. Ki desizyon nasyon Izrayèl la te pran nan pye mòn Sinayi ?

GEN anviwon 3 500 ane ki pase depi tout yon nasyon te fè yon ve bay Bondye. Men sa Izrayelit yo ki te rasanble nan pye mòn Sinayi te deklare piblikman : “ Tout sa Jewova di yo, nou dispoze fè yo. ” Apati de moman sa a, Izrayèl te vin yon pèp ki vwe bay Bondye, yo te vin “ pwopriyete espesyal ” li (Egzòd 19:5, 8 ; 24:3). Yo t ap tann avèk enpasyans pou yo jwenn pwoteksyon l e pou yo viv jenerasyon apre jenerasyon nan yon peyi kote “ lèt ak siwo myèl ap koule ”. — Levitik 20:24.

2. Ki kalite relasyon moun kapab genyen avèk Bondye jodi a ?

2 Sepandan, tankou salmis Asaf te rekonèt sa, Izrayelit yo “ pa t kenbe alyans Bondye a, e yo te refize mache nan lwa li ”. (Sòm 78:10.) Yo pa t rive kenbe ve zansèt yo te fè bay Jewova a. Finalman, nasyon an te vin pèdi relasyon espesyal li te genyen avèk Bondye (Eklezyas 5:4 ; Matye 23:37, 38). Se sa k fè, Bondye “ dirije atansyon l sou nasyon yo pou l retire yon pèp pou non l nan mitan yo ”. (Travay 15:14.) E nan dènye jou sa yo, l ap rasanble ‘ yon gwo foul pèsonn pa ka konte ki soti nan tout nasyon, nan tout tribi, nan tout pèp e nan tout lang ’. Se avèk jwa yo di pawòl sa yo : “ Si nou sove, se grasa Bondye nou an ki chita sou twòn nan e se grasa Timouton an ’. — Revelasyon 7:9, 10.

3. Ki etap yon moun bezwen franchi pou l rive gen yon relasyon pèsonèl avèk Bondye ?

3 Pou yon moun fè pati moun ki benefisye relasyon presye sa a avèk Bondye, li dwe vwe vi l bay Jewova e li dwe senbolize ve sa a piblikman lè li batize nan dlo. Lè li fè sa, se yon fason pou l obeyi kòmandman dirèk Jezi te bay disip li yo ki di : “ Ale epi fè disip pami moun tout nasyon. Batize yo nan non Papa a, nan non Pitit la e nan non lespri sen an. Anseye yo pou yo obsève tout bagay mwen te kòmande nou yo. ” ​(Matye 28:19, 20). Izrayelit yo te konn koute lekti “ liv alyans lan ”. (Egzòd 24:3, 7, 8.) Donk, yo te konprann obligasyon yo te genyen anvè Jewova. Menm jan an tou jodi a, anvan yon moun batize, li esansyèl pou l gen yon konesans egzak sou volonte Bondye, konesans nou jwenn nan Pawòl li a, Labib.

4. Ki sa yon moun dwe fè pou l kalifye pou batèm ? (Sèvi ak kare ki pi wo a tou.)

4 Li klè, Jezi te vle pou lafwa disip li yo gen yon fondman solid anvan yo batize. Li te ba yo enstriksyon nonsèlman pou y al fè disip, men tou, pou yo anseye disip sa yo pou yo ‘ obsève tout sa li te kòmande yo ’. (Matye 7:24, 25 ; Efezyen 3:17-19.) Kidonk, moun ki kalifye pou yo batize yo, jeneralman se moun ki etidye Labib pandan plizyè mwa, oubyen menm pandan ennan oubyen dezan, yon fason pou yo pa pran yon desizyon sou kout tèt oubyen san yo pa fin twò byen konprann sa y ap fè a. Nan moman batèm nan, kandida yo reponn wi pou de kesyon fondamantal. Piske Jezi te di ‘ wi nou ta dwe siyifi wi, non nou ta dwe siyifi non ’, li ta bon pou nou reegzamine siyifikasyon de kesyon batèm yo. — Matye 5:37.

Repantans ak ve nou fè

5. Sou ki de etap fondamantal premye kesyon batèm nan mete aksan ?

5 Nan premye kesyon an, yo mande kandida batèm nan èske li repanti pou fason li t ap viv anvan an e èske li vwe tèt li bay Jewova pou l fè volonte l. Kesyon sa a mete aksan sou de etap endispansab yon moun dwe franchi anvan l batize : li dwe repanti e li dwe vwe tèt li.

6, 7. a) Poukisa li nesesè pou tout kandida batèm yo repanti ? b) Ki chanjman yon moun dwe fè lè li repanti ?

6 Poukisa yon moun dwe repanti anvan li prezante tèt li pou batèm ? Men sa apot Pòl esplike : “ Te gen yon lè nou tout te konn aji ann amoni avèk dezi lachè nou. ” ​(Efezyen 2:3). Anvan nou te vin gen konesans egzak sou volonte Bondye, nou t ap viv ann amoni ak monn nan, selon ideyal li ak prensip li. Fason nou t ap viv la te anba kontwòl dye sistèm de choz sa a, anpalan de Satan (2 Korentyen 4:4). Sepandan, piske nou vin konnen volonte Bondye, nou pran rezolisyon pou nou pa viv “ pou dezi lèzòm ankò, men pou volonte Bondye ”. — 1 Pyè 4:2.

7 Lè yon moun vin ap viv konsa, li jwenn anpil byenfè. Youn nan gwo byenfè yon moun jwenn, sèke sa ouvri wout pou l gen yon relasyon presye ak Jewova, yon relasyon David te konpare ak envitasyon pou yon moun antre nan “ tant ” ak nan “ montay sakre ” Bondye a. An reyalite, se yon gwo privilèj (Sòm 15:1). Lojikman, Jewova pa envite nenpòt moun, men li envite sèlman “ moun ki mache san defo, ki pratike lajistis e ki pale laverite nan kè [yo] ”. (Sòm 15:2.) Selon fason nou t ap viv anvan nou te aprann laverite, pou nou fè sa ki di la yo, sa kapab mande pou nou fè kèk chanjman, ni nan konduit nou, ni nan pèsonalite nou (1 Korentyen 6:9-11 ; Kolosyen 3:5-10). Yon bagay k ap pouse nou fè chanjman sa yo se repantans, sa vle di yon pwofon regrè nou genyen akoz fason nou t ap viv anvan, ansanm ak yon detèminasyon fèm nou pran pou nou fè Jewova plezi. Sa ap fè nou chanje konplètman, sa vle di n ap abandone fason egoyis monn nan ap viv pou nou viv yon fason ki fè Bondye plezi. — Travay 3:19.

8. Ki jan nou vwe tèt nou, e ki rapò sa genyen ak batèm ?

8 Nan dezyèm pati premye kesyon an, yo mande kandida batèm yo èske yo te vwe tèt yo bay Jewova pou yo fè volonte l. Ve a se yon etap esansyèl ki dwe vini anvan batèm nan. Nou fè ve a nan yon priyè kote nou eksprime dezi nou pou nou bay Jewova lavi nou pa mwayen Kris (Women 14:7, 8 ; 2 Korentyen 5:15). Lè sa a, Jewova vin Mèt nou e li vin Pwopriyetè nou, e menm jan ak Jezi, nou pran plezi pou nou fè volonte Bondye (Sòm 40:8 ; Efezyen 6:6). Pwomès solanèl sa a nou fè Jewova a se sèlman yon fwa nou fè l. Sepandan, piske se an prive nou te fè ve nou an, deklarasyon piblik nou fè jou n ap batize a ap fè tout moun konnen nou te fè ve solanèl sa a bay Papa nou ki nan syèl la. — Women 10:10.

9, 10. a) Ki sa fè volonte Bondye enplike ? b) Ki jan menm otorite Nazi yo te rekonèt ve nou fè bay Jewova a ?

9 Ki jan nou ka suiv egzanp Jezi pou nou fè volonte Bondye ? Men sa Jezi te di disip li yo : “ Si yon moun vle mache dèyè m, se pou l renye tèt li, se pou l pran poto soufrans li e se pou l suiv mwen nètale. ” ​(Matye 16:24). La a Jezi te presize twa bagay nou dwe fè. Premyèman, nou “ renye ” tèt nou. Sa vle di nou abandone panchan egoyis enpafè nou genyen e nou aksepte konsèy ak direksyon Bondye ban nou. Dezyèmman, nou “ pran poto soufrans ” nou. Nan epòk Jezi a, yon poto soufrans te senbolize lawont ak soufrans. Antanke kretyen, nou aksepte soufri pou bon nouvèl la (2 Timote 1:8). Byenke monn nan ka pase nou nan rizib oswa yo ka kritike nou, menm jan ak Kris, nou “ meprize lawont ”, nou kontan lefètke nou konnen n ap fè Bondye plezi (Ebre 12:2). Finalman, nou dwe suiv Jezi “ nètale ”. — Sòm 73:26 ; 119:44 ; 145:2.

10 Yon bagay ki enteresan, sèke menm moun ki opoze ak Temwen Jewova yo rekonèt ve Temwen yo fè pou yo sèvi Bondye san rezèv. Pa egzanp, ann Almay, sou rejim Nazi a, nan yon kan konsantrasyon ki te nan Buchenwald, yo te fè Temwen ki te refize renonse ak lafwa yo siyen yon dokiman ki gen deklarasyon sa a ladan l : “ Mwen toujou yon Etidyan Labib ki devwe e mwen pap janm vyole sèman mwen te fè devan Jewova a. ” Pa gen dout nan sa, deklarasyon sa a byen eksprime atitid tout sèvitè fidèl Bondye yo ki vwe tèt yo ba li ! — Travay 5:32.

Ou idantifye w kòm Temwen Jewova

11. Ki privilèj yon moun ki fin batize vin genyen ?

11 Nan dezyèm kesyon yo poze kandida batèm nan, toudabò yo mande l èske l konprann, lefètke li batize, sa idantifye l kòm Temwen Jewova. Apre kandida batèm nan fin plonje anba dlo, li vin yon minis òdone ki pote non Jewova. Sa a se yon gwo privilèj e se yon gwo responsablite. Epitou, sa mete moun ki batize a sou wout pou l jwenn lavi etènèl, akondisyon li rete fidèl ak Jewova. — Matye 24:13.

12. Ki obligasyon ki mache ak onè nou genyen pou nou pote non Jewova a ?

12 Pa gen dout sou sa, se yon onè san parèy nou genyen lefètke nou pote non Bondye toupisan an, anpalan de Jewova. Men sa pwofèt Mika te di : “ Tout pèp yo, bò kote pa yo, yo chak pral mache nan non dye pa yo. Men nou menm, bò kote pa nou, nou pral mache nan non Jewova Bondye nou an, pou tan endefini, wi pou toutan. ” ​(Mika 4:5). Toutfwa, onè sa a gen obligasyon ki mache avè l. Nou dwe lite pou nou viv yon fason ki onore non nou pote a. Tankou Pòl te raple kretyen nan Wòm yo, si yon moun pa mete sa l ap preche a an pratik, non Bondye “ blasfeme ” akoz li, sa vle di li sal repitasyon Bondye. — Women 2:21-24.

13. Poukisa sèvitè Jewova ki vwe tèt yo ba li gen responsablite pou yo rann temwayaj konsènan Bondye ?

13 Lè yon moun vin Temwen Jewova, li pran responsablite l tou pou l bay temwayaj konsènan Bondye. Jewova te mande nasyon Izrayèl la, nasyon ki te vwe ba li a, pou yo te vin Temwen l pou yo te ka bay temwayaj konsènan divinite etènèl li (Izayi 43:10-12, 21). Men, nasyon an pa t rive ranpli wòl sa a, e finalman yo te pèdi favè Jewova nèt. Jodi a, vrè kretyen yo fyè dèske yo gen privilèj pou yo rann temwayaj konsènan Jewova. Nou fè sa paske nou renmen l e nou anvi wè non l sangtifye. Ki jan nou ta ka fè silans lè nou konnen laverite konsènan Papa nou ki nan syèl la ansanm ak objektif li yo ? Nou santi nou menm jan ak apot Pòl ki te ekri pawòl sa yo : “ Se yon obligasyon yo fè m. Wi, se malè m si mwen pa t anonse bon nouvèl la ! ” — 1 Korentyen 9:16.

14, 15. a) Ki wòl òganizasyon Jewova a jwe nan kwasans espirityèl nou ? b) Ki dispozisyon ki pran pou ede nou nan domèn espirityèl ?

14 Dezyèm kesyon an fè kandida batèm nan sonje tou responsablite li genyen pou l travay ansanm ak òganizasyon Jewova ap dirije ak lespri l la. Nou pap sèvi Jewova poukont nou, nou bezwen èd, sipò ak ankourajman “ tout kominote frè yo nèt ”. (1 Pyè 2:17 ; 1 Korentyen 12:12, 13.) Òganizasyon Bondye a jwe yon wòl esansyèl nan kwasans espirityèl nou. Li founi nou yon pakèt piblikasyon biblik ki ede nou grandi nan konesans egzak, ki ede nou aji avèk sajès lè n ap fè fas ak pwoblèm, e ki ede nou kiltive yon relasyon sere avèk Bondye. Menm jan ak yon manman ki degaje l pou l byen nouri pitit li e pou l pran swen l, “ esklav fidèl ki prevwayan an ” founi yon pakèt manje espirityèl nan moman apwopriye pou ede nou pwogrese nan domèn espirityèl. — Matye 24:45-47 ; 1 Tesalonisyen 2:7, 8.

15 Nan reyinyon ki fèt chak semèn yo, pèp Jewova a resevwa fòmasyon ak ankourajman ki nesesè pou yo rete fidèl antanke Temwen Jewova (Ebre 10:24, 25). Lekòl ministè teyokratik aprann nou pale an piblik, e reyinyon sèvis la fòme nou pou nou prezante mesaj nou an yon fason ki efikas. Kit se nan reyinyon kongregasyon an, kit se nan etid n ap fè pèsonèlman, nou ka rann nou kont lespri Jewova ann aksyon, l ap dirije òganizasyon l lan. Pa mwayen dispozisyon regilye sa yo, Bondye siyale nou danje yo, li fòme nou pou nou vin minis ki efikas, e li ede nou pou nou rete je klè espirityèlman. — Sòm 19:7, 8, 11 ; 1 Tesalonisyen 5:6, 11 ; 1 Timote 4:13.

Rezon ki pouse yo pran desizyon sa a

16. Ki sa ki pouse nou vwe tèt nou bay Jewova ?

16 Kidonk, de kesyon batèm yo raple kandida yo siyifikasyon batèm nan dlo a genyen ansanm ak responsablite ki mache avè l. Donk, ki sa ki ta dwe pouse yo pran desizyon pou yo batize ? Se pa paske yon moun fòse nou ki fè nou batize pou nou vin disip, men se paske Jewova “ atire ” nou (Jan 6:44). Piske “ Bondye se lanmou ”, li dirije linivè avèk amou, li pa dirije l avèk fòs (1 Jan 4:8). Sa ki te atire nou vin sèvi Jewova se bèl kalite l yo ak fason li boule avèk nou. Jewova te bay sèl Pitit li fè a pou nou, e li ofri nou pi bèl avni ki te ka egziste (Jan 3:16). Anretou, nou santi nou pouse pou nou ba l vi nou, sa vle di pou nou vwe vi nou ba li. — Pwovèb 3:9 ; 2 Korentyen 5:14, 15.

17. Bay ki sa nou pa vwe tèt nou ?

17 Lè nou vwe tèt nou, nou pa vwe tèt nou bay yon èv oubyen yon kòz, men se bay Jewova menm. Travay Bondye bay sèvitè l yo fè kapab chanje, men ve yo fè ba li a toujou rete menm. Pa egzanp, sa li te mande Abraram pou l fè pa t menm ditou ak sa li te mande Jeremi (Jenèz 13:17, 18 ; Jeremi 1:6, 7). Sepandan, yo toule de te akonpli tach presi Jewova te konfye yo a paske yo te renmen l e yo te vle akonpli volonte l fidèlman. Kounye a, nan tan lafen an, tout disip Kris ki batize ap fè tout sa yo kapab pou yo akonpli kòmandman Kris te bay pou yo preche bon nouvèl Wayòm nan epi pou yo fè disip (Matye 24:14 ; 28:19, 20). Lè nou fè travay sa a ak tout kè nou, se yon bèl fason pou nou montre lanmou nou pou Papa nou ki nan syèl la e pou nou montre nou vwe tèt nou ba li toutbonvre. — 1 Jan 5:3.

18, 19. a) Ki deklarasyon piblik nou fè pa mwayen batèm nou ? b) Ki sa nou pral egzamine nan atik ki vin apre a ?

18 Pa gen dout nan sa, batèm nan ouvri wout pou anpil anpil benediksyon, men se pa yon etap yon moun dwe pran alalejè (Lik 14:26-33). Li demontre nou pran yon rezolisyon ki gen priyorite sou tout lòt responsablite nou genyen (Lik 9:62). Lè nou batize, an reyalite, nou fè deklarasyon piblik sa a : “ Dye sa a se Dye nou pou tan endefini, wi pou toutan. Li menm li pral gide nou rive jis lè nou mouri. ” — Sòm 48:14.

19 Atik ki vin apre a pral egzamine lòt kesyon ankò ki ka soulve anrapò ak batèm nan dlo a : Èske gen rezon valab ki ka fè yon moun ezite pou l batize ? Èske yo ta dwe teni kont de laj yon moun ? Ki jan tout moun ka kontribye pou respekte diyite moman batèm nan?

Èske w ka esplike ?

• Poukisa tout kretyen dwe repanti anvan yo batize ?

• Ki sa sa enplike pou yon moun vwe tèt li bay Jewova ?

• Ki responsablite ki mache ak onè yon moun genyen pou l pote non Jewova ?

• Ki sa ki ta dwe pouse nou pran desizyon pou nou batize ?

[Kesyon]

[Kare/Foto nan paj 23]

De kesyon batèm yo

Sou baz sakrifis Jezi Kris la, èske w repanti pou peche w, e èske w vwe tèt ou bay Jewova pou w fè volonte l ?

Èske w konprann ve ou fè a ak batèm ou idantifye w kòm Temwen Jewova ki fè pati òganizasyon Bondye ap dirije ak lespri li ?

[Foto nan paj 24]

Ve nou fè a se yon pwomès solanèl nou fè Jewova nan lapriyè.

[Foto nan paj 26]

Travay predikasyon nou an demontre nou vwe tèt nou bay Bondye.