Al gade sa k anndan l

Poukisa Jezi te mouri?

Poukisa Jezi te mouri?

Repons Bib la bay

 Jezi te mouri pou limanite pou yo ka jwenn padon pou peche yo e pou yo ka jwenn lavi ki pap janm fini an (Women 6:23; Efezyen 1:7). Lanmò Jezi se prèv yon moun ka rete fidèl ak Bondye menm lè l ap fè fas ak eprèv ki pi difisil yo. — Ebre 4:15.

 Ann egzamine ki jan lanmò yon sèl moun kapab reyalize tout sa.

  1.   Jezi te mouri pou “nou jwenn padon pou peche nou”. — Kolosyen 1:14.

     Bondye te kreye Adan, premye moun nan, pafè, san peche. Men, li te chwazi dezobeyi Bondye. Dezobeyisans Adan an oswa peche te gen gwo efè sou tout desandan l yo. Labib fè konnen: “Akoz dezobeyisans yon sèl moun anpil moun te vin pechè.” — Women 5:19.

     Jezi te pafè tou, men li pa t janm peche. Donk, li te ka “yon sakrifis ki fè nou jwenn padon pou peche nou”. (1 Jan 2:2, nòt.) Menm jan dezobeyisans Adan an te lakòz tout moun nèt vin pechè, se konsa tou lanmò Jezi te retire tach peche sou tout moun ki demontre lafwa nan li.

     Nan yon sans, Adan te vann lèzòm nan peche. Lefètke Jezi te dakò mouri pou nou, li reyachte lèzòm pou li menm. Se poutèt sa, “si yon moun ta fè yon peche, nou gen yon èd bò kot Papa a, se Jezi Kris, yon moun ki jis”. — 1 Jan 2:1.

  2.   Jezi te mouri “dekwa pou nenpòt moun ki demontre l gen lafwa nan li pa detwi, men pou l gen lavi ki pap janm fini an”. — Jan 3:16.

     Malgre Bondye te kreye Adan pou l te ka viv pou toutan, peche l la te kondane l amò. Akoz Adan, “peche antre nan monn nan, e akoz peche lanmò antre, e konsa lanmò blayi sou tout moun paske yo tout te peche”. — Women 5:12.

     Yon lòt bò, nonsèlman lanmò Jezi a te retire tach peche, men tou, li te anile lanmò pou tout moun ki demontre lafwa nan li. Bib la rezime bagay yo konsa: “Menm jan peche ansanm ak lanmò te domine antanke wa, konsa tou, favè san parèy la ka domine antanke wa pa mwayen jistis, pou moun ka jwenn lavi ki pap janm fini an grasa Jezi Kris, Seyè nou an.” — Women 5:21.

     Sandout, moun k ap viv jodi a toujou gen yon kantite tan tou kout pou yo viv. Men, Bondye pwomèt l ap bay moun ki jis yo lavi ki pap janm fini an e l ap resisite moun ki mouri yo pou yo kapab jwenn byenfè paske Jezi te bay lavi l kòm sakrifis. — Sòm 37:29; 1 Korentyen 15:22.

  3.   Jezi “te vin obeyisan jis li mouri”, kidonk, li te montre yon moun kapab rete fidèl ak Bondye malgre nenpòt eprèv. — Filipyen 2:8.

     Malgre Adan te gen yon lespri ak yon kò ki pafè, li te dezobeyi Bondye paske li te gen dezi pou yon bagay ki pa t pou li (Jenèz 2:16, 17; 3:6). Pi devan, Satan, pi gwo ènmi Bondye, te fè konprann pa gen okenn moun ki t ap obeyi Bondye san enterè, sitou si lavi yo an danje (Jòb 2:4). Men Jezi ki te yon moun pafè te obeyi Bondye e l te rete fidèl avè l, li te menm soufri epi mouri (Ebre 7:26). Sa te rezoud pwoblèm nan nèt: Yon moun kapab rete fidèl ak Bondye malgre nenpòt tès oswa eprèv li ka rankontre.

Kesyon sou lanmò Jezi

  •   Poukisa Jezi te oblije soufri epi mouri pou l rachte lèzòm? Poukisa Bondye pa t annik anile santans lanmò a?

     Lwa Bondye fè konnen “sa yon moun jwenn pou peche l fè se lanmò”. (Women 6:23.) Bondye pa t kache Adan lwa sa a, Bondye te di l konsekans dezobeyisans se lanmò (Jenèz 3:3). Lè Adan te peche, Bondye “ki pa ka bay manti” te kenbe pawòl li (Tit 1:2). Nonsèlman Adan te lakòz desandan l yo eritye peche, men li te lakòz yo eritye konsekans lan tou, ki se lanmò.

     Malgre moun ki enpafè yo merite lanmò, Bondye ofri yo “richès favè san parèy” li a (Efezyen 1:7). Dispozisyon l te pran pou l rachte limanite a, lefètke l te voye Jezi kòm yon sakrifis pafè, nonsèlman se te yon dispozisyon ki jis, men tou li demontre anpil mizèrikòd.

  •  Ki lè Jezi te mouri?

     Jezi te mouri nan “nevyèm èdtan an” apre solèy la fin leve, oswa vè twazè nan aprèmidi nan jou fèt Pak juif la (Mak 15:33-37, nòt). Dat sa a koresponn ak dat ki te vandredi 1ye avril 33 epòk nou an, dapre kalandriye nou gen jodi a.

  •   Ki kote Jezi te mouri?

     Yo te egzekite Jezi “kote yo rele Plas Zo Tèt la. Ann ebre, yo rele kote sa a Gòlgota”. (Jan 19:17, 18.) Kote sa a te “pa deyò pòtay vil la”. (Ebre 13:12.) Li te ka sou yon mòn paske Labib di te gen moun ki t ap gade egzekisyon Jezi a “ki te ret nan yon distans”. (Mak 15:40.) Men, nou pa ka konnen egzakteman kote Gòlgota ye jodi a.

  •   Ki jan Jezi te mouri?

     Malgre anpil moun kwè yo te kloure Jezi sou yon kwa pou yo touye l, Labib fè konnen “li te pote peche nou yo nan pwòp kò li sou pyebwa a”. (1 Pyè 2:24, Bib Wa Jak.) Moun ki te ekri Bib la te sèvi ak de mo grèk pou dekri fason yo te egzekite Jezi a, stowòs ak ksilon. Anpil biblis vin konprann mo sa yo ap pale de yon bwa oswa yon poto dwat ki fèt ak yon sèl bwa.

  •   Ki jan nou ta dwe sonje lanmò Jezi?

     Nan nuit fèt Pak Juif la, Jezi te kòmanse yon selebrasyon senp ak disip li yo e l te ba yo lòd sa a: “Kontinye fè sa pou nou montre nou sonje m.” (1 Korentyen 11:24). Kèk èdtan apre, yo te touye Jezi.

     Moun ki te ekri nan Bib la te konpare Jezi ak ti mouton yo te ofri kòm sakrifis pandan fèt Pak la (1 Korentyen 5:7). Menm jan fèt Pak la te fè Izrayelit yo sonje yo te libere anba esklavaj, Memoryal lanmò Jezi Kris la se yon rapèl pou kretyen yo, ki fè yo sonje yo libere anba peche ak lanmò. Yo te konn selebre Pak la yon fwa pa ane nan jou ki te 14 Nizan, selon kalandriye Bib la ki baze sou lalin, menm jan tou, premye kretyen yo te konn selebre Memoryal la yon fwa pa ane.

     Chak ane, nan dat ki koresponn ak 14 Nizan an, plizyè milyon moun toupatou sou tè a komemore lanmò Jezi.