Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Fason Bib la ka ede mesye yo fè fas ak enkyetid lavi a

Fason Bib la ka ede mesye yo fè fas ak enkyetid lavi a

 Lè w panse ak yon moun k ap fè fas ak enkyetid oswa ak tètchaje, a petèt ou imajine yon moun laperèz anvayi e li ka menm pa gen kapasite pou l fè aktivite nòmal li yo. Pa egzanp, petèt moun sa a gen difikilte pou l leve chak maten, oswa li toujou ap pale sou enkyetid li yo.

 Gen moun ki aji konsa vre lè y ap fè fas ak enkyetid lavi a. Men, pwofesyonèl yo vin aprann gen lòt moun, sitou mesye yo, ki ka reyaji yon lòt fason. Men sa yon rapò fè konnen sou fason mesye yo konn aji: “Pi souvan, mesye yo sèvi ak bwason ki gen alkòl e ak dwòg pou ede yo jere enkyetid yo genyen. Sa ka rive lòt moun panse yo gen yon pwoblèm avèk alkòl, men an reyalite, se enkyetid oswa tètchaje lavi a ki pwoblèm nan. Epitou, souvan lè gason ap fè fas ak gwo enkyetid, yo konn parèt yo move, oswa yo fache pou nenpòt ti krik ti krak.”

 Se vre, se pa tout gason ki reyaji menm jan. Yo ka reyaji yon lòt fason tou, men enkyetid se yon gwo pwoblèm nan tan sa yo ki di e ki “difisil pou moun sipòte”. (2 Timote 3:1.) Si ou menm w ap fè fas ak enkyetid, èske Bib la ka ede w?

Kèk konsèy pratik Bib la bay sou fason n ka fè fas ak enkyetid

 Bib la bay anpil konsèy nou ka fè konfyans ki kapab ede n ak enkyetid lavi a. Ann pran twa egzanp:

  1.  1. “Pa janm bay tèt nou pwoblèm pou demen, paske demen ap gen pwòp pwoblèm pa l. Chak jou gen kont traka pa l.” — Matye 6:34.

     Sa sa vle di: N ap montre nou saj lè n evite enkyete n twòp pou sa k ka rive (oswa sa k pap rive) alavni. Souvan, sa n pè ki ka rive a pa rive jan n te panse a. Gendelè, sanzatann bagay yo konn menm byen pase.

     Eseye fè sa: Reflechi sou yon lè w te panse yon bagay mal t apral rive, men li pa t rive vre. Apre sa, reflechi sou enkyetid ou gen kounye a, epi, toutpandan w ap eseye reyalis, egzamine posiblite pou sa vin yon pwoblèm toutbonvre.

  2.  2. “Menm jan fè file fè, se konsa tou yon moun ka ede yon zanmi l vin pi bon.” — Pwovèb 27:17.

     Sa sa vle di: Si n kite lòt moun ede n, sa ka pèmèt nou fè fas ak enkyetid nou yo. Petèt yo ka ban nou kèk konsèy pratik selon eksperyans yo menm yo te fè. Oubyen, yo ka ede n wè bagay yo yon lòt jan.

     Eseye fè sa: Reflechi ak yon moun ki ka ofri w bon konsèy, petèt yon zanmi ki te fè fas ak yon pwoblèm ki tankou pwoblèm ou an. Mande l ki sa k te ede l ak sa k pa t ede l.

  3.  3. “Lage tout tètchaje [oswa “tout sousi; tout enkyetid”, nòt] nou genyen sou li, paske li gen sousi pou nou.” — 1 Pyè 5:7.

     Sa sa vle di: Bondye gen anpil sousi pou moun k ap soufri yo. Li ankouraje n priye l sou nenpòt sa ki enkyete n.

     Eseye fè sa: Fè yon lis bagay ki enkyete w. Epi, priye Bondye konsènan bagay sa yo, esplike l chak pwoblèm epi mande l pou l ede w jere yo.

Rive yon lè, pap gen enkyetid ankò

 Bib la pa annik ofri konsèy sou fason pou n fè fas ak enkyetid. Li pwomèt nou, talè konsa tout enkyetid nou genyen yo pral disparèt nèt. Ki jan sa pral fèt?

 Wayòm Bondye a pral elimine tout sa ki fè n enkyete yo (Revelasyon 21:4). Anfèt, anba dominasyon Wayòm sa a, nou pap menm sonje bagay sa yo ki te konn lakòz strès ak enkyetid. — Ezayi 65:17.

 Se sa “Bondye ki bay lapè a” vle pou ou alavni (Women 16:20). Men sa l di ki ban nou asirans: “Mwen konnen sa m gen nan lide m pou m fè pou nou. [...] M ap ban nou lapè, mwen pap lage malè sou nou, yon fason pou m ban nou yon avni ak yon espwa.” — Jeremi 29:11.

a Nan atik sa a, mo “enkyetid” la gen rapò ak strès oswa sousi moun gen chak jou nan lavi a, li pa gen rapò ak yon moun ki soufri yon pwoblèm sante grav. Yon moun k ap fè fas ak yon pwoblèm sante ka chwazi wè yon doktè pou ede l. — Lik 5:31.