Al gade sa k anndan l

Èske m ka jwenn pawòl pou konsole m nan Bib la?

Èske m ka jwenn pawòl pou konsole m nan Bib la?

Repons Bib la bay

 Wi (Women 15:4). Ann egzamine kèk vèsè nan Bib la ki te ede plizyè moun ki t ap fè fas ak moman difisil nan lavi yo e ki te gen gwo tètchaje.

Nan atik sa a

 Lè m gen pwoblèm

 Sòm 23:4: “Menmsi m ap mache nan vale fènwa pwès la, mwen pa pè anyen paske w avè m.”

 Sa l vle di: Lè w priye Bondye e ou montre w gen konfyans nan Pawòl li a, Labib, pou gide w, ou ka fè fas ak pwoblèm ou yo avèk kouraj.

 Filipyen 4:13: “Mwen gen fòs pou tout bagay grasa Sila a ki ban m pisans lan.”

 Sa l vle di: Bondye ka ba w fòs pou w fè fas ak nenpòt pwoblèm.

 Lè yon moun pa m mouri

 Eklezyas 9:10: “Pa gen ni travay, ni plan, ni konesans, ni sajès nan Tonm [lan].”

 Sa l vle di: Moun ki mouri yo pap soufri e yo pa ka fè nou okenn mechanste, se dòmi y ap dòmi.

 Travay 24:15: “Pral gen yon rezirèksyon.”

 Sa l vle di: Bondye ka fè moun nou renmen yo retounen viv ankò.

 Lè m santi m koupab anpil

 Sòm 86:5: “Paske, ou bon e w dispoze padone, o Jewova a. Ou demontre lanmou fidèl ou genyen an pou tout moun ki envoke non w.”

 Sa l vle di: Bondye padone moun ki vrèman regrèt erè yo te fè yo e ki pran detèminasyon pou yo pa fè menm erè sa yo ankò.

 Sòm 103:12: “Menm jan kote solèy la leve a lwen kote li kouche a, se konsa tou li mete peche nou yo lwen nou.”

 Sa l vle di: Lè Bondye padone nou, li voye peche nou yo pi lwen pase sa nou ka menm imajine. Li pa plede ap fè nou sonje yo, pou l repwoche nou oswa pou l pini nou.

 Lè m tris

 Sòm 31:7: “Ou wè soufrans mwen yo. Ou konnen jan m nan gwo pwoblèm.”

 Sa l vle di: Bondye vrèman konprann tout soufrans ou yo, li konprann jan w santi w nan fon kè w, menm lè lòt moun pa konprann.

 Sòm 34:18: “Jewova toupre moun kè yo ap fann, li sove moun ki gen lespri yo kraze.”

 Sa l vle di: Bondye pwomèt ou l ap ede w lè w santi w tris. Li ka ba w fòs pou w fè fas ak sa k ap trakase w yo.

 Lè m malad

 Sòm 41:3: “Jewova ap ede l pandan l kouche sou kabann li tou malad.”

 Sa l vle di: Bondye ka ede w fè fas ak yon maladi ki grav, paske li ka fè lespri w anpè e li ka ba w fòs, andirans ak sajès pou w ka pran bonjan desizyon.

 Ezayi 33:24: “Pa gen yon moun nan peyi a k ap di: ‘Mwen malad.’”

 Sa l vle di: Bondye pwomèt rive yon lè tout moun sou tè a ap an sante.

 Lè m santi m strese

 Sòm 94:19: “Lè enkyetid te anvayi m, ou te konsole m, ou te soulaje m.”

 Sa l vle di: Si n chèche èd nan men Bondye lè n santi n strese, li kapab ede n pou n rete kalm.

 1 Pyè 5:7: “Lage tout tètchaje nou genyen sou li, paske li gen sousi pou nou.”

 Sa l vle di: Bondye gen sousi pou nou lè n ap soufri, li vle pou n priye l lè n gen pwoblèm.

 Lè gen lagè

 Sòm 46:9: “Li fè pa gen lagè ankò sou tout kò tè a.”

 Sa l vle di: Talè konsa, Wayòm Bondye a pral elimine tout lagè.

 Sòm 37:11, 29: “Men, moun ki gen imilite yo ap posede tè a, e y ap kontan anpil akoz yo pral viv nan yon lapè total. [...] Moun ki jis yo gen pou yo posede tè a e yo gen pou yo viv sou li pou toutan.”

 Sa l vle di: Moun ki jis yo pral viv sou tè a pou toutan.

 Lè m gen enkyetid pou demen

 Jeremi 29:11: “‘Mwen konnen sa m gen nan lide m pou m fè pou nou.’ Se sa Jewova di. ‘M ap ban nou lapè, mwen pap lage malè sou nou, yon fason pou m ban nou yon avni ak yon espwa.’”

 Sa l vle di: Bondye bay moun k ap sèvi l yo asirans yo gen bonjan rezon pou yo espere yon pi bèl avni.

 Revelasyon 21:4: “L ap siye tout dlo nan je yo, pap gen lanmò ankò, e moun pap nan lapenn ankò akoz moun pa yo ki mouri. Pap gen ni rèl, ni doulè ankò. Ansyen bagay yo disparèt.”

 Sa l vle di: Bondye pwomèt l ap elimine tout sa ki mal k ap fèt jodi a.

a Jewova se non Bondye (Sòm 83:18). Gade atik “Kiyès Jewova ye?” a.