Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 2

Se pou n gen yon konsyans ki klè devan Bondye

Se pou n gen yon konsyans ki klè devan Bondye

“Se pou konsyans nou rete klè.” — 1 PYÈ 3:16.

1, 2. Poukisa nou bezwen gen yon gid lè n ap mache yon kote nou pa konnen? Ki sa Jewova ban nou kòm gid?

IMAJINE W pral yon kote e w oblije travèse yon gwo dezè. Men, ou rann ou kont si w mache nan yon gwo dezè konsa san w pa gen yon gid, ou ka pèdi. Ki sa w ap bezwen fè pou w ka rive kote w vle ale a? W ap mande yon moun ki byen konn dezè a pou l gide w oswa w ap oblije gade pozisyon solèy la oswa zetwal yo pou w wè ki direksyon pou w pran. Donk, l ap enpòtan pou w gen yon gid pou w konn kote pou w fè, paske sa ka sove lavi w.

2 Nou tout jwenn anpil pwoblèm nan lavi a, e pafwa, li fasil pou n pa konn sa pou n fè. Men, Jewova bay nou chak yon konsyans pou gide nou (Jak 1:17). Annou wè sa konsyans lan ye e ki jan l fonksyone. Apre sa, n ap aprann ki jan nou ka fòme konsyans nou, poukisa nou dwe respekte konsyans lòt moun e ki jan nou ka viv pi byen lè nou gen yon konsyans ki klè.

KI SA KONSYANS LAN YE E KI JAN L FONKSYONE?

3. Ki sa konsyans lan ye?

3 Konsyans nou se yon bèl kado Jewova ban nou. Se kapasite nou genyen pou nou rekonèt sa ki byen ak sa ki mal. Mo grèk lè yo tradui l yo mete “konsyans” pou li nan Bib la vle di “konesans yon moun gen sou tèt li”. Lè konsyans nou fonksyone byen, li ede n egzamine ki moun nou ye toutbonvre. Li ka ede n pou n onèt ak tèt nou lè n ap egzamine panse ak santiman ki nan fon kè nou. Li ka gide n pou n ale nan direksyon sa ki byen e li ka ede n evite sa ki mal. Epi, li ka fè n santi n kontan lè n pran bon desizyon oubyen santi n koupab lè n pran move desizyon. — Gade nòt 5.

4, 5. a) Ki sa k te pase Adan ak Èv lè yo pa t koute konsyans yo? b) Bay kèk egzanp nan Bib la ki montre fason konsyans nou fonksyone.

4 Nou chak ka chwazi si n ap koute konsyans nou oswa si n pap fè sa. Adan ak Èv te chwazi pa koute konsyans yo, e sa te fè yo peche. Apre sa, yo te santi yo koupab, men li te twò ta. Yo te gentan dezobeyi Bondye (Jenèz 3:7, 8). Byenke yo te gen yon konsyans ki te san defo e yo te konnen se yon bagay ki mal pou yo dezobeyi Bondye, yo pa t koute konsyans yo.

5 Yon lòt bò, anpil moun ki enpafè koute konsyans yo. Jòb se yon bon egzanp. Lefètke l te pran bon desizyon, li te ka di: “Toutotan m ap viv, konsyans mwen pap kale m.” (Jòb 27:6). Lè Jòb te pale de konsyans li, li t ap pale de kapasite l genyen pou l konnen sa ki byen ak sa ki mal la. Men, David pa t toujou koute konsyans li e li pa t toujou obeyi Jewova. Apre sa, li te konn santi l koupab, konsyans li t “ap kale l”. (1 Samyèl 24:5.) Se konsyans David ki t ap di l sa l te fè a mal. Lefètke l te koute konsyans li, li te vin konnen ki jan pou l pa fè menm erè a ankò.

6. Poukisa nou ka di konsyans nou se yon kado Bondye ban nou?

6 An jeneral, menm moun ki pa konn Jewova konprann gen bagay ki mal e gen bagay ki byen. Men sa Labib di: “Yo santi konsyans yo akize yo oswa li dakò avèk yo.” (Women 2:14, 15). Pa egzanp, pifò moun konnen se yon bagay ki mal pou yon moun touye moun oswa pou l vòlè. San yo pa rann yo kont, se konsyans yo yo koute, sa vle di kapasite Jewova ba yo pou yo konnen sa ki byen ak sa ki mal la. Epitou, se prensip Bondye yo yo suiv, oswa verite fondamantal Jewova bay pou ede n pran bon desizyon nan lavi nou.

7. Sa k fè pafwa konsyans nou ka twonpe nou?

7 Pafwa, konsyans nou ka twonpe nou. Pa egzanp, panse nou ak santiman nou genyen antanke moun ki enpafè ka fè l mal fonksyone, epi li ka mennen nou nan move direksyon. Nou pap rete konsa nou gen yon konsyans ki klè (Jenèz 39:1, 2, 7-12). Nou dwe fòme konsyans nou. Jewova ban nou lespri sen l ak prensip ki nan Bib la pou ede nou (Women 9:1). Ann wè ki jan nou ka fòme konsyans nou.

KI JAN NOU KA FÒME KONSYANS NOU?

8. a) Ki jan santiman nou ka gen efè sou konsyans nou? b) Ki kesyon nou dwe poze tèt nou anvan nou pran yon desizyon?

8 Gen kèk moun ki panse lè yo aji selon sa yo santi, se konsa yo koute konsyans yo. Yo panse yo ka fè sa yo vle depi yo santi yo byen apre yo fin fè l. Men, santiman nou yo pa toujou bon, yo ka twonpe nou. Yo ka tèlman fò yo ka gen efè sou konsyans nou. Men sa Labib di: “Kè a pi trèt pase tout lòt bagay, e li pa bon menm. Ki moun ki kapab konnen l?” (Jeremi 17:9). Kidonk, nou ka panse yon bagay bon, alòske se yon bagay mal li ye. Pa egzanp, Pòl te pèsekite pèp Bondye a avèk vyolans anvan li te vin kretyen, men li te kwè sa l t ap fè a te bon. Pou li menm, konsyans li te klè. Men, annapre li te di: “Moun k ap jije m nan se Jewova.” (1 Korentyen 4:4; Travay 23:1; 2 Timote 1:3). Lè Pòl te vin konnen ki jan Jewova wè sa l t ap fè a, li te vin konprann li bezwen chanje. Donk, anvan nou fè yon bagay, nou dwe mande tèt nou: ‘Ki sa Jewova vle m fè?’

9. Ki sa sa vle di gen lakrentif pou Bondye?

9 Lè w renmen yon moun, ou pa vle fè anyen ki pap fè l plezi. Nou renmen Jewova, se sa k fè nou pa vle fè anyen ki pap fè l plezi. Nou dwe krenn pou n pa fè anyen ki pap fè Jewova plezi e lakrentif sa a dwe fò anpil. Nou wè sa nan ka Neyemi. Li te refize sèvi ak pozisyon l antanke gouvènè pou l vin rich. Poukisa? Li di se “paske [li] gen lakrentif pou Bondye”. (Neyemi 5:15.) Neyemi pa t vle fè anyen ki pap fè Jewova plezi. Menm jan ak Neyemi, nou menm tou nou pa vle fè okenn bagay ki mal, ki pap fè Jewova plezi. Nou ka aprann fason pou n fè Jewova plezi lè n li Labib. — Gade nòt 6.

10, 11. Ki prensip nan Bib la ki ka ede nou pran bon desizyon anrapò ak bwason ki gen alkòl?

10 Pa egzanp, yon kretyen ka bezwen deside si l ap bwè bwason ki gen alkòl oswa si l pap bwè. Ki prensip k ap ede l pran yon bon desizyon? Ann pran kèk prensip: Labib pa entèdi moun bwè bwason ki gen alkòl. Dayè, Labib fè nou konnen diven se yon kado Bondye bay lèzòm (Sòm 104:14, 15). Men, Jezi te di disip li yo pou yo pa “bwè twòp”. (Lik 21:34.) E Pòl te di kretyen yo pou yo evite ni “banbòch, ni fè eksè nan bwè bwason”. (Women 13:13.) Li te di moun ki bwasonyè “pap benefisye Wayòm Bondye a”. — 1 Korentyen 6:9, 10.

11 Yon kretyen ka poze tèt li kesyon tankou: ‘Jis nan ki pwen mwen renmen bwason ki gen alkòl? Èske m oblije bwè pou m retire strès? Èske m bwè pou m gen plis konfyans nan tèt mwen? Èske m ka kontwole kantite bwason ki gen alkòl mwen bwè e chak ki lè mwen bwè? * Èske m ka pran detant ak zanmi m menmsi nou pa bwè bwason ki gen alkòl?’ Nou ka mande Jewova pou l ede n pran bon desizyon. (Li Sòm 139:23, 24.) Konsa, n ap antrene konsyans nou pou l suiv prensip ki nan Bib la. Men, jan nou pral wè sa, gen plis bagay pou n fè.

POUKISA NOU DWE RESPEKTE KONSYANS LÒT MOUN?

12, 13. Sa k fè konsyans nou ka diferan ak konsyans lòt moun? Ki jan nou ka jere sa?

12 Tout moun pa gen menm konsyans. Konsyans nou ka pèmèt nou fè yon bagay konsyans yon lòt moun pa pèmèt li fè. Pa egzanp, nou gendwa chwazi bwè bwason ki gen alkòl, alòske yon lòt moun santi li pa dwe bwè. Poukisa nou de a pa wè bagay yo menm jan?

Si w fòme konsyans ou, l ap ede w deside si pou w bwè bwason ki gen alkòl oubyen si pou w pa bwè.

13 Byen souvan, kote yon moun te leve, fason fanmi l te konsidere yon bagay, eksperyans li fè nan lavi a ak lòt bagay ankò gen efè sou fason l konsidere yon bagay. Petèt yon moun ki pa t kapab kontwole kantite bwason ki gen alkòl li te konn bwè ka chwazi pa bwè ditou kounye a (1 Wa 8:38, 39). Donk, si w ofri yon moun yon bwason ki gen alkòl, li refize l, ki jan w ta dwe reyaji? Èske w ta dwe fache? Èske w ta dwe fòse l bwè l? Èske w ta dwe chèche konnen poukisa li refize? Non, sa pap montre w respekte konsyans li.

14, 15. Ki sitiyasyon ki te genyen nan epòk Pòl la? Ki bon konsèy Pòl te bay?

14 Nan epòk apot Pòl la, gen yon sitiyasyon ki te montre jan konsyans tout moun pa menm. Gen vyann yo te konn vann nan mache apre yo fin itilize yo nan fo adorasyon e yo fin ofri yo bay zidòl (1 Korentyen 10:25). Pòl pa t panse sa te mal pou yon moun achte vyann sa yo pou l manje. Pou li menm, se Jewova ki kreye tout manje. Men, gen kèk frè ki te konn adore zidòl lontan ki te wè bagay la yon lòt fason. Yo te santi se yon bagay ki mal pou yo manje vyann sa yo. Èske Pòl te panse sa pa deranje konsyans li, li gen dwa manje sa l vle?

15 Pòl pa t panse konsa. Li te tèlman bay santiman frè l yo enpòtans, sa te fè l dispoze pase sou kèk dwa l genyen. Pòl te di “se pa tèt nou pou nou fè plezi”. Li te di tou: “Paske, menm Kris la pa t fè tèt li plezi.” (Women 15:1, 3). Menm jan ak Jezi, Pòl te bay lòt moun plis valè pase tèt li. — Li 1 Korentyen 8:13; 10:23, 24, 31-33.

16. Poukisa n pa dwe jije frè nou yo pou yon bagay konsyans yo pèmèt yo fè?

16 Men, ki sa n dwe fè si konsyans yon moun pèmèt li fè yon bagay nou konsidere kòm yon bagay ki mal? Nou dwe veye pou n pa kritike l ni pou n pa chèche montre nou gen rezon e li gen tò. (Li Women 14:10.) Jewova ban nou konsyans nou pou n jije tèt nou, li pa ban nou l pou n jije lòt moun (Matye 7:1). Nou pa vle pou sa nou chwazi fè yo lakòz divizyon nan kongregasyon an. Okontrè, n ap chèche sa k ka fè nou kontinye gen lanmou ak tèt ansanm. — Women 14:19.

BYENFÈ NOU JWENN LÈ N GEN YON KONSYANS KI KLÈ

17. Ki sa k rive konsyans kèk moun?

17 Men sa apot Pyè te ekri: “Se pou konsyans nou rete klè.” (1 Pyè 3:16). Malerezman, lè yon moun toujou ap pase sou prensip Jewova yo, rive yon lè, konsyans li pa itil li anyen ankò. Pòl te di yon konsyans konsa vin make “tankou se ak yon fè cho”. (1 Timote 4:2.) Èske w deja pran yon gwo boule? Lè sa rive, po w ka vin fè yon sikatris oswa li ka donnen e w ka vin pa santi anyen ladan l ankò. Si yon moun kontinye fè move bagay, konsyans li ka vin “make” epi, finalman, li pa reyaji ankò.

Si n gen yon konsyans ki klè, sa ap gide nou nan lavi a, n ap gen kè kontan e n ap gen kè poze.

18, 19. a) Lè n santi nou koupab oswa nou wont, ki sa sa montre? b) Ki sa n ka fè si n santi nou koupab pou peche n te fè e n repanti pou yo?

18 Lè n santi n koupab, petèt se konsyans nou k ap di n nou fè yon bagay ki mal. Sa ka ede n wè sa nou fè a pa bon e n ka sispann fè l. Nou vle pran leson nan erè nou yo yon fason pou n pa fè yo ankò. Pa egzanp, lè wa David te peche, konsyans li te pouse l repanti. Li te rayi sa l te fè yo e l te deside obeyi Jewova alavni. Eksperyans David te fè yo te pouse l di Jewova ‘bon e l dispoze padone’. — Sòm 51:1-19; 86:5; gade nòt 7.

19 Men, yon moun ka kontinye santi l koupab pou yon bagay menm lè sa gentan fè lontan depi l te repanti pou li. Lè yon moun santi l koupab, sa ka fè l soufri e sa ka fè l santi l pa vo anyen. Si w konn santi w konsa, sonje ou pa ka chanje sa k te pase a. Kit ou te byen konprann sa ki mal ak sa ki byen lè w te peche a, kit ou pa t byen konprann sa, Jewova padone w nèt e li efase peche sa yo. Ou pwòp nan je Jewova e w ap fè sa ki byen kounye a. Kè w kapab kontinye ap kondane w, men Bib la di: “Bondye pi gran pase kè nou.” (Li 1 Jan 3:19, 20.) Sa vle di lanmou li ak padon li bay pi fò pase santi nou santi n koupab oswa wont lan. Ou ka gen asirans Jewova padone w. Lè yon moun kwè Jewova padone l, konsyans li ap anpè e l ap kontan sèvi Bondye. — 1 Korentyen 6:11; Ebre 10:22.

20, 21. a) Poukisa yo fè liv sa a? b) Ki libète Jewova ban nou? Ki jan n dwe sèvi avè l?

20 Yo fè liv sa a pou ede w fòme konsyans ou pou l ka ba w avètisman e pou l ka pwoteje w nan dènye jou sa yo ki difisil. Epi, l ap ede w aplike prensip ki nan Bib la nan anpil sitiyasyon nan lavi w. Natirèlman, liv sa a pap ba w yon lis règ sou sa w dwe fè nan chak sitiyasyon. Nou viv selon “sa lalwa Kris la mande”, yon lwa ki baze sou prensip Bondye yo (Galat 6:2). Lefètke pa gen yon lwa sou yon bagay, nou pa sèvi ak sa kòm yon rezon pou n fè sa ki mal (2 Korentyen 4:1, 2; Ebre 4:13; 1 Pyè 2:16). Okontrè, nou sèvi ak libète n genyen an pou n montre Jewova nou renmen l.

21 Lè nou medite sou prensip ki nan Bib la e nou aplike yo, nou vin konnen ki jan pou n sèvi ak ‘kapasite nou genyen pou nou konprann nan’ e pou n panse menm jan ak Jewova (Ebre 5:14). Konsa, n ap fòme konsyans nou, l ap gide nou nan lavi a e l ap ede n rete nan lanmou Bondye.

^ § 11 Gen anpil doktè ki fè konnen li difisil pou moun ki esklav bwason ki gen alkòl kontwole kantite yo bwè, e doktè mande moun sa yo pou yo pa bwè ditou.