Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 30

KANTIK 36 Nou pwoteje kè nou

Leson enpòtan nou aprann nan egzanp wa Izrayèl yo

Leson enpòtan nou aprann nan egzanp wa Izrayèl yo

“Yon lòt fwa ankò, n ap wè diferans ant yon moun ki jis ak yon moun ki mechan, ant yon moun k ap sèvi Bondye ak yon moun ki pap sèvi l.”MAL. 3:18.

PWEN KLE

Lè n chèche konnen sou ki baz Jewova te konsidere wa Izrayèl yo te bon wa oswa yo te move wa, sa ap ede n konprann sa n bezwen fè pou n fè l plezi jodi a.

1-2. Ki sa Bib la fè konnen konsènan yon seri wa ki t ap dirije peyi Izrayèl?

 LABIB bay non plis pase 40 gason ki te wa peyi Izrayèl a. Epitou, Bib la fè konnen aklè yon seri detay enteresan konsènan kèk nan yo. Pa egzanp, menm bon wa yo te fè yon seri bagay ki pa t bon. Ann pran egzanp wa David ki te yon bon wa. Men sa Jewova te di konsènan David: “David, sèvitè m nan, [...] te suiv mwen ak tout kè l e [li] te toujou fè sa k bon devan je m.” (1 Wa 14:8). Sepandan, David te fè imoralite seksyèl ak yon madan marye e l te fè konplo pou fè touye mari dam nan nan lagè. — 2 Sam. 11:​4, 14, 15.

2 Yon lòt bò, anpil nan wa ki pa t fidèl yo te fè kèk bon aksyon. Ann pran egzanp Wobowam. Nan je Jewova, li “te fè sa ki mal”. (2 Kwo. 12:14.) Epoutan, Wobowam te obeyi lè Bondye te ba l lòd pou l pa t al fè lagè ak dis tribi Izrayèl yo e pou l te kite yo chwazi yon lòt wa. Anplis de sa, li te ranfòse anpil vil nan wayòm li an pou pwoteje pèp Bondye a kont ènmi yo. — 1 Wa 12:​21-24; 2 Kwo. 11:​5-12.

3. Ki kesyon enpòtan nou ka poze, e ki sa nou pral wè nan atik sa a?

3 Gen yon kesyon enpòtan ki merite repons. Si wa Izrayèl yo te fè sa k bon ak sa k pa bon, sou ki baz Jewova te fè konnen yon wa te fidèl? Repons kesyon sa a ap ede n konprann sa Jewova ap chèche lakay nou. Nou pral wè twa bagay Jewova te chèche wè pou l te konsidere yon wa kòm yon bon wa oswa yon move wa: li te chèche wè sa k nan kè l, si l repanti, e si l soutni vrè adorasyon an.

YO TE SÈVI JEWOVA AK TOUT KÈ YO

4. Ki diferans ki te genyen ant wa ki te fidèl yo ak wa ki pa t fidèl yo?

4 Wa ki te fè Jewova plezi yo te adore l ak tout yo b. Wa Jozafa se te yon bon wa “ki te chèche Jewova ak tout kè l”. (2 Kwo. 22:9.) Men sa Bib la di konsènan Jozyas: “Pa t gen okenn wa anvan l ki te tankou l, ki te retounen vin jwenn Jewova ak tout kè l.” (2 Wa 23:25). Ki sa Bib la di konsènan Salomon ki te fè yon seri bagay ki mal lè l te vin granmoun? Li di: “Li pa t kontinye sèvi Jewova [...] ak tout kè l.” (1 Wa 11:4). Men sa Bib la di konsènan Abijam, yon lòt wa ki pa t fidèl: “Li pa t sèvi Jewova [...] ak tout kè l.” — 1 Wa 15:3.

5. Esplike ki sa sèvi Jewova ak tout kè n vle di.

5 Donk, ki sa sèvi Jewova ak tout kè n vle di? Yon moun k ap sèvi Bondye ak tout kè l pa fè sa paske l konnen li oblije. Okontrè, li sèvi Bondye paske l renmen L e paske l gen respè pou Li. Anplis de sa, li kontinye renmen Jewova e li kontinye montre respè pou Li pandan tout vi l.

6. Ki jan n ka kontinye sèvi Jewova ak tout kè n? (Pwovèb 4:23; Matye 5:​29, 30).

6 Ki jan n ka suiv egzanp wa ki te fidèl yo ki te sèvi Jewova ak tout kè yo? Se lè n evite tout sa ki ka gen move enfliyans sou nou. Pa egzanp, divètisman ki pa kòrèk ka anpeche n sèvi Jewova ak tout kè n. Epitou, nou bezwen evite move zanmi, e n pa dwe kite lajan vin bagay ki pi enpòtan nan lavi nou. Si n vin remake gen yon bagay ki kòmanse fè lanmou nou gen pou Jewova a febli, nou dwe aji tousuit pou n korije sa. — Li Pwovèb 4:23; Matye 5:​29, 30.

7. Sa k fè l enpòtan pou n evite move enfliyans?

7 Nou pa dwe kite anyen anpeche n sèvi Jewova ak tout kè n. Si nou pa fè atansyon, nou ka twonpe tèt nou lè n panse, depi nou gen anpil aktivite nan sèvis Jewova a, nou pa bezwen evite move enfliyans. Pa egzanp, imajine ou nan lari, li fè frèt anpil e gen van k ap vante. Lè w rive lakay ou, ou met yon chanday sou ou. Men, èske sa t ap vrèman itil si w kite pòt la ouvè? Van frèt ki deyò a t ap antre byen vit nan kay la. Ki leson nou ka aprann? Nou pa dwe annik kontante n fè yon seri bagay nou konnen k ap fè n vin pi pwòch ak Jewova. Nan yon sans, nou dwe fèmen pòt la sou move enfliyans yo, pou “lè” frèt ki gen nan monn sa a, sa vle di atitid moun yo ki pa gen respè pou Bondye, pa antre nan kè n epi anpeche n sèvi Jewova ak tout kè n. — Efe. 2:2.

YO TE REPANTI POU PECHE YO

8-9. Ki jan wa David ak wa Ezekyas te reyaji lè Jewova te disipline yo? (Gade foto a.)

8 Jan nou te wè sa pi wo a, wa David te fè yon peche grav. Men, lè pwofèt Natan t al pale avè l pou peche l te fè a, li te repanti ak tout kè l (2 Sam. 12:13). Pawòl li te di nou jwenn nan Sòm 51 an fè n wè li te repanti toutbon. David pa t annik pran pòz li regrèt sa l te fè a pou l te blofe Natan oswa pou l te evite pinisyon. — Sòm 51:​3, 4, 17, ak pawòl ki anlè tèt chapit la.

9 Wa Ezekyas te peche kont Jewova tou. Men sa Bib la di: “Li te vin gen ògèy nan kè l. Sa te lakòz Bondye fache kont li, kont Jida e kont Jerizalèm.” (2 Kwo. 32:25). Sa k fè Ezekyas te vin gen ògèy? Petèt li te santi l enpòtan paske li te gen anpil richès, li te pot laviktwa sou moun Asiri yo, oswa paske Jewova te fè yon mirak pou geri l anba yon maladi. Petèt se ògèy ki te fè l montre Babilónyen yo richès li te genyen, sa ki te fè pwofèt Ezayi t al pale avè l pou di l jan sa l te fè a te fè Jewova fache (2 Wa 20:​12-18). Men, Ezekyas te repanti ak tout kè l, menm jan ak David (2 Kwo. 32:26). Se sa k fè Jewova te wè l kòm yon wa fidèl ki “te kontinye fè sa ki dwat”. — 2 Wa 18:3.

Wa David ak wa Ezekyas te repanti ak tout kè yo lè Jewova te fè yo konnen peche yo te fè yo. (Gade paragraf 8-9.)


10. Ki jan wa Amatsya te reyaji lè Jewova te disipline l?

10 Yon lòt bò, Amatsya, wa Jida a, te fè sa ki dwat, “men li pa t fè sa ak tout kè l”. (2 Kwo. 25:2.) Ki sa l te fè ki pa t bon? Apre Jewova te fin ede Amatsya pot laviktwa sou moun Edòm yo, li te kòmanse pwostène devan dye moun sa yo t ap adore yo c. Annapre, lè Jewova te voye pwofèt li al pale ak wa a, wa a te refize koute e l te fè l ale. — 2 Kwo. 25:​14-16.

11. Selon 2 Korentyen 7:​9, 11, ki sa n dwe fè pou Jewova padone n? (Gade foto yo tou.)

11 Ki sa nou aprann nan egzanp sa yo? Nou bezwen repanti pou peche n fè yo e n bezwen fè tout sa n kapab pou n pa refè yo ankò. Kòman n ap reyaji si ansyen yo nan kongregasyon an ta ban nou konsèy menm sou yon bagay ki sanble pa gen twòp enpòtans? Nou pa ta dwe panse Jewova pa renmen nou oswa ansyen yo gen pwoblèm avè n. Menm bon wa ann Izrayèl yo te konn resevwa konsèy ak disiplin (Ebre 12:6). Lè n resevwa disiplin, nou bezwen 1) montre n gen imilite, 2) fè chanjman ki nesesè yo, e 3) kontinye sèvi Jewova ak tout kè n. Si n repanti pou peche n, Jewova ap padone n. — Li 2 Korentyen 7:​9, 11.

Lè n resevwa disiplin, nou bezwen 1) montre n gen imilite, 2) fè chanjman ki nesesè yo, e 3) kontinye sèvi Jewova ak tout kè n. (Gade paragraf 11.) f


YO TE KONTINYE SOUTNI VRÈ ADORASYON AN

12. Ki bagay sitou ki montre diferans ki te genyen ant wa ki te fidèl yo ak wa ki pa t fidèl yo?

12 Wa Jewova te konsidere kòm wa ki fidèl yo te kontinye soutni vrè adorasyon an, e yo te ankouraje moun yo t ap dirije yo fè menm jan an. Nòmalman, wa sa yo te gen mankman, jan nou sot wè sa. Men, se Jewova sèlman yo te adore e yo te menm fè anpil efò pou yo te retire fo adorasyon nan peyi a. d

13. Sa k fè Jewova te fè konnen wa Ahab pa t fidèl?

13 Sa n kapab di konsènan wa Jewova te fè konnen ki pa t fidèl yo? Se sèten se pa tout sa yo te fè ki pa t bon. Menm wa Ahab, yon wa ki te mechan, te montre li te gen yon ti imilite lakay li e l te yon ti jan regrèt li te lakòz yo touye Nabòt (1 Wa 21:​27-29). Epitou, li te konstwi plizyè vil e l te pot laviktwa plizyè fwa pou pèp Izrayèl la (1 Wa 20:​21, 29; 22:39). Men, Ahab te konn pouse moun yo adore fo dye, yon bagay ki te grav anpil, e se madanm li ki te konn pouse l fè sa. Ahab pa t janm repanti pou sa. — 1 Wa 21:​25, 26.

14. a) Sa k fè Jewova te wè wa Wobowam pa t fidèl? b) Ki sa wa ki pa t fidèl yo te fè lè yo t ap dirije?

14 Ann pale konsènan Wobowam, yon lòt wa ki pa t fidèl. Jan n te wè sa pi wo a, li te fè anpil bon bagay pandan l t ap dirije. Men, lè wayòm li an te vin byen tabli, li te sispann suiv Lwa Jewova a e l te vin ap adore fo dye (2 Kwo. 12:1). Annapre, yon lè li te konn adore Jewova, e yon lòt lè li te konn adore fo dye (1 Wa 14:​21-24). Se pa t wa Wobowam ak wa Ahab sèlman ki te sispann soutni vrè adorasyon an. An reyalite, pifò wa yo pa t fidèl paske yo te konn adore fo dye e yo te konn ankouraje lòt moun fè menm jan an. Sa klè, youn nan bagay enpòtan ki te fè Jewova konsidere yon wa kòm yon bon wa se si wa sa a te kontinye soutni vrè adorasyon an. Men, si wa a pa t fè sa, li te konsidere l kòm yon move wa.

15. Sa k fè lè n soutni vrè adorasyon an sa enpòtan pou Jewova?

15 Poukisa Jewova te bay kesyon adorasyon an anpil enpòtans konsa? Youn nan rezon yo se paske wa yo te gen responsablite ede pèp Bondye a adore l fason ki kòrèk la. Epitou, lè moun yo te konn adore fo dye, sa te konn lakòz yo fè lòt peche grav e yo te konn fè enjistis (Oze 4:​1, 2). Anplis de sa, wa yo ak moun yo t ap dirije yo se byen Jewova yo te ye. Donk, lè yo pa t fidèl ak Jewova e yo te konn adore fo dye, Labib montre se kòmsi yo te fè adiltè (Jer. 3:​8, 9). Lè yon moun fè adiltè, li fè moun li marye avè l la soufri anpil. Menm jan an tou, lè yon sèvitè Jewova ki vwe L lavi l lage kò l nan fo adorasyon, se kont Jewova menm li peche, e sa fè Jewova mal anpil e. — Det. 4:​23, 24.

16. Sou ki sa Jewova plis baze l pou l konsidere yon moun kòm yon moun ki jis oswa kòm yon moun ki mechan?

16 Ki leson nou aprann? Pa gen dout, nou dwe pran detèminasyon pou n evite tout sa ki gen rapò ak fo relijyon. Men tou, nou dwe toujou adore Jewova fason li vle nou fè sa e nou dwe ret okipe nan sèvis li. Pwofèt Malachi te montre aklè sa k fè yon moun se yon bon moun oswa yon move moun pou Jewova. Men sa l te ekri: “Yon lòt fwa ankò, n ap wè diferans ant yon moun ki jis ak yon moun ki mechan, ant yon moun k ap sèvi Bondye ak yon moun ki pap sèvi l.” (Mal. 3:18). Kidonk, nou pa dwe kite anyen, menm enpèfeksyon nou genyen ak erè nou fè, fè n dekouraje jiskaske n sispann sèvi Bondye. Lè yon moun sispann sèvi Jewova se yon peche grav.

17. Sa k fè nou bezwen pran prekosyon lè n ap chwazi yon moun pou n marye?

17 Si w selibatè e w ap panse ak maryaj, èske w wè ki jan pawòl Malachi te di yo kapab ede w chwazi yon moun pou w marye? Yon moun ka gen bèl kalite, men, si moun sa a pap sèvi vrè Dye a, èske Jewova wè l kòm yon moun ki jis (2 Kor. 6:14)? Si w ta marye ak moun sa a èske l ap ankouraje w ret fidèl ak Jewova? Fè yon ti reflechi: Fi ki te marye ak wa Salomon yo ki t ap sèvi fo dye yo ka te gen bèl kalite. Men, yo pa t ap adore Jewova e tikras pa tikras yo te fè Salomon adore fo dye. — 1 Wa 11:​1, 4.

18. Ki sa paran yo bezwen montre pitit yo?

18 Nou menm paran, nou kapab sèvi ak egzanp wa yo pale de yo nan Bib la pou n ede pitit nou vin anvi sèvi Jewova. Ede yo konprann Jewova te konsidere yon wa kòm yon bon wa lè wa sa a te kontinye soutni vrè adorasyon an e l te ankouraje moun yo fè menm jan an. Men, lè yon wa pa t fè sa, li te konsidere l kòm yon move wa. Montre pitit ou relasyon w ak Jewova se bagay ki pi enpòtan pou ou, kit se nan pawòl ou ak nan egzanp w ap ba yo. Pa egzanp, ou bezwen etidye Bib la, asiste reyinyon yo, epi patisipe nan travay fè disip la (Mat. 6:33). Si w pa fè sa, pitit ou ka vin konprann yo oblije sèvi Jewova paske paran yo se Temwen Jewova. Yo ka vin wè li pa vrèman enpòtan pou yo sèvi Jewova oswa yo ka menm kite sa.

19. Ki espwa ki genyen pou nenpòt moun ki sispann sèvi Jewova? (Gade kare ki gen tit “ Ou kapab retounen vin jwenn Jewova!”)

19 Lè yon moun sispann sèvi Jewova, èske sa vle di pa gen espwa pou li ankò? Sa pa vle di sa, paske li ka repanti e li ka vin adore Jewova ankò. Pou l rive fè sa, li ka bezwen mete l toupiti epi aksepte èd ansyen yo nan kongregasyon an ap ba li (Jak 5:14). Kèlkeswa efò l fè pou l rekòmanse sèvi Jewova, yo pap janm twòp!

20. Si n suiv egzanp wa ki te fidèl yo, ki jan Jewova ap wè nou?

20 Donk, ki leson n aprann nan egzanp wa Izrayèl yo? Nou kapab suiv egzanp wa ki te fidèl yo si n kontinye sèvi Jewova ak tout kè n. Ann aprann nan erè nou fè, ann repanti, e ann fè chanjman ki nesesè yo. Epitou, nou bezwen sonje jan sa enpòtan pou n kontinye adore sèl vrè Dye a. Si w ret fidèl ak Jewova, l ap wè ou se yon moun k ap fè sa ki dwat.

KANTIK 45 Meditasyon mwen fè nan kè m

a Nan atik sa a, ekspresyon “wa Izrayèl yo” gen rapò ak tout wa ki te dirije pèp Jewova a, kit yo te dirije wayòm de tribi Jida yo, wayòm dis tribi Izrayèl yo oswa toule 12 tribi yo.

b PI BYEN KONPRANN KÈK EKSPRESYON: Souvan, Bib la sèvi ak mo “kè” a pou pale konsènan moun nou ye pa anndan an sa ki gen ladan l sa nou anvi, panse nou, tanperaman nou, atitid nou, kapasite nou genyen, sa ki pouse n aji, ak objektif nou.

c Yon bagay ki sèten, wa payen yo te gen abitid adore dye nasyon yo te pot laviktwa sou yo.

d Wa Aza te fè yon seri peche grav (2 Kwo. 16:​7, 10). Aktout sa, Bib la fè konnen li te fè sa ki dwat nan je Jewova. Lè Jewova te voye yon pwofèt al korije l, byenke okòmansman li te mal reyaji, petèt li te vin repanti annapre. Jewova te plis wè bèl kalite li te genyen olye l te wè move bagay li te fè yo. Yon bagay ki enpòtan, sèke se sèlman Jewova Aza te adore, e l te fè anpil efò pou l elimine fo adorasyon nan wayòm li an. — 1 Wa 15:​11-13; 2 Kwo. 14:​2-5.

e Li klè, de premye kòmandman nan Lwa Moyiz la te montre se Jewova sèlman moun dwe adore, yo pa t dwe adore okenn moun oswa okenn bagay. — Egz. 20:​1-6.

f ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon jèn ansyen k ap fè yon frè konnen jan l ap enkyete poutèt frè a gen abitid bwè. Frè a aksepte konsèy la avèk imilite, li fè chanjman ki nesesè yo e li kontinye sèvi Jewova fidèlman.