Fason pou n rete nan lanmou Bondye

Labib gen prensip k ap ede nou rete nan lanmou Bondye.

Lèt Kolèj santral la

Kolèj santral Temwen Jewova yo ankouraje tout moun ki renmen Jewova Dye pou yo aprann fason yo ka viv ann amoni ak laverite ki nan Pawòl li a, Labib.

CHAPIT 1

Lanmou Bondye la pou toutan

Sa mande efò pou n ret bon zanmi Bondye. Ki jan n ka rive fè sa?

CHAPIT 2

Se pou n gen yon konsyans ki klè devan Bondye

Bondye bay nou chak yon bagay kòm gid pou ede n konnen nan ki direksyon nou dwe ale nan lavi a.

CHAPIT 3

Fè zanmi ak moun ki renmen Bondye

Zanmi nou yo ka gen bon oswa move efè sou nou. Ki jan prensip ki nan Bib la ka ede nou lè n ap chwazi bon zanmi?

CHAPIT 4

Poukisa nou dwe respekte otorite?

Nou gen bonjan rezon pou nou respekte otorite nan fanmi, nan kongregasyon an ak otorite nan zòn kote n ap viv la.

CHAPIT 5

Fason pou n rete separe ak monn nan

Jezi te di disip li yo: “Nou pa fè pati monn nan.” Ki sa ‘monn’ nan ye menm, e poukisa kretyen yo dwe rete separe avè l?

CHAPIT 6

Fason pou n chwazi detant nou

Detant ki nan monn sa a tankou yon fwi ki gen kèk pati ki bon, men ki gen kèk pati ki pouri tou. Ki sa k ap ede nou chwazi sa k bon epi evite sa k pa bon?

CHAPIT 7

Èske w bay lavi anpil valè menm jan ak Bondye?

Ki prensip nan Bib la ki ka ede nou pran bon desizyon anrapò ak lavi ak san?

CHAPIT 8

Jewova vle pou pèp li a pwòp

Prensip Bondye bay nan domèn pwòpte pa gen rapò ak kò nou ak rad nou e ak kay nou sèlman. Yo gen efè sou adorasyon n ap bay Bondye, sou konduit nou e menm sou panse nou.

CHAPIT 9

“Kouri pou imoralite seksyèl”

Ki sa imoralite seksyèl ye e ki jan nou ka kouri pou li?

CHAPIT 10

Maryaj se yon kado Bondye bay

Ki avantaj ki gen nan maryaj? Ki jan w ka byen chwazi yon moun pou w marye? Ki sa k ka fè yon maryaj dire?

CHAPIT 11

Apre jou maryaj la

Nan tout maryaj gen kè kontan ak pwoblèm. Men, menm moun marye ki gen gwo pwoblèm nan maryaj yo kapab fè maryaj yo vin solid.

CHAPIT 12

Di pawòl “ki bon pou fòtifye moun”

Pawòl ka fè anpil byen pou moun, men tou yo ka fè yo mal anpil. Jewova anseye n fason pou n byen sèvi ak kado sa a.

CHAPIT 13

Èske se tout fèt ki fè Bondye plezi?

Anivèsè nesans ak lòt kalite fèt yo se bagay ki enpòtan nan lavi moun yo. Ki sa k ka ede nou konprann fason Jewova konsidere yo?

CHAPIT 14

Se pou nou onèt nan tout bagay

Ann egzamine kat aspè nan lavi a kote li ka difisil pou nou onèt ak byenfè nou jwenn lè nou rete onèt, malgre sa difisil.

CHAPIT 15

Pran plezi nan travay w ap fè

Kreyatè nou an vle nou bay travay n ap fè valè. Donk, ki sa k ka ede nou pran plezi nan travay n ap fè? E èske gen travay kretyen yo dwe evite?

CHAPIT 16

Opoze ak Dyab la

Nou nan yon monn ki anba pouvwa Satan. Ki sa pou n fè pou n rete pwòch Bondye e pou n pwoteje tèt nou kont ènmi Bondye a?

CHAPIT 17

Rete nan lanmou Bondye

Youn nan moun ki te patisipe nan ekri Bib la te ankouraje kretyen yo pou yo ‘fòtifye yo nan lafwa yo ki sen anpil’. Ki jan w ka fè sa?

Nòt

Siyifikasyon yon seri mo ak ekspresyon ki nan liv Fason pou n rete nan lanmou Bondye a.