Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A: ÈSKE LAFENDIMONN DWE FÈ KÈ W KASE?

Lafendimonn: Li bay kè kase, li bay kè cho e gen moun ki bouke tande pale de sa

Lafendimonn: Li bay kè kase, li bay kè cho e gen moun ki bouke tande pale de sa

Dapre sa anpil moun di sou dat 21 desanm 2012 la yo jwenn nan kalandriye maya a, dat sa a t apral pote gwo chanjman nan lemonnantye. E ou menm, ki sa w panse? Selon sa w te atann ki t apral fèt nan dat sa a, ou ka santi w soulaje, ou ka santi w desi oubyen sa gendwa pa di w anyen. Èske se twonpe yo te twonpe yo ankò sou dat lafendimonn nan?

Bon, sa w panse de “lafen di monn” Bib la pale de li a (Matye 24:3, Bib Kreyòl La)? Gen kèk moun ki gen kè kase paske yo panse tè a pral boule. Gen lòt kè yo cho pou yo wè sa k pral pase lè lafendimonn rive. E gen lòt menm ki bouke tande moun ap di lafendimonn toupre. Men, èske moun yo reyaji konsa paske y ap plede tande yon bann pawòl ki pa chita sou bonjan prèv?

Ou ka sezi aprann sa Bib la anseye toutbonvre konsènan lafendimonn. Nonsèlman Bib la bay rezon ki fè nou dwe anvi wè lafen an vini, men tou li fè konnen jan yon moun ka santi l dekouraje si pou li menm lafen an ta sanble anreta. Nou envite w gade repons Bib la bay pou kèk kesyon moun konn poze konsènan lafendimonn.

Èske Bondye pral boule tè a?

REPONS BIB LA BAY: “[Bondye] mete latè kanpe fèm sou fondasyon li. Anyen pa ka brannen l.” — SÒM 104:5.

Bondye pa pral detwi tè a ni ak dife ni ak okenn lòt bagay. Okontrè, Bib la anseye nou tè a se kote Bondye te kreye pou lèzòm abite sou li pou toutan. Men sa Bib la di nan Sòm 37:29 (NW): “Moun ki jis yo pral posede tè a, e y ap rete sou li pou toutan.” — Sòm 115:16, Izayi 45:18.

Apre Bondye te fin kreye tè a, li te di tè a te “bon nèt”, e li toujou panse sa (Jenèz 1:31). Bondye fè konnen l ap “detwi moun k ap detwi tè a”, sa vle di l ap pwoteje tè a pou moun pa depafini l, se pa tè a l ap detwi. — Revelasyon 11:18.

Men, petèt w ap panse ak pawòl ki nan 2 Pyè 3:7 la ki fè konnen “syèl ak tè ki la kounye a, yo mete yo la pou dife”. Èske vèsè sa a pa montre tè a pral boule vre? An reyalite, pafwa Bib la konn itilize ekpresyon “syèl”, “tè” ak “dife” nan yon sans senbolik. Pa egzanp, men sa Jenèz 11:1 fè konnen: “Tout tè a te pale yon sèl lang e yo te itilize menm mo yo.” (Louis Segond, fransè). Nan vèsè sa a, “tè a” vle di moun ki sou tè a.

Kontèks 2 Pyè 3:7 la montre yo itilize ekspresyon “tè”, “syèl” ak “dife” nan sans senbolik tou. Vèsè 5 e 6 fè referans ak delij ki te fèt nan epòk Noye a. Nan epòk sa a, Bondye te detwi monn ki te la lontan an. Epoutan, planèt tè a pa t janm disparèt. Okontrè, se moun ki vyolan, sètadi “tè” a, ki t ap viv nan epòk sa a ki te detwi nan delij la. Li te detwi “syèl” la tou, sètadi moun ki t ap dirije yo nan epòk sa a (Jenèz 6:11). Se menm jan an 2 Pyè 3:7 fè konnen mechan yo ak gouvènman kòwonpi k ap dirije yo pral detwi nèt, kòmsi se dife ki detwi yo.

Ki sa k pral rive nan moman lafendimonn nan?

REPONS BIB LA BAY: “Se pase monn nan ap pase, e dezi li genyen ap pase tou, men moun ki fè volonte Bondye ap rete pou toutan.” — 1 JAN 2:17.

“Monn” k ap pase a se pa planèt tè a, men se tout moun ki pap viv ann amoni ak volonte Bondye yo. Menm jan yon chirijyen retire yon timè ki gen kansè ladan l nan yon moun, sètadi li disparèt timè a ki nan moun nan dekwa pou l sove lavi l, se konsa tou Bondye pral “disparèt” mechan yo, dekwa pou moun ki gen atachman pou li ka jwi lavi yo sou tè a (Sòm 37:9). Nan sans sa a, “lafendimonn” se yon bon bagay li ye.

Anrapò ak ekspresyon “lafendimonn” nan, tradiksyon Labib ki mete “fen sistèm nan” oubyen “lè tan sa a va fini nèt” (Bib la) pou yo tradui ekspresyon sa a, pale de ekspresyon sa a nan yon sans pozitif (Matye 24:3). Etandone ni moun ni tè a ap chape anba lafen an, èske li pa lojik pou n panse pral gen yon lòt tan oubyen yon nouvo sistèm k ap vini apre sa? Labib fè konnen se sa menm ki pral fèt, piske li pale de “sistèm k ap vini an”. — Lik 18:30.

Jezi te di epòk k ap vini an se “lè tout bagay va chanje nèt”. (Matye 19:28, Bib la.) Lè sa a:

  • Pral gen yon paradi sou tè a kote tout moun pral viv an sekirite e kondisyon lavi moun ap anfòm. — Izayi 35:1; Mika 4:4.

  • Moun pral fè yon travay ki gen valè e ki bay satisfaksyon. — Izayi 65:21-23.

  • Moun pap malad ankò. — Izayi 33:24.

  • Moun ap retounen jèn, yo pap vyeyi. — Jòb 33:25.

  • Moun mouri pral leve. — Jan 5:28, 29.

Si nou fè “volonte Bondye”, sa vle di nou fè sa l mande a, nou pap bezwen pè lafendimonn, okontrè n ap anvi wè l rive.

Èske lafendimonn nan toupre rive vre?

REPONS BIB LA BAY: “Lè nou wè bagay sa yo ap rive, konnen wayòm Bondye a toupre.” — LIK 21:31.

Gen yon pwofesè ki rele Richard Kyle ki ekri yon liv ki gen tit: Dènye jou yo la ankò (anglè). Men sa li di ladan l: “Lè gen chanjman ki fèt bridsoukou nan sosyete yo e bagay yo vin tèt anba, sa ankouraje moun fè prediksyon sou moman lafendimonn ap rive.” Sa rive sitou lè moun yo pa konprann rezon ki lakòz chanjman sa yo e ki fè bagay yo vin tèt anba.

Sepandan, nan Bib la, pwofèt yo pa t deside ekri sou lafendimonn pou epòk pa yo a nan objektif pou yo esplike rezon ki fè te gen move bagay ki t ap fèt. Okontrè, se Bondye ki te enspire yo pou yo bay detay sou sitiyasyon ki t ap fè konnen lafen an toupre. Pran yon ti tan pou w egzamine kèk nan pwofesi ki pi ba yo pou w wè si y ap reyalize nan epòk pa nou an.

Selon sa Jezi te di, lè nou t ava wè “tout bagay sa yo”, sa t ap fè nou konnen lafendimonn toupre (Matye 24:33). Temwen Jewova yo kwè evènman k ap pase sou tè a montre aklè lafen an toupre, e yo pataje kwayans yo ak lòt moun nan travay predikasyon an k ap fèt nan 236 peyi.

Lefètke moun twonpe yo konsènan lè lafen an ap rive, èske sa vle di lafen an pap janm rive vre?

REPONS BIB LA BAY: “Lè yo va di: ‘Lapè! Sekirite!’ lè sa a, yon destriksyon ap tonbe sou yo sanzatann, nan menm moman an, menm jan doulè tranche pran yon fi ansent, e pap gen mwayen pou yo chape.” — 1 TESALONISYEN 5:3.

Bib la konpare destriksyon monn nan ak lè yon fi gen tranche, sa vle di doulè ki pran yon fi kanmenm lè l toupre akouche, e doulè sa a ap pran l bridsoukou. Se menm jan an epòk k ap mennen nan tan lafen an tankou lè yon fi ansent. Yon fi ki toupre pou l akouche konnen doulè li santi yo ap vin pi rèd. Yon doktè ka atann pou yon fi ansent akouche ozanviwon yon dat. Men, menmsi lè dat sa a rive fi a pa akouche, fi a toujou konnen li pap pran tan pou l akouche. Se konsa tou, menmsi moun yo twonpe yo sou lè lafen an ap vini, sa pa anpeche evènman k ap pase sou tè a montre aklè se nan “dènye jou yo” n ap viv. — 2 Timote 3:1.

Petèt w ap mande tèt ou: ‘Si siy ki montre lafen an toupre parèt byen klè, poukisa gen anpil moun ki pa rekonèt sa?’ Bib la fè nou konnen reyaksyon moun yo ap genyen nan tan lafen an: anpil moun pap bay prèv ki montre n ap viv nan tan lafen an regle anyen pou yo. Olye pou yo rekonèt sitiyasyon ki egziste nan monn nan ap vin pi mal toujou e y ap viv nan dènye jou yo, y ap pito di: “Depi jou zansèt nou yo kòmanse dòmi nan lanmò, tout bagay rete egzakteman jan yo te ye depi nan kòmansman kreyasyon an.” (2 Pyè 3:3, 4). Sa vle di siy dènye jou yo parèt aklè, men gen anpil moun k ap fèmen je sou li. — Matye 24:38, 39.

Nan atik sa a, nou te egzamine kèk vèsè nan Bib la ki montre aklè lafen an toupre *. Èske w pa ta renmen aprann plis sou sijè sa a? Si w ta vle konnen plis, ou kapab kontakte Temwen Jewova yo pou yo etidye Labib avè w gratis lakay ou oubyen pou yo etidye avè w yon lòt kote k ap bon pou ou. Si posib, yo ka menm etidye avè w nan telefòn. Sa ap mande w yon ti tan sèlman, men byenfè w ap jwenn yo ap anpil.

^ § 39 Pou plis enfòmasyon, gade nan liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a, nan chapit 9 ki gen tit: “Èske n ap viv nan ‘dènye jou yo’?” Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.