Al gade sa k anndan l

Konbyen non Bondye genyen?

Konbyen non Bondye genyen?

Repons Bib la bay

 Bondye gen yon sèl non. Yo ekri l יהוה nan lang ebre e yo konn mete “Jewova” pou yo tradui l an kreyòl a. Men sa Bondye deklare pa mwayen Ezayi, youn nan pwofèt li yo: “Mwen se Jewova. Se non pa m.” (Ezayi 42:8). Non sa a parèt anviwon 7 000 fwa nan ansyen maniskri Labib yo, li parèt pi plis lontan pase nenpòt lòt fason yo rele Bondye e li parèt plis pase kèlkeswa lòt non moun ki nan Bib la b.

Èske Jewova gen lòt non?

 Byenke Labib itilize yon sèl non pou l pale de Bondye, li itilize anpil tit ak ekspresyon pou fè konnen kiyès li ye. Kèk nan tit ak ekspresyon nou pral wè la yo bay yon ide sou kiyès Jewova ye oswa yo bay yon aspè nan pèsonalite l.

Tit

Vèsè

Siyifikasyon

Ala

(Okenn vèsè)

Mo “Ala” a soti nan lang arab e li pa yon non, men li se yon tit ki vle di “Bondye”. Gen tradiksyon Labib nan lang arab oubyen nan lòt lang ki itilize “Ala” pou yo di “Bondye”.

Toupisan

Jenèz 17:1

Li gen yon pisans ki san parèy. Nou jwenn ekspresyon ebre ‘Èl Chaday’ la sèt fwa nan Bib la e li vle di “Bondye toupisan”.

Alfa ak Omega

Revelasyon 1:8; 21:6; 22:13

“Premye a ak dènye a” oswa “kòmansman an ak finisman an”, sa vle di anvan Jewova pa t gen okenn Dye toupisan e apre l pap genyen (Ezayi 43:10). Alfa ak omega se premye ak dènye lèt nan alfabè grèk la.

Sila a ki la depi pi lontan an

Dànyèl 7:9, 13, 22

Li pa gen kòmansman; li te toujou egziste anvan tout lòt moun oswa tout bagay. — Sòm 90:2.

Kreyatè

Ezayi 40:28

Se li ki fè tout bagay vin egziste.

Papa

Matye 6:9

Se li ki bay lavi.

Bondye

Jenèz 1:1

Sila a ki merite adorasyon; li pisan. Mo ebre ‘Eloyim’ nan se yon fòm pliryèl ki fè konnen Jewova gen anpil glwa, li gen onè oubyen li nan nivo ki pi wo a.

Dye ki anlè tout lòt dye yo

Detewonòm 10:17

Dye ki nan pi gwo pozisyon an, lè nou konpare l ak “dye ki san valè” yon seri moun adore. — Ezayi 2:8.

Gran Pwofesè

Ezayi 30:20, 21

Li ban nou ansèyman ak direksyon pou byen nou. — Ezayi 48:17, 18.

Gran Dye ki kreye a

Sòm 149:2

Se li ki fè tout bagay vin egziste. — Revelasyon 4:11.

Bondye ki gen kè kontan an

1 Timote 1:11

Li gen lajwa ak kè kontan. — Sòm 104:31.

Li menm ki tande lapriyè

Sòm 65:2

Se li menm ki koute priyè chak moun k ap priye l ak lafwa, li pa bay lòt moun koute yo.

Sa m ye a se sa m ye

Egzòd 3:14, Bib la

L ap tounen nenpòt sa ki nesesè a pou l reyalize objektif li. Yo mete “M ap tounen nenpòt sa ki fè m plezi” oswa “M ap tounen sa m chwazi tounen” pou tradui ekspresyon sa a tou (The Emphasised Bible, se J. B. Rotherham ki fè l; Tradiksyon monn nouvo a). Yo sèvi ak ekspresyon sa a pou yo esplike siyifikasyon non Jewova nou jwenn nan vèsè ki vin annapre a. — Egzòd 3:15.

Bondye ki fè jalouzi a

Egzòd 34:14, Bib la

Li pa tolere yo adore okenn moun oswa okenn bagay, apa li menm. Yo konn mete “pa dakò ak okenn rival” ak “mande pou sèvitè l yo atache avè l sèlman” pou yo tradui ekspresyon sa a tou. — God’s Word Bible; Tradiksyon monn nouvo a.

Wa letènite

Revelasyon 15:3

L ap dirije depi toutan e pou toutan.

Seyè

Sòm 135:5

Pwopriyetè oswa mèt; ann ebre: ‘Adon’ ak ‘Adonim’.

Chèf lame yo, Seyè Sabawòt

Ezayi 1:9, Women 9:29, Labib wa Jak

Chèf yon gwo lame zanj. Yo ka mete tou “Jewova chèf lame yo” ak “Seyè lame [ki nan syèl] yo” pou yo tradui tit “Seyè Sabawòt” la. — Women 9:29, Tradiksyon monn nouvo a; NET Bible, nòt anba paj.

Sila a ki nan pi gwo pozisyon an

Sòm 47:2

Li nan pozisyon ki pi wo a.

Sila a ki pi sen an

Pwovèb 9:10

Li pi sen (li sen e li pwòp nan domèn moral) pase nenpòt ki moun.

Atizan ki ban nou fòm nan

Ezayi 64:8

Li gen pouvwa sou moun yo ak nasyon yo, menm jan atizan k ap travay ak ajil gen pouvwa sou ajil la. — Women 9:20, 21.

Sovè, Sila a k ap rachte a

Ezayi 41:14; Louis Segond

Li retabli oubyen li rachte limanite anba peche ak lanmò grasa sakrifis ranson Jezi Kris la. — Jan 3:16.

Mas Wòch

Sòm 18:2, 46

Li se yon refij e li toujou bay delivrans.

Sovè

Ezayi 45:21

Li delivre moun anba danje ak destriksyon.

Bèje

Sòm 23:1

Li pran swen moun k ap adore l yo.

Seyè ki Souvren an

Jenèz 15:2

Se li ki gen pi gwo otorite a; ann ebre: ‘Adonay’.

Trèwo

Dànyèl 7:18, 27, Louis Segond

Souvren ki nan pi gwo pozisyon an.

Non kèk kote nan Liv ki te ekri ann ebre yo

 Gen non kèk kote nan Bib la ki gen non Bondye ladan yo, men se pa lòt non yo bay Bondye.

Non kote a

Vèsè

Siyifikasyon

Jewova-jire

Jenèz 22:13, 14

“Jewova ap bay sa ki nesesè a.”

Jewova-nisi

Egzòd 17:15

“Jewova se poto siyal mwen” oubyen “Bànyè m” (NWT, nòt anba paj, Today’s New International Version). Pèp Jewova a ka rasanble bò kote l pou l jwenn pwoteksyon ak èd. — Egzòd 17:13-16.

Jewova-chalòm

Jij 6:23, 24

“Jewova se lapè.”

Jewova-chama

Ezekyèl 48:35, nòt anba paj, American Standard Version

“Jewova la.”

Rezon ki fè nou dwe konnen non Bondye epi itilize l

  •   Pa gen dout, Bondye panse non li, Jewova, enpòtan se sa k fè li fè mete l plizyè milye fwa nan Bib la. — Malachi 1:11.

  •   Jezi, Pitit Bondye a, te montre enpòtans non Bondye genyen plizyè fwa. Pa egzanp, nan yon priyè li t ap fè Jewova, li te di: “Se pou non w vin sen.” — Matye 6:9; Jan 17:6.

  •   Moun ki vin aprann konnen non Bondye yo epi ki itilize l fè premye etap pou yo zanmi Jewova (Sòm 9:10; Malachi 3:16). Yon relasyon konsa pèmèt yo benefisye pwomès Jewova fè lè l di: “Piske li renmen m anpil, m ap delivre l. M ap pwoteje l paske li konnen non m.” — Sòm 91:14.

  •   Bib la di: “Gen sa yo rele dye, kit se nan syèl la, kit se sou tè a, e se vre gen anpil ‘dye’ ak anpil ‘seyè’.” (1 Korentyen 8:5, 6). Men, li fè konnen aklè non sèl vrè Dye a se Jewova. — Sòm 83:18.

a Kèk moun save k ap etidye lang ebre a prefere di “Yawe” pou yo tradui non Bondye.

b Yon fòm kout non Bondye se “Ja” e li parèt anviwon 50 fwa nan Bib la. Nou jwenn li nan mo “Alelouya” a, ki vle di “Louwe Ja” (oswa Ya). — Revelasyon 19:1; Bib Kreyòl La.