Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Byenfè w ka jwenn dèske Bondye enterese nan ou

Byenfè w ka jwenn dèske Bondye enterese nan ou

Bondye kreye kò nou ak kapasite estrawòdinè pou l geri pwòp tèt li. Lè yon moun ki an sante blese, li grafonyen oswa li pike, kò a “kòmanse fè yon travay ki vrèman konplike yon fason pou l kapab geri blese a, kit li gwo kit li piti”. (Johns Hopkins Medicine.) Menm kote a, kò a fè yon jan pou l sispann senyen, blese a vin geri e po a vin sikatrize.

FÈ YON TI REFLECHI: Si Kreyatè a fè kò nou yon fason pou l kapab geri lè l blese, èske nou pa kapab gen konfyans nan pwomès li fè pou l ede nou geri nan domèn afektif tou? Men sa youn nan moun ki te ekri Sòm yo te ekri: “Li geri moun kè yo ap fann yo. Li bande blese yo genyen yo.” (Sòm 147:3). Men, si gen bagay ou te viv oswa w ap viv k ap fè w soufri nan domèn afektif, ki sa k ka ba w asirans Jewova kapab bande blese w yo depi kounye a e alavni?

SA BIB LA APRANN NOU SOU LANMOU BONDYE

Bondye pwomèt: “Ou pa bezwen pè, paske mwen avè w. Pa bay tèt ou pwoblèm, paske mwen se Bondye w. M ap ba w fòs, wi, m ap ede w.” (Ezayi 41:10). Yon moun ki konnen Bondye gen sousi pou li santi lespri l anpè e li jwenn fòs pou l fè fas ak tout kalite pwoblèm. Apot Pòl te rele kalite pè sa a “lapè Bondye, ki depase tout sa moun ka konprann”. E li te di tou: “Mwen gen fòs pou tout bagay grasa Sila a ki ban m pisans lan.” — Filipyen 4:4-7, 9, 13.

Bib la fè nou vin gen plis lafwa nan pwomès Jewova fè lèzòm konsènan lavni. Pa egzanp, Revelasyon 21:4, 5 fè nou konnen ki sa li pral fè ak rezon ki fè nou kapab kwè l ap fè sa vre:

  • “L ap siye tout dlo nan je” moun yo. Jewova pral elimine tout soufrans ak enkyetid nou yo, menmsi lòt moun gendwa panse yo pa pi grav pase sa.

  • Sila a “ki chita sou twòn” li nan syèl la, Wa toupisan an ki kreye tout sa ki egziste, pral sèvi ak pouvwa l ak otorite l pou l anpeche n soufri e pou l ban nou èd nou bezwen.

  • Jewova ban nou garanti pwomès li yo “fidèl e yo se laverite”. Sa vle di, non Jewova ak repitasyon l ban nou garanti l ap reyalize pwomès li yo.

“‘L ap siye tout dlo nan je yo, pap gen lanmò ankò, e moun pap nan lapenn ankò akoz moun pa yo ki mouri. Pap gen ni rèl, ni doulè ankò. Ansyen bagay yo disparèt.’ E Sila a ki chita sou twòn nan di: ‘Gade! Kounye a, m ap fè tout bagay vin tounèf.’ Li di tou: ‘Ekri sa, paske pawòl sa yo fidèl e yo se laverite.’” — Revelasyon 21:4, 5.

Kreyasyon an ak Labib ede nou wè pèsonalite ak kalite Papa nou ki nan syèl la. Se vre lè n ap gade kreyasyon an, sa kapab ban nou anvi pou nou konnen Bondye e pou nou vin bon zanmi l. Men, Labib montre nou aklè li posib pou nou konnen Bondye e pou nou vin bon zanmi l, li di: “Pwoche bò kote Bondye e l ap pwoche bò kote nou.” (Jak 4:8). E men sa nou li tou nan Travay 17:27: “Li pa lwen okenn nan nou.”

Plis nou kreye tan pou n aprann konnen Bondye se plis n ap vin gen konviksyon “li gen sousi pou nou”. (1 Pyè 5:7.) Ki byenfè n ap jwenn lè nou gen yon konfyans konsa nan Jewova?

Ann pran egzanp Toru, ki soti nan peyi Japon. Lè Toru t ap grandi, manman l te kretyen, men malgre sa, Toru te vin antre nan yon gwo gang yo byen konnen nan monn nan ki rele yakuza, ki se mafya japonè. Men sa l di: “Mwen te kwè Bondye rayi m, e mwen te santi se Bondye k ap pini m lè m pèdi yon moun pa m ki mouri, sitou moun mwen te renmen anpil.” Toru te admèt anviwònman li te ladan l lan ak mantalite moun yo te genyen te fè “kè l vin di e li pa t gen pitye pou pèsonn”. Men sa li te fè konnen anrapò ak rèv li te genyen: “Mwen te vle mouri jèn apre m fin touye yon moun ki te pi popilè pase m yon fason pou tout moun te ka vin konnen m.”

Sepandan, apre Toru ansanm ak Hannah, madanm li, te etidye Labib, Toru te fè gwo chanjman nan lavi l. Men sa madanm li di: “Mwen te kapab wè ak de je m jan mari m t ap chanje.” Kounye a, Toru kapab di avèk asirans: “Gen yon Bondye ki gen sousi toutbon pou nou chak. Li pa vle okenn moun mouri, e li dispoze padone moun ki repanti toutbon pou erè yo te fè. Li koute bagay nou pa ka rakonte okenn lòt moun oswa bagay yo pa ka konprann men se li menm sèl nou ka di yo e k ap konprann yo. Nan yon ti tan ankò, Jewova pral elimine tout pwoblèm, soufrans ak tribilasyon. Menm depi kounye a, li ede nou fason nou pa t ap janm atann. Li renmen nou e li ede nou lè nou santi nou pa kapab ankò.” — Sòm 136:23.

Jan egzanp Toru a montre sa, lefètke nou konnen Bondye kapab elimine tout kalite soufrans epi siye tout dlo nan je nou e li pral fè sa talè konsa, sa ban nou bonjan espwa pou lavni e sa ede nou tou pou nou viv pi byen depi kounye a. Vrèmanvre, menmsi monn nan chaje ak soufrans, nou jwenn byenfè dèske Bondye enterese nan nou.