Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 88

Ede m konn chemen w yo

Ede m konn chemen w yo

(Sòm 25:4)

  1. 1. Jewova Papa, nou kontan la’ ansanm,

    Ou fè nou yon bèl envitasyon.

    Pawòl ou se lanp ki byen klere wout nou,

    Grasa li ou ban’n bon fòmasyon.

    (REFREN)

    Montre’m wout ou, ede’m gen bon konprann.

    Lòd ou yo saj, se yo mwen vle aprann.

    Fè mwen mache nan chemen verite,

    Pou’m pran plezi nan lwa’w yo toutbonvre.

  2. 2. O Bondye, sajès ou genyen san limit,

    Tout desizyon’w pran fè nou kontan.

    Pawòl ou yo bèl, yo vrèman san parèy,

    Yo se verite, y’ap la toutan.

    (REFREN)

    Montre’m wout ou, ede’m gen bon konprann.

    Lòd ou yo saj, se yo mwen vle aprann.

    Fè mwen mache nan chemen verite,

    Pou’m pran plezi nan lwa’w yo toutbonvre.