Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 43

Jewova ap dirije òganizasyon l lan

Jewova ap dirije òganizasyon l lan

“‘Se pa ni yon lame, ni okenn pouvwa k ap fè bagay sa yo rive, men se lespri m.’ Se sa Jewova, Chèf lame yo, di.” — ZAK. 4:6.

KANTIK 40 Pou kiyès nou ye?

SA NOU PRAL WÈ *

1. Ki sa kretyen ki batize yo dwe kontinye fè?

ÈSKE W batize? Si se wi, lè w te fè sa, ou te montre tout moun ou gen lafwa nan Jewova e w vle sèvi l nan òganizasyon l lan *. Nòmalman, lafwa w gen nan Jewova dwe kontinye vin pi djanm. E w bezwen kontinye gen asirans Jewova ap sèvi ak òganizasyon l lan jodi a pou fè volonte l.

2-3. Ki jan Jewova ap dirije òganizasyon l lan jodi a? Bay kèk egzanp.

2 Jodi a, fason Jewova ap dirije òganizasyon l lan fè pèsonalite l, objektif li ak prensip li yo parèt aklè. Ann egzamine twa nan kalite Jewova genyen ki parèt aklè nan òganizasyon l lan.

3 Premyèman, “Bondye pa gen patipri”. (Tra. 10:34.) Se lanmou ki te pouse Jewova bay Pitit li a “kòm yon ranson” pou tout moun (1 Tim. 2:6; Jan 3:16). Jewova sèvi ak pèp li a pou preche tout moun ki vle koute bon nouvèl la. Konsa, L ap ede plis moun posib benefisye ranson an pou yo ka sove. Dezyèmman, Jewova se yon Bondye ki gen lòd e se yon Bondye lapè (1 Kor. 14:33, 40). Kidonk, nou dwe atann pou moun k ap adore l yo sèvi l antanke yon gwoup ki òganize e ki gen lapè. Twazyèmman, Jewova se “Gran Pwofesè” a (Eza. 30:20, 21). Se sa k fè òganizasyon l lan fè anpil efò pou anseye lòt moun Labib, Pawòl li a, e yo fè sa ni nan kongregasyon an ni lè y ap preche. Ki jan kretyen nan kongregasyon premye syèk yo te imite twa kalite sa yo Jewova genyen? Ki jan pèp Jewova a imite kalite sa yo nan epòk pa nou an? Ki jan lespri sen kapab ede w pandan w ap sèvi Jewova nan òganizasyon l lan jodi a?

BONDYE PA GEN PATIPRI

4. Jan sa parèt nan Travay 1:8, ki lòd Jezi te bay disip li yo, e ki èd yo t ap gen pou yo resevwa?

4 Nan premye syèk la. Mesaj Jezi te preche a te bay tout moun espwa (Lik 4:43). Li te bay disip li yo lòd pou yo kontinye travay li te kòmanse a, pou yo bay temwayaj “jis nan zòn ki pi lwen sou tè a”. (Li Travay 1:8.) Nòmalman, yo pa t ap ka fè travay sa a ak pwòp fòs yo. Yo t ap bezwen lespri sen, anpalan de “èd la” Jezi te pwomèt yo a. — Jan 14:26; Zak. 4:6.

5-6. Ki jan lespri sen te ede disip Jezi yo?

5 Disip Jezi yo te resevwa lespri sen nan Pannkòt ane 33 epòk nou an. Grasa èd lespri sen, yo te kòmanse preche tousuit, e nan yon ti tan, te gen plizyè milye moun ki te aksepte bon nouvèl la (Tra. 2:41; 4:4). Lè te vin gen opozisyon, disip yo pa t pè, okontrè, yo te mande Bondye ede yo. Men priyè yo te fè: “Bay esklav ou yo posiblite pou yo kontinye pale pawòl ou a ak anpil kran.” Apre sa, yo te ranpli ak lespri sen e yo te kontinye “pale pawòl Bondye a avèk kran”. — Tra. 4:18-20, 29, 31.

6 Disip Jezi yo te jwenn lòt difikilte tou. Pa egzanp, pa t gen anpil kopi Ekriti yo. Yo pa t gen liv pou ede yo konprann Bib la, tankou sa nou gen jodi a. E disip yo te oblije preche moun ki pale divès lang. Malgre tout difikilte sa yo, disip sa yo ki te chofe nan travay predikasyon an te rive fè sa k te parèt enposib la: nan kèk dizèn ane sèlman, yo te preche bon nouvèl la “tout kote anba syèl la”. — Kol. 1:6, 23.

7. Sa gen plis pase 100 an, ki jan sèvitè Jewova yo te rive konnen sa Bondye te vle yo fè, e ki jan yo te reyaji?

7 Nan epòk pa nou an. Jewova kontinye dirije pèp li a e li kontinye ba yo fòs pou yo fè volonte l. Nòmalman, Jewova itilize Pawòl li a, li te sèvi ak lespri sen pou l fè ekri a, kòm prensipal mwayen pou l dirije pèp li a. Nan Bib la nou jwenn enfòmasyon sou travay predikasyon Jezi te fè a ak lòd li te bay disip li yo pou yo kontinye travay li te kòmanse a (Mat. 28:19, 20). Men sa peryodik sa a te di depi jiyè 1881: “Yo pa t rele nou oswa chwazi nou pou nou resevwa onè e pou nou ranmase richès, men, pou nou depanse sa nou genyen e pou nou ofri tèt nou pou nou preche bon nouvèl la.” Men sa bwochi ki gen tit Moun yo konfye travay la ki te parèt an 1919 te di: “Travay la parèt anpil, men se travay Seyè a, e l ap ban nou fòs pou nou fè l.” Vrèmanvre, menm jan ak premye kretyen yo, frè sa yo te bay tout yo menm avèk kouraj nan travay la, paske yo te gen konfyans lespri sen t ap ede yo pou yo preche tout kalite moun. Nou kontinye gen menm konfyans sa a jodi a.

Òganizasyon Jewova a sèvi ak pi bon zouti ki disponib yo pou simaye bon nouvèl la. (Gade paragraf 8-9.)

8-9. Ki metòd òganizasyon Jewova a itilize pou rive preche plis moun posib?

8 Òganizasyon Jewova a sèvi ak pi bon zouti ki disponib yo pou simaye bon nouvèl la. Pami zouti sa yo te gen piblikasyon enprime yo, “Fotodram kreyasyon an”, fonograf, machin ki te gen opalè sou tèt yo, emisyon radyo, e sa pa gen twò lontan depi y ap itilize òdinatè ak Entènèt. Mete sou sa, òganizasyon Bondye a ap tradui enfòmasyon nan pi plis lang pase nenpòt lòt lè! Poukisa? Yon fason pou tout kalite moun kapab tande bon nouvèl la nan lang pa yo. Jewova pa gen patipri, li te gentan fè konnen yo t ap gen pou yo preche bon nouvèl la nan “tout nasyon, tout tribi, tout lang ak tout pèp”. (Rev. 14:6, 7.) Li vle pou tout moun tande mesaj Wayòm nan.

9 E moun ki pa fasil pou n jwenn yo, petèt paske nou pa ka antre nan apatman y ap viv yo akoz gen ajan sekirite oswa gen gwo baryè? Òganizasyon Jewova a te kòmanse ak divès fòm temwayaj an piblik yon fason pou yo te ka preche pifò nan moun sa yo. Pa egzanp, nan ane 2001, Kolèj santral la te bay frè ak sè nan peyi Lafrans yo pèmisyon pou yo kòmanse sèvi ak charyo ansanm ak lòt mwayen pou yo prezante piblikasyon nou yo. Annapre, frè nou yo nan lòt peyi te kòmanse itilize mwayen sa yo tou. Sa te bay bon rezilta. Nan ane 2011, yo te kòmanse yon nouvo pwogram Ozetazini, nan youn nan kote ki gen anpil aktivite nan vil Nouyòk. Pandan premye ane a, yo te plase 102 129 liv ak 68 911 peryodik. Te gen 4 701 moun ki te mande etid. Pa gen okenn dout, lespri sen t ap soutni travay sa a. Donk, Kolèj santral la te bay pèmisyon pou frè ak sè yo sou tout tè a sèvi ak charyo ansanm ak lòt mwayen pou prezante piblikasyon nou yo.

10. Ki sa n ka fè pou n preche e pou n anseye pi byen?

10 Sa w kapab fè. Byen sèvi ak fòmasyon Jewova bay nan reyinyon yo. Preche regilyèman ak gwoup predikasyon ou ladan l lan. Konsa, frè ak sè nan gwoup ou a kapab ede w pou w preche e pou w anseye pi byen, e bèl egzanp yo bay ap ankouraje w tou. Kontinye patisipe nan travay predikasyon an, menm lè sa pa fasil. E jan vèsè atik la baze sou li a fè n sonje sa, se pa paske nou konte sou pwòp fòs nou ki fè nou rive fè volonte Bondye, men se paske nou konte sou lespri sen (Zak. 4:6). Donk, nou gen asirans Bondye ap ban nou fòs nou bezwen paske se travay li n ap fè.

JEWOVA SE YON BONDYE KI GEN LÒD E SE YON BONDYE LAPÈ

11. Ki jan kolèj santral premye syèk la te travay nan tèt ansanm pou kontinye gen lòd nan mitan pèp Bondye a?

11 Nan premye syèk la. Kolèj santral la nan Jerizalèm te travay nan tèt ansanm pou pèmèt gen lòd ak lapè nan mitan pèp Bondye a (Tra. 2:42). Pa egzanp, lè te vin gen pwoblèm sikonsizyon an ozanviwon ane 49 epòk nou an, kolèj santral la te egzamine sitiyasyon an anba direksyon lespri sen. Si kongregasyon an pa t rive jwenn yon antant sou pwoblèm sa a, yo pa t ap ka fè travay predikasyon an byen. Byenke apot yo ak ansyen yo te Juif, yo pa t kite tradisyon pèp juif la te genyen yo enfliyanse yo ni yo pa t kite moun ki t ap defann tradisyon sa yo enfliyanse yo. Okontrè, se Pawòl Bondye a ak lespri sen yo te kite dirije yo (Tra. 15:1, 2, 5-20, 28). Ki rezilta sa te bay? Jewova te beni desizyon yo te pran an, te kontinye gen lapè ak tèt ansanm, e yo te kontinye preche bon nouvèl la. — Tra. 15:30, 31; 16:4, 5.

12. Ki sa k montre gen lòd ak lapè nan òganizasyon Jewova a jodi a?

12 Nan epòk pa nou an. Òganizasyon Jewova a ap travay pou kontinye gen lòd ak lapè nan mitan pèp Jewova a. Depi 1895, Toudegad Siyon an ak Mesaje Prezans Kris la ki gen dat 15 novanm te gen yon atik ki gen tit “Yon fason ki konvnab e nan lòd” ki baze sou 1 Korentyen 14:40. Men sa atik la te di: “Apot yo te ekri kongregasyon premye syèk la anpil bagay konsènan lòd [...]. Li enpòtan pou nou kontinye byen suiv ‘bagay ki te ekri nan tan lontan [...] yo pou enstriksyon nou’.” ​(Wom. 15:4). Pa gen dout, jodi a òganizasyon Jewova a ap travay di pou kontinye gen lòd ak lapè, menm jan sa te ye nan kongregasyon premye syèk la. Ann pran yon egzanp: Si w ta oblije asiste yon etid Toudegad nan yon lòt kongregasyon oswa nan yon lòt peyi, ou t ap deja konnen ki jan y ap kondui etid la e ki atik y ap etidye. Ou t ap santi w lakay ou menm kote a. Se lespri Bondye sèlman ki ka fè gen inite sa a! — Sof. 3:9, nòt.

13. Toutpandan n ap panse ak Jak 3:17, ki kesyon nou dwe poze tèt nou?

13 Sa w kapab fè. Jewova vle pèp li a “kenbe inite lespri a, nan chenn inyon lapè” a (Efe. 4:1-3). Donk, mande tèt ou: ‘Èske m travay pou gen lapè ak tèt ansanm nan kongregasyon an? Èske m obeyi moun ki alatèt yo? Èske lòt moun ka konte sou mwen, sitou si m gen responsablite nan kongregasyon an? Èske m toujou alè, èske m renmen ede moun e m toujou pare pou m sèvi yo?’ ​(Li Jak 3:17.) Si w rann ou kont gen kèk bagay ou bezwen korije, priye Jewova pou w mande l lespri sen. Plis ou kite lespri sen ede w amelyore pèsonalite w e w kite l enfliyanse fason w aji, se plis frè w ak sè w yo ap renmen w e y ap ba w valè.

JEWOVA ANSEYE NOU E LI BAN NOU SA N BEZWEN

14. Selon Kolosyen 1:9, 10, ki jan Jewova te anseye pèp li a nan premye syèk la?

14 Nan premye syèk la. Jewova renmen anseye pèp li a (Sòm 32:8). Li vle yo konnen l, li vle yo renmen l e li vle yo viv pou toutan antanke pitit li renmen anpil. Tout sa t ap enposib si l pa t anseye yo (Jan 17:3). Jewova te itilize kongregasyon kretyen premye syèk la pou l anseye pèp li a. (Li Kolosyen 1:9, 10.) Lespri sen, “èd la” Jezi te pwomèt la, te jwe yon gwo wòl nan sa (Jan 14:16). Lespri sen te ede disip yo pi byen konprann Pawòl Bondye a e li te ede yo sonje tout sa Jezi te di ak tout sa l te fè, jan sa te parèt nan Evanjil yo annapre. Konesans sa a te ranfòse lafwa kretyen premye syèk yo, e sa te fè yo vin pi renmen Bondye ak Pitit li a, epi vin gen plis lanmou youn pou lòt.

15. Ki fason w wè Jewova reyalize pwomès li fè ki nan Ezayi 2:2, 3?

15 Nan epòk pa nou an. Jewova te fè konnen, “nan dènye jou yo”, moun nan tout nasyon t ap vin sou mòn li an pou l fè yo konnen wout li yo. (Li Ezayi 2:2, 3.) Nou wè pwofesi sa a k ap akonpli. Nou kapab wè vrè adorasyon an pi wo lontan pase tout fòm adorasyon ki pa pwòp yo. Jewova ap bay pèp li a anpil manje nan domèn espirityèl (Eza. 25:6)! Jewova sèvi ak “esklav fidèl ki prevwayan an” pou l anseye nou. Li pa annik ban nou yon pakèt ansèyman, men li ban nou yo sou divès fòm tou, soti nan atik n ap li yo, diskou yo, rive nan desen anime yo ak videyo yo (Mat. 24:45). Nou santi nou menm jan ak Eliyou, zanmi Jòb la, ki te gen rezon di: “Ki pwofesè ki tankou [Bondye]?” — Jòb 36:22.

Kite laverite touche kè w, epi aplike l nan lavi w. (Gade paragraf 16.) *

16. Ki sa w ka fè pou w pwofite ansèyman Jewova ap bay la?

16 Sa w kapab fè. Lespri Bondye ap ede w byen aplike sa w li ak sa w etidye nan Pawòl Bondye a. Se pou w fè menm priyè youn nan moun ki te patisipe nan ekri sòm yo te fè a. Men sa l te di: “O Jewova, montre m chemen w yo. M ap mache nan verite w yo. Fè se ak tout kè m mwen gen lakrentif pou non w.” ​(Sòm 86:11). Donk, kontinye li Bib la e kontinye etidye l, san wete piblikasyon òganizasyon Jewova a ban nou yo. Nòmalman, objektif ou se pa ta dwe annik chèche gen konesans. Ou ta dwe kite laverite touche kè w, epi aplike l nan lavi w. Lespri Jewova kapab ede w fè sa. Ou ta dwe ankouraje frè w ak sè w yo tou (Ebre 10:24, 25). Poukisa? Paske yo se fanmi w. Priye pou lespri Bondye ede w fè kòmantè ak tout kè w nan reyinyon yo epi fè tout sa w kapab pou w byen prepare lè w gen yon patisipasyon. Konsa, ou montre Jewova ak Pitit li a ou renmen “mouton” yo genyen yo ki gen anpil valè. — Jan 21:15-17.

17. Ki jan nou ka montre nou fidèl ak òganizasyon Jewova a?

17 Talè konsa, sèl òganizasyon k ap gen sou tè a se òganizasyon lespri Bondye ap dirije a. Se sa k fè nou bezwen byen kolabore ak òganizasyon Jewova a. Montre nou renmen tout moun menm jan ak Bondye lè n preche tout kalite moun bon nouvèl la. Imite Jewova ki renmen lòd ak lapè lè n travay pou gen inite nan kongregasyon an. Epi ann koute Gran Pwofesè n nan lè n byen pwofite tout ansèyman l ap bay. Konsa, lè monn Satan an pral detwi, nou pap pè. Okontrè, n ap gen kouraj e n ap pami moun ki fidèl k ap sèvi Jewova nan òganizasyon l lan.

KANTIK 3 Ou se fòs nou, ou se espwa nou e nou kwè nan ou

^ § 5 Èske w gen konviksyon Jewova ap dirije òganizasyon l lan jodi a? Nan atik sa a, nou pral wè fason Jewova te dirije kongregasyon premye kretyen yo ak fason li kontinye dirije pèp li a jodi a.

^ § 1 PI BYEN KONPRANN KÈK EKSPRESYON: Òganizasyon Jewova a gen yon pati nan syèl la ak yon pati sou tè a. Nan atik sa a, mo “òganizasyon” an gen rapò ak pati ki sou tè a.

^ § 52 ESPLIKASYON SOU FOTO: Apre yon sè ki pyonye fin gade kèk videyo epi li wè lòt frè ak sè k ap sèvi nan peyi kote yo bezwen plis pwoklamatè, li santi l anvi fè menm jan an. Finalman, li reyalize objektif li te genyen an, e l al sèvi kote ki gen plis bezwen.