Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Labib chanje lavi moun

Labib chanje lavi moun

Labib chanje lavi moun

KI SA ki te pouse yon mesye retounen adopte prensip li te genyen nan relijyon li te leve a? Ki jan yon jèn gason te jwenn papa li te swaf genyen pandan tout vi l la? Annou wè sa yo gen pou yo di nou.

“Mwen te bezwen tounen vin jwenn Jewova.” — ELIE KHALIL

ANE LI FÈT: 1976

PEYI KOTE L SOTI: CHIP

ANVAN: LI TE YON MOUN PÈDI

VI MWEN T AP MENNEN: Mwen fèt sou zile Chip, men mwen grandi ann Ostrali. Paran m se Temwen Jewova, e yo te fè sa yo kapab pou yo fè m renmen Jewova ak Pawòl li a, Labib. Sepandan, lè m te nan adolesans mwen, mwen te kòmanse fè rebèl. Mwen te konn soti an kachèt nan nuit pou m rankontre ak lòt jèn. Nou te konn vòlè machin e nou te tonbe nan anpil lòt bagay dwòl.

Okòmansman, mwen te konn fè bagay sa yo an kachèt paske mwen te pè pou m pa fè paran m lapenn. Men, tikras pa tikras, mwen te vin pa gen krent sa a ankò. Mwen te fè zanmi ak moun ki pi gran pase m lontan, ki pa renmen Jewova e ki te gen yon move enfliyans sou mwen. Finalman, mwen te di paran m mwen pa anvi fè pati relijyon yo a ankò. Avèk pasyans, yo te eseye ede m, men mwen te refize tout èd yo te vle ban mwen nan sans sa a. Sa te fè yo anpil lapenn.

Apre m te fin kite kay la, mwen te antre nan pran dwòg, mwen te menm konn plante anpil mariwana e mwen te konn vann yo. Mwen t ap mennen yon vi imoral e mwen te pase anpil tan ap pran plezi m nan nayklèb. Mwen te vin tonbe nan fè kòlè pou ti krik ti krak. Si yon moun te di m oswa fè m yon bagay mwen pa renmen, mwen te konn fache anpil, e byen souvan mwen te konn rele sou moun e mwen te konn ba yo kou. Anfèt, mwen te fè tout sa mwen te aprann yon kretyen pa dwe fè.

FASON LABIB CHANJE LAVI M: Mwen te vin bon zanmi yon moun ki te konn pran dwòg tou e ki te pèdi papa l lè l te jèn. Souvan, nou te konn rete ap pale byen ta nan nuit. Yon jou swa, misye te kòmanse pale m de jan li santi l e li te di m jan li sonje papa l. Etandone lè m te piti mwen te konn esperans rezirèksyon an, mwen te kòmanse pale l de Jezi ki te leve mò e ki pwomèt l ap fè sa ankò alavni (Jan 5:28, 29). Mwen te di l: “Imajine sa, w ap wè papa w ankò! Nou tout kapab viv nan Paradi a sou tè a.” Pawòl sa yo te touche kè zanmi m nan.

Gen lòt lè, zanmi m nan te konn pale sou yon seri sijè tankou dènye jou yo oswa doktrin Trinite a. Lè konsa, mwen pran Bib li a e mwen montre l plizyè vèsè ki bay laverite sou Jewova Dye, sou Jezi ak sou dènye jou yo (Jan 14:28; 2 Timote 3:1-5). Plis mwen t ap pale zanmi m nan de Jewova, se plis mwen te vin ap panse ak Jewova.

Tikras pa tikras, semans verite ki nan Bib la paran m te fè tout efò yo pou yo plante nan mwen e ki t ap dòmi nan kè m te kòmanse pouse. Pa egzanp, pafwa lè m te nan yon fèt e mwen t ap pran dwòg ak zanmi m yo, bridsoukou mwen te konn vin ap panse ak Jewova. Anpil nan zanmi m yo te konn di yo renmen Bondye, men konduit yo te montre lekontrè. Kòm mwen pa t vle vin menm jan avèk yo, mwen te vin konprann ki sa m dwe fè. Mwen te bezwen tounen vin jwenn Jewova.

Natirèlman, konnen sa pou m fè se te youn, men rive fè l vre se te yon lòt bagay. Gen kèk chanjman ki te fasil pou m fè, pa egzanp sa pa t twò difisil pou mwen pou m sispann pran dwòg. Mwen te rale kò m sou zanmi m yo tou, e gen yon ansyen ki te kòmanse etidye Labib avè m.

Men, gen lòt chanjman ki te pi difisil pou m fè. Li te difisil anpil pou m metrize kòlè m. Pafwa, mwen te konn reyisi metrize m pandan yon ti tan, epi apre sa mwen retounen menm jan an. Chak fwa mwen te pèdi metriz mwen, mwen te santi m koupab, mwen te panse mwen te echwe. Mwen te santi m dekouraje, mwen t al pale ak ansyen ki t ap etidye Labib avè m nan. Li te toujou gen pasyans, e li te toujou bon avè m, li te ankouraje m anpil. Yon lè, li te fè m li yon atik nan Toudegad ki te montre enpòtans pou nou pa abandone *. Nou te pale sou kèk bagay mwen ka fè lè m santi m an kòlè. Grasa atik sa a e grasa anpil lapriyè, mwen rive metrize kòlè m ofiramezi. Finalman, an avril 2000, mwen te batize antanke Temwen Jewova. Mwen pa bezwen di nou jan paran m te kontan!

BYENFÈ MWEN JWENN: Kounye a, lespri m anpè e konsyans mwen klè paske mwen konnen mwen pa sal kòm ankò ak dwòg oswa ak imoralite. Kèlkeswa sa m ap fè, kit se travay, kit se al nan reyinyon nan kongregasyon an, kit se pran detant, mwen gen plis kè kontan. Mwen wè lavi a yon fason pozitif.

Mwen remèsye Jewova pou paran li ban mwen yo ki pa t janm dekouraje avè m. Mwen reflechi tou sou pawòl Jezi te di ki nan Jan 6:44 la: “Pèsonn pa ka vin jwenn mwen si Papa m ki voye m nan pa rale l vini.” Sa touche m lè m sonje se paske Jewova te rale m ki fè m te ka tounen vin jwenn li.

“Mwen te swaf gen yon papa.” — MARCO ANTONIO ALVAREZ SOTO

ANE LI FÈT: 1977

PEYI KOTE L SOTI: CHILI

ANVAN: LI TE NAN GWOUP KI JWE MIZIK DEATH-METAL

VI MWEN T AP MENNEN: Mwen leve ak manman m nan yon bèl vil ki rele Punta Arenas ki bay sou detwa Magellan, toupre pwent sid Amerik disid. Paran m separe lè m te gen senk an, sa ki te fè m santi m tankou yon moun yo abandone. Mwen te swaf gen yon papa.

Manman m te vin etidye Labib ak Temwen Jewova yo e li te konn mennen m nan reyinyon nan Sal Wayòm nan. Men, mwen te rayi al nan reyinyon, e souvan mwen te konn rele fò e mwen te konn fè gwo kòlè lè nou sou wout pou n al nan reyinyon. Lè m te vin gen 13 an, mwen te sispann al nan reyinyon.

Nan epòk sa a, mwen te vin renmen mizik e mwen te rann mwen kont mwen gen talan pou sa. Lè m te gen 15 an, mwen te konn jwe de stil mizik yo rele heavy-metal ak death-metal. Mwen te konn jwe nan festival, nan ba ak nan ti fèt kote zanmi te reyini. Lefètke mwen te fè zanmi ak mizisyen ki te fò, sa te fè m vin enterese nan mizik klasik. Mwen te kòmanse etidye mizik nan yon lekòl mizik nan zòn nan. Lè m te gen 20 an, mwen t al viv Sanntyago, kapital la, pou m te ka kontinye etidye mizik. Epitou, mwen te kontinye jwe heavy-metal ak death-metal nan gwoup.

Pandan tout tan sa a, mwen te toujou santi yon vid pa anndan. Pou m te ka pa santi m konsa ankò, mwen te konn bwè jiskaske m sou, e mwen te konn pran dwòg ansanm ak lòt moun ki te nan gwoup mizik ansanm avè m, mwen te konsidere moun sa yo tankou fanmi m. Mwen te gen yon atitid rebèl e sa te parèt nan aparans mwen. Se rad nwa sèlman mwen te mete, mwen te kite bab mwen pouse e mwen te kite cheve m pouse rive prèske jis nan tay mwen.

Atitid mwen te lakòz mwen te toujou nan goumen e li te lakòz mwen te toujou an kontravansyon ak lapolis. Yon lè, pandan m te sou, mwen te atake yon gwoup dilè dwòg ki t ap nui mwen menm ak zanmi m yo. Dilè yo te tèlman bat mwen yo te kase machwè m.

Sepandan, se moun ki te pi pwòch avè m ki te fè m pi gwo mal. Mwen te vin aprann mennaj mwen t ap twonpe m ak pi bon zanmi m depi plizyè ane, e tout zanmi m yo te konn sa yo pa di m anyen. Sa te kraze moral mwen.

Mwen te tounen Punta Arenas, kote mwen te kòmanse bay leson mizik e mwen te jwenn yon travay kote mwen t ap jwe vyolonsèl (yon enstriman mizik). Epitou, mwen te kontinye jwe nan gwoup heavy-metal ak death-metal e mwen te kontinye anrejistre mizik sa yo. Mwen te rankontre yon bèl fi ki rele Sussan, e nou te vin viv nan kay ansanm. Yon ti tan annapre, Sussan te rann li kont manman l kwè nan doktrin Trinite a, alòske mwen menm mwen pa kwè ladan l. Li mande m: “Nan ka sa a, ki sa ki laverite?” Mwen di l mwen konnen doktrin Trinite a fo, men mwen pa kapab ba l prèv nan Bib la. Sepandan, mwen te konn kiyès ki te kapab fè sa. Mwen te di l Temwen Jewova yo te ka montre l laverite nan Bib la. Lè sa a, mwen fè yon bagay mwen pa t fè depi plizyè ane: mwen te priye Bondye pou m mande l ede m.

Kèk jou apre, mwen te wè yon mesye ki sanble yon moun mwen konnen, e mwen mande l si l se yon Temwen Jewova. Byenke mwen te ka wè aparans mwen te jennen l, avèk jantiyès, li te reponn kesyon mwen te poze l anrapò ak reyinyon ki fèt nan Sal Wayòm nan. Mwen te gen konviksyon rankont sa a se te repons priyè m nan. Mwen te ale nan Sal Wayòm nan e mwen te chita nan dènye ranje a yon fason pou moun pa wè m. Men, anpil moun ki te konnen m lè m te konn vin nan Sal la lè m te piti te rekonèt mwen. Yo te akeyi m e yo te ban m bèl akolad avèk anpil afeksyon, mwen te santi m vrèman anpè. Mwen te santi m tankou yon moun ki tounen lakay li. Lè m te wè mesye ki te konn etidye Labib avè m lè m te piti a, mwen te mande l pou l etidye avè m ankò.

FASON LABIB CHANJE LAVI M: Yon jou, mwen te li Pwovèb 27:11 ki di: “Pitit mwen, aprann gen bon konprann. Fè kè m kontan.” Sa te enpresyone m lè m panse yon senp moun ka fè kè Kreyatè linivè a kontan. Mwen te vin reyalize Jewova se Papa mwen t ap chèche pandan tout vi m nan.

Mwen te vle fè Papa m ki nan syèl la plezi e mwen te vle fè volonte l, men sa te gen anpil ane depi mwen te esklav dwòg ak alkòl. Mwen te vin konprann ansèyman Jezi te bay ki nan Matye 6:24 la. Li te di: “Pèsonn pa ka esklav de mèt anmenmtan.” Pandan mwen t ap fè efò pou m fè chanjman nan lavi m, prensip ki nan 1 Korentyen 15:33 a te fè yon gwo efè sou mwen. Men sa prensip la di: “Move frekantasyon gate abitid ki pwofitab.” Mwen te rann mwen kont mwen pa t ap kapab kite vye abitid mwen te genyen yo si m te kontinye al menm kote mwen te abitye ale yo epi si m te toujou byen ak menm moun ki te zanmi m yo. Konsèy Bib la bay la klè, mwen te oblije pran gwo dispozisyon pou m te kanpe sou bagay ki te bloke pwogrè m yo. — Matye 5:30.

Desizyon ki te pi difisil pou m pran nan lavi m se te bay mizik heavy-metal la vag, paske mizik se te pasyon m. Men, grasa èd zanmi mwen te vin genyen nan kongregasyon an, mwen te rive libere anba stil mizik sa a. Mwen te sispann bwè anpil e mwen te sispann pran dwòg. Epitou, mwen te koupe cheve m, mwen te fè bab mwen e mwen te sispann abiye ak rad nwa sèlman. Lè m te di Sussan mwen vle koupe cheve m, sa te tèlman fè l sezi li te vle chèche konnen ki sa k fè m aji konsa. Li te di: “Mwen pral avè w pou m wè sa k gen nan Sal Wayòm sa a.” Li te renmen sa l te wè nan Sal la, e sa pa t pran tan pou l te kòmanse etidye Labib tou. Sussan avè m te vin marye, e an 2008 nou te batize antanke Temwen Jewova. Nou kontan lefètke nou ini ansanm ak manman m nan sèvis Jewova a.

BYENFÈ MWEN JWENN: Mwen chape anba yon monn ki ofri yon fo kè kontan e ki chaje ak moun ki trèt. Mwen toujou renmen mizik, men kounye a mwen chwazi bon mizik. Mwen sèvi ak eksperyans mwen pou m ede moun nan fanmi m ak lòt moun, sitou jèn yo. Mwen vle ede yo wè, byenke pifò bagay monn sa a ap ofri ka parèt atiran, anfèt se sèlman “yon pil fatra” yo ye. — Filipyen 3:8.

Mwen gen zanmi ki fidèl nan kongregasyon an kote gen vrè lanmou an ak lapè. Sa k pi enpòtan, lefètke mwen vin pwòch ak Jewova, mwen resi jwenn Papa mwen t ap chèche a.

[Nòt anba paj]

^ § 14 Atik ki rele “La réussite grâce à la persévérance” lan te parèt nan Toudegad 1ye fevriye 2000, paj 4-6 (fransè).

[Antrefilè nan paj 13]

“Se paske Jewova te rale m ki fè m te ka tounen vin jwenn li.”