Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kite Pawòl Bondye a anseye w

Ki sa k pral rive nan Jou Jijman an?

Ki sa k pral rive nan Jou Jijman an?

Atik sa a soulve kèk kesyon petèt ou konn ap poze tèt ou e li montre ki kote ou kapab li repons yo nan pwòp bib ou. Temwen Jewova yo ap byen kontan pale sou repons sa yo avè w.

1. Ki sa Jou Jijman an ye?

Jan sa parèt nan foto ki adwat la, anpil moun panse nan Jou Jijman an gen plizyè milya nanm ki pral parèt devan twòn Bondye a kote li pral jije yo selon sa yo te fè: gen moun Bondye pral rekonpanse, l ap fè yo viv nan syèl la men gen lòt moun ki pral toumante nan lanfè. Sepandan, selon Bib la, rezon ki fè Bondye gen yon Jou Jijman se pou l ka sove moun anba enjistis (Sòm 96:13). Bondye nome Jezi kòm Jij pou l ka fè gen jistis sou tè a ankò. — Li Ezayi 11:1-5; Travay 17:31.

2. Ki jan Jou Jijman an pral fè gen jistis sou tè a ankò?

Lè Adan, premye gason an, te chwazi rebele kont Bondye, li te lage tout desandan l yo nan peche, nan soufrans ak nan lanmò (Women 5:12). Pou Jezi repare enjistis sa a, li pral rebay plizyè milya moun lavi, oubyen li pral resisite yo. Liv Revelasyon an fè nou konnen sa pral fèt pandan rèy mil an Kris Jezi a. — Li Revelasyon 20:4, 11, 12.

Yo pa pral jije moun ki resisite yo sou aksyon yo te fè anvan yo mouri. Men yo pral jije yo sou sa yo fè apre yo fin resisite, lè moun fin konnen enfòmasyon ki nan “woulo” Revelasyon chapit 20 pale de yo a (Women 6:7). Selon sa apot Pòl te di, pami moun ki pral resisite e ki pral gen posiblite pou yo aprann konn Bondye, ap gen ‘ni moun ki jis ni moun ki enjis’. — Li Travay 24:15.

3. Ki sa Jou Jijman an pral akonpli?

Moun ki pa t gentan aprann konnen Jewova Dye pou yo te ka sèvi l anvan yo te mouri pral jwenn posiblite pou yo chanje lavi yo e pou yo fè sa ki byen. Si moun sa yo fè bon bagay, rezirèksyon yo a ap yon rezirèksyon pou “lavi”. Sepandan, pami moun ki pral resisite yo gen ladan yo ki pap vle aprann konnen chemen Jewova yo. Konsa, rezirèksyon yo a ap yon rezirèksyon pou yon “jijman kondanasyon”. — Li Jan 5:28, 29; Ezayi 26:10; 65:20.

Nan fen Jou Jijman an, k ap dire mil an, Jewova pral fè moun ki obeyisan yo vin pafè ankò jan yo te ye okòmansman an (1 Korentyen 15:24-28). Ala yon bèl avni k ap tann tout moun ki obeyisan yo! Bondye pral fè yon eprèv final. Li pral fè Satan Ledyab soti nan twou san fon an kote li te nan prizon pou mil an. Yon lòt fwa ankò, Satan pral eseye fè moun vire do bay Jewova, men moun ki refize suiv Satan yo pral jwenn lavi sou tè a pou toutan. — Li Ezayi 25:8; Revelasyon 20:7-9.

4. Ki lòt jou jijman k ap pwofitab pou lèzòm?

Bib la sèvi ak ekspresyon “jou jijman” an tou pou pale de evènman ki pral mete fen nan sistèm ki la kounye a. Jou jijman sa a ap rive bridsoukou menm jan ak delij nan tan Noye a ki te detwi tout yon jenerasyon moun mechan. Erezman, destriksyon “moun ki pa gen respè pou Bondye yo” prèt pou rive e konsa pral gen yon sosyete moun ki jis ki pral viv sou tè a kote “jistis ap abite”. — Li 2 Pyè 3:6, 7, 13.