Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A | KÒMAN BONDYE KONSIDERE LAGÈ?

Fason Bondye konsidere lagè jodi a

Fason Bondye konsidere lagè jodi a

Jodi a, gen moun ki kontinye ap toupizi lòt moun. Anpil moun kontinye ap rele Bondye pou yo mande l sekou e y ap mande si yo pap janm jwenn yon soulajman. Èske Bondye koute rèl yo fè pou mande l sekou? Epi, ki sa n ka di pou moun k ap itilize lagè pou mete fen nan move zak y ap sibi yo? Èske Bondye soutni yo nan efò y ap fè yo? Èske l konsidere yo gen rezon pou yo fè lagè?

Amagedon se lagè ki pral mete fen nan tout lagè.

Toudabò, verite sa a ka rekonfòte w: Bondye wè soufrans ki gen nan monn nan jodi a e li prevwa fè yon bagay pou sa (Sòm 72:13, 14). Nan Pawòl Bondye a, Labib, Bondye pwomèt moun ‘ki jwenn tribilasyon, l ap ba yo soulajman’. Ki lè sa ap fèt? Sa ap fèt “nan moman Seyè Jezi ap parèt nan syèl la avèk zanj pisan li yo [...], lè l ap vin fè vanjans sou moun ki pa konnen Bondye yo e sou moun ki pa obeyi bon nouvèl sou Jezi, Seyè nou an”. (2 Tesalonisyen 1:7, 8.) Jezi pral parèt alavni, lè “lagè ki gen pou fèt nan gran jou Bondye a, li menm ki Toupisan an”. Bib la rele lagè sa a Amagedon tou. — Revelasyon 16:14, 16.

Nan lagè sa a ki gen pou fèt alavni an, Bondye pral sèvi ak Jezi Kris, Pitit li a, ansanm ak lòt kreyati espirityèl ki pisan pou l fè lagè ak mechan yo, se pa lèzòm l ap itilize. Lame zanj ki nan syèl la pral mete fen nan tout move zak. — Ezayi 11:4; Revelasyon 19:11-16.

Jis jodi a, fason Bondye konsidere lagè pa chanje. Li toujou konsidere lagè kòm mwayen legal pou l mete fen nan move zak ak mechanste. Men, jan sa rete yon verite pandan tout listwa, se Bondye sèlman ki gen dwa deside ki lè pou yo fè lagè li otorize yo epi kiyès ki dwe patisipe ladan yo. Jan nou sot wè sa, Bondye deja deside lagè ki pral mete fen nan mechanste e ki pral pèmèt li fè vanjans sou moun k ap toupizi lòt moun se yon lagè ki gen pou fèt alavni, e se Jezi Kris, Pitit li a, ki pral fè gè sa a. Sa vle di Bondye pa dakò ak lagè lèzòm ap fè sou tè a jodi a, menmsi moun k ap fè lagè yo ka panse y ap defann yon bon koz.

Annou pran yon egzanp. Imajine yon papa ki gen de pitit ki pran goumen youn ak lòt pandan papa yo pa la. Pandan yon ti tan, yo sispann goumen e yo rele papa yo nan telefòn. Youn nan timoun yo di papa l se lòt la ki te kòmanse goumen avè l, e lòt la menm di se paske l t ap maltrete l. Yo toule de rele papa yo, yo chak atann pou l pran pou yo. Sepandan, lè papa a fin tande yo chak, li di yo pou yo sispann goumen e pou yo ret tann li pou l ranje bagay yo lè l vini. Pandan yon ti tan, de timoun yo tann vre. Men, apre sa, yo rekòmanse goumen pi rèd. Lè papa a vini, li fache kont toule de timoun yo e li pini yo toule de paske yo pa t obeyi l.

Jodi a, byen souvan, nasyon k ap fè lagè yo priye Bondye pou yo mande l ede yo. Men, Bondye pa pran pati pou okenn kan nan lagè lèzòm ap fè jodi a. Okontrè, men sa l di byen klè nan Labib, Pawòl li a: “Pa rann pèsonn mal pou mal”, ni “pa vanje tèt nou”. (Women 12:17, 19). Anplis de sa, li fè nou konnen limanite dwe ret “tann li avèk pasyans” pou l aji. Li pral fè sa nan Amagedon (Sòm 37:7, nòt anba paj). Lè nasyon yo pa ret tann Bondye aji e yo chwazi fè lagè pito, Bondye konsidere se yon zak rebelyon yo fè, yo pran yon dwa ki pa pou yo, e sa fè l fache. Se sa k fè, nan Amagedon, Bondye pral fache anpil kont nasyon yo e li pral retire chirepit ki gen nan mitan yo a yon fwa pou tout lè l pral “fè pa gen lagè ankò sou tout kò tè a”. (Sòm 46:9; Ezayi 34:2.) Anfèt, Amagedon se lagè ki pral mete fen nan tout lagè.

Youn nan pakèt benediksyon Wayòm Bondye a pral pote se fen li pral mete nan lagè. Jezi te pale de gouvènman sa a nan priyè sa a anpil moun byen konnen, lè l te di: “Se pou Wayòm ou an vini. Se pou volonte w fèt sou tè a kou nan syèl la.” ​(Matye 6:10). Wayòm Bondye a pap retire lagè sèlman, men tou l ap retire koz ki fè gen lagè a, ki se mechanste * (Sòm 37:9, 10, 14, 15). Nou pa bezwen mande jan disip Jezi yo ap tann benediksyon Wayòm Bondye a pral pote yo avèk enpasyans! — 2 Pyè 3:13.

Sepandan, konbyen tan nou dwe tann anvan Wayòm Bondye a mete fen nan tout soufrans, nan move zak ak mechanste? Pwofesi yo te anonse nan Bib la k ap reyalize yo montre n ap viv nan “dènye jou” sistèm sa a (2 Timote 3:1-5) *. Talè konsa, Wayòm Bondye a pral mete fen nan dènye jou sa yo nan lagè Amagedon.

Jan nou te di sa anvan, moun Bondye pral detwi nan dènye lagè sa a se moun ki refize “obeyi bon nouvèl sou Jezi, Seyè nou an”. (2 Tesalonisyen 1:8.) Men, sonje, Bondye pa pran plezi nan lanmò okenn moun, mechan yo ladan l tou (Ezekyèl 33:11). Piske ‘li pa ta renmen detwi pèsonn moun’ nan dènye lagè sa a, kounye a, li veye pou ‘yo preche bon nouvèl sou Jezi, Seyè nou an, sou tout tè a, kòm yon temwayaj pou tout nasyon’ anvan lafen an rive (2 Pyè 3:8, 9; Matye 24:14; 1 Timote 2:3, 4). Wi, grasa travay predikasyon Temwen Jewova yo ap fè toupatou nan monn nan, jodi a, moun yo gen posiblite pou yo aprann konnen Bondye, pou yo obeyi bon nouvèl sou Jezi a e pou yo viv pou yo ka wè jou kote pap gen lagè ankò a.

^ § 9 Wayòm Bondye a pral retire lanmò tou, ki se ènmi lèzòm. Jan atik ki gen tit “Repons Bib la bay” ki nan Toudegad sa a montre sa, Bondye pral resisite yon kantite moun nou pa ka konte, pami yo, gen anpil moun, pandan tout listwa, ki te mouri akoz lagè.

^ § 10 Pou w jwenn plis enfòmasyon sou dènye jou yo, gade chapit 9 nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Se Temwen Jewova ki pibliye l.