Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 51

“Jewova [...] sove moun ki dekouraje yo”

“Jewova [...] sove moun ki dekouraje yo”

“Jewova toupre moun kè yo ap fann, li sove moun ki dekouraje yo.” — SÒM 34:18, nòt.

KANTIK 30 Papa m, Bondye m, Zanmi m

SA NOU PRAL WÈ *

1-2. Ki sa nou pral wè nan atik sa a?

PAFWA, nou gendwa ap reflechi ak jan lavi a kout e jan jou n ap viv yo “chaje ak pwoblèm”. (Jòb 14:1.) Donk, nou konprann gende lè sa fè n santi nou dekouraje. Gen anpil sèvitè Jewova nan tan lontan ki te konn santi yo konsa. Genyen ki te menm vle mouri (1 Wa 19:2-4; Jòb 3:1-3, 11; 7:15, 16). Men, pandan plizyè fwa, Jewova, Dye yo te met konfyans yo nan li a, te konsole yo e l te ba yo fòs. Yo te met istwa moun sa yo nan Bib la pou konsole nou e pou n ka aprann nan yo. — Wom. 15:4.

2 Nan atik sa a, nou pral wè kèk sèvitè Jewova ki te pase anba eprèv ki te fè yo santi yo dekouraje. Nou pral pale de Jozèf, pitit Jakòb, Nawomi ak Rit, bèlfi l la, yo menm ki te vèv, Levit ki te ekri Sòm 73 la, ak apot Pyè. Ki jan Jewova te bay moun sa yo fòs? E ki sa nou chak ka aprann nan egzanp yo? Repons kesyon sa yo ap ban nou asirans “Jewova toupre moun kè yo ap fann” e “li sove moun ki dekouraje yo”. — Sòm 34:18, nòt.

JOZÈF TE ANDIRE MECHANSTE AK ENJISTIS YO TE FÈ L

3-4. Ki sa k te rive Jozèf lè l te jèn gason?

3 Jozèf te gen anviwon 17 an lè Bondye te fè l fè de rèv. Rèv sa yo te montre yon jou Jozèf t ap vin yon moun enpòtan fanmi l t ap respekte (Jen. 37:5-10). Men, yon ti tan apre Jozèf te fin fè rèv sa yo, lavi l te chanje nèt. Olye frè l yo te montre respè pou li, yo te vann li kòm esklav. Li te vin ap travay lakay Potifa, yon moun ki te nan gwo pozisyon nan peyi Ejip (Jen. 37:21-28). Nan yon ti tan sèlman, Jozèf ki te yon pitit gason papa l te renmen anpil te vin yon ti esklav nan peyi Ejip lakay yon mesye ki pa t konn Jewova. — Jen. 39:1.

4 Annapre, pwoblèm yo te vin pi rèd pou Jozèf. Madan Potifa te lage fo akizasyon sou Jozèf kòmkwa Jozèf te eseye vyole l. San Potifa pa t chèche konnen si se vre, li te fè met Jozèf nan prizon, e yo te mete l nan chenn (Jen. 39:14-20; Sòm 105:17, 18). Imajine jan Jozèf ki te yon jèn gason dwe te santi l lè yo te lage fo akizasyon sou do l kòmkwa li te eseye vyole yon fi. Epi reflechi ak jan akizasyon sa a te ka sal non Jewova. Vrèmanvre, Jozèf te gen rezon santi l dekouraje!

5. Ki sa Jozèf te fè pou l pa t dekouraje?

5 Pandan Jozèf te esklav e yo te vin mete l nan prizon, li pa t ka fè anyen pou l chanje sitiyasyon l. Ki sa k te ede l rete pozitif? Olye l te ret konsantre sou sa l pa t ka fè ankò, li te met tout kè l nan travay yo te ba l fè yo. Sa k te pi enpòtan an, Jozèf te toujou konsidere Jewova kòm Moun ki pi enpòtan nan lavi l. Se sa k fè Jewova te beni tout sa Jozèf fè. — Jen. 39:21-23.

6. Ki jan rèv Jozèf te fè yo dwe te ankouraje l?

6 Petèt, lè Jozèf t ap reflechi sou rèv Jewova te fè l fè yo sa gen kèk ane, sa dwe te ankouraje l tou. Rèv sa yo te montre li t ap gen pou l wè fanmi l ankò e sitiyasyon l t ap vin amelyore. E se sa k te rive vre. Lè Jozèf te gen anviwon 37 an, rèv Bondye te fè l fè yo te reyalize yon fason estrawòdinè! — Jen. 37:7, 9, 10; 42:6, 9.

7. Selon 1 Pyè 5:10, ki sa k ap ede nou andire eprèv?

7 Leson pou nou. Istwa Jozèf la fè n sonje jan monn sa a gen mechanste e moun ap gen pou fè nou enjistis. Menm yon kwayan parèy nou ka mal aji avèk nou. Men, si nou konsidere Jewova kòm Mas Wòch nou oswa Refij nou, nou pap dekouraje e nou pap sispann sèvi l. (Sòm 62:6, 7; li 1 Pyè 5:10.) Sonje tou, Jozèf te ka gen anviwon 17 an lè Jewova te fè l fè rèv sa yo. Sa montre Jewova fè sèvitè l ki jèn yo konfyans. Jodi a, gen anpil jèn ki menm jan ak Jozèf. Yo menm tou yo gen lafwa nan Jewova. Gen kèk ladan yo ki menm pran prizon san rezon, paske yo pa vle sispann obeyi Bondye. — Sòm 110:3.

DE MEDAM KI TE NAN GWO LAPENN

8. Ki sa k te rive Nawomi ak Rit?

8 Akoz yon gwo grangou ki te genyen, Nawomi ak fanmi l te kite kay yo nan peyi Jida pou y al viv kòm etranje nan peyi Mowab. Pandan yo te la, Elimelèk, mari Nawomi, te mouri kite l ak de pitit gason yo te genyen. Rive yon lè, mesye yo te marye ak fi nan peyi Mowab, youn te rele Rit e lòt la te rele Òpa. Anviwon dizan apre, pitit gason Nawomi yo te vin mouri e yo pa t gen pitit (Rit 1:1-5). Imajine jan twa medam sa yo dwe te nan gwo lapenn! Nòmalman, Rit ak Òpa te ka remarye. Donk, kiyès ki t ap pran swen Nawomi ki te vin granmoun? Nawomi te tèlman dekouraje, li te menm di: “Pa rele m Nawomi. Rele m Mara pito, paske Toupisan an fè lavi a vin anmè anpil pou mwen.” Apre Nawomi te fin pase anba tout eprèv sa yo, li te deside retounen Betleyèm, e Rit te ale avè l. — Rit 1:7, 18-20.

Bondye te bay Nawomi ak Rit prèv li kapab ede moun k ap adore l yo pou yo pa kite dekourajman ak tristès pote yo ale. Èske l ka fè sa pou ou tou? (Gade paragraf 8-13.) *

9. Selon Rit 1:16, 17, 22, ki jan Rit te ankouraje Nawomi?

9 Se lanmou fidèl ki te ede Nawomi lè l te pèdi espwa. Pa egzanp, Rit te montre lanmou fidèl pou Nawomi lè l te ret ansanm avè l. (Li Rit 1:16, 17, 22.) Nan Betleyèm, Rit te travay di, li te konn ranmase lòj ki te rete apre rekòt pou li menm ak Nawomi. Donk, sa pa t pran anpil tan pou lòt moun te wè jèn dam sa a se yon bon moun e li konn travay di. — Rit 3:11; 4:15.

10. Nan ki sans Jewova te montre li gen lanmou pou moun ki nan nesesite tankou Nawomi ak Rit?

10 Jewova te bay pèp Izrayèl la yon lwa ki te montre li gen konpasyon pou moun ki nan nesesite tankou Nawomi ak Rit. Li te di pèp li a, lè y ap fè rekòt, yo pa dwe rekòlte sa ki toupre lizyè jaden yo yon fason pou pòv yo te ka pran sa ki rete yo (Lev. 19:9, 10). Konsa, Nawomi ak Rit pa t nan mande charite pou yo jwenn manje. Yo te kapab jwenn manje san yo pa t pèdi diyite yo.

11-12. Ki jan Bowaz te fè Nawomi ak Rit gen kè kontan?

11 Mèt jaden kote Rit te konn ranmase lòj ki te rete yo se yon mesye ki te rich ki te rele Bowaz. Sa te tèlman touche Bowaz lè l wè jan Rit fidèl ak Nawomi, bèlmè l, e jan l renmen l, li te achte eritaj ki te pou fanmi an e li te marye ak Rit (Rit 4:9-13). Yo te fè yon pitit ki te rele Obèd ki te vin granpapa wa David. — Rit 4:17.

12 Imajine jan Nawomi te kontan lè l te kenbe ti Obèd nan bra l e li t ap di Jewova mèsi ak tout kè l! Men, Nawomi ak Rit pral gen plis kè kontan toujou. Lè yo resisite, y ap aprann Obèd te yon zansèt Jezi Kris, Mesi Bondye te pwomèt la!

13. Ki leson enpòtan nou ka aprann nan istwa Nawomi ak Rit?

13 Leson pou nou. Lè n ap pase anba eprèv, nou ka santi nou dekouraje, nou ka menm santi nou pa gen fòs ankò. Petèt, nou pa wè ki jan n ap sot nan pwoblèm nou genyen yo. Lè sa rive, nou dwe met tout konfyans nou nan Papa nou ki nan syèl la epi nou dwe ret pwòch kwayan parèy nou yo. Se vre, Jewova gendwa pa retire pwoblèm nan. Pa egzanp, li pa t resisite mari Nawomi an ak pitit gason l yo. Men, l ap ede nou, petèt li ka sèvi ak frè n ak sè n yo pou yo demontre lanmou fidèl pou nou nan jès yo fè avè n. — Pwo. 17:17.

YON LEVIT KI TE PRÈSKE BITE

Moun ki te ekri Sòm 73 la te prèske bite lè l te wè moun ki pa t ap sèvi Jewova te sanble ap mennen yon bèl vi. Sa kapab rive nou tou. (Gade paragraf 14-16.)

14. Poukisa yon Levit te vin dekouraje anpil?

14 Moun ki te ekri Sòm 73 la se te yon Levit. Antanke Levit, li te gen gwo privilèj pou l sèvi kote moun te konn vin adore Jewova. Aktout sa, rive yon moman nan lavi l, li te menm dekouraje. Poukisa? Li te kòmanse anvye mechan yo ak moun ki awogan yo. Li pa t anvye yo pou mechanste yo t ap fè, men se pou bèl vi yo t ap mennen an (Sòm 73:2-9, 11-14). Yo te sanble gen tout sa yo bezwen: richès, yon bèl vi e yo pa t gen tètchaje. Swadizan bèl vi moun sa yo t ap mennen an te tèlman fè moun ki te ekri Sòm sa a dekouraje, li te di: “Vrèmanvre, se pou granmesi mwen te fè efò pou kè m ret pwòp e pou m pa t tranpe men m nan sa ki mal.” Sa klè, relasyon l ak Jewova te sanlè kraze.

15. Selon Sòm 73:16-19, 22-25, ki jan Levit ki te ekri sòm sa a te vin pa dekouraje ankò?

15 Li Sòm 73:16-19, 22-25. Levit la te “antre nan tanp Bondye a”. Pandan l te la, petèt ansanm ak lòt moun ki t ap adore Jewova, li te kapab pran san l pou l byen reflechi sou sitiyasyon l e pou l priye sou sa. Kòm rezilta, li te vin wè fason l te panse a pa t bon menm e li te vin rann li kont li te kòmanse ale nan yon wout ki chaje danje ki te ka menm fè l kite Jewova. Li te vin konprann tou mechan yo “sou yon tè glise” “e y ap fini mal”. Levit la te bezwen wè bagay yo menm jan ak Jewova pou l te ka sispann anvye sò mechan yo e pou l pa t dekouraje ankò. Kòm li te fè sa, li te vin anpè ankò e li te gen kè kontan. Men sa l te di: “Depi m [gen Jewova], mwen pa bezwen anyen ankò sou tè a.”

16. Ki leson nou ka aprann nan egzanp yon Levit?

16 Leson pou nou. Nou pa dwe janm anvye mechan yo ki sanble ap mennen yon bèl vi. Yo parèt gen kè kontan, men se pou yon ti tan. Yo pap viv pou toutan (Ekl. 8:12, 13). Si nou ta vin anvye yo, nou t ap dekouraje e nou ta ka menm pèdi bon relasyon nou gen ak Jewova a. Donk, si w ta wè w kòmanse anvye swadizan bèl vi mechan yo ap mennen an, fè sa Levit la te fè a. Suiv bon konsèy Bondye bay, epi fè zanmi ak moun k ap fè volonte Jewova. Lè w renmen Jewova plis pase tout lòt bagay, w ap gen kè kontan toutbon. Mete sou sa, w ap rete nan chemen k ap fè w jwenn “lavi toutbon an”. — 1 Tim. 6:19.

ENPÈFEKSYON PYÈ TE GENYEN TE FÈ L DEKOURAJE

Nou kapab jwenn èd oswa nou kapab ede lòt moun lè nou reflechi sou fason Pyè te dekouraje e apre sa li te kontinye sèvi Bondye. (Gade paragraf 17-19.)

17. Pou ki rezon Pyè te ka vin dekouraje?

17 Apot Pyè se te yon moun ki te gen anpil enèji. Men, li te konn aji san reflechi tou, e pafwa, li te konn kouri di sa l panse. Se sa k fè, pafwa li te konn di oswa fè yon seri bagay li te regrèt annapre. Pa egzanp, lè Jezi te fè apot yo konnen li gen pou l soufri e li gen pou l mouri, Pyè te pale avè l yon fason ki fèm, li te di l: “Sa pa gendwa janm rive w.” ​(Mat. 16:21-23). Lè sa a, Jezi te reprann Pyè. Lè yon foul moun ki te an kòlè te vin arete Jezi, Pyè te reyaji avèk vyolans, li te koupe zòrèy yon esklav gran prèt la (Jan 18:10, 11). Yon lòt fwa ankò, Jezi te reprann apot la. Mete sou sa, Pyè te vante tèt li lè l te fè konnen, menmsi lòt apot yo ta kite Jezi, li menm li pa t ap janm fè sa (Mat. 26:33)! Men, lefètke Pyè te twò kwè nan tèt li, li te vin gen lakrentif pou moun e sa te fè l nye Mèt li a twa fwa. Pyè te tèlman dekouraje, li te “sot deyò a, li kriye anpil”. (Mat. 26:69-75.) Li dwe te mande tèt li si Jezi t ap janm padone l.

18. Ki jan Jezi te ede Pyè pou l pa t dekouraje?

18 Aktout sa, Pyè pa t kite dekourajman pote l ale. Apre l te fin fè erè sa a, li te kontinye sèvi Jewova ansanm ak lòt apot yo (Jan 21:1-3; Tra. 1:15, 16). Ki sa k te ede l? Li te sonje Jezi te priye pou li pou lafwa l pa febli, e Jezi te ankouraje l pou l retounen e pou l bay frè l yo fòs. Jewova te reponn priyè Jezi te fè ak tout kè l la. Annapre, Jezi te parèt devan Pyè apa, sandout pou l te ankouraje l (Lik 22:32; 24:33, 34; 1 Kor. 15:5). Apre apot yo te fin pase tout yon nuit ap fè lapèch san yo pa t pran anyen, Jezi te parèt devan yo. Nan moman sa a, Jezi te bay Pyè okazyon pou Pyè fè l konnen jan l renmen l. Jezi te padone zanmi l lan li renmen anpil e li te konfye l plis travay pou l fè. — Jan 21:15-17.

19. Ki jan Sòm 103:13, 14 ede nou wè peche nou yo jan Jewova wè yo?

19 Leson pou nou. Fason Jezi te aji ak Pyè montre Jezi gen mizèrikòd menm jan ak Papa l. Kidonk, lè nou fè erè, nou pa ta dwe panse Jewova pap janm padone nou. Nou bezwen sonje se Satan ki vle nou panse konsa. Okontrè, nou bezwen byen reflechi sou jan Jewova renmen nou, jan li konprann limit nou ak jan li vle padone nou. Epitou, nou dwe imite Papa nou ki nan syèl la lè lòt moun mal aji ak nou. — Li Sòm 103:13, 14.

20. Ki sa nou pral wè nan atik ki vin apre a?

20 Egzanp Jozèf, Nawomi ak Rit, Levit la, ak Pyè ban nou asirans “Jewova toupre moun kè yo ap fann”. (Sòm 34:18.) Pafwa, li kite nou jwenn eprèv e li konn kite nou santi n dekouraje. Men, lè nou rive andire eprèv yo grasa èd Jewova, lafwa nou vin pi solid (1 Pyè 1:6, 7). Nan atik ki vin apre a, nou pral wè jis nan ki pwen Jewova ede sèvitè fidèl li yo ki dekouraje, petèt akoz enpèfeksyon oswa lòt pwoblèm yo genyen.

KANTIK 7 Jewova se fòs nou

^ § 5 Jozèf, Nawomi ak Rit, yon Levit, ak apot Pyè te jwenn eprèv ki te fè yo santi yo dekouraje. Nan atik sa a, nou pral wè fason Jewova te konsole yo e l te ba yo fòs. Nou pral wè tou sa n ka aprann nan egzanp yo ak fason Bondye te montre konpasyon pou yo.

^ § 56 ESPLIKASYON SOU FOTO: Nawomi, Rit ak Òpa te tris anpil lefètke mari yo te mouri, e sa te fè yo dekouraje. Annapre, Rit ak Nawomi ansanm ak Bowaz te kontan anpil lè Obèd te fèt.