Jòb 34​:​1-37

  • Eliyou defann jistis Bondye ak fason Bondye aji (1-37)

    • Jòb te di Bondye pa fè l jwenn jistis (5)

    • Vrè Dye a pa janm aji ak mechanste (10)

    • Jòb manke konesans (35)

34  Epi, Eliyou te kontinye reponn, li di:   “Koute pawòl mwen yo, nou menm ki gen sajès.Tande sa m ap di, nou menm ki tèlman konn anpil bagay.   Paske zòrèy egzamine pawòlMenm jan lang* pran gou manje.   Annou chèche konnen sa ki dwat poukont nou,Ann deside nou menm sa ki bon.   Paske Jòb te di: ‘Mwen gen rezon+,Men, se Bondye ki pa fè m jwenn jistis+.   Èske m ap bay manti pou yo pa jije m jan yo dwe fè sa?Maleng mwen yo pa ka geri, byenke m pa fè anyen ki mal+.’   Kiyès moun ki tankou Jòb,Yon moun ki swaf pou yo pase l nan rizib tankou se te dlo li t ap bwè?   Li fè zanmi ak moun k ap fè sa ki mal,E li nan tèt ansanm ak moun ki mechan+.   Paske li di: ‘Yon moun pap jwenn anyenLè l chèche fè Bondye plezi+.’ 10  Se sa k fè, koute m, nou menm ki gen bon konprann*,Li enposib pou vrè Dye a aji ak mechanste+,Pou Toupisan an fè sa ki mal+! 11  Paske se li k ap rekonpanse yon moun pou sa moun nan fè+,E l ap fè l peye tou pou fason l aji. 12  Pa gen dout nan sa, Bondye pa aji ak mechanste+.Toupisan an pa detounen sa ki jis+. 13  Kiyès ki ba l responsab tè aE ki mete l pou l gouvène tout monn nan nèt*? 14  Si li fikse je* l sou yo,Si l retire lespri yo ak souf yo+, 15  Tout moun* ap mouri yon sèl kou,E lòm ap retounen nan pousyè+. 16  Se sa k fè, si nou gen bon konprann, tande sa,Epi, koute byen sa m ap di: 17  Èske yon moun ki rayi sa ki dwat ta dwe ap dirije?Oubyen èske w t ap kondane yon moun ki gen pouvwa k ap fè sa ki dwat? 18  Èske w t ap di yon wa: ‘Ou pa vo anyen’?Oubyen èske w t ap di gwo potanta yo: ‘Nou mechan+’? 19  Gen yon Moun ki pa nan paspouki ak chèf yoE ki pa bay moun rich yo plis valè pase malere yo*+,Paske yo tout se travay li fè ak men l+. 20  Yo ka mouri bridsoukou+ nan mitan nuit lan+.Apre yo fin tranble anpil, yo mouri.Menm moun ki gen pouvwa yo ale san moun pa manyen yo+. 21  Paske, Bondye ap gade chemen chak moun+,E li wè tout kote yo met pye yo, 22  Pa gen okenn fènwa ni okenn fènwa pwèsPou moun k ap fè sa ki mal yo kache+. 23  Paske Bondye pa fikse yon lè pou pèsonnParèt devan l pou l jije yo. 24  Li kraze moun ki gen pouvwa yo san l pa bezwen fè ankèt,E li met lòt moun nan plas yo+. 25  Paske li konnen sa y ap fè+,Li lage yo atè lannuit, epi yo kraze+. 26  Li frape yo akoz mechanste yo fè,Li fè sa yon kote tout moun ka wè+, 27  Paske yo sispann suiv li+,E yo pa gen okenn respè pou chemen l yo+. 28  Yo lakòz moun ki malere yo rele nan pye l,Konsa, li tande rèl moun ki san sekou yo+. 29  Lè Bondye ret san l pa di anyen, ki moun ki ka kondane l?Lè l kache, ki moun ki ka wè l?Kit se pou yon nasyon li kache, kit se pou yon moun, se menm bagay la, 30  Yon fason pou yon moun ki kite Bondye* pa gen pouvwa pou l dirije+,Ni pou l pa tann pèlen pou moun. 31  W ap di Bondye:‘M ap soufri san m pa fè anyen ki mal+. 32  Montre m sa m pa wè a.Si m te fè yon bagay ki pa bon, mwen pap fè sa ankò.’ 33  Dapre ou menm, èske Bondye ta dwe rekonpanse w, alòske ou pa t dakò ak desizyon l pran?Se ou menm ki dwe deside, se pa mwen menm.Ebyen, sa w byen konnen an, se pou w di m li. 34  Moun ki gen bon konprann*E nenpòt moun ki gen sajès k ap koute m ap di m: 35  ‘Jòb pale san l pa gen konesans+,E pawòl li yo montre li pa gen bon konprann.’ 36  Se pou Jòb pase anba eprèv* nèt!Paske li reponn tankou moun ki mechan. 37  Nonsèlman li peche, li rebèl tou+.L ap bat men devan nou pou l pase n nan jwèt,E li di anpil move bagay sou vrè Dye a+.”

Nòt anba paj

Lit.: “palèt”.
Lit.: “kè”.
Oswa: “gouvène tè a”.
Oswa: “kè”.
Lit.: “chè”.
Oswa: “moun ki nan gwo pozisyon yo plis valè pase moun ki ba yo”.
Oswa: “yon aposta”.
Lit.: “kè”.
Se kapab tou: “Papa mwen, se pou Jòb pase anba eprèv”.