Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ann kite lwa ak prensip Bondye yo fòme konsyans nou

Ann kite lwa ak prensip Bondye yo fòme konsyans nou

“Mwen reflechi sou rapèl ou yo.” — SÒM 119:99.

KANTIK: 127, 88

1. Ki youn nan bagay ki fè moun siperyè bèt?

YOUN nan bagay ki fè moun siperyè bèt se paske moun fèt ak yon konsyans. Se yon verite ki la depi lè lèzòm egziste sou tè a. Apre Adan ak Èv te fin dezobeyi lòd Jewova te bay la, yo t al kache. Sa montre konsyans yo t ap kale yo.

2. Nan ki sans nou ka konpare konsyans nou ak yon bousòl? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

2 Nou ka konpare moun konsyans yo pa byen fòme ak yon bato y ap dirije grasa yon bousòl * ki pa bon. Lè moun ap vwayaje nan yon bato ki gen yon bousòl ki pa bon, sa ka met lavi yo an danje. Li fasil pou van ak gwo vag lanmè frape bato a epi fè l kite wout li. Yon bousòl ki egzak e ki byen regle ka ede kapitèn bato a kontinye suiv wout li. Nou ka konpare konsyans nou ak yon bousòl nan domèn moral. Se yon santiman nou gen anndan nou ki ede n konnen sa ki byen ak sa ki mal, e l ka gide n nan bon direksyon. Men, pou konsyans nou byen gide n, nou dwe byen ajiste l oswa byen regle l.

3. Ki sa k ka rive lè konsyans yon moun pa byen fòme?

3 Lè konsyans yon moun pa byen fòme, li pap ka anpeche moun nan fè sa ki mal (1 Tim. 4:1, 2). Yon konsyans konsa ka menm fè moun nan kwè se “sa k pa bon an [ki] bon”. (Eza. 5:20.) Men ki avètisman Jezi te bay disip li yo: “Gen yon lè k ap rive kote moun ap touye nou e y ap panse se yon sèvis sakre yo fè pou Bondye.” (Jan 16:2). Se sa moun ki te touye Etyèn yo te panse, e se menm bagay la pou kèk lòt moun ki menm jan ak yo (Tra. 6:8, 12; 7:54-60). Yon bagay ki dwòl sèke lè fanatik relijyon sa yo fè yon seri zak mechanste, tankou touye moun, yo vyole lwa Sila a yo fè konnen y ap adore a (Egz. 20:13). Vrèmanvre, konsyans yo se yon gid ki trèt!

4. Ki sa n ka fè pou n anpeche konsyans nou mal fonksyone?

4 Ki sa n ka fè pou n anpeche konsyans nou mal fonksyone? Lwa ak prensip ki nan Pawòl Bondye a “itil pou anseye, pou reprimande, pou fè bagay yo vin dwat, pou bay disiplin selon prensip Bondye yo ki jis”. (2 Tim. 3:16.) Donk, lè n byen etidye Bib la, lè n medite sou sa l di epi n aplike yo nan lavi n, nou ka fòme konsyans nou pou l vin pi ann amoni ak panse Bondye, e konsa, l ap ka vin yon bon gid. Ann wè ki jan lwa ak prensip Jewova yo ka ede n fòme konsyans nou.

ANN KITE LWA BONDYE YO FÒME N

5, 6. Ki jan n jwenn byenfè lè n suiv lwa Bondye yo?

5 Pou n jwenn byenfè nan lwa Bondye yo, nou bezwen fè plis pase annik li yo oswa annik konnen yo. Nou dwe gen anpil lanmou ak respè pou yo. Pawòl Bondye a di: “Rayi sa ki mal e renmen sa ki byen.” (Amòs 5:15). Men, ki jan n ka rive fè sa? Yon bagay enpòtan nou dwe fè se aprann wè bagay yo jan Jewova wè yo. Ann pran yon egzanp pou n esplike sa: Imajine w gen difikilte pou w dòmi byen. Doktè w mande w pou w suiv yon rejim, pou w fè spò e pou w chanje fason w ap viv. Apre w fin eseye fè sa l di w la, ou wè sa mache! Se sèten w ap gen anpil rekonesans pou doktè w la ki ede w amelyore kalite lavi w.

6 Menm jan an tou, Kreyatè nou an ban nou yon seri lwa ki ka pwoteje n kont move efè peche genyen, e konsa, n ap amelyore lavi nou. Fè yon ti reflechi sou byenfè nou jwenn lè n suiv lwa Bib la bay konsènan manti, konplo, vòlè, imoralite seksyèl, vyolans ak bagay ki gen rapò ak movèzespri. (Li Pwovèb 6:16-19; Rev. 21:8.) Lè n wè pakèt benediksyon nou jwenn paske n aji jan Jewova vle l la, se tou natirèlman n ap vin gen plis lanmou ak rekonesans nan kè n pou li e pou lwa l yo.

7. Lè n li istwa Bib la rapòte konsènan yon seri moun epi n medite sou yo, ki sa sa ap ede n fè?

7 Erezman n pa oblije sibi konsekans yon moun jwenn lè l dezobeyi lwa Bondye yo pou n ka aprann bonjan leson. Nou ka aprann kèk leson nan erè kèk moun Pawòl Bondye a pale de yo ki te vyole lwa sa yo. Pwovèb 1:5 di: “Yon moun ki gen sajès konn koute e li vin gen plis konesans.” Nan fason sa a, nou resevwa pi bon fòmasyon an nan men Bondye, tankou fòmasyon n jwenn lè n li istwa Bib la rapòte konsènan yon seri moun epi n medite sou yo. Pa egzanp, fè yon ti reflechi ak lapenn wa David te genyen apre l te fin dezobeyi lwa Jewova a epi l te fè adiltè ak Batcheba (2 Sam. 12:7-14). Pandan n ap li istwa sa a e n ap medite sou li, nou ka ap mande tèt nou: ‘Ki jan wa David te ka evite pwoblèm li te jwenn akoz adiltè l te fè ak Batcheba a? Si m ap fè fas ak yon tantasyon menm jan an, èske m ap gen fòs pou m kouri pou li? Èske m ap kouri menm jan ak Jozèf oswa èske m ap sede menm jan ak David?’ (Jen. 39:11-15). Lè n reflechi ak move konsekans peche lakòz, nou ka pran detèminasyon nan kè n pou n “rayi sa ki mal”.

8, 9. a) Ki travay konsyans nou ka ede n fè? b) Ki jan konsyans nou ka aji ann amoni ak prensip Jewova yo?

8 L ap bon pou n evite bagay Bondye rayi yo. Men, gen lòt aktivite oswa lòt domèn nan lavi a kote Ekriti yo pa bay okenn kòmandman byen klè sou yo. Nan ka sa yo, ki jan n ka rive wè ki sa k akseptab nan je Bondye e ki fè l plezi? Se nan domèn sa yo konsyans nou ki fòme grasa Bib la dwe aji.

9 Avèk lanmou, Jewova ban nou yon seri prensip e konsyans nou ki fòme grasa Bib la aji ann amoni ak prensip sa yo. Men sa Jewova di: “Mwen menm, Jewova, mwen se Bondye w, Sila a k ap anseye w pou byen w lan, Sila a k ap mennen w nan wout ou dwe mache a.” (Eza. 48:17, 18). Lè n sèvi ak lespri n ansanm ak kè n pou n rezone sou prensip ki nan Bib la, nou korije konsyans nou, nou ba l direksyon epi nou fòme l. Kòm rezilta, li ede n pran bon desizyon.

ANN KITE PRENSIP BONDYE YO GIDE N

10. Ki sa yon prensip ye, e ki jan Jezi te konn byen sèvi ak prensip yo?

10 Yon prensip se yon verite fondamantal oswa yon doktrin yo itilize kòm baz pou fè yon rezònman oswa yon aksyon. Pou n konprann yon prensip, sa mande pou n konprann panse Sila a ki bay lwa yo ak rezon ki fè l bay yon seri lwa. Pandan tout sèvis Jezi, li te anseye yon seri verite fondamantal ki te ede disip li yo konprann konsekans kèk konpòtman oswa kèk aksyon genyen. Pa egzanp, li te fè konnen rankin ka mennen nan vyolans epi gwo anvi ka mennen nan adiltè (Mat. 5:21, 22, 27, 28). Pou n ka gen yon konsyans ki byen fòme, nou dwe kite prensip Bondye yo gide n, e konsa n ap fè Bondye jwenn glwa. — 1 Kor. 10:31.

Yon kretyen ki gen matirite respekte konsyans lòt moun. (Gade paragraf 11, 12.)

11. Nan ki sans konsyans chak moun pa menm?

11 Nan kèk domèn, de kretyen ki gen konsyans yo fòme grasa Bib la gendwa pa wè bagay yo menm jan. Ann pran yon egzanp sou kesyon bwè bwason ki gen alkòl. Bib la pa entèdi moun bwè bwason ki gen alkòl yon fason ki modere. Men, li bay avètisman pou n pa bwè twòp alkòl, e pou n pa vin bwasonyè (Pwo. 20:1; 1 Tim. 3:8). Èske sa vle di yon kretyen pa gen okenn lòt bagay pou l konsidere depi l bwè bwason ki gen alkòl yon fason ki modere? Non, se pa sa ditou. Se vre kretyen an gendwa santi konsyans li anpè, men, li dwe konsidere konsyans lòt moun tou.

12. Ki jan pawòl nou jwenn nan Women 14:21 an ka ede n respekte konsyans lòt moun?

12 Men ki sa Pòl te ekri anrapò ak enpòtans pou yon kretyen respekte konsyans lòt moun: “Li pi bon pou w pa manje vyann oswa pou w pa bwè diven oubyen pou w pa fè anyen ki kapab fè frè w bite.” (Wom. 14:21). Èske w t ap dispoze pase sou kèk bagay ou gen dwa fè si w ta konnen sa ap anpeche yon frè ki pa gen menm konsyans avè w bite? Sandout ou t ap fè sa. Gen kèk nan frè nou yo ki te konn bwè anpil bwason ki gen alkòl anvan yo te vin nan laverite, men kounye a, yo pran detèminasyon pou yo pa bwè ditou. Se sèten, okenn nan nou pa t ap vle fè anyen k ap lakòz yon frè retounen nan bagay li te konn fè yo, e konsa, pou l ta vin gen gwo pwoblèm (1 Kor. 6:9, 10)! Kidonk, yon moun k ap resevwa yon frè pa t ap montre l gen lanmou si l ta fòse l bwè bwason ki gen alkòl alòske frè a di l li pap bwè.

13. Ki fason Timote te bay yon bèl egzanp antanke moun ki te travay nan enterè Wayòm nan?

13 Byenke Timote te petèt nan fen adolesans li oswa nan kòmansman ventèn li, antanke jèn, li te dakò yo sikonsi l, yon bagay ki fè mal, yon fason pou l pa t fè Juif ki t apral preche avè l yo bite. Li te gen menm atitid ak apot Pòl (Tra. 16:3; 1 Kor. 9:19-23). Menm jan ak Timote, èske w dispoze fè kèk sakrifis pou byennèt lòt moun?

“ANN FÈ EFÒ POU NOU VIN GEN MATIRITE”

14, 15. a) Ki sa sa mande pou yon moun vin gen matirite? b) Nan ki sans lè n demontre lanmou pou lòt moun sa montre n gen matirite antanke kretyen?

14 Se tout kretyen ki ta dwe gen anvi pou yo kite “doktrin de baz [yo] te aprann sou Kris yo dèyè” e pou yo “fè efò pou [yo] vin gen matirite”. (Ebre 6:1.) Sa pap fèt yon fason otomatik. Nou bezwen “fè efò”, oswa kontinye travay pou sa. Pou n vin gen matirite, sa mande pou n chèche gen plis konesans ak plis bon konprann. Se rezon sa a ki fè yo toujou ankouraje n li yon pòsyon nan Bib la chak jou (Sòm 1:1-3). Èske se objektif sa a ou genyen? Lè w li Bib la chak jou, sa ka fè w vin pi byen konprann lwa ak prensip Jewova yo e sa ap fè w vin gen plis konesans sou Pawòl Bondye a.

15 Lwa ki pi enpòtan pou kretyen yo se lwa lanmou an. Men sa Jezi te di disip li yo: “Tout moun ap konnen nou se disip mwen si nou gen lanmou nan mitan nou.” (Jan 13:35). Jak, yon demi frè Jezi, te rele lanmou “lwa Wa a”. (Jak 2:8). Pòl te di: “Yon moun ki gen lanmou obeyi Lalwa kòrèkteman.” (Wom. 13:10). Nou pa sezi dèske moun sa yo te met anpil aksan sou lanmou, paske Bib la di nou: “Bondye se lanmou.” (1 Jan 4:8). Lanmou Bondye genyen an pa parèt senpleman nan santiman. Men sa Jan te ekri: “Lanmou Bondye te parèt aklè nan ka pa nou, paske Bondye te voye sèl Pitit li fè a nan monn nan, pou nou ka jwenn lavi grasa li.” (1 Jan 4:9). Wi, lanmou Bondye genyen an pouse l aji. Lè n demontre lanmou pou Jewova ak Pitit Gason l lan, pou frè ak sè nou yo e pou lòt moun, nou bay prèv nou gen matirite antanke kretyen. — Mat. 22:37-39.

Lè n rezone sou prensip ki nan Bib la, konsyans nou vin yon pi bon gid. (Gade paragraf 16.)

16. Toutpandan n ap fè pwogrè nan domèn espirityèl pou n vin gen matirite, poukisa prensip yo vin pi enpòtan pou nou?

16 Toutpandan n ap fè pwogrè pou n vin gen matirite antanke kretyen, n ap wè prensip yo vin pi enpòtan pou nou. Rezon an se paske nou ka aplike lwa yo nan yon sitiyasyon byen presi, alòske nou ka aplike prensip yo nan yon pakèt sitiyasyon. Pa egzanp, piske yon timoun piti pa konprann danje ki genyen nan fè move zanmi, yon paran ki gen bon konprann ap fikse yon seri règ pou pwoteje timoun nan (1 Kor. 15:33). Men, toutpandan timoun nan ap vin gen matirite, l ap vin gen plis kapasite pou l reflechi, e konsa, li ka rezone sou baz prensip ki nan Bib la. Donk, l ap ka kontinye pran bon desizyon lè l ap chwazi moun pou l fè zanmi. (Li 1 Korentyen 13:11; 14:20.) Lè n rezone sou prensip Bondye yo, konsyans nou ap kontinye vin yon pi bon gid, yon gid ki pi byen adapte ak panse Bondye.

17. Poukisa n ka di nou gen sa n bezwen pou n pran bon desizyon?

17 Èske n gen tout sa n bezwen pou n pran bon desizyon k ap fè Jewova plezi? Wi. Lè n byen sèvi ak lwa ak prensip nou jwenn nan Pawòl Bondye a, n ap vin “kalifye nèt, [n ap] vin gen tout sa [n] bezwen pou [n] fè tout bon travay”. (2 Tim. 3:16, 17.) Kidonk, chèche jwenn prensip nan Ekriti yo pou w rive “konprann sa volonte Jewova ye”. (Efe. 5:17.) Byen sèvi ak zouti pou fè etid kongregasyon an ban nou, tankou Index des publications des Témoins de Jéhovah, Gid pou Temwen Jewova yo fè rechèch, Watchtower Library, BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower a ak aplikasyon JW Library a. Yo fè zouti sa yo pou ede n pi byen pwofite etid pèsonèl nou ak etid nou fè an fanmi.

YON KONSYANS KI FÒME GRASA BIB LA AP FÈ N JWENN BYENFÈ

18. Ki byenfè n jwenn lè n viv ann amoni ak lwa ak prensip Jewova yo?

18 Lè n viv ann amoni ak lwa ak prensip Jewova yo, nou jwenn anpil byenfè, jan nou li sa nan Sòm 119:97-100 ki di: “Se pa ti renmen mwen renmen lwa w yo! Mwen reflechi sou yo tout lajounen. Kòmandman w yo fè m vin pi saj pase ènmi m yo, paske, se yo ki toujou dirije m. Mwen gen plis bon konprann pase moun k ap anseye m yo, paske, mwen reflechi sou rapèl ou yo. Mwen aji ak plis bon konprann pase ansyen yo, paske, mwen obeyi lòd ou yo.” Nou ka kontinye aji avèk sajès ak bon konprann si n pran tan pou n “reflechi sou” lwa ak prensip Bondye yo. Si n fè bonjan efò, nou ka rive “nan nivo Kris ye a, pou nou vin konplè menm jan avè l”, toutpandan n ap kite lwa ak prensip Bondye yo fòme konsyans nou. — Efe. 4:13.

^ § 2 Yon bousòl se yon enstriman tou senp, an jeneral li gen yon kadran e anndan kadran an gen yon leman ki gen fòm yon egwi ki toujou bay nan direksyon nò. Lè yon bousòl byen regle, li ka ede yon moun pou l pa pèdi wout li.