Levitik 3:1-17
3 “‘Si ofrann l ap bay la se yon sakrifis kominyon*+ e se yon bèf, kit se yon towo bèf kit se yon gazèl bèf, se yon bèt ki pa gen okenn domaj pou l bay Jewova.
2 L ap mete men l sou tèt bèt l ap bay kòm sakrifis la e y ap touye bèt la devan antre tant reyinyon an. Prèt yo, pitit gason Arawon yo, ap voye san an sou chak bò lotèl la.
3 L ap prezante yon pòsyon nan sakrifis kominyon an kòm yon ofrann l ap boule pou Jewova+. Men ki pòsyon l ap prezante: grès+ ki kouvri trip yo ak tout grès ki antoure trip yo,
4 de ren yo ak grès ki sou yo a ki toupre do bèt la ansanm ak grès ki sou fwa a+.
5 Pitit gason Arawon yo ap boule yo sou lotèl la anlè sakrifis y ap boule nèt ki sou bwa ki nan dife a+. Se yon sakrifis y ap boule nan dife pou Jewova k ap bay yon bon sant k ap fè l plezi*+.
6 “‘Si bèt l ap bay Jewova kòm sakrifis kominyon an se yon mouton oswa yon kabrit, li dwe bay yon mal oswa yon femèl ki pa gen okenn domaj+.
7 Si se yon jenn mal mouton l ap ofri, l ap vin avè l devan Jewova.
8 L ap mete men l sou tèt bèt l ap bay kòm sakrifis la e y ap touye bèt la devan antre tant reyinyon an. Pitit gason Arawon yo ap voye san an sou chak bò lotèl la.
9 L ap prezante grès ki soti nan sakrifis kominyon an kòm yon ofrann pou yo boule nan dife pou Jewova+. L ap koupe ke gra a toupre zo rèl do bèt la e l ap pran grès ki kouvri trip yo ak tout grès ki antoure trip yo,
10 de ren yo ak grès ki sou yo a ki toupre do bèt la ansanm ak grès ki sou fwa a+.
11 Prèt la ap boule yo sou lotèl la kòm manje* yo boule nan dife pou Jewova+.
12 “‘Si se yon kabrit l ap ofri, l ap vin avè l devan Jewova.
13 L ap mete men l sou tèt bèt l ap bay kòm sakrifis la e y ap touye bèt la devan antre tant reyinyon an. Pitit gason Arawon yo dwe voye san an sou chak bò lotèl la.
14 Pòsyon l ap prezante kòm ofrann y ap boule pou Jewova a se grès ki kouvri trip yo ak tout grès ki antoure trip yo+,
15 de ren yo ak grès ki sou yo a ki toupre do bèt la ansanm ak grès ki sou fwa a.
16 Prèt la ap boule yo sou lotèl la kòm manje* yo boule nan dife pou Bondye k ap bay yon bon sant k ap fè l plezi*. Tout grès la se pou Jewova+.
17 “‘Nou pa dwe manje okenn grès ni okenn san+. Se yon kòmandman n ap suiv pandan lontan, jenerasyon apre jenerasyon, kèlkeswa kote nou abite a.’”
Nòt anba paj
^ Oswa: “yon sakrifis li bay kòm ofrann lapè”.
^ Oswa: “k ap kalme l”. Lit.: “k ap ba l repo”.
^ Lit.: “pen”, sa vle di kòm pòsyon nan sakrifis kominyon an ki pou Bondye.
^ Lit.: “pen”, sa vle di kòm pòsyon nan sakrifis kominyon an ki pou Bondye.
^ Oswa: “k ap kalme l”. Lit.: “k ap ba l repo”.

