Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske w ka fè relijyon konfyans si yo soutni lagè?

Èske w ka fè relijyon konfyans si yo soutni lagè?

Alberto se yon mesye ki te nan lame pandan prèske dizan. Men sa l sonje: “Prèt ki te konn vin nan baz la te beni nou, li te di ‘Bondye avèk nou.’ Men, m te di tèt mwen, ‘se moun m pral touye, alòske Bib la di “nou pa dwe touye moun”’ .”

Ray t ap travay nan lamarin pandan Dezyèm gè mondyal la. Yon jou, li te di prèt ki konn vin nan baz la: “Ou vin nan bato a pou w priye pou batayon an e pou l ka ranpòte laviktwa. Èske moun ki nan kan ènmi an pa fè menm bagay la tou?” Prèt la te di l fason Seyè a travay se yon mistè.

Si repons sa a pa satisfè w, konnen se pa ou sèlman li pa satisfè.

KI SA LABIB ANSEYE?

Jezi te di youn nan pi gwo kòmandman Bondye bay se “renmen pwochen w menm jan ou renmen tèt ou”. (Mak 12:31.) Èske lanmou Jezi te mande pou n gen pou pwochen nou an gen limit? Èske l depann de kote pwochen nou an ap viv oubyen li depann de nasyonalite l? Non. Jezi te di disip li yo: “Tout moun ap konnen nou se disip mwen si nou gen lanmou nan mitan nou.” (Jan 13:34, 35). Lanmou disip yo gen youn pou lòt la t ap tèlman estrawòdinè, li t ap sèvi kòm mak pou moun idantifye disip yo. Disip yo t ap prefere mouri youn pou lòt olye pou youn ta touye lòt.

Kretyen ki t ap viv nan premye syèk la te obeyi pawòl Jezi yo. Men sa yon ansiklopedi di: “Premye teyolojyen legliz yo, Tètilyen ak Orijèn ladan l tou, te di kretyen yo te gen obligasyon pou yo pa touye moun, se yon prensip ki te fè l enposib pou yo antre nan lame Women an.” (The Encyclopedia of Religion).

KÒMAN TEMWEN JEWOVA YO YE NAN DOMÈN NAN?

Etandone Temwen Jewova yo ap viv nan prèske tout peyi, lè gen de nasyon ki nan lagè, yo jwenn Temwen nan toule de peyi yo. Se sa k fè, yo fè tout sa yo kapab pou yo toujou gen lanmou youn pou lòt, piske lanmou se mak ki pèmèt moun idantifye yo.

Èske chèf relijye yo aprann fidèl yo pou yo gen vrè lanmou an?

Pa egzanp, an 1994, lè te gen gwo masak ant Outou ak Toutsi nan peyi Wannda, Temwen Jewova yo pa t patisipe nan masak la. Okontrè, Temwen ki te nan yon tribi te konn kache Temwen ki nan lòt tribi a. Byen souvan, yo te riske lavi yo pou yo fè sa. Lè yo te kenbe de Temwen Outou ki te kache kèk frè Toutsi, men sa yon milisyen Outou ki nan pati yo rele Entèramwe a te di: “Se pou yo touye nou paske nou te ede Toutsi yo chape.” Malerezman yo te touye de Temwen Outou sa yo. — Jan 15:13.

Ki sa w panse: Èske aksyon Temwen Jewova yo fè a ann amoni ak pawòl Jezi te di sou lanmou nou dwe gen pou pwochen nou an, yon lanmou ki pouse nou fè sakrifis pou yo?