Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 32

Ann ranfòse lafwa nou nan Kreyatè a

Ann ranfòse lafwa nou nan Kreyatè a

“Lafwa se [...] prèv klè [yon moun] genyen sou yon seri bagay reyèl li pa wè.” — EBRE 11:1.

KANTIK 11 Kreyasyon an fè louwanj pou Bondye

SA NOU PRAL WÈ *

1. Ki sa yo te aprann ou sou Kreyatè nou an?

SI DEPI w ap grandi ou jwenn paran w Temwen Jewova, se sèten ou te aprann konn Jewova depi lè w toupiti. Yo te aprann ou li se Kreyatè a, li gen anpil bèl kalite e li gen yon objektif pou lèzòm ki montre li renmen yo. — Jen. 1:1; Tra. 17:24-27.

2. Ki jan kèk moun wè moun ki kwè gen yon Kreyatè?

2 Sepandan, anpil moun pa kwè Bondye egziste, alewè pou yo ta kwè li se Kreyatè a. Okontrè, moun sa yo kwè lavi annik ret konsa li parèt, epi tikras pa tikras li soti nan fòm swadizan ki senp yo pou al nan fòm ki pi konplike yo. Kèk nan moun sa yo se moun ki fè gwo gwo etid. Yo ka fè konnen lasyans montre aklè Labib nan erè e se moun ki pa eklere, ki pa entèlijan oswa ki gen tèt fèb ki kwè gen yon Kreyatè.

3. Poukisa l enpòtan pou n ranfòse lafwa pa nou?

3 Èske sa kèk nan gwo entèlektyèl sa yo di yo ap fè nou gen dout Jewova se Kreyatè a e li renmen nou? Repons kesyon sa a ap baze sitou sou Rezon ki fè n kwè Jewova se Kreyatè a. Èske se paske yo te mande nou pou n kwè sa, oswa paske nou te pran tan pou nou chèche gen bonjan prèv (1 Kor. 3:12-15)? Kèlkeswa kantite tan nou genyen depi nou Temwen Jewova, nou tout bezwen kontinye ranfòse lafwa nou. Lè nou fè sa, nou pap kite “filozofi ak twonpri ki san valè” moun ki di Pawòl Bondye a ap bay manti ap anseye yo twonpe nou (Kol. 2:8; Ebre 11:6). Atik sa a pral pale sou plizyè bagay k ap ede nou wè 1) rezon ki fè anpil moun pa kwè nan yon Kreyatè, 2) fason w ka ranfòse lafwa w nan Jewova, Kreyatè nou an, e 3) fason w ka kontinye ranfòse lafwa w.

REZON KI FÈ ANPIL MOUN PA KWÈ GEN YON KREYATÈ

4. Selon Ebre 11:1 ak nòt la, sou ki sa vrè lafwa a baze?

4 Gen kèk moun ki panse yon moun ki gen lafwa se yon moun ki kwè nan yon bagay li pa ka pwouve. Men, selon Labib, se pa sa ki vrè lafwa a. (Li Ebre 11:1 ak nòt la.) Remake lafwa nan yon seri bagay reyèl nou pa wè, pa egzanp, Jewova, Jezi ak Wayòm nan ki nan syèl la, baze sou bonjan prèv (Ebre 11:3). Men sa yon syantifik ki Temwen Jewova di pou l esplike sa: “Lafwa nou genyen an se pa yon lafwa ki fèmen je sou bonjan prèv lasyans bay.”

5. Poukisa anpil moun kwè lavi annik ret konsa l parèt, san yon Kreyatè?

5 Nou gendwa ap mande tèt nou: ‘Si gen bonjan prèv ki montre gen yon Kreyatè, poukisa anpil moun pa kwè se Bondye ki kreye lavi?’ Gen kèk moun ki tou senpleman pa janm chèche jwenn prèv sou sa. Men sa Robert ki vin Temwen Jewova di: “Piske yo pa t janm pale de kreyasyon lè m te lekòl, mwen te panse pa t gen yon kreyasyon. Se jis lè m te vin nan ventèn mwen mwen te pale ak Temwen Jewova e m te vin aprann Labib bay bonjan prèv ki lojik ki montre se Bondye ki kreye tout bagay. *” — Gade kare ki gen tit “ Yon mesaj enpòtan pou paran yo”.

6. Poukisa gen kèk moun ki pa kwè gen yon Kreyatè?

6 Gen yon seri moun ki pa kwè gen yon Kreyatè paske yo di yo kwè sèlman nan sa yo kapab wè. Epoutan, menm moun sa yo kwè nan yon seri bagay yo pa ka wè, pa egzanp yo kwè van an egziste, paske yo gen prèv sou sa. Kalite lafwa Labib pale de li a gen ladan l yon seri prèv sou lòt “bagay reyèl [moun] pa wè”. (Ebre 11:1.) Sa mande tan ak efò pou nou chèche jwenn prèv, e anpil moun pa enterese fè sa. Yon moun ki pa fè efò pou l chèche jwenn prèv ka annik panse Bondye pa egziste.

7. Èske se tout entèlektyèl ki pa kwè se Bondye ki kreye linivè? Esplike.

7 Gen kèk syantifik, apre yo fin egzamine yon seri prèv, ki vin gen konviksyon se Bondye ki kreye linivè *. Menm jan ak Robert, nou te pale de li pi wo a, gen kèk moun ki ka annik panse pa gen yon Kreyatè paske yo pa t janm pale yo de kreyasyon an lè yo te nan inivèsite. Sepandan, gen anpil syantifik ki aprann konnen Jewova e ki vin renmen l. Menm jan ak syantifik sa yo, nou tout dwe ranfòse lafwa n nan Bondye kèlkeswa nivo edikasyon nou. Pèsonn pa ka fè sa pou nou.

FASON POU W RANFÒSE LAFWA W NAN KREYATÈ A

8-9. a) Ki kesyon nou pral egzamine kounye a? b) Lè w egzamine kreyasyon an, ki jan sa ap ede w?

8 Ki jan w ka ranfòse lafwa w nan Kreyatè a? Ann wè kat fason ou ka fè sa.

9 Egzamine kreyasyon an. Ou kapab ranfòse lafwa w nan Kreyatè a lè w pran tan pou w byen gade bèt yo, plant yo ak zetwal yo (Sòm 19:1; Eza. 40:26). Plis ou egzamine bagay sa yo, se plis w ap vin gen konviksyon Jewova se Kreyatè a. Souvan, gen atik nan piblikasyon nou yo ki esplike anpil bagay sou kreyasyon an. Fè efò pou w li atik sa yo, menmsi l pa fasil pou w konprann yo. Aprann mezi w kapab. Epi sonje al sou sit Entènèt jw.org la pou w regade bèl videyo sou kreyasyon an yo te pase nan kongrè rejyonal nou yo nan dènye ane sa yo.

10. Bay yon egzanp ki montre fason kreyasyon an bay prèv gen yon Kreyatè. (Women 1:20).

10 Lè w ap egzamine kreyasyon an, pran san w pou w byen gade ki sa bagay ou wè yo aprann ou sou Kreyatè nou an. (Li Women 1:20.) Pa egzanp, solèy la bay chalè ak limyè nou bezwen pou nou viv sou tè a, men tou, li bay yon seri reyon ki kapab yon danje pou nou ki rele reyon iltravyolèt. Lèzòm bezwen jwenn pwoteksyon kont reyon sa yo. E nou jwenn pwoteksyon vre! Ki jan? Tè nou an gen pwòp pwoteksyon pa l ki tankou yon boukliye: se yon kouch gaz ki rele ozòn ki filtre reyon sa yo ki kapab yon danje pou lavi moun. Plis gen reyon iltravyolèt ki soti nan solèy la, se plis kantite ozòn nan ogmante. Donk, èske w pa dakò dwe gen yon moun ki dèyè tout bagay sa yo, yon Kreyatè ki gen lanmou e ki entèlijan?

11. Ki kote w ka jwenn enfòmasyon sou kreyasyon an ki kapab ranfòse lafwa w? (Gade kare ki gen tit “ Kèk enfòmasyon k ap ranfòse lafwa w”.)

11 Ou ka jwenn anpil enfòmasyon sou kreyasyon an ki kapab ranfòse lafwa w, nan Gid pou Temwen Jewova yo fè rechèch ak lè w fè rechèch sou jw.org. Ou ka kòmanse ak atik ak videyo ki nan seri “Ki kote mèvèy sa a soti?”. Yo pa long e yo gen enfòmasyon enteresan sou bèt yo ak lòt bagay nan kreyasyon an. Gen kèk egzanp ladan yo tou ki montre fason syantifik yo eseye imite sa yo wè nan lanati.

12. Lè n ap etidye Bib la, ki bagay konsa nou dwe reflechi sou yo?

12 Etidye Bib la. Syantifik nou te pale de li pi wo a pa t kwè gen yon Kreyatè. Men, rive yon lè, li te vin gen lafwa. Men sa l di: “Lafwa m te vin genyen an pa t baze sèlman sou sa m te etidye nan lasyans yo. Li te baze tou sou bonjan etid mwen te fè nan Bib la.” Petèt ou deja byen konnen sa Bib la anseye. Men, pou w ranfòse lafwa w nan Kreyatè w la, ou bezwen kontinye etidye Pawòl Bondye a (Joz. 1:8; Sòm 119:97). Pa egzanp, reflechi ak fason Bib la bay bonjan detay sou yon seri evènman ki te pase nan tan lontan. Reflechi ak jan yon seri pwofesi li te anonse te reyalize ak jan li gen amoni ladan l. Lè w fè sa, sa ka fè w vin gen plis konviksyon se yon Kreyatè ki gen lanmou e ki gen sajès ki fè nou, e se pawòl li ki nan Bib la. * — 2 Tim. 3:14; 2 Pyè 1:21.

13. Bay youn nan egzanp ki montre sajès ki gen nan Pawòl Bondye a.

13 Lè w ap etidye Pawòl Bondye a, gade jan konsèy ki ladan l yo itil. Pa egzanp, sa gen lontan depi Bib la fè konnen lè moun renmen lajan se yon move bagay, e sa bay “anpil soufrans”. (1 Tim. 6:9, 10; Pwo. 28:20; Mat. 6:24.) Èske avètisman sa a toujou itil jodi a? Men sa yon liv ki etidye konpòtman moun nan epòk nou an fè konnen: “An jeneral, moun ki kwè se fè lajan ki pi enpòtan nan lavi a pa gen kè kontan e yo plis fè depresyon. Menm moun ki ta renmen gen plis lajan yo pa gen kè kontan, e yo gen plis pwoblèm sante.” ​(The Narcissism Epidemic). Donk, avètisman Bib la bay pou nou pa gen lanmou pou lajan an bon anpil! Èske w ka panse ak kèk lòt prensip nan Bib la ki te ede w? Plis nou bay konsèy ki nan Bib la valè, se plis n ap konte sou bonjan sajès Kreyatè nou an ki gen lanmou ban nou (Jak 1:5). Konsa, n ap gen plis kè kontan nan lavi nou. — Eza. 48:17, 18.

14. Lè w etidye Bib la, ki sa sa ap aprann ou sou Jewova?

14 Etidye Bib la nan objektif pou w vin konn Jewova pi byen (Jan 17:3). Tank w ap etidye Bib la, se tank w ap aprann konn pèsonalite Jewova ak kalite l yo. Se menm kalite sa yo ou te aprann lè w t ap egzamine kreyasyon an. Li klè, se yon Moun ki egziste toutbon ki gen kalite sa yo e se pa envante yo envante yo (Egz. 34:6, 7; Sòm 145:8, 9). Tank w ap vin konn Jewova pi byen, w ap vin gen plis lafwa nan li, w ap vin pi renmen l, e relasyon w gen avè l la ap vin pi solid.

15. Lè w pale ak lòt moun sou lafwa w, ki jan sa ap itil ou?

15 Pale ak lòt moun sou lafwa w gen nan Bondye. Tank w ap fè sa, lafwa w ap vin pi solid. Men, e si w ap preche yon moun ki pa fin kwè Bondye egziste e w pa fin konn ki repons pou w ba l? Chèche jwenn repons Bib la bay pou kesyon sa a nan youn nan piblikasyon nou yo, epi pale sou sa ak moun nan (1 Pyè 3:15). Epitou, ou kapab mande yon lòt Temwen ki gen eksperyans poul ede w. Kit moun nan aksepte repons ki nan Bib la, kit li pa aksepte l, rechèch ou te fè a ap itil ou. Lafwa w ap vin pi solid. Konsa, lè swadizan moun ki save e ki entèlektyèl yo fè konnen pa gen yon Kreyatè, ou pap kwè nan sa y ap di yo.

KONTINYE RANFÒSE LAFWA W

16. Ki sa k ka rive si n pa kontinye ranfòse lafwa nou?

16 Kèlkeswa kantite tan nou genyen depi n ap sèvi Jewova, nou dwe kontinye ranfòse lafwa nou nan li. Poukisa? Paske si n pa fè atansyon, lafwa nou kapab febli. Sonje sa, lafwa nou baze sou prèv nou genyen sou yon seri bagay reyèl moun pa wè. Li ka fasil pou n bliye bagay nou pa ka wè. Se sa k fè Pòl te fè konnen lè yon moun manke lafwa li fè “peche k ap jennen nou fasil la”. (Ebre 12:1.) Donk, ki sa n ka fè pou n pa tonbe nan pyèj sa a? — 2 Tes. 1:3.

17. Ki èd nou bezwen pou nou kontinye ranfòse lafwa nou?

17 Toudabò, sipliye Jewova pou l ba w lespri sen, epi fè sa souvan. Poukisa? Paske lafwa se yon aspè nan fwi lespri a (Gal. 5:22, 23). Nou pap kapab vin gen plis lafwa nan Kreyatè nou an san èd lespri sen. Si nou kontinye mande Jewova lespri sen, l ap ban nou l (Lik 11:13). Epitou, nou ka menm priye Jewova pou n mande l: “Ban nou plis lafwa.” — Lik 17:5.

18. Ann amoni ak Sòm 1:2, 3, ki privilèj nou genyen?

18 Anplis de sa, ou bezwen etidye Pawòl Bondye a regilyèman. (Li Sòm 1:2, 3.) Lè yo te ekri sòm sa a, se kèk Izrayelit sèlman ki te gen yon kopi tout Lalwa Bondye te bay la. Pami Izrayelit sa yo, wa yo ak prèt yo te kapab gen kèk kopi. Chak setan, te gen dispozisyon ki te pran pou “ni gason, ni fi, ni timoun” ak etranje ki t ap viv ann Izrayèl yo koute Lalwa Bondye a lè yo t ap li l pou yo (Det. 31:10-12). Nan epòk Jezi t ap viv sou tè a, se kèk moun sèlman ki te gen woulo Ekriti yo. Pifò kopi yo te nan sinagòg yo. Sepandan, jodi a, pifò moun gen posiblite pou yo li yon pati oswa tout Pawòl Bondye a. Ala yon gwo privilèj! Ki jan nou kapab montre nou apresye privilèj sa a?

19. Ki sa nou bezwen fè pou nou kontinye ranfòse lafwa nou?

19 N ap montre nou apresye privilèj nou genyen pou n gen Pawòl Bondye a lè nou li l regilyèman. Nou pa ta dwe fè etid pèsonèl nou yon lè konsa, lè nou santi nou gen tan. Lè nou gen yon pwogram pou nou etidye regilyèman, n ap ka kontinye ranfòse lafwa nou.

20. Ki detèminasyon nou ta dwe pran?

20 Kontrèman ak “moun save ak moun lespri” ki nan monn sa a, nou gen yon lafwa solid ki baze sou Pawòl Bondye a (Mat. 11:25, 26). Piske nou etidye liv sakre sa a, nou konn rezon ki fè sitiyasyon ki gen sou tè a ap vin pi mal, e ki sa Jewova pral fè pou l met yon fen nan sa. Donk, ann pran detèminasyon pou n ranfòse lafwa nou e pou n ede kantite moun nou kapab pou yo vin gen lafwa nan Kreyatè nou an (1 Tim. 2:3, 4). Ann kontinye tann moman kote tout moun sou tè a pral met ansanm pou yo di pawòl ki nan Revelasyon 4:11 lan ki di: “Jewova, Bondye nou an, ou merite pou w resevwa glwa, [...] paske ou kreye tout bagay.”

KANTIK 2 Non ou se Jewova

^ § 5 Labib montre aklè Jewova Dye se Kreyatè a. Men, anpil moun pa kwè sa. Yo fè konnen se pa kreye yo te kreye lavi. Sa yo di yo pap briding nou si nou fè anpil efò pou nou ranfòse lafwa nou nan Bondye ak nan Bib la. Atik sa a pral esplike ki jan nou ka fè sa.

^ § 5 Nan anpil lekòl, gen kèk pwofesè ki pa menm fè konnen li posib pou se Bondye ki kreye tout bagay. Yo panse si yo ta di sa, se fòse yo t ap fòse timoun yo kwè nan Bondye.

^ § 7 N ap jwenn kòmantè kèk entèlektyèl nan Gid pou Temwen Jewova yo fè rechèch, anba ribrik “Syans ak teknoloji”, nan pati ki gen tit “‘Entèvyou’ (Seri atik nan Reveye n!)”.

^ § 12 Pa egzanp, gade atik ki gen tit “La science et la Bible sont-elles compatibles?” ki parèt nan Reveye n! fevriye 2011, ak atik ki gen tit “Sa Jewova anonse k ap rive se sa k ap reyalize” ki parèt nan Toudegad 1ye janvye 2008.