Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

JW LIBRARY

Kòmanse sèvi ak JW Library sou iOS

Kòmanse sèvi ak JW Library sou iOS

Nou kontan w ap itilize JW Library. Yo fè aplikasyon sa a pou moun kapab li epi etidye Labib. Ou ka jwenn opsyon prensipal aplikasyon sa a nan meni prensipal la. Pou w ka jwenn meni prensipal la, pase dwèt ou soti agoch nan kwen ekran an oubyen chwazi twa ti ba ki pa anlè ekran an sou bò goch.

Bib

Lè w chwazi kote ki make Bib la, ou ka li oswa telechaje lòt tradiksyon Labib. Chwazi yon liv nan Bib la epi chwazi chapit ou vle li a. Pandan w ap li, ou gen posiblite gade nòt yo, referans yo ak lòt tradiksyon Labib yo nan kolòn Lòt enfòmasyon an.

 Pou w li yon lòt vèsè, chwazi Bib pou w ka retounen nan lis liv yo.

Piblikasyon

Lè w chwazi kote ki make Piblikasyon, ou ka wè piblikasyon ki nan fòma tèks, odyo oubyen videyo. Chwazi yon piblikasyon epi chwazi sijè ou ta renmen li a. Pandan w ap li, ou gen posiblite gade vèsè yo site yo. Chwazi youn ladan yo epi l ap parèt nan kolòn Lòt enfòmasyon an. Si w chwazi vèsè a ankò nan kolòn Lòt enfòmasyon an, l ap fè w wè vèsè a nan Bib la.

 Si w vle ouvri yon lòt piblikasyon, ale nan meni prensipal la epi chwazi Piblikasyon pou w ka retounen nan lis tout piblikasyon yo.

Tèks pou jounen an

Chwazi Tèks pou jounen an pou w ka wè tèks la.

 Reyinyon yo

Chwazi kote ki make Reyinyon yo pou w ka wè tout piblikasyon ki pou reyinyon pou semèn nan.

 Sou Entènèt

Chwazi kote ki make Sou Entènèt la pou w ka jwenn lyen ki voye w tou dwat sou sit ofisyèl nou yo.

 Jwenn dènye opsyon yo

Toujou fè mizajou pou w ka jwenn dènye opsyon yo pou aplikasyon JW Library a.

Li bon pou w toujou gen dènye vèsyon iOS ki disponib pou aparèy ou a. Ale sou lyen ki vin apre a pou w jwenn plis esplikasyon: https://support.apple.com/en-us/HT204204.

Si w vle tou, ou ka pwograme aparèy ou a pou l fè mizajou yo poukont li depi yo disponib. Ale sou lyen ki vin apre a pou w jwenn plis esplikasyon: https://support.apple.com/en-us/HT202180.