Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Avni w depann de chwa w fè

Avni w depann de chwa w fè

ÈSKE AVNI W DEPANN DE OU TOUTBONVRE? Gen kèk moun ki kwè nan desten oswa nan chans, e yo panse yo pa ka chwazi ki jan avni yo ap ye. Lè yo pa rive atenn yon objektif, yo annik di: “Se konsa pou sa te fèt.”

Gen moun ki vin dekouraje lè yo wè yo pa gen okenn espwa nan monn sa a k ap toupizi moun e ki pa gen jistis. Petèt, yo eseye viv pi byen, men, lagè, krim, katastwòf natirèl ak maladi pa sispann kraze efò yo fè yo. Se sa k fè yo di: ‘Poukisa m ap fè tout efò sa yo?’

Gen kèk sikonstans nan lavi a ki kapab gen gwo efè sou objektif ou genyen (Eklezyas 9:11). Men, ou ka chwazi fason w vle pou lavi w ye. Anfèt, Bib la montre avni yon moun depann de chwa li fè. Ann wè sa l di sou sa.

Men sa Moyiz, moun ki t ap dirije nasyon Izrayèl tan lontan an, te di pèp la lè yo te prèske antre nan peyi Bondye te pwomèt yo a: “Mwen mete lavi ak lanmò devan nou e mwen mete benediksyon ak malediksyon devan nou. Nou dwe chwazi lavi pou nou kapab rete an vi, ni nou menm, ni desandan nou yo, lè nou renmen Jewova, Bondye nou an, lè nou koute sa l di e nou rete atache ak li.”  Detewonòm 30:15, 19, 20.

“Mwen mete lavi ak lanmò devan nou e mwen mete benediksyon ak malediksyon devan nou. Nou dwe chwazi lavi.” — Detewonòm 30:19.

Vrèmanvre, Bondye te fè Izrayelit yo sot nan esklavaj ann Ejip, e li te ba yo posiblite pou yo viv nan peyi li pwomèt yo a kote yo t ap lib e yo t ap viv ak kè kontan! Men, yo pa t ap jwenn youn nan bagay sa yo si yo pa t fè efò. Pou yo te jwenn benediksyon sa yo, yo te dwe “chwazi lavi”. Ki jan yo t ap fè sa? Se ‘lè yo renmen Bondye, lè yo koute l epi yo rete atache ak li’.

Jodi a, ou gen pou w chwazi tou, e avni w depann de chwa w ap fè. Anfèt, si w chwazi renmen Bondye, si w koute l epi w ret atache avè l, se chwazi w chwazi lavi, sa vle di pou w viv pou toutan nan yon paradi sou tè a. Men, ki sa ki gen nan chak etap sa yo?

CHWAZI RENMEN BONDYE

Lanmou se kalite Bondye gen lakay li ki plis parèt. Bondye te pouse apot Jan ekri: “Bondye se lanmou.” (1 Jan 4:8). Se sa k fè, lè yo te mande Jezi ki pi gwo kòmandman ki gen nan Lalwa li te di: “Nou dwe renmen Jewova, Bondye nou an, ak tout kè nou, ak tout nanm nou e ak tout lespri nou.” (Matye 22:37). Yon bèl amitye ak Jewova pa dwe chita sou laperèz oswa obeyi san konprann, li dwe chita sou lanmou pou Jewova. Men, poukisa menm nou dwe chwazi obeyi l?

Lanmou Jewova gen pou lèzòm tankou lanmou yon paran gen pou pitit li. Byenke paran yo enpafè, lanmou yo gen pou pitit yo fè yo ba yo fòmasyon, ankouraje yo, ede yo epi ba yo disiplin paske yo vle yo gen kè kontan epi reyisi. Ki sa paran yo ta renmen jwenn anretou? Yo vle pou pitit yo renmen yo tou epi suiv sa yo te aprann yo paske sa ap bon pou yo. Èske li pa toutafè nòmal pou Papa nou ki nan syèl la ki pafè atann pou nou montre nou vrèman apresye tout sa l fè pou nou?

KOUTE SA L DI

Nan lang yo te ekri Bib la, byen souvan mo “koute” a gen sans “obeyi”. E se sa nou vle di lè nou di yon timoun: “Koute paran w.” Donk, koute Bondye gen ladan l aprann sa l di epi obeyi l. Etandone nou pa ka tande vwa Bondye toutbon, nou koute l lè nou li Labib, Pawòl li a, epi suiv sa ki ladan l. — 1 Jan 5:3.

Gen yon lè, pou Jezi montre jan sa enpòtan pou yon moun koute Bondye li te di: “Se pa manje sèlman moun bezwen pou yo viv, men yo bezwen tout pawòl ki soti nan bouch Jewova.” (Matye 4:4). Li enpòtan pou kò nou jwenn manje, men li pi enpòtan toujou pou nou gen konesans sou Bondye. Poukisa? Men sa Salomon, yon wa ki te gen anpil sajès te di: “Sajès se yon pwoteksyon, menm jan lajan se yon pwoteksyon. Epi, men avantaj yon moun ki gen konesans genyen: Si l gen sajès, sa ap pwoteje lavi l.” (Eklezyas 7:12). Konesans ak sajès Bondye bay la kapab pwoteje nou jodi a epi ede nou fè bon chwa k ap fè nou jwenn lavi ki pap janm fini an alavni.

RET ATACHE AVÈ L

Sonje egzanp Jezi te bay nou te pale de li nan atik ki te vin anvan an kote l te di: “Pòt ki mennen nan lavi a se yon pòt ki jis, e wout ki mennen nan lavi a se yon wout ki jennen, e se kèk grenn moun ki jwenn li.” (Matye 7:13, 14). Donk, si nou vle jwenn lavi ki pap janm fini an, l ap bon pou n gen yon gid ki konn wout la byen e pou n rete toupre gid sa a. Donk, gen bonjan rezon pou nou rete toupre Bondye (Sòm 16:8). Ki jan n ka fè sa menm?

Chak jou, gen anpil bagay nou oblije fè e gen anpil lòt bagay toujou nou ta renmen fè. Bagay sa yo ka tèlman pran tan nou oswa fè nou distrè opwen se apèn si n jwenn tan oubyen nou gendwa pa jwenn tan ditou pou n reflechi sou sa Bondye mande nou fè. Se poutèt sa Bib la raple nou pou nou “byen veye sou fason n ap mache a, pou nou pa mache tankou moun ki pa saj, men pou nou mache tankou moun ki saj [...] pou nou byen sèvi ak tan nou, paske jou yo makawon”. (Efezyen 5:15, 16.) Nou rete toupre Bondye lè n fè efò pou amitye nou gen avè l la vin bagay ki pi enpòtan pou nou nan lavi nou. — Matye 6:33.

SE OU KI KONN KI CHWA W AP FÈ

Ou pa ka chanje sa k fin pase deja, men gen bagay ou kapab fè pou ni ou menm ni moun ou renmen yo gen yon bèl avni. Labib fè nou konnen Jewova Bondye nou an, Papa nou ki nan syèl la, renmen nou anpil anpil e li fè nou konnen ki sa l ta renmen nou fè. Gade sa pwofèt Miche te di:

“Ou menm lòm, Jewova fè w konnen sa ki bon. E ki sa li mande w pou w fè? Èske se pa pou w fè sa ki dwat, pou w renmen fidelite, epi pou w mache avèk Bondye w la, e pou w fè sa avèk imilite?”  Miche 6:8.

Jewova envite w pou w mache avè l, èske w ap aksepte envitasyon sa a epi jwenn benediksyon pou toutan li rezève pou moun ki aksepte mache avè l yo? Se ou ki konn ki chwa w ap fè.