Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Travay ann ekip vle di nou tankou de moun k ap dirije yon avyon ki suiv menm plan pou rive menm kote.

POU MOUN MARYE

2: Travay ann ekip

2: Travay ann ekip

SA SA VLE DI

Lè de moun ki marye yo travay ann ekip, y ap tankou de moun k ap dirije yon avyon ki suiv menm plan pou yo rive kote yo prale a. Menm lè ta vin gen pwoblèm, yo chak dwe di tèt yo se pa yon kesyon de “mwen”, men se “nou”.

PRENSIP BIBLIK: “Yo pa de ankò, men yo se yon sèl chè.” — Matye 19:6.

“Se de moun ki fè yon maryaj, se pa yon sèl moun. Mari ak madanm dwe travay ansanm pou maryaj la reyisi.” — Christopher.

REZON KI FÈ SA ENPÒTAN

Lè kòmanse gen pwoblèm, mari ak madanm ki pa fòme yon ekip ap gen tandans konsantre yo sou kiyès ki antò olye yo konsantre yo sou fason yo ka rezoud pwoblèm nan. Nenpòt ti pwoblèm ka tounen yon gwo tètchaje.

“Travay ann ekip enpòtan anpil nan maryaj. Si mari m avè m pa t fòme yon ekip, nou t ap tankou de moun k ap viv nan menm kay olye nou tankou mari ak madanm, e sa t ap bay pwoblèm lè n ta gen pou n pran desizyon ki enpòtan.” — Alexandra.

SA W KA FÈ

EGZAMINE TÈT OU

  • Èske m konsidere lajan mwen fè kòm “lajan pa m”?

  • Èske pou m santi m byen fòk mwen pa bò kote moun mwen marye avè l la?

  • Èske m bay fanmi moun mwen marye avè l la distans, alòske moun mwen marye avè l la pwòch yo?

POU W PALE AK MOUN OU MARYE A

  • Ki aspè nan maryaj nou nou travay byen antanke ekip?

  • Ki aspè nou bezwen amelyore?

  • Ki sa nou ka fè pou nou amelyore fason nou panse antanke ekip?

IDE

  • Pa wè moun ou marye avè l la kòm advèsè w nan yon match tenis kote n ap jwe de kont de. Okontrè, gade ki sa w ka fè pito pou nou toule de nan menm ekip pou n fè fas ak pwoblèm yo ansanm.

  • Olye pou w ap di ‘Ki jan mwen ka genyen?’, di pito ‘Ki jan nou toude ka genyen?’

“Pa ret ap reflechi sou kiyès ki gen rezon oswa kiyès ki gen tò. Sa gen mwens valè lontan pase lapè ak inite nan maryaj ou.” — Ethan.

PRENSIP BIBLIK: “Pa chèche enterè pa nou sèlman, men [...] chèche enterè pa lòt moun tou.” — Filipyen 2:3, 4.