Al gade sa k anndan l

Ki sa Pak la ye?

Ki sa Pak la ye?

Repons Bib la bay

 Pak la se fèt Juif yo fete pou yo selebre libere Bondye te libere pèp Izrayèl la anba esklavaj nan peyi Ejip nan ane 1513 anvan epòk nou an. Bondye te bay Izrayelit yo lòd pou yo sonje gwo evènman sa a chak ane nan 14yèm jou mwa juif ki rele Abib la, mwa yo te vin rele Nizan annapre a. — Egzòd 12:42; Levitik 23:5.

Poukisa yo rele l Pak?

 Mo ebre lè yo tradui l yo mete “Pak” pou li a vle di “pase pa anlè”. E mo sa a fè referans ak moman kote Bondye te epaye Izrayelit yo anba flewo ki te touye tout premye pitit ann Ejip yo (Egzòd 12:27; 13:15). Anvan Bondye te lage flewo sa a, li te mande Izrayelit yo pou yo pase san yon ti mouton oswa yon ti kabrit sou lento pòt yo (Egzòd 12:21, 22, nòt). Konsa, lè Bondye ta wè siy sa a, li t ap “pase pa anlè” kay yo e li t ap epaye premye pitit ki nan kay sa yo. — Egzòd 12:7, 13.

Ki jan yo te selebre fèt Pak la nan tan yo t ap ekri Bib la?

 Bondye te bay Izrayelit yo enstriksyon sou fason pou yo selebre premye Pak la a. Men kèk bagay ki te konn gen nan Pak yo pale nan Bib la:

  •   Sakrifis: Nan 10yèm jou mwa Abib la (Nizan), fanmi yo te chwazi yon ti mouton (oswa yon ti kabrit) ki gen ennan e sou 14yèm jou a yo touye l. Lè premye Pak la, Juif yo te mete san sou de montan pòt kay yo ak sou lento pòt yo. E yo te boukannen bèt la nèt sou dife epi yo te manje l. — Egzòd 12:3-9.

  •   Manje: Anplis ti mouton an (oswa ti kabrit la), Izrayelit yo te manje pen san ledven ak fèy vèt anmè kòm manje fèt Pak la. — Egzòd 12:8.

  •   Fèt: Apre Izrayelit yo te fin selebre fèt Pak la, yo te selebre fèt pen san ledven an pandan sèt jou. E pandan tan sa a, yo pa t manje pen ki gen ledven ladan l. — Egzòd 12:17-20; 2 Kwonik 30:21.

  •   Edikasyon: Paran yo te kòm itilize fèt Pak la pou y aprann pitit yo kèk bagay konsènan Jewova Dye. — Egzòd 12:25-27.

  •   Vwayaj: Annapre, Izrayelit yo te konn vwayaje al Jerizalèm pou yo selebre fèt Pak la. — Detewonòm 16:5-7; Lik 2:41.

  •   Lòt koutim: Nan epòk Jezi a, yo te konn bwè diven e yo te konn chante pandan fèt Pak la. — Matye 26:19, 30; Lik 22:15-18.

Sa ki pa verite konsènan fèt Pak la

 Sa ki pa verite: Izrayelit yo te manje manje Pak la 15 Nizan.

 Sa ki verite: Bondye te bay Izrayelit yo lòd, jou 14 Nizan an, pou yo touye yon ti mouton tousuit apre solèy la fin kouche, e pou yo manje l menm nuit lan (Egzòd 12:6, 8). Izrayelit yo te kalkile yon jou apati de solèy kouche nan jodi pou rive nan solèy kouche nan demen (Levitik 23:32). Donk, Izrayelit yo te touye ti mouton an epi yo te manje manje Pak la nan jou 14 Nizan an te kòmanse a.

 Sa ki pa verite: Kretyen yo ta dwe selebre fèt Pak.

 Sa ki verite: Apre Jezi te fin selebre fèt Pak la 14 Nizan nan ane 33 epòk nou an, Jezi te vini ak yon nouvo selebrasyon: Soupe Seyè a (Lik 22:19, 20; 1 Korentyen 11:20). Repa sa a te ranplase fèt Pak la. E depi lè sa a, nou komemore sakrifis “Kris, Ti Mouton fèt Pak nou an”. (1 Korentyen 5:7.) Ranson Jezi te bay an sakrifis la pi siperyè pase sakrifis fèt Pak la, paske li libere tout moun anba esklavaj peche ak lanmò. — Matye 20:28; Ebre 9:15.

a Sepandan, tank tan t ap pase gen kèk ti chanjman ki te bezwen fèt. Pa egzanp, premye fwa Izrayelit yo t ap selebre Pak la yo te oblije fè sa “byen vit” paske yo te dwe pare pou yo kite Ejip (Egzòd 12:11). Men, yonfwa yo te rive nan Latè pwomiz, yo pa t oblije fè sa byen vit ankò.