Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki jan Bondye santi l lè l wè w ap soufri?

Ki jan Bondye santi l lè l wè w ap soufri?

Gen kèk moun ki kwè Bondye pa wè soufrans nou e sa pa di l anyen.

ANN EGZAMINE SA BIB LA DI

  • Bondye wè soufrans ou e li enterese nan ou

    “Jewova te wè lèzòm t ap fè anpil mechanste sou tè a [...] e li te tris.” — Jenèz 6:5, 6.

  • Bondye pral fini ak tout soufrans

    “Talè konsa, mechan yo pap la ankò, w ap gade kote yo te ye yo, ou pap jwenn yo. Men, moun ki gen imilite yo ap posede tè a, e y ap kontan anpil akoz yo pral viv nan yon lapè total.” — Sòm 37:10, 11.

  • Sa Bondye vle pou ou

    “‘Mwen konnen sa m gen nan lide m pou m fè pou nou.’ Se sa Jewova di. ‘M ap ban nou lapè, mwen pap lage malè sou nou, yon fason pou m ban nou yon avni ak yon espwa. Nou gen pou nou rele m, pou nou vin jwenn mwen e pou nou priye m, e mwen menm m ap koute nou.’” — Jeremi 29:11, 12.

    “Pwoche bò kote Bondye e l ap pwoche bò kote nou.” — Jak 4:8.