Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 01

Ki jan Bib la ka ede w?

Ki jan Bib la ka ede w?

Nou tout konn poze tèt nou kesyon sou lavi a. Poukisa nou soufri? Poukisa nou mouri? Ki sa k pral rive nou demen? Nou poze tèt nou kesyon tou sou fason pou nou pran swen tèt nou ak fason pou n gen kè kontan nan fanmi nou. Gen anpil moun ki jwenn repons kesyon sa yo nan Bib la. Epitou, yo jwenn bonjan konsèy ki pou ede yo nan lavi yo. Èske w konn yon moun Bib la ka ede?

1. Bay kèk kesyon nou jwenn repons yo nan Bib la.

Bib la reponn yon seri kesyon enpòtan tankou: Ki jan nou fè egziste? Poukisa nou sou tè a? Sa k fè moun ki inosan ap soufri? Ki sa k pase lè yon moun mouri? Si tout moun vle gen lapè, sa k fè gen tout gè sa yo menm? Ki sa k pral rive tè a talè konsa? Bib la ankouraje nou chèche jwenn repons kesyon sa yo. E gen plizyè milyon moun ki twouve repons Bib la bay yo satisfè yo.

2. Ki jan Bib la ka ede nou viv lavi nou?

Bib la ban nou bon konsèy. Pa egzanp, li montre fanmi yo ki jan yo ka gen kè kontan toutbon. Li bay konsèy sou fason pou nou jere strès e sou fason pou nou pran plezi nan travay nou. Tank n ap etidye Bib la, nou pral aprann plis bagay sou sijè sa yo ak lòt sijè ankò. W ap vin rann ou kont “tout sa ki nan Ekriti yo [sa vle di tout sa ki nan Bib la] [...] itil”. — 2 Timote 3:16.

Liv sa a pa ranplase Bib la. Okontrè, li ankouraje w pou w fouye nan Bib la. Se sa k fè nou ankouraje w pou w li vèsè ki parèt nan leson sa yo e pou w gade pou w wè si yo mache ak sa w ap aprann yo.

FOUYE PLIS

Ou pral aprann fason Bib la ede moun, fason w ka pran plezi pou w li l, e poukisa li bon pou yon moun chèche èd pou l rive konprann li.

3. Bib la ka gide nou

Bib la tankou yon flach. Nou ka sèvi avè l pou nou pran bon desizyon e pou nou konnen sa k pral rive alavni.

Li Sòm 119:105, epi reponn kesyon sa yo:

  • Ki sa moun ki te ekri sòm sa a panse de Bib la?

  • Ki sa w panse de Bib la?

4. Nou ka jwenn repons kesyon nou yo nan Bib la

Gen yon dam ki t ap poze tèt li yon seri gwo kesyon depi lontan e li te jwenn repons yo nan Bib la. Gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin annapre yo.

  • Ki kesyon dam nan te konn poze tèt li?

  • Ki jan Labib te ede l?

Bib la ankouraje nou pou nou poze kesyon. Li Matye 7:7, epi reponn kesyon ki vin apre a:

  • Ki kesyon ou genyen ou ta renmen jwenn repons yo nan Bib la?

5. Ou ka pran plezi nan li Labib

Anpil moun pran plezi li Labib e sa itil yo. Gade VIDEYO a, epi reponn kesyon ki vin apre yo.

  • Èske jèn ki nan videyo sa a renmen li?

  • Men, ki sa k fè yo renmen li Bib la?

Bib la fè konnen li ka ban nou enstriksyon k ap ankouraje nou e k ap ban nou espwa. Li Women 15:4, epi reponn kesyon sa a:

  • Èske w pa ta renmen jwenn rekonfò ak espwa Bib la pwomèt yo?

6. Lòt moun ka ede w konprann Bib la

Gen moun ki renmen li Bib la poukont yo, men yo twouve sa ede yo lè yo pale de li ak lòt moun. Li Travay 8:26-31, e reponn kesyon sa a:

Etyopyen an te bezwen èd pou l konprann Bib la. Gen anpil moun jodi a ki jwenn bon rezilta lè yo pale sou Bib la ak lòt moun.

GEN MOUN KI DI: “Sa pa itil anyen pou yo etidye Bib la.”

  • Ki sa w panse? Sa k fè w reponn konsa?

SA W TE APRANN

Bib la bay konsèy sou fason pou w viv chak jou, li bay repons pou kesyon ki enpòtan e li bay konsolasyon ak espwa.

Revizyon

  • Ki kalite konsèy nou ka jwenn nan Bib la?

  • Bay kèk kesyon nou ka jwenn repons yo nan Bib la.

  • Ki sa w ta renmen aprann nan Bib la?

Objektif

APRANN PLIS

W ap wè jan konsèy Bib la bay yo ka itil nou jodi a.

“Ansèyman ki nan Bib la ap toujou itil” (Toudegad no 1 2018)

Gade ki jan Bib la te ede yon mesye ki t ap lite ak santiman negatif depi lè l piti.

Fason nouvo lavi ki ban m kè kontan an te kòmanse (2:53)

Gade bonjan konsèy Bib la bay pou fanmi yo.

“12 Sekrè pou fanmi yo reyisi” (Reveye n! no 2 2018)

Gade pou w wè ki jan Bib la fè konnen kiyès toutbonvre k ap dirije monn nan.

Poukisa nou dwe etidye Labib? — Videyo konplè (3:14)