Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 49

Rezirèksyon an se yon esperans ki solid!

Rezirèksyon an se yon esperans ki solid!

“Men espwa mwen gen nan Bondye [...]: Pral gen yon rezirèksyon.” — TRA. 24:15.

KANTIK 151 L ap rele yo

SA NOU PRAL WÈ *

1-2. Ki bèl esperans vrè adoratè yo genyen?

LI ENPÒTAN anpil pou nou gen espwa. Gen moun ki swete pou maryaj yo reyisi, pou pitit yo viv an sante toutpandan y ap leve yo, oswa pou yo geri anba yon maladi grav yo genyen. Antanke kretyen, nou gendwa espere jwenn bagay sa yo tou. Men, esperans ki pi enpòtan pou nou an gen plis valè lontan pase bagay sa yo, nou espere viv pou toutan e nou ta renmen pou moun pa nou yo ki mouri retounen viv ankò.

2 Apot Pòl te di: “Men espwa mwen gen nan Bondye [...]: Pral gen yon rezirèksyon ni pou moun ki jis, ni pou moun ki enjis.” ​(Tra. 24:15). Pòl pa t premye moun ki te pale sou esperans rezirèksyon an. Jòb ki te yon chèf fanmi te fè sa tou. Li te gen konviksyon Bondye t ap sonje l e li t ap leve l pou l reviv ankò. — Jòb 14:7-10, 12-15.

3. Poukisa 1 Korentyen chapit 15 kapab ede nou?

3 “Rezirèksyon mò” yo se “baz” oswa “doktrin de baz” kwayans tout kretyen (Ebre 6:1, 2). Pòl pale de rezirèksyon an nan 1 Korentyen chapit 15. Sa l te ekri yo dwe te ankouraje kretyen premye syèk yo. E chapit sa a nan liv 1 Korentyen an kapab ban nou fòs epi ranfòse yon esperans petèt nou genyen depi byen lontan.

4. Ki bonjan rezon nou genyen pou nou kwè moun pa nou yo ki mouri ap retounen viv ankò?

4 Rezirèksyon Jezi Kris ban nou bonjan rezon pou nou kwè moun pa nou yo ki mouri ap retounen viv ankò. Rezirèksyon sa a fè pati “bon nouvèl” Pòl te anonse kretyen Korent yo (1 Kor. 15:1, 2). Anfèt, li te di si yon kretyen gen dout sou rezirèksyon an, lafwa l pa t ap itil anyen (1 Kor. 15:17). Rezirèksyon Jezi bay kretyen yo bonjan rezon pou yo kwè moun ki mouri yo ap retounen viv ankò.

5-6. Ki sa pawòl nou jwenn nan 1 Korentyen 15:3, 4 yo vle di pou nou?

5 Lè Pòl te fèk kòmanse pale de rezirèksyon an, li te pale sou twa bagay ki te fèt toutbon: 1) “Kris te mouri pou peche nou.” 2) “Yo te antere l.” 3) “Bondye te leve l sou twazyèm jou a ann amoni ak Ekriti yo.” — Li 1 Korentyen 15:3, 4.

6 Ki sa lanmò Jezi, antèman l ak rezirèksyon l vle di pou nou? Pwofèt Ezayi te anonse “yo [t ap] retire [Mesi a] pami moun ki vivan yo” e “yo [t ap] ba l yon kavo bò kot mechan yo”. Sepandan, gen yon lòt bagay ki te dwe fèt. Pwofèt Ezayi te di Mesi a t ap pote “peche anpil moun”. Jezi te fè sa lè l te bay lavi l kòm ranson (Eza. 53:8, 9, 12; Mat. 20:28; Wom. 5:8). Se sa k fè lanmò Jezi, antèman l ak rezirèksyon l se yon baz solid pou esperans nou genyen pou nou libere anba peche ak lanmò e pou nou viv ansanm ak moun pa nou yo ki te mouri.

ANPIL MOUN TE FÈ KONNEN YO TE WÈ L

7-8. Ki sa k ede kretyen yo gen konviksyon Jezi te resisite?

7 Nou pa ka di nou kwè nan rezirèksyon an si nou pa kwè Jezi te resisite. Se sa k fè nou bezwen gen konviksyon Jezi te resisite. Sa k fè nou kapab sèten Jewova te resisite Jezi?

8 Gen anpil moun ki te wè Jezi apre l fin resisite e ki te fè konn sa (1 Kor. 15:5-7). Premye moun Pòl te site nan lis moun li te di ki te wè Jezi apre l fin resisite, se te apot Pyè (Sefas). Gen yon gwoup disip tou ki te di Pyè te wè Jezi apre l fin resisite (Lik 24:33, 34). Anplis de sa, apot yo te wè Jezi apre l fin resisite. Annapre, Kris “te parèt devan plis pase 500 frè anmenmtan”, petèt nan evènman ki te bay kè kontan ki te fèt Galile yo rapòte nan Matye 28:16-20. Epitou, Jezi “te parèt devan Jak”, sandout ki te frè l bò kot manman. Anvan sa, Jak pa t montre li gen lafwa nan Jezi antanke Mesi (Jan 7:5). Apre Jak fin wè Jezi lè Jezi resisite, li te vin kwè nan li. Sa enteresan pou n note, lè Pòl te ekri lèt sa a ozanviwon ane 55 epòk nou an, anpil nan moun ki te wè Jezi apre l fin resisite te toujou vivan. Donk, kèlkeswa moun ki te gen dout sou rezirèksyon Jezi te ka al pale ak temwen sa yo yo te ka fè konfyans.

9. Jan sa parèt nan Travay 9:3-5, ki jan Pòl te bay plis prèv Jezi te resisite?

9 Annapre, Jezi te parèt devan Pòl (1 Kor. 15:8). Pòl (Sòl) te sou wout pou l al Damas lè li te tande vwa Jezi ki te resisite e li te wè l nan yon vizyon pandan li nan glwa l nan syèl la. (Li Travay 9:3-5.) Eksperyans Pòl te fè a te bay plis prèv Jezi te resisite toutbonvre. — Tra. 26:12-15.

10. Lefètke Pòl te gen konviksyon Jezi resisite, ki sa sa te pouse l fè?

10 Sa Pòl te di yo t ap vrèman enterese kèk moun, piske anvan sa li te konn pèsekite kretyen yo. Yonfwa Pòl te gen konviksyon Jezi te resisite, li te fè anpil efò pou l konvenk lòt moun. Pòl te pran kout baton plizyè fwa, yo te mete l nan prizon e batiman te fè nofraj avè l pandan l t ap fè konnen Jezi te mouri, men li retounen viv ankò (1 Kor. 15:9-11; 2 Kor. 11:23-27). Pòl te tèlman gen asirans Jezi te leve sot nan lanmò, li te dispoze mouri poutèt l ap defann kwayans sa a. Èske temwayaj premye kretyen yo te bay la pa konvenk ou Jezi te leve sot nan lanmò? Èske sa pa fè w gen plis lafwa nan rezirèksyon an?

PÒL TE KORIJE FO KWAYANS YO

11. Poukisa petèt kèk moun nan vil Korent te mal konprann kesyon rezirèksyon an?

11 Gen kèk moun nan vil Korent, nan peyi Lagrès, ki te mal konprann kesyon rezirèksyon an. Yo te menm rive di “moun mouri pap resisite”. Sa k fè sa (1 Kor. 15:12)? Gen filozòf nan vil Atèn, yon lòt vil nan peyi Lagrès ki te pase ide ki fè kwè Jezi resisite a nan jwèt. Petèt, se pou rezon sa a kèk moun nan vil Korent te konn panse menm jan an (Tra. 17:18, 31, 32). Gen lòt ki te ka panse rezirèksyon an se yon bagay senbolik, sa vle di yon moun te “mouri” nan peche, men li retounen “viv” antanke kretyen. Kèlkeswa rezon yo te genyen an, lefètke yo pa t aksepte rezirèksyon an, sa montre se pou granmesi yo te gen lafwa. Si Bondye pa t resisite Jezi, pa t gen okenn ranson ki te peye e peche pèsonn pa t jwenn padon. Donk, moun ki pa t dakò gen rezirèksyon pa t gen bonjan esperans. — 1 Kor. 15:13-19; Ebre 9:12, 14.

12. Selon 1 Pyè 3:18, 22, ki diferans ki genyen ant rezirèksyon Jezi ak rezirèksyon ki te fèt anvan yo?

12 Pòl te byen konnen “Kris [te] leve sot nan lanmò”. Rezirèksyon Jezi te gen plis valè lontan pase rezirèksyon ki te fèt anvan yo, paske, rive yon lè, moun ki te resisite yo te mouri ankò. Pòl te di Jezi se “premye pami moun k ap dòmi nan lanmò yo”. Nan ki sans Jezi se te premye a? Li se premye moun ki te resisite antanke espri e li se premye moun ki te resisite pou l monte nan syèl. — 1 Kor. 15:20; Tra. 26:23; li 1 Pyè 3:18, 22.

MOUN KI “PRAL RETOUNEN JWENN LAVI”

13. Ki diferans Pòl te montre ki gen ant Adan ak Jezi?

13 Ki jan lanmò yon sèl moun kapab fè plizyè milyon moun jwenn lavi? Pòl te bay yon repons ki lojik. Li te montre diferans ki genyen ant sa Adan te lakòz lèzòm sibi ak sa ki te vin posib grasa Kris. Men sa Pòl te ekri konsènan Adan: “Se yon moun ki fè gen lanmò.” Lè Adan te peche, li te lage kalamite nonsèlman sou tèt pa l, men tou, sou desandan l yo. Nou kontinye ap sibi konsekans terib dezobeyisans Adan an lakòz. Men, lefètke Bondye resisite Pitit li a, nou kapab gen yon bèl avni! Labib fè konnen “se yon moun tou ki fè gen rezirèksyon”, anpalan de Jezi. “Paske”, jan Pòl te di sa, “menm jan nan Adan tout moun mouri, se konsa tou nan Kris yo tout pral retounen jwenn lavi”. — 1 Kor. 15:21, 22.

14. Èske Adan ap resisite? Esplike.

14 Lè Pòl te di “nan Adan tout moun mouri”, ki sa l te vle di menm? Pòl t ap panse ak desandan Adan yo ki eritye peche ak enpèfeksyon nan Adan, sa ki lakòz yo mouri (Wom. 5:12). Adan pa fè pati moun ki “pral retounen jwenn lavi” yo. Li pa benefisye ranson Kris la. Etandone li te pafè, se espre l te fè lè l te dezobeyi Bondye. Adan sibi menm sò k ap tann moun “Pitit lòm nan” pral fè konnen se “kabrit” yo ye: moun sa “yo pral mouri pou toutan”. — Mat. 25:31-33, 46; Ebre 5:9.

Jezi se premye moun ki te leve sot nan lanmò pou al nan syèl pami tout moun ki gen pou al nan syèl yo. (Gade paragraf 15-16.) *

15. Kiyès k ap pami “tout” moun ki pral retounen jwenn lavi” yo?

15 Remake Pòl te di “nan Kris yo tout pral retounen jwenn lavi”. (1 Kor. 15:22.) Lèt Pòl te ekri a se te pou kretyen ki t ap viv nan vil Korent Bondye te chwazi pa mwayen lespri sen ki t ap gen pou yo resisite pou yo viv nan syèl. Kretyen sa yo te “vin sen ann inyon avèk Kris Jezi, [yo] menm Bondye [te] rele pou [yo] vin sen”. Pòl te pale de moun ki “ann inyon ak Kris e k ap dòmi nan lanmò”. (1 Kor. 1:2; 15:18; 2 Kor. 5:17.) Nan yon lòt lèt Bondye te fè Pòl ekri pa mwayen lespri sen, Pòl te di moun ki “ini [ak Jezi] nan yon lanmò ki sanble avèk pa l la” ap “ini avè l tou lè [yo] resisite menm jan avè l”. (Wom. 6:3-5.) Jezi te resisite antanke espri e li t al nan syèl. Se sa k ap fèt pou tout moun ki “ann inyon ak Kris”, anpalan de tout kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl.

16. Ki sa Pòl te vle di lè l te di Jezi se “premye” a?

16 Pòl te fè konnen Kris te resisite an “premye pami moun k ap dòmi nan lanmò yo”. Sonje gen lòt moun, pa egzanp Laza, ki te resisite sou tè a, men Jezi se premye moun ki te leve sot nan lanmò antanke yon espri e ki resevwa lavi ki pap janm fini an. Yo te ka konpare Jezi ak premye fwi Izrayelit yo te konn bay Bondye kòm ofrann nan rekòt yo te fè. Mete sou sa, lè Pòl te di Jezi se “premye” a, li te vle di gen lòt moun apre sa ki t ap leve nan lanmò pou yo viv nan syèl tou. Donk, apot yo ak lòt moun ki “ann inyon ak Kris” t ap gen pou y al nan syèl tou. Lè moman an rive, yo t ap gen pou yo resisite pou yo viv nan syèl menm jan ak Jezi.

17. Ki lè moun ki “ann inyon ak Kris” yo t ap gen pou yo resevwa rekonpans yo nan syèl la?

17 Rezirèksyon nan syèl la pou moun ki “ann inyon ak Kris” potko kòmanse lè Pòl te ekri kretyen nan vil Korent yo. Okontrè, Pòl t ap pale de yon tan ki gen pou vini. Men sa l te di: “Chak moun nan pozisyon pa l: Kris an premye, apre sa, moun ki pou Kris yo, pandan prezans li.” ​(1 Kor. 15:23; 1 Tes. 4:15, 16). Jodi a, n ap viv nan epòk “prezans” Kris, jan yo te anonse sa. Vrèmanvre, apot yo ak lòt kretyen Bondye chwazi pa mwayen lespri sen ki te mouri yo te dwe tann prezans sa a pou yo resevwa rekonpans yo nan syèl la e pou yo “ini [ak Jezi] lè [yo] resisite menm jan avè l”.

OU GEN YON ESPERANS KI SOLID!

18. a) Ki sa k fè nou kapab di pral gen yon lòt rezirèksyon apre rezirèksyon pou lavi nan syèl la? b) Selon 1 Korentyen 15:24-26, ki sa k gen pou fèt nan syèl la?

18 Bon, ki sa k pral rive tout kretyen fidèl ki pa gen esperans pou y al viv nan syèl ansanm ak Kris? Yo menm tou yo gen esperans rezirèksyon an. Bib la di Pòl ak lòt moun ankò ki ale nan syèl benefisye “rezirèksyon k ap fèt pi bonè a”. (Flp. 3:11.) Èske sa pa fè n konprann ap gen yon lòt rezirèksyon apre sa? Sa t ap ann amoni ak sa Jòb te di ki t ap gen pou rive l alavni (Jòb 14:15). “Moun ki pou Kris yo, pandan prezans li”, ap nan syèl la ak Jezi lè l ap elimine tout gouvènman ak tout otorite ansanm ak tout pisans. Li gen pou l elimine menm “dènye ènmi” an, anpalan de “lanmò”. Pa gen dout, lanmò nou eritye a pap gen pouvwa ankò sou moun ki resisite pou yo viv nan syèl la. Men, e lòt moun yo menm? — Li 1 Korentyen 15:24-26.

19. Ki sa moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a ka atann y ap jwenn?

19 Ki sa moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a ka atann y ap jwenn? Yo ka met espwa nan pawòl Pòl te di yo. Men sa l te di: “Men espwa mwen [genyen]: Pral gen yon rezirèksyon ni pou moun ki jis, ni pou moun ki enjis.” ​(Tra. 24:15). Yon bagay ki klè, pa gen okenn moun ki enjis k ap ka al nan syèl. Donk, pawòl sa yo montre ap gen yon rezirèksyon sou tè a alavni.

Lè nou kwè nan rezirèksyon an, nou vin gen espwa avni nou pral bèl. (Gade paragraf 20.) *

20. Ki jan esperans ou gen nan rezirèksyon an vin pi solid?

20 Se sèten, “pral gen yon rezirèksyon”! Moun ki pral resisite pou yo viv sou tè a pral gen posiblite pou yo viv sou li pou toutan. Ou ka fè pwomès sa a konfyans. Esperans sa a ka konsole w lè w gen yon moun pa w ki mouri. Yo ka leve sot nan lanmò lè Kris ak lòt moun “pral dirije antanke wa [...] pandan 1 000 an”. (Rev. 20:6.) Ou menm tou ou kapab gen asirans, si w ta mouri anvan Rèy mil an an, w ap resisite. “Esperans sa a pa mennen nan desepsyon.” ​(Wom. 5:5). Li ka ba w fòs depi kounye a, e l ap fè w gen plis kè kontan pandan w ap sèvi Bondye. Men, gen plis bagay toujou nou ka aprann nan 1 Korentyen chapit 15, jan atik ki vin apre a pral montre sa.

KANTIK 147 Bondye pwomèt lavi pou toutan

^ § 5 Chapit 15 liv 1 Korentyen an pale sou rezirèksyon an. Sa k fè ansèyman sa a enpòtan pou nou, e poukisa nou gen konviksyon Jezi te resisite? Atik sa a pral reponn kesyon sa yo ak lòt kesyon enpòtan ankò konsènan rezirèksyon an.

^ § 56 ESPLIKASYON SOU FOTO: Jezi se premye moun ki t al nan syèl (Tra. 1:9). Men kèk nan disip li yo ki t ap gen pou al jwenn li nan syèl la: Toma, Jak, Lidi, Jan, Mari ak Pòl.

^ § 58 ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon frè ki pèdi madanm li li te renmen anpil apre yo fin fè plizyè ane ap sèvi Jewova ansanm. Li gen konfyans madanm li ap resisite, e li kontinye sèvi Jewova fidèlman.