Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan


Men sa w ka fè pou leson yo itil ou

Men sa w ka fè pou leson yo itil ou

Mande yon moun ede w: Mande moun ki te ba w liv sa a pou l fè yon etid avè w oswa fè yon demann sou jw.org, sit Entènèt nou an.

PREMYE PATI

Li chak paragraf. Li kesyon ki an koulè yo (A) ak vèsè (B) ki mete aksan sou pwen prensipal yo. W ap remake gen kèk vèsè yo mande pou nou “li”.

DEZYÈM PATI

Premye fraz (C) ki parèt nan seksyon Fouye plis la, fè konnen sou ki sa yo pral pale. Soutit yo (D) tankou yon plan pou konvèsasyon n ap fè a. Li vèsè yo epi gade videyo yo (E).

Gade foto yo ak nòt ki pou foto yo (F), epi reflechi sou repons ou ta bay nan pati ki gen tit Gen moun ki di a (G).

TWAZYÈM PATI

Nan fen leson an, w ap jwenn Sa w te aprann ak Revizyon (H). Mete dat ou fini leson an. Objektif (I) ba w yon bagay ou ka fè pou w kontinye aprann oubyen pou w aplike sa w aprann nan. Aprann plis (J) bay lòt enfòmasyon ou ka li oubyen videyo w ka gade.

Fason pou w jwenn vèsè yo nan Bib la

Lè yo fè referans ak liv nan Bib la (A), premye chif la ki vin apre non liv la se chapit la (B), e dezyèm chif la se vèsè a oswa vèsè yo (C). Pa egzanp, Jan 17:3 vle di liv Jan, chapit 17 vèsè 3.