Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

REVEYE N! No 2 2018 | 12 sekrè pou fanmi yo reyisi

12 sekrè pou fanmi yo reyisi

Nou tande anpil bagay konsènan sa k lakòz kèk fanmi kraze. Men, ki sa k fè kèk lòt fanmi reyisi?

  • Ant 1990 ak 2015, kantite moun ki gen plis pase 50 an ki divòse nan peyi Etazini vin de fwa pi plis, e kantite moun ki gen plis pase 65 an ki divòse vin twa fwa pi plis.

  • Paran yo pa konn sa pou yo fè: Gen kèk espesyalis ki di pou paran yo toujou ap fè lwanj pou pitit yo, alòske gen lòt ki fè konnen fòk paran yo di ak pitit yo.

  • Jèn yo rantre nan adolesans san yo pa gen fòmasyon ki nesesè pou yo reyisi.

Antouka, reyalite a sèke...

  • Maryaj ka yon inyon ki solid e ki bay kè kontan.

  • Paran yo ka aprann disipline pitit yo ak lanmou.

  • Jèn yo ka vin gen fòmasyon y ap bezwen pou lè yo vin adolesan.

Kòman? Peryodik sa a pral pale sou 12 sekrè pou fanmi yo reyisi.

 

1: Angajman

Twa ide ki ka ede moun ki marye yo rete ansanm.

2: Travay ann ekip

Èske moun ou marye avè l la tankou yon moun ou jis ap viv nan menm kay avè l?

3: Respè

Aprann ki pawòl ak aksyon ki enpòtan k ap fè moun ou marye avè l la santi w respekte l.

4: Padone

Ki sa ki ka ede w pa konsantre w sou enpèfeksyon moun ou marye avè l la?

5: Kominikasyon

Twa ide ki ka ede w vin pi pwòch pitit ou.

6: Disiplin

Èske disiplin ap fè yon timoun manke gen konfyans nan tèt li?

7: Bon prensip

Ki prensip ou dwe anseye pitit ou?

8: Egzanp

Si w vle pitit ou koute w, ou dwe aji ann anmoni ak sa w ap di.

9: Idantite

Ki jan jèn yo kapab defann konviksyon yo?

10: Moun yo fè konfyans

Rive gen konfyans paran w se yon etap enpòtan k ap ede w vin yon granmoun demen.

11: Moun ki travay di

Lè w aprann travay di pandan w jèn, sa kapab ede w reyisi nan tout sa w ap fè nan lavi w.

12: Objektif

Lè w rive reyalize yon seri objektif, sa ka fè w vin gen plis konfyans nan tèt ou, sa ka fè amitye w ak lòt moun vin pi solid, e sa ka fè w gen plis kè kontan

Plis èd pou fanmi

Konsèy ki nan Bib la ka ede w reyisi maryaj epi gen kè kontan nan fanmi w.