Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 89

Koute, obeyi, w ap jwenn benediksyon

Koute, obeyi, w ap jwenn benediksyon

(Lik 11:28)

  1. 1. Ki sa n’ap fè apre nou fin tande Kris?

    Li anseye’n, li montre’n chemen an.

    Se vre, nou ka kontan aprann sa ki jis,

    Men, èske n’ap montre’n obeyisan?

    (REFREN)

    Koute, aprann, obeyi

    Tout sa Jewova Dye di.

    Pou’w jwenn benediksyon, pou’w zanmi li,

    Koute, aprann, obeyi.

  2. 2. Lè nou obeyisan se yon pwoteksyon,

    Se tankou yon kay solid, byen konstwi.

    Jezi ban nou konsèy avèk direksyon,

    Si’n obeyi, lavi’n ap reyisi.

    (REFREN)

    Koute, aprann, obeyi

    Tout sa Jewova Dye di.

    Pou’w jwenn benediksyon, pou’w zanmi li,

    Koute, aprann, obeyi.

  3. 3. Menm jan ak yon pyebwa ki plante bò dlo,

    Ki pwodui bon fwi lè sezon’l rive,

    Nou menm pitit, si nou suiv lwa Bondye yo,

    N’ap jwenn byenfè, n’ap ka viv nètale.

    (REFREN)

    Koute, aprann, obeyi

    Tout sa Jewova Dye di.

    Pou’w jwenn benediksyon, pou’w zanmi li,

    Koute, aprann, obeyi.